2011
Ansèyman pou epòk pa nou an
me 2011


Ansèyman pou epòk pa nou an

Leson Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou katriyèm Dimanch yo ap rezève pou “Ansèyman pou epòk pa nou an.” Chak leson kapab prepare apati youn oswa plis diskou yo te bay nan dènye konferans jeneral la. Prezidan pye ak distri yo kapab chwazi ki diskou yo dwe itilize, oubyen yo ka bay evèk yo ak prezidan branch yo responsablite sa a. Dirijan yo dwe mete aksan sou enpòtans pou frè nan Prètriz Mèlkisedèk yo ak sè Sosyete Sekou yo etidye menm diskou yo menm jou Dimanch yo.

Yo ankouraje moun k ap asiste leson katriyèm Dimanch yo pou yo etidye ak pote dènye revi konferans jeneral la nan klas la.

Sigjesyon pou prepare yon leson apati diskou yo

Priye pou Sentespri a kapab avèk ou pandan w ap etidye ak anseye diskou (yo). Ou gen dwa eseye prepare leson an avèk lòt materyèl, men diskou konferans yo se yo menm ki apwouve pou sa. Tach ou se pou ede lòt moun yo aprann ak viv levanjil la jan yo anseye l nan dènye konferans jeneral la nan Legliz la.

Repase diskou yo, pandan w ap chèche prensip ak doktrin ki reponn ak bezwen chak manm ki nan klas la. Epitou, chèche istwa, referans ekriti, ak deklarasyon nan diskou yo ki ap ede ou anseye verite sa yo.

Fè yon rezime sou fason pou anseye prensip ak doktrin yo. Rezime w la dwe enkli kesyon k ap ede manm klas yo:

  • Chèche prensip ak doktrin ki nan diskou yo.

  • Panse sou siyifikasyon yo.

  • Pataje konpreyansyon, ide, eksperyans, ak temwayaj.

  • Aplike prensip ak doktrin sa yo nan lavi yo.

Mwa

Materyèl pou leson katriyèm Dimanch

Me 2011–Oktòb 2011

Diskou pibliye nan Lyawona* Me 2011.

Novanm 2011–Avril 2012

Diskou pibliye nan Lyawona* Novanm 2011.

Enprime