2011
Tanp sakre a—yon poto limyè pou mond lan
me 2011


Tanp sakre a—yon poto limyè pou mond lan

Benediksyon ki pi gran ak pi enpòtan pou manm yo nan Legliz la se benediksyon nou resevwa nan tanp Bondye yo.

Frè ak sè byeneme m yo, mwen prezante lanmou m ak byenveni m pou nou chak e mwen priye pou Papa nou ki nan Syèl la gide panse mwen e enspire pawòl mwen pandan m ap pale avèk nou jodia.

Kite m kòmanse avèk youn oubyen de kòmantè konsènan bèl mesaj nou te tande maten an nan men Sè Alrred ak Evèk Burton konsènan pwogram Antrèd Legliz la. Jan yo te endike a, ane sa a se 75 zyèm anivèsè pwogram enspire sa a ki beni lavi sitèlman moun nan. Mwen te gen privilèj pou m konnen pèsonèlman kèk nan moun ki te etabli gwo antrepriz sa a—gason ki te gen konpasyon ak prevwayans.

Jan Evèk Burton ak Sè Allred ak lòt moun yo te mansyone, evèk pawas la gen responsablite pou pran swen moun ki nan bezwen ki rezide andedan limit pawas li yo. Mwen te gen privilèj sa a lè m t ap prezide kòm jèn evèk nan Salt Lake City nan yon pawas ki te gen 1.800 manm, enkli 84 vèv. Te gen anpil moun ki te bezwen asistans. Ala m te rekonesan pou pwogram antrèd Legliz la ak pou èd Sosyete Sekou ak kowòm prètriz yo.

Mwen deklare ke pwogram antrèd Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo enspire pa Bondye Toupisan an.

Kounyeya, frè ak sè m yo, konferans sa a fè twazan depi nou te soutni m kòm Prezidan Legliz la. Natirèlman sete twa ane trè okipe, ranpli ak anpil pwoblèm men avèk anpil benediksyon tou. Opòtinite m te genyen pou konsakre ak rekonsakre tanp yo te pami sa ki pi agreyab ak pi sakre nan benediksyon sa yo, e se konsènan tanp mwen vle pale avèk nou jodia.

Pandan konferans jeneral Oktòb 1902 a, nan diskou li pou louvri konferans la, Prezidan Legliz la, Joseph F. Smith, te eksprime espwa ke yon jou nou ta gen “tanp ki bati nan plizyè pati nan [mond] lan kote yo nesesè pou moun yo itilize.”1

Pandan premye 150 ane ki te suiv òganizasyon Legliz la, soti 1830 pou rive 1980, 21 tanp te bati, ladan yo tanp Kirtland, Ohio, ak Novou, an Ilinwa. Konpare sa avèk 30 ane k pase depi 1980 yo, kote 115 tanp te bati ak konsakre. Avèk anons 3 nouvo tanp ki te fèt yè yo, gen 26 tanp adisyonèl ki oubyen an konstriksyon oubyen nan premye etap konstriksyon. Kantite sa yo ap kontinye ogmante.

Sa Prezidan Joseph F. Smith te espere an 1902 a vin tounen yon reyalite Dezi nou se pou fè tanp osi aksesib ke nou kapab pou manm nou yo.

Youn nan tanp ki an konstriksyon pou moman an se nan Manaus, Brezil. Sa gen plizyè ane mwen te li konsènan yon gwoup ki te gen plis pase san manm ki te kite Manaus, ki sitiye andedan forè Amazonyen an, pou vwayaje ale nan tanp ki te pi pre yo a lè sa a, ki te sitiye nan Sao Paulo, Brezil—prèske 4.000 kilomèt soti Manaus. Sen fidèl sa yo te vwayaje pa bato pandan kat jou sou Rivyè Amazòn nan ak lòt branch dlo l yo. Lè yo te fin vwayaje sou dlo a, yo te anbake nan bis boure ak moun pou yon lòt twa jou vwayaj—sou move wout, avèk ti kal manje e okenn espas konfòtab pou yo te dòmi. Apre sèt jou ak sèt nuit, yo te rive nan tanp Sao Paulo a, kote yo te akonpli òdonans ki gen nati etènèl yo. Natirèlman vwayaj retou a te osi difisil tou. Men, yo te resevwa òdonans ak benediksyon tanp yo, e menmsi bous yo te vid, yo menm, yo te ranpli ak lespri tanp lan e ak gratitid pou benediksyon yo te resevwa yo.2 Kounyeya, plizyè ane apre, manm nou yo nan Manaus rejwi lè y ap gade pwòp tanp pa yo k ap pran fòm sou bò Rivyè Rio Negro a. Tanp yo pote lajwa pou manm fidèl nou yo kèlkeswa kote yo bati.

Rapò sakrifis ki fèt pou resevwa benediksyon nou jwenn nan tanp Bondye yo pa janm sispann touche kè mwen e yo ban m yon santiman rekonesans renouvle pou tanp yo.

Kite m pataje avèk nou istwa Tihi ak Tararaina Mou Tham ak dis pitit yo. Tout fanmi an te antre legliz la nan kòmansman ane 1960 yo lè misyonè yo te rive sou zile yo a, ki sitiye apeprè 160 kilomèt nan Sid Tayiti. Byen vit yo te kòmanse vin anvi benediksyon pou sele nan tanp kòm yon fanmi etènèl.

Nan moman sa a, tanp ki te pi pre fanmi Mou Tham sete tanp Hamilton nan Nouvèl Zelann, plis pase 4.000 kilomèt pou ale nan Sidwès, aksesib sèlman pa vwayaj avyon ki te chè anpil. Fanmi Mou Thanm, ki t ap lite pou viv anba gwo difikilte sou yon ti plantasyon, pa t gen okenn lajan pou vwayaj avyon an, ni pa t gen okenn opòtinite pou jwenn travay sou zile Pasifik yo a. Konsa Frè Mou Tham ak pitit gason li Gerard te pran desizyon difisil pou al jwenn yon lòt pitit gason yo ki t ap travay nan min nikèl nan Nouvèl Kaledoni yo, sou 4.800 kilomèt nan Lwès. Anplwayè a te peye vwayaj anplwaye yo pou ale nan min nan, men li pa t bay transpò pou retounen.

Twa mesye Mou Tham yo te travay pandan katran nan min nikèl tropikal yo, ap fouye ak anbake metal byen lou. Frè Mou Tham sèlman te retounen lakay li pou yon ti kout vizit yon fwa pa ane, pandan l te kite pitit gason l yo nan Nouvèl Kaledoni.

Apre katran travay kraze zo, Frè Mou Tham ak pitit gason l yo te ekonomize ase lajan pou yo te mennen fanmi an nan tanp Nouvèl Zelann nan. Tout te ale, eksepte yon pitit fi. Yo te sele nan tanp pou letan ak letènite, yon eksperyans endeskriptib ak plen lajwa.

Frè Mou Tham te kite tanp lan pou ale dirèkteman nan Nouvèl Kaledoni, kote li te travay pou dezan ankò pou l te ka peye pou youn nan pitit fi l yo ki pa t ale nan tanp avèk yo—yon pitit fi ki te marye ansanm avèk mari li ak yon pitit.

Lè yo te fin granmoun, Frè ak Sè Mou Tham te vle sèvi nan tanp. Nan moman sa a Tanp Papeete nan Tayiti a te gen tan konstwi ak konsakre, e yo te sèvi de misyon ladan.3

Frè m ak sè m yo, tanp yo fèt ak plis bagay pase wòch ak mòtye. Yo ranpli ak lafwa ak jèn. Yo bati sou eprèv ak temwayaj. Yo sanktifye pa sakrifis ak sèvis.

Premye tanp ki te bati nan dispansasyon sa a sete tanp Kirtland nan Ohio. Sen yo te pòv anpil nan moman sa a, men malgre sa Senyè a te kòmande yo pou bati yon tanp, konsa yo te bati li. Èldè Heber C. Kimball te ekri apwopo eksperyans lan: “Senyè a sèlman ki konnen anba ki sèn pòvrete, tribilasyon, ak detrès nou te pase pou n te akonpli bagay sa a.”4 Epi apresa, lè tout bagay te swayezman fin akonpli, yo te fòse Sen yo pou kite Ohio ak tanp byeneme yo a. Yo te finalman jwenn refij—malgre sete pou yon ti bout tan—sou bò Rivyè Mississipi a nan eta Ilinwa a. Yo te rele kote yo te tabli a Novou epi, dispoze pou yo bay tout yo menm ankò, e avèk lafwa yo entak, yo te bati yon lòt tanp pou Bondye yo a. Men, pèsekisyon te leve ankò, e pandan ke Tanp Novou a pa t menm totalman fini, yo te fòse yo kite kay yo yon fwa ankò, pou chèche refij nan yon kote dezè okenn lòt moun pa t vle.

Lit ak sakrifis te kòmanse yon fwa ankò pandan yo t ap travay pandan karantan pou bati Tanp Salt Lake la ki kanpe majestyezman sou bò Sid kote nou ye la a nan Sant Konferans la jodia.

Toujou gen yon degre sakrifis ki asosye avèk bati tanp ak ale nan tanp. Nou pa ka konte konbyen moun ki travay ak lite pou al pran benediksyon nou jwenn nan tanp Bondye yo pou tèt pa yo ak pou fanmi yo.

Poukisa anpil moun dispoze pou bay sitèlman anpil konsa pou yo ka resevwa benediksyon tanp yo? Moun ki konprann benediksyon etènèl ki soti nan tanp yo konnen ke pa gen okenn sakrifis ki twò gran, ni okenn pri ki twò chè, ni okenn lit ki twò difisil pou resevwa benediksyon sa yo. Yo prè pou vwayaje sou nenpòt distans, simonte tout obstak, andire tout mank konfò. Yo konprann ke òdonans sali nou resevwa nan tanp yo ki ap pèmèt yon jou pou nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la nan yon relasyon familyal etènèl la epi dote avèk benediksyon ak pouvwa soti anwo yo, diy pou tout sakrifis ak kèlkeswa efò a.

Jodia pifò nan nou pa oblije soufri gwo difikilte pou ale nan tanp. Katreven senk pousan nan kantite manm Legliz la ap viv kounyeya a prèske 320 kilomèt pre yon tanp, e pou anpil nan nou, distans sa a pi kout toujou.

Si w deja ale nan tanp pou tèt pa ou, e si w viv relativman tou pre yon tanp, sakrifis ou kapab gen pou fè se chèche tan nan lavi okipe w la pou ale nan tanp regilyèman. Gen anpil bagay pou fè nan tanp nou yo pa pwokirasyon pou moun k ap tann lòtbò vwal yo. Si nou fè travay pou yo, na va konnen ke nou akonpli sa yo pa kapab akonpli pou tèt pa yo. Prezidan Joseph F. Smith, nan yon deklarasyon puisan, te di: “Atravè travay pa pwokirasyon n ap fè pou yo a, chenn esklavaj yo a pral tonbe ale lwen yo, epi tenèb ki antoure yo a ap vin efase, pou limyè kapab briye sou yo e yo va pran nouvèl nan mond lespri a sou travay ki fèt pou yo pa pitit yo isit la, e yo va rejwi avèk nou lè n ap akonpli devwa sa yo.”5 Frè m ak sè m yo, travay sa a se travay pa nou pou n fè.

Nan pwòp fanmi pa m, kèk nan eksperyans ki pi sakre nou ak presye pou nou yo te rive lè nou te konn reyini ansanm nan tanp pou akonpli òdonans sali pou zansèt desede nou yo.

Si ou poko ale nan tanp, oubyen si ou ale deja men ou pa kalifye aktyèlman pou yon rekòmandasyon tanp, pa gen bi ki pi enpòtan pou w travay sou li pase fè w diy pou ale nan tanp. Sakrifis ou se kapab mete lavi w annòd pou reponn ak kondisyon yo mande pou resevwa yon rekòmandasyon an, petèt nan rejte move abitid ou kenbe depi lontan, ki diskalifye ou. Se ka petèt pou w gen lafwa ak disiplin pou peye dim ou. Kèlkeswa sa li ye, kalifye tèt ou pou antre nan tanp Bondye a. Chèche gen yon rekòmandasyon tanp epi konsidere l kòm bagay ki pi presye ou posede, paske se sa li ye.

Toutotan ou pa antre nan Kay Senyè a epi resevwa tout benediksyon ki ap tann ou ladan l yo, ou pa jwenn tout sa Legliz la gen pou ofri. Benediksyon ki pi gran ak pi enpòtan pou manm yo nan Legliz la se benediksyon nou resevwa nan tanp Bondye yo.

Kounyeya, chè jèn zanmi m yo ki nan laj adolesan nou, toujou fikse tanp la kòm bi nou. Pa fè anyen ki pral anpeche nou antre nan pòt li pou n al pataje benediksyon sakre ak etènèl ki ladan l yo. Mwen konplimante sa nan pami nou yo ki deja ale nan tanp regilyèman pou fè batèm pou mò yo, ki leve byen bonè nan maten pou nou kapab patisipe nan batèm sa yo anvan lekòl kòmanse a. Mwen panse se pi bèl fason pou kòmanse yon jounen.

Pou nou menm paran jèn timoun yo, kite m pataje avèk nou konsèy saj Prezidan Spencer W. Kimball te bay la. Li te di: “Se t ap yon bon bagay si … paran yo ta mete yon foto tanp nan chak chanm lakay yo pou [pitit yo], depi [lè yo] piti, kapab gade foto a chak jou [jiskaske] li vin fè pati lavi [yo]. Lè [yo rive] nan laj pou [yo bezwen] pran desizyon trè enpòtan [konsènan ale nan tanp] lan, desizyon sa a te gentan pran deja.”6

Timoun nou yo chante nan Primè a:

Mwen renmen wè tanp lan.

Mwen pral ladan yon jou.

M pral fè alyans avèk Papa m;

M pral pwomèt pou m obeyi.7

Mwen priye nou pou nou anseye timoun nou yo enpòtans tanp lan genyen.

Mond lan kapab yon kote difisil ak rèd pou nou viv. Nou souvan antoure pa sa ki ka rale nou desann. Si ou menm avèk mwen ale nan kay sakre Bondye yo, si nou sonje alyans nou fè andedan yo, n ap vin pi kapab andire tout eprèv ak simonte tout tantasyon. Nan kote sakre sa a n ap jwenn lapè; n ap renouvle ak fòtifye.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, kite m mansyone yon lòt tanp ankò anvan m fini. Nan pa twò lontan, pandan ke nouvo tanp ap bati toupatou nan mond lan, youn pral leve nan yon vil ki te kòmanse egziste sa gen plis pase 2.500 an. M ap pale de tanp ki ap bati nan Wòm nan Itali a.

Chak tanp se yon Kay Bondye, ki ranpli menm fonksyon yo e avèk menm kalite benediksyon ak òdonans yo. Tanp Wòm an Itali a, patikilyèman, ap bati sou youn nan kote ki pi istorik yo nan mond lan, yon vil kote ansyen apot Pyè ak Pòl te preche levanjil Kris la e kote yo chak te mouri mati.

Oktòb ki sot pase a, pandan nou te reyini nan yon bèl sit andeyò vil la nan zòn Nòdwès Rome, mwen te gen opòtinite pou ofri yon priyè konsekrasyon pandan nou t ap prepare pou poze premye wòch la. Mwen te santi m pouse pou m te rele Senatè Italyen an, Lucio Malan ak majistra adjwen an, Guiseppe Ciardi pou yo te pami premye moun ki te pou leve premye pèl tè a. Yo chak te jwe yon wòl nan desizyon pou pèmèt nou bati yon tanp nan vil yo a.

Jou a te sonb men li te cho e malgre lapli te menase, pa plis pase yon gout oswa de te tonbe. Pandan koral mayifik la t ap chante bèl pawòl kantik “L’Esprit du Dieu Saint” an an Italyen, tout moun te santi kòmsi syèl la ak tè a te ini ansanm nan yon gloriye chan louwanj ak gratitid pou Bondye Toupuisan an. Dlo te koule nan je tout moun.

Nan yon jou ki pa lwen, fidèl yo nan “Vil Etènèl” la pral resevwa òdonans ki etènèl yo nan Kay sen Bondye a.

Mwen eksprime gratitid etènèl mwen pou Papa m ki nan Syèl la pou tanp n ap bati jodia nan Wòm nan ak pou tout tanp nou yo, kèlkeswa kote yo ye. Yo chak kanpe kòm yon poto limyè pou mond lan, yon ekspresyon temwayaj nou ke Bondye Papa Etènèl nou an vivan, ke li vle beni nou epi, anfèt, beni pitit gason l ak pitit fi l yo nan tout jenerasyon. Chak tanp nou yo se yon ekspresyon temwayaj nou ke lavi odela tonbo a osi reyèl ak osi sèten ke lavi nou isit sou tè a. Mwen temwaye de sa.

Frè ak Sè byeneme m yo, se pou nou fè kèlkeswa sakrifis ki nesesè pou ale nan tanp pou nou gen lespri tanp lan andedan kè nou ak nan fwaye nou. Se pou nou suiv mak pye Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, ki te fè sakrifis siprèm nan pou nou, pou nou kapab gen lavi etènèl ak egzaltasyon nan wayòm Papa nou ki nan Syèl la. Sa se priyè sensè mwen, e mwen ofri li nan non Sovè nou an, Jezikri, Senyè a, amèn.

Nòt

  1. Joseph F. Smith, nan Conference Report, Okt. 1902, 3.

  2. Gade Vilson Felipe Santiago ak Linda Ritchie Archibald, “From Amazon Basin to Temple,” Church News, Mar. 13, 1993, 6.

  3. Gad C. Jay Larson, “Temple Moments: Impossible Desire,” Church News, Mar. 16, 1996, 16.

  4. Heber C. Kimball, in Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball (1945), 67.

  5. Enseignements des présidents de l’église:Joseph F. Smith (1998), 247.

  6. The Teachings of Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball (1982), 301.

  7. Janice Kapp Perry, “I Love to See the Temple,” Children’s Songbook, 95.