2011
Ase lajan
jen 2011


Jèn yo

Ase lajan

Mwen te rankontre misyonè yo lè m te gen 17 an. Lè sa a pi gran frè m nan avèk mwen t ap viv ansanm. Manman nou te mouri nan ane anvan an, e lavi te difisil. Lè misyonè yo te anseye mwen, mwen te ka wè ke Legliz la sete sa m te toujou ap chèche a. Men enfliyans zanmi m yo te fè m pa ale legliz jou Dimanch.

Yon fwa m te ale nan yon aktivite Legliz la pandan semèn. Gade tout jèn yo ap ri ak jwe te pote lajwa pou mwen. Misyonè yo, avèk jèn yo, te pwofite opòtinite sa a pou anseye m yon leson levanjil, e m te santi m si byen ke m te deside pou m te batize.

Men menm apre m te fin antre nan Legliz la, mwen te rankontre pwoblèm. Mwen sete sèl manm Legliz la nan pati sa a nan vil la e m te viv lwen chapèl la. Zanmi m ki pa t manm yo pa t vle annafè avèk mwen ankò. Lè yo te kite m poukont mwen, mwen te priye e m te santi lanmou Senyè a.

Chak mwa, mwen te resevwa yon ti kòb nan yon fon manman m te kite pou mwen. Sa te difisil pou m te okipe tèt mwen avèk yon ti kal lajan konsa. Men mwen te detèmine pou m te rete obeyisan. Mwen te peye dim mwen e m te oblije peye pou transpò pou m t al nan seminè ak reyinyon Dimanch yo. Mwen pa t konprann kijan, men nan fen mwa a, mwen te twouve ke te gen ase lajan pou m te fè tout.

Mwen konnen ke m te beni paske m te peye dim. Obeyi kòmandman sa a te ede m akeri yon temwayaj solid, sèvi yon misyon, ak rekonèt benediksyon yo pou m ka fòtifye nouvo manm yo ki t ap fè fas ak pwoblèm yo.

Enprime