2011
Benediksyon dim yo
jen 2011


Mesaj Premye Prezidans, Jen 2011

Benediksyon dim yo

Bi Bondye nan ba nou kòmandman yo se pou beni nou. Li vle ba nou lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo (gade D&A 14:7). Pou resevwa kado viv avèk li pou tout tan an fanmi nan wayòm selès la, nou dwe kapab viv lwa wayòm sa a (gade D&A 88:22).

Li ba nou kòmandman nan lavi sa a pou ede nou devlope kapasite sa a. Lwa dim nan se youn nan kòmandman preparatwa sa yo. Lwa a se pou nou bay Senyè a yon dizyèm nan tout revni nou. Li si senp ke menm yon timoun piti kapab konprann ni. Mwen konn wè timoun k ap lonje bay evèk yo yon anvlòp dim ki gen yon dizyèm nan ti kòb yo fè.

Youn nan benediksyon ki soti nan peye yon dim konplè se devlope lafwa pou viv yon lwa ki pi wo toujou. Pou viv nan wayòm selès la, nou dwe viv lwa konsekrasyon an. Ladan nou dwe kapab santi ke tout sa nou ye ak tout sa nou posede apatni a Bondye.

Gen omwen twa fason ke peye yon dim total nan lavi sa a prepare nou pou santi sa nou bezwen santi pou resevwa kado lavi etènèl la.

Premyèman, lè nou peye dim nou nan Legliz la, Papa nou ki nan Syèl la vide benediksyon sou nou. Tout moun ki toujou peye yon dim konplè konnen ke sa se vre. Benediksyon yo pafwa espirityèl e pafwa tanporèl. Nou resevwa yo nan tan Senyè a ak selon sa li konnen ki pi bon pou nou.

Lè benediksyon sa yo vini, lafwa nou ogmante pou fè nou konnen ke Bondye se sous tout sa ki bon nan lavi nou. Li vin pi fasil pou nou wè ke konsekrasyon senpleman rekonèt verite ke tout kreyasyon Bondye se pa li. Sa fè nou santi nou rekonesan ke li mande sèlman 10 pousan nan sa li deja ba nou. Konsa, nou pi byen prepare pou viv lwa konsekrasyon an lè ya va mande nou.

Dezyèmman, nou tout ki peye yon dim konplè tout tan nou santi pi gwo konfyans lè n ap mande Bondye pou sa nou menm ak fanmi nou bezwen. Li pwomèt benediksyon ki menm pi gwo pase sa nou ka resevwa lè nou fidèl nan alyans nou pou peye dim nou (gade Malachi 3:10). Konsa, youn nan pi gwo benediksyon dim se konfyans nan sa demen ap pote. Kèlkeswa sa sikonstans nou ka ye, bagay yo ap travay pou byen nou. Lè nou kenbe pwomès nou, li ap kenbe pa li. Yon santiman lapè se youn nan gwo benediksyon ki genyen nan peye yon dim konplè. Moun ki obeyi kòmandman dim yo kapab temwaye ke benediksyon lapè a reyèl ak presye.

Twazyèmman, moun ki peye dim yo santi yon ogmantasyon nan lamoun yo pou Bondye Ogmantasyon lanmou sa a vini soti nan konpreyansyon yo sou fason Papa a itilize dim nou peye yo pou beni moun nan mond sa a ak pou letènite.

Atravè sèvitè otorize li, li depanse dim yo avèk gran swen. Peyè dim ede Senyè a bati tanp, kote fanmi kapab sele pou tout tan. Peyè dim ede li voye levanjil la al jwenn moun toupatou. Peyè dim ede li soulaje grangou ak soufrans nan pwòp fason pa li atravè sèvitè l yo. Nenpòt nan sèvitè sa yo kapab di nou kijan lanmou te ogmante paske dim nan te itilize pou beni moun. E moun ki fidèl nan peye dim yo kapab tou.

Règleman dim ap gen pou vini nan kèk mwa. Mwen priye pou nou menm ak fanmi nou kòmanse kounyeya pou planifye ak prepare pou kalifye pou benediksyon Bondye vide sou tout moun ki kapab deklare ba li ke yo se peyè dim konplè.

Ansèyman apati mesaj sa a

  • Pafwa pi bon fason pou anseye yon sèten prensip se demontre li (gade Teaching, No Greater Call [1999], 164). Panse pou mande yon manm fanmi an montre kisa yon dizyèm reprezante. Li kapab demontre sa nan retire yon bagay soti nan yon gwoup dis bagay. Pou fini, panse pou envite yon manm fanmi an pou montre kijan pou ranpli yon fòm pou peye dim.

  • Moun ou anseye yo ap benefisye patisipasyon youn lòt” (Ansèyman, pa gen pi gwo apèl, 63). Envite manm fanmi an pou pataje sa yo panse Prezidan Eyring vledi lè l deklare “santi sa nou bezwen santi pou resevwa don lavi etènèl la.” Panse pou diskite twa fason kote peye dim prepare nou pou n santi sa nou bezwen santi pou resevwa benediksyon Bondye yo.

Enprime