Istwa ekriti yo kòm modèl pou lavi nou
Mwen te jwenn enspirasyon pou yon modèl etid ekriti enpòtan ki kapab ede nou pi byen konprann ekriti yo.
Antanke jèn paran k ap li ekriti yo avèk pitit nou yo, madanm mwen avèk mwen te lite pou n te fè pawòl sent sa yo vin reyèl epi fè yo gen sans pou yo. Pafwa nou te konn fè eksperyans plen siksè, epi pafwa nou pa t fè. Yon jou maten youn nan pitit nou yo te di: “Papa, sa pa amizan ditou! M pa konprann sa n ap li a.” Petèt ou te fè menm eksperyans yo. Erezman, soti depi lè sa a m te jwenn enspirasyon pou yon modèl etid ekriti ki te ede nou endividyèlman epi antanke fanmi pou n pi byen konprann ekriti yo.
Fè koneksyon an
M te aprann chema sa a pandan dezyèm ane m t ap anseye nan pwogram seminè Legliz la. Yo te enfòme nou ke Leland Andersen, yon mèt enstriktè epi moun ki te konn fòme enstriktè pwofesyonèl nan pwogram seminè ak enstiti, t ap vin vizite klas nou yo jou sa a. Nou te konnen ke nou te bezwen sèlman envite li pou l di etidyan yo kèk mo epi l t ap itilize yon bon pòsyon nan lè nan klas la. Sete konsa sa te pase lè l te vini nan klas Ansyen Testaman m nan jou maten sa a. Li te pran yon moso lakrè nan men li epi l te kòmanse istwa David ak Golyat la. Nan kèk segond sèlman li te atire atansyon tout klas la, men pi enpòtan, m te konnen ke m t ap gade yon mèt enstriktè nan travay li pandan l t ap anseye klas la avèk mwen yon chema pou n fè ekriti yo enteresan pandan l t ap itilize yon konsèp mwen rele “fè koneksyon an.”
Imajine yon pon. Yon bò pon an ankre nan lepase epi li fèt an twa pati: (1) yo menm—pwofèt yo avèk moun lepase yo, (2) laba a—kote moun sa yo te viv, epi (3) lè sa a—epòk yo te viv la.
Lòt bò pon an ankre nan leprezan epi li fèt an twa pati paralèl: (1) mwen menm—k ap viv nan tan prezan an, (2) isit la—kote m ap viv la, epi (3) kounyeya—epòk m ap viv la.
Objektif la se pou bati yon pon soti nan yo menm-laba a-lè sa a ale nan mwen menm-isit la-kounyeya, pandan m ap idantifye eleman komen ant epòk pa yo a ak pa nou an.
Men kijan Frè Andersen te fè pandan l t ap rakonte istwa David ak Golyat la. Toudabò, li te mennen nou nan 1 Samyèl 17 epi li te montre nou sèn batay ant Izrayelit yo ak Filisten yo. Li te raple nou pwoblèm pou te jwenn yon moun nan Izrayèl pou te goumen ak Golyat la. Plen lafwa, jèn David te pòte l volontè. Nan istwa sa a, Frè Andersen te idantifye yon chema ki gen kat fraz nan chapit sa a ki paralèl ak epòk pa nou an. Yo te kreye yon pon soti nan lepase pou ale nan leprezan (gade tablo 1).
Tablo 1. Eseye zam Bondye yo nan kòz li a (gade Samyèl 17) | ||
---|---|---|
Vèsè |
Fraz nan ekriti yo |
Paralèl avèk epòk nou an |
29 |
“Èske pa gen yon kòz?” |
Gen anpil kòz nan epòk nou an. |
39 |
“Mwen pa eseye yo [zam yo].” |
Ki zam mwen te eseye, oswa teste? |
45 |
“Mwen menm m ap mache sou ou nan non Senyè a.” |
Antanke pèp alyans, nou fè tout bagay nan non Senyè a. |
46 |
“Tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.” |
Objektif nou se pou ede lòt moun konnen ke gen yon Bondye nan Izrayèl. |
Idantifye paralèl istwa yo
Nou ka suiv menm chema a nan ansèyman nou. Idantifye paralèl istwa yo se yon bagay espirityèl. Pandan w ap li ak etidye ekriti yo, priye souvan. Priye anvan w kòmanse etidye epi, natirèlman, apre yon sesyon etid. Fè yon ti poz pandan w ap etidye, epi eksprime gratitid ou pou sa w ap aprann. Mande limyè ak verite adisyonèl. Lè w ap li istwa nan ekriti yo, priye pou w jwenn paralèl ki ap lye lepase avèk leprezan yo. Pifò nan sa m jwenn yo te vini atravè lapriyè, etid, chèche, medite, ak koute Lespri a.
Frè Andersen te devlope chak nan kat paralèl yo nan resi sou David ak Golyat la nan mete aksan sou fraz kle yo, epi apresa li te ilistre yo avèk egzanp li te pran nan jodi a. Gade yon mèt enstriktè devlope kat pwen sa yo te louvri yon pòt sou etid ekriti yo pou mwen—pòt chèche yon chema sou paralèl yo nan istwa yo.
Eleman sa yo nou pral bay yo nòmalman prezan nan istwa ekriti yo epi yo kapab fasilman transfere avèk resanblans yo avèk epòk pa nou an:
-
Yo suiv yon liy pou istwa a.
-
Liy istwa a gen yon kòmansman ak yon fen.
-
Fraz yo nan istwa a se prensip ki ilistre verite etènèl yo.
-
Fraz sa yo dekri verite ki aplikab ni nan lepase ni nan epòk pa nou yo.
Yon istwa paralèl nan Nouvo Testaman an
M te jwenn youn nan ilistrasyon ki pi itil nan yon liy istwa lè m t ap ede ekri yon leson Nouvo Testaman pou enstriktè seminè yo. Lè Sovè a te kòmanse ministè li, li te jene pandan 40 jou ak 40 nuit epi li te ale nan dezè a pou kominike avèk Bondye (gade Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:1–11). Eksperyans li te fè a te vin yon vrè chema pwogresyon espirityèl pou mwen:
-
Li te santi responsablite sakre li epi li te chèche kominyon avèk Bondye.
-
Li te resevwa revelasyon ak eklèsisman.
-
Li te pase tès difisil.
-
Lè l te fin pase tès la, li te avanse avèk plis limyè ak verite.1
Nou jwenn chema sa a nan anpil lòt istwa ekriti. Pa egzanp, Leyi te chèche èd (gade 1 Nefi 1:5); èd te vini (gade 1 Nefi 1:6); li te pase tès difisil (gade 1 Nefi 1:19–20); epi li te avanse avèk plis limyè ak verite (gade 1 Nefi 2:1).
Pwofèt Joseph Smith te fè eksperyans menm chema a:
-
Li te chèche kominyon (Ki legliz ki vrè?).
-
Yon repons te vini apre l te fin li Jak 1:5 epi priye.
-
Li te pase tès difisil.
-
Li te reyisi tès la epi li te avanse avèk plis limyè ak verite.
Pandan ke m te fè anpil eksperyans nan lavi mwen ki suiv chema sa a, apèl mwen kòm manm Swasanndis yo byen ilistre sa. Apèl la te vini premye semèn Jen 1992, e premye tach mwen sete pou sèvi kòm manm Prezidans Zòn Amerik Santral la kòmanse premye Out. Pandan peryòd vakans mwen an Jiyè a, m te plonje m nan ekriti yo, espesyalman nan Liv Mòmon an, epi m te pase plizyè èdtan ap etidye, priye, ak medite pou ede m prepare ak simonte santiman enkonpetans m te santi a.
Baze sou Matye 4:1–11 ak Tradiksyon Joseph Smith Matye 4:1–11, m te vin wè paralèl yo montre nan tablo 2 yo.
Tablo 2. Yon modèl pou pwogresyon espirityèl (gade Matye 4) | ||
---|---|---|
Vèsè |
Fraz nan ekriti yo |
Paralèl avèk epòk nou an |
1 |
Sovè a te santi responsablite sakre li epi li te chèche kominike avèk Bondye. |
M te santi responsablite sakre mwen epi m te chèche kominike avèk Bondye. |
1 |
Li te kominike avèk Bondye. |
Eklèsisman te vini pandan l t ap etidye, jene, medite, ak priye. |
3–10 |
Li te tante epi jwenn obstak. |
M te jwenn obstak santiman enkonpetans ak endiyite. |
11 |
Zanj te sèvi li. |
Sentespri a te rekonfòte, anseye, eklere, epi fòtifye mwen pou m te kapab avanse avèk asistans divin. |
Joseph Smith Tradiksyon Matye 4:11 la diferan anpil avèk Matye 11 la; sepandan, verite yo anseye nan dènye pati a—“zanj te pwoche epi yo te sèvi l”—la se yon vrè prensip.
Ou menm tou, ou kapab egzamine pwòp lavi pa ou epi reflechi sou moman ou konn pase pa modèl pwogresyon espirityèl sa a.
Yon paralèl istwa nan Liv Mòmon an
Pandan m t ap sèvi kòm evèk, yon manm pawas la ki te komèt yon peche grav te vin jwenn mwen pou mande konsèy ak direksyon. Plas li nan legliz la te menase, epi konfesyon li devan mwen, yon jij nan Izrayèl la, te pral ede l nan pwosesis repantans lan. Yon istwa paralèl nan Alma 36 te ede manm pawas sa a kòmanse repanti (gade tablo 3).
Tablo 3. Repantans ak padon (gade Alma 36) | ||
---|---|---|
Vèsè |
Fraz nan ekriti yo |
Paralèl avèk epòk nou an |
6 |
Alma te ale tout kote ap chèche detwi Legliz la. |
Manm sa a te ale tout kote ap peche. |
6–11 |
Bondye te voye zanj li yo pou rete Alma. |
Yo te kenbe li nan peche li. |
11–16 |
Yon gwo krent te frape Alma; touman te anvayi li. |
Li te toumante, pè, plen remò, epi repantan. |
17 |
Alma te sonje l te tande papa l ap pwofetise sou Ekspyasyon an. |
Li te sonje papa l ak manman l te anseye li sou Ekspyasyon an nan sware familyal. |
18 |
Alma te priye mande mizèrikòd. |
Li te priye pou l jwenn padon. |
19 |
Alma pa t kapab sonje soufrans li yo ankò. |
Li pa t santi soufrans ankò pou peche l yo. |
21–23 |
Alma te resevwa lajwa, limyè, ak fòs. |
Li te resevwa lajwa, limyè, ak fòs. |
24 |
Alma te travay san rete pou sove moun. |
Li te travay pou sove nanm. |
27 |
Alma te jwenn sipò nan tribilasyon l yo. |
Li te jwenn sipò nan tribilasyon l yo. |
Note ke apre Alma te fin jwenn padon, li pa t sonje soufrans li yo ankò, ni li pa t kòde anba touman peche l yo ankò. Sepandan, li te sonje peche l yo (gade v.16). Men lè l te sonje yo, yo pa t twouble li ankò. Senyè a ba nou yon souvni peche nou yo pou ede nou pou n pa fè yo ankò, men li retire doulè ak soufrans lan.
Pou nou kapab pwofite ak aprann
Paralèl istwa yo kòmanse avèk istwa nan ekriti yo oubyen evenman ki antoure nou yo. Pandan w ap li ak etidye istwa sa yo, wa va wè yon mo, yon fraz, oubyen yon prensip ki sanble l osi aplikab jodi a ke jan l te ye nan lepase a. Si w kontinye etid ou nan lapriyè a, lòt prensip ap vin aparan. Lè ou mete prensip sa yo ansanm, w ap kòmanse fè koneksyon ant pwofèt yo ak moun ki te viv nan lepase yo—yo menm-laba a-lè sa a—avèk nou menm nan epòk pa nou an—mwen menm-isit la-kounyeya. Petèt se sa Nefi te vle di lè l te di ke li “te konpare tout ekriti yo avèk lavi nou pou nou kapab pwofite ak aprann” (1 Nefi 19:23). Epitou, lè nou fè sa nou fè trezò avèk pawòl Senyè a (gade Joseph Smith—Matye 1:37).