2011
Mwen ka jwenn repons atravè konferans jeneral la
septanm 2011


Timoun yo

Mwen ka jwenn repons atravè konferans jeneral la

Prezidan Uchtdorf anseye ke si nou panse ak kèk kesyon anvan konferans jeneral la, Senyè a ka pale avèk nou atravè pwofèt ak apot li yo pandan konferans lan.

  1. Antanke fanmi oswa klas, diskite sou sa nou bezwen aprann, keseswa endividyèlman oubyen ansanm. (Pa egzanp: Kijan m ka fòtifye temwayaj mwen? Kijan m ka fè fas ak yon pwoblèm nan lekòl mwen?) Ekri kesyon w yo sou yon moso papye oswa nan jounal ou.

  2. Nan semèn anvan konferans yo, ou kapab panse ak priye sou kesyon sa yo.

  3. Koute byen pandan konferans lan (sa kapab ede si w pran nòt). Epi apresa ekri kijan Senyè a — atravè dirijan Legliz yo — reponn kesyon w yo.

  4. Sou yon lòt moso papye, ou kapab fè desen ou menm k ap fè sa w te aprann nan.

Enprime