2011
Opòtinite pou fè byen
me 2011


Opòtinite pou fè byen

Mwayen Senyè a itilize pou ede moun ki nan bezwen tanporèl yo mande moun ki pa amou konsakre tèt yo ak sa yo posede pou Bondye ak pou travay li a.

Chè frè ak sè m yo bi mesaj mwen an se pou onore ak selebre sa Senyè a te fè epi ap fè pou sèvi moun ki pòv ak moun ki nan nesesite pami pitit li yo sou tè a. Li renmen pitit li ki nan bezwen yo ak sa ki vle ede yo. Epi li kreye mwayen pou beni yo toulède ni moun ki bezwen èd yo ni sa k pral bay èd yo.

Papa nou ki nan Syèl la tande priyè pitit li yo sou tout tè a k ap sipliye pou jwenn manje pou yo manje, rad pou kouvri kò yo, ak pou diyite ki genyen nan kapab reponn ak bezwen yo pou tèt pa yo. Li te toujou tande siplikasyon sa yo depi lè l te mete gason ak fi sou tè a.

Nou aprann sou bezwen sa yo nan kote n ap viv la e atravè tout mond lan. Kè nou souvan touche avèk santiman senpati. Lè nou rankontre yon moun k ap lite pou jwenn travay nou santi nou ta renmen ede. Nou santi sa lè nou ale lakay yon vèv epi nou wè pa gen manje. Nou santi sa lè nou wè foto timoun k ap kriye ki chita sou ranblè kay yo ke tranblemandtè ak dife detwi.

Paske Senyè a tande kriye yo e santi konpasyon pwofon nou pou yo, depi nan kòmansman tan an, li te bay mwayen pou disip li yo ede. Li envite pitit li yo pou konsakre tan yo, mwayen yo, ak tèt yo pou potekole avèk li nan sèvi lòt moun.

Mwayen li pou ede a pafwa konn rele viv lwa konsekrasyon an. Nan yon lòt epòk mwayen li a te rele lòd ini. Nan epòk pa nou an li rele pwogram Antrèd Legliz la.

Non ak detay operasyon yo chanje pou kapab satisfè bezwen ak kondisyon moun yo. Men mwayen Senyè a itilize pou ede moun ki nan bezwen tanporèl yo toujou mande moun ki pa amou konsakre tèt yo ak sa yo posede pou Bondye ak travay li a.

Li envite ak kòmande nou pou patisipe nan travay li pou soulaje moun ki nan bezwen yo. Nou fè alyans pou nou fè sa nan dlo batèm yo ak nan tanp sakre Bondye yo. Nou renouvle renouvle alyans la jou Dimanch lè nou pran Sentsèn.

Bi mwen jodia se pou dekri kèk nan opòtinite li ba nou pou ede moun ki nan bezwen yo. Mwen pa ka pale konsènan yo tout nan ti bout tan nou genyen an. Espwa mwen se pou renouvle ak fòtifye angajman nou pou aji.

Gen yon kantik sou envitasyon Senyè a pou fè travay sa a ke m te konn chante depi lè m te yon tigason. Nan anfans mwen m te pote plis atansyon nan bèl melodi li ke sou fòs pawòl yo. Mwen priye pou nou santi pawòl yo nan kè nou jodia. An nou koute pawòl sa yo ankò:

Èske m fè yon byen nan mond lan jodia?

Èske m te ede yon moun ki nan bezwen?

Èske m te fè moun tris la souri ak malere a kontan?

Si non, mwen vrèman echwe.

Èske gen fado yon moun ki soulaje jodia

Paske m te dispoze pou pataje?

Èske moun malad ak fatige a te jwenn èd sou wout yo?

Lè yo te bezwen èd mwen èske m te la?

Enben leve kanpe e fè kichòy anplis

Olye w ap reve ak chato w lòtbò a.

Fè byen se yon plezi, yon lajwa san mezi,

Yon benediksyon devwa ak lanmou.1

Senyè a regilyèman lanse apèl pou reveye bay nou tout. Pafwa se petèt yon santiman senpati souden pou yon moun ki nan bezwen. Yon papa gen dwa santi sa lè l wè yon timoun tonbe epi kòche jenou li. Yon manman gen dwa santi sa lè l tande kri laperèz pitit li a lannwit la. Yon pitit gason oubyen yon pitit fi kapab santi senpati pou yon moun ki sanble tris oubyen pè nan lekòl li.

Nou tout konn touche ak santiman senpati pou lòt moun ke nou pa menm konnen. Pa egzanp, lè n ap tande repotaj sou vag yo ki t ap presipite atravè Pasifik la nan tranblemandtè nan peyi Japon an nou te santi nou sousye pou moun ki te frape yo.

Santiman senpati te frape dèmilyon nan nou ki te aprann inondasyon ki te fèt nan Queensland, peyi Ostrali a. Rapò ki soti nan nouvèl yo te prensipalman bay kantite moun ki te nan bezwen. Men anpil nan nou te santi lapenn pèp sa a. Apèl pou reveye a te reponn pa 1500 oubyen plis manm volontè Legliz la nan Ostrali ki te vini pou ede ak rekonfòte.

Yo te fè santiman senpati yo a tounen yon desizyon pou aji daprè alyans yo. Mwen konn wè benediksyon ki vin jwenn moun nan bezwen an ki resevwa èd la ak moun ki te pwofite opòtinite pou bay li a.

Paran ki saj yo wè nan chak bezwen lòt moun yon mwayen pou pote benediksyon nan lavi pitit gason yo ak pitit fi yo. Sa pa gen lontan, twa timoun te pote yon panye ki te gen yon bon ti manje devan pòt nou. Paran yo te konnen nou te bezwen èd e yo te fè timoun yo patisipe nan opòtinite pou sèvi nou an.

Paran yo te beni fanmi mwen pa mwayen sèvis jenewozite yo a. Akoz yo te chwazi pou kite timoun yo patisipe nan bay la, yo te etann benediksyon yo bay pitit pitit yo. Souri timoun yo lè yo t ap kite kay nou an te ban m konfyans ke sa pral rive. Yo va rakonte pitit yo lajwa yo te santi nan rann sèvis pou Senyè a. Mwen sonje santiman satisfaksyon trankil sa a nan anfans mwen lè m te rache move zèb pou yon vwazen sou envitasyon papa m. Nenpòt lè yo envite m pou m bay, mwen sonje e mwen kwè kantik ki di: “Douce est la tâche, ô Dieu, mon roi” a.2

Mwen konnen pawòl sa yo te ekri pou dekri lajwa ki vini nan adore Senyè a nan jou Saba a. Men timoun sa yo nan pòt nou an, nan yon jou swa nan semèn nan, te santi lajwa ki te genyen nan fè travay Senyè a. Epi paran yo te wè opòtinite pou fè byen ak simaye lajwa sou dè jenerasyon.

Mwayen Senyè a pou pran swen moun ki nan bezwen yo founi yon lòt opòtinite pou paran yo beni pitit yo. Mwen te wè sa nan chapèl la yon Dimanch. Yon timoun te lonje yon anvlòp ofrann jèn bay evèk la pandan l t ap antre nan chapèl la anvan reyinyon Sentsèn nan.

Mwen te konn fanmi sa a ak tigason an. Fanmi sa a te apèn aprann ke yon moun nan pawas la te nan bezwen. Papa a te di timoun nan yon bagay tankou sa a pandan l t ap mete yon ofrann jèn pi jenere pase dabitid nan yon anvlòp: “Nou te jene ak priye jodia pou moun ki nan bezwen. Tanpri bay evèk la anvlòp sa a pou nou. Mwen konnen li pral bay li pou ede moun ki gen pi gwo bezwen pase nou yo.”

Olye de doulè grangou jou Dimanch sa a, tigason an va sonje jou a avèk yon bèl santiman chalè. Mwen te kapab di apati souri li a ak fason li te kenbe anvlòp la byen sere a ke li te santi gwo konfyans papa l te fè l pou pote ofrann jèn fanmi an pou moun ki pa genyen. L ap sonje jou sa a lè l vin dyak, e petèt pou tout tan.

Mwen te wè menm lajwa sa a nan figi chak moun ki te ede moun yo pou Senyè a nan Idaho sa gen anpil ane. Kanal Teton an te debòde jou Samdi 5 Jen 1976 la. Onz moun te mouri. Dèmilye moun te oblije kite kay yo nan lespas kèk èdtan. Debòdman an te pote kèk kay ale. E dèsanten kay t ap vin abitab ankò atravè efò ak mwayen ki te depase posiblite pwopriyetè kay sa yo.

Moun ki te tande trajedi a te santi senpati epi yo te santi apèl pou fè byen an. Vwazen, evèk, prezidant Sosyete Sekou, dirijan kowòm, enstriktè ak enstriktris nan fwaye, te kite lakay yo ak travay yo pou vin netwaye kay lòt moun ki te inonde yo.

Gen yon koup ki retounen Rexburg soti an vakans jis apre inondasyon an. Yo pa t al wè kay pa yo a. Olyesa, yo t al jwenn evèk yo pou mande ki kote yo te kapab ede. Li te dirije yo vè yon fanmi ki te nan bezwen.

Apre plizyè jou, yo t al tcheke kay pa yo pou te wè kijan l te ye. Kay la te ale, detwi pa inondasyon an. Yo te tounen al jwenn evèk la epi yo te mande: “Kounyeya, kisa ou ta renmen nou fè?”

Kèlkeswa kote n ap viv, nou konn wè mirak senpati sa a tounen aksyon dezenterese. Li gen dwa pa kòm rezilta katastwòp natirèl. Mwen te wè sa nan yon kowòm prètriz kote yon frè te leve pou dekri bezwen yon gason oswa yon fi k t ap chèche yon travay pou sipòte tèt li ak fanmi li. Mwen te ka santi senpati ki te nan sal la, men kèk moun te sigjere non moun ki ta ka anplwaye moun ki te bezwen travay la.

Sa k rive nan kowòm prètriz sa a ak sa k te rive nan kay inonde nan Idaho yo se yon manifestasyon mwayen Senyè a pou ede moun ki nan gwo bezwen yo pou yo vin otonòm ankò. Nou santi konpasyon e nou konnen kòman pou nou aji nan fason Senyè a pou ede.

N ap selebre 75zyèm anivèsè pwogram Antrèd Legliz la ane sa a. Li te kòmanse pou reponn bezwen moun ki te pèdi travay yo, fèm yo e menm kay yo nan vag sa ki te vin koni kòm Gwo Depresyon an.

Gwo bezwen tanporèl pitit Papa nou ki nan Syèl la yo vini ankò nan epòk pa nou an menmjan yo te ye ak menmjan yo pral ye nan tout tan. Presnsip ki nan fondasyon Pwogran Antrèd Legliz la pa la sèlman pou yon tan oubyen yon kote. Yo la pou tout tan ak pou tout kote.

Prensip sa yo espirityèl ak etènèl. Pou rezon sa a, konprann ak ankre yo fèm nan kè nou pral rann posib pou nou wè ak pwofite opòtinite pou ede kèlkeswa lè a ak kèlkeswa kote Senyè a envite nou.

Men kèk prensip ki te gide m lè m te vle ede nan fason Senyè a ak lè lòt moun te ede mwen.

Premyèman, tout moun santi yo pi kontan e yo santi plis respè pou tèt yo lè yo kapab pran swen pwòp tèt yo ak fanmi yo epi apresa lonje lamen pou pran swen lòt moun. Mwen rekonesan pou moun ki te ede m reponn bezwen m yo. E mwen pi rekonesan toujou pou moun ki te ede m vin otonòm yo. Epi ankò mwen rekonesan pi plis toujou pou moun ki te montre m kijan pou itilize sa m gen anplis pou ede lòt moun yo.

Mwen te aprann ke fason pou nou gen diplis se depanse mwens pase sa nou antre. Avèk diplis sa a mwen te kapab pwouve apati eksperyans ke li pi bon pou bay pase pou resevwa. Sa se anpati paske lè nou bay pou ede nan fason Senyè a li beni nou.

Prezidan Marion G. Romney te di konsènan travay antrèd la: “Nou pa kapab bay tèt nou epi n vin pòv nan travay sa a.” Epi apresa li te site prezidan misyon li, Melvin J. Ballard, fason sa a: “Yon moun pa kapab bay Senyè a po pen san l pa resevwa yon pen an retou.”3

Mwen te twouve ke sa te vre nan lavi mwen. Lè m te bay ak jenewozite pou pitit Papa nou ki nan Syèl la ki nan bezwen yo, li te gen jenewozite anvè mwen.

Yon dezyèm prensip levanjil ki sete yon gid pou mwen nan travay antrèd la se pouvwa ak benediksyon tèt ansanm. Lè nou mete men ansanm pou sèvi moun ki nan bezwen yo, Senyè a ini kè nou. Prezidan J. Reuben Clark Jr. te mete l nan fason sa a: “Bay la … petèt fè plis pou pote yon santiman fratènite paske moun tout kalite fòmasyon ak okipasyon travay kòtakòt nan yon jaden antrèd oswa nan lòt pwojè.”4

Santiman fratènite ogmante sa a vrè pou moun k ap resevwa a osi byen pou moun k ap bay la. Pou jis jodia, yon mesye m te travay kòtakòt avèk li pou retire labou nan kay li nan inondasyon Rexburg la santi yon lyen avèk mwen. E li santi pi plis diyite pèsonèl paske li te fè tout sa l te kapab pou limenm ak pou fanmi li. Si nou te travay izole, nou toulède t ap pèdi yon benedikson espirityèl.

Sa mennen nan twazyèm prensip aksyon nan travay antrèd la pou mwen: Enplike fanmi ou nan travay avèk ou pou yo kapab aprann pou youn pran swen lòt menmjan yo pran swen lòt moun nan. Pitit gason ak pitit fi ki travay avèk ou pou sèvi lòt moun ki nan bezwen yo ap plis aprann kijan pou youn ede lòt lè yo nan bezwen.

Men katriyèm prensip antrèd Legliz la ke m te aprann lè m te yon evèk. Li soti nan suiv kòmandman nan ekriti yo pou al chèche moun pòv yo. Se devwa evèk la pou li jwenn ak founi èd bay moun ki bezwen asistans yo apre tout sa yo menm ak fanmi yo ka fè. Mwen te wè ke Senyè a voye Sentespri a pou rann posib pou “chèche e n ap jwenn”5 nan nan pran swen pòv yo menmjan li fè pou nou nan jwenn laverite a. Men mwen te aprann tou pou m enplike prezidant Sosyete Sekou a nan rechèch la. Li gen dwa jwenn revelasyon an anvan ou menm.

Gen kèk nan nou ki pral bezwen enspirasyon sa a nan mwa k ap vini yo. Pou komemore 75zyèm anivèsè Pwogram Antrèd Legliz la, yo envite manm yo atravè tout mond lan pou yo patisipe nan yon jounnen sèvis. Dirijan yo ak manm yo pral chèche revelasyon pandan y ap prepare pwojè yo.

Mwen pral fè twa sigjesyon pou lè n ap planifye pwojè sèvis nou an.

Premyèman, prepare tèt nou ak moun n ap dirije yo espirityèlman. Se sèlman si kè nou adousi pa Sakrifis Ekspyatwa Sovè a ke n ap kapab klèman wè bi pwojè a se pou beni, espirityèlman ak tanporèlman, lavi pitit Papa nou ki nan Syèl la, endividyèlman oubyen kòm pati yon kominote.

Dezyèm sigjesyon m nan se pou n chwazi moun k ap resevwa sèvis nou an, moun ke bezwen yo touche kè moun ki pral rann sèvis la. Moun yo sèvi yo va santi lanmou yo. Sa ka plis itil pou fè yo santi yo kontan, menm jan kantik la pwomèt la, pase satisfè bezwen tanporèl yo.

Dènye sigjesyon mwen se planifye pou itilize pouvwa lyen fanmi yo, lyen kowòm yo, òganizasyon oksilyè yo, ak moun nou konnen nan kominote nou yo. Santiman inite yo va miltipliye bon efè sèvis n ap bay la. Epi santiman inite sa yo nan fanmi yo, nan Legliz la, ak nan kominote yo va grandi epi yo va vin yon eritaj dirab lontan apre pwojè a fini.

Se opòtinite pa m pou m di nou konbyen mwen apresye nou. Pa mwayen sèvis plen lanmou n ap rann rann pou Senyè a, mwen konn resevwa remèsiman moun nou ede yo lè m rankontre yo.

Ou te jwenn yon mwayen pou leve yo pi wo paske ou te ede nan fason Senyè a. Ou menm ak enb disip Senyè a menmjan avèk ou yo, nou rann moun yo sèvis san gade dèyè epi moun yo remèt mwen rekonesans abondan yo pou nou san gade dèyè.

Mwen resevwa menm ekspresyon apresyasyon an nan men moun ki travay avèk nou yo tou. Mwen sonje yon fwa m te kanpe bò kote Prezidan Ezra Taft Benson. Nou t ap pale de sèvis nan Legliz Senyè a. Li te etone mwen pa bèl vigè li lè l te di, pandan l t ap bat men li: “Mwen renmen travay sa a, e li se travay!”

Nan non Mèt la mwen prezante nou remèsiman pou travay nou pou sèvi pitit Papa nou ki nan Syèl la. Li konnen nou e li wè efò nou, dilijans nou,ak sakrifis nou Mwen priye pou li ba nou benediksyon pou nou wè fwi travay nou yo nan lajwa moun nou te ede yo pou Senyè a.

Mwen konnen Bondye Papa a vivan e li tande priyè nou yo. Mwen konnen Jezi se Kris la. Nou menm ak moun n ap sèvi yo kapab pirifye ak fòtifye pandan n ap sèvi li ak respekte kòmandman l yo. Nou kapab konnen menm jan m konnen an, pa pouvwa Sentespri a, ke Joseph Smith sete pwofèt Bondye pou retabli vrè Legliz vivan an, ki se Legliz sa a. Mwen temwaye ke Prezidan Thomas S. Monson se pwofèt vivan Bondye. Li se yon gwo egzanp nan sa Senyè a te fè: ki vle di ale toupatou ap fè byen. Mwen priye pou nou kapab pwofite opòtinite pou “leve men [ki] pandye yo, ak fòtifye jenou ki fèb yo.”6 Nan non sakre Jezikri, amèn.

Enprime