2011
Konferans jeneral—yon benediksyon ekstraòdinè
septanm 2011


Mesaj Premye Prezidans Septanm 2011

Konferans jeneral—Yon benediksyon ekstraòdinè

Yon bon manm Legliz la t ap pale avèk yon vwazen ki pa t manm legliz nou an. Lè sijè diskisyon an te vire sou konferans jeneral, vwazen an te mande: “Ou di nou gen pwofèt ak apot? Epi defwa pa ane nan yon konferans mondyal yo revele pawòl Bondye?”

“Absoliman,” manm lan te reponn avèk konfyans.

Vwazen an te reflechi sou sa pandan yon ti moman. Li te sanble l te sensèman enterese epi apresa li te mande: “Kisa yo te di nan dènye konferans jeneral la?”

Nan pwen sa a bon manm Legliz la te pase pa santiman eksitasyon pou pataje levanjil la rive nan santiman anbarasman. Li te eseye jan l te kapab, men li pa t ka sonje detay sou menm yon diskou.

Zanmi an te wè anbarasman li epi l te di: “Ou vle di m ke Bondye pale avèk lèzòm nan epòk nou an epi ou pa ka sonje kisa l te di?”

Frè a te santi li imilye pa pawòl sa yo. Li te pran rezolisyon pou l te pi byen sonje pawòl sèvitè Senyè yo di nan konferans jeneral yo.

Nou tout konnen kijan sa difisil pou sonje chak mesaj konferans jeneral, e mwen konnen ke nou pa bezwen santi n anbarase si nou pa sonje tout bagay. Men, gen mesaj nan chak konferans jeneral ke yo ba nou kòm yon kado ak yon benediksyon soti nan syèl la espesifikman pou sitiyasyon lavi pèsonèl nou.

Nan preparasyon pou konferans jeneral, kite m sigjere twa bagay debaz ki ka ede nou pi byen resevwa, sonje, ak aplike pawòl sèvitè Senyè a pale yo.

1. Manm legliz yo gen dwa ak revelasyon pèsonèl lè yo koute ak etidye pawòl enspire ki pale nan konferans jeneral yo.

Lè n ap prepare pou konferans jeneral, mwen envite nou pou m medite kesyon nou bezwen repons pou yo yo. Pa egzanp, nou gen dwa ap chèche direksyon ak gidans nan men Senyè a konsènan pwoblèm n ap rankontre.

Repons pou priyè espesifik nou yo kapab vini dirèkteman nan yon diskou byen patikilye oswa yon fraz byen espesifik. Gen lòt fwa repons yo ka vini nan yon mo, yon fraz, oswa yon chan ki aparaman pa gen okenn rapò ak sitiyasyon nou. Yon kè ranpli ak gratitid pou benediksyon lavi yo ak yon dezi sensè pou koute ak suiv pawòl konsèy yo ap prepare chemen pou revelasyon pèsonèl la.

2. Pa meprize yon mesaj senpleman paske li parèt familye pou nou.

Pwofèt yo toujou anseye pa repetisyon; se yon lwa nan aprantisaj. N ap tande repetisyon nan tèm yo ak doktrin yo nan konferans jeneral. Kite m rasire nou: se pa poutèt mank kreyativite oswa imajinasyon. Nou kontinye tande mesaj sou menm sijè yo paske Senyè a ap anseye nou ak enprime nan lespri nou ak nan kè nou kèk prensip debaz ki gen gwo enpòtans etènèl ke nou dwe konprann ak suiv anvan nou ka pase nan lòt bagay. Yon batisè saj toudabò poze fondasyon anvan li mete mi ak twati kanpe.

3. Pawòl ki pale nan konferans jeneral yo dwe yon konpa k ap montre nou chemen nou nan mwa ki vin apre yo.

Si nou koute ak suiv enspirasyon Lespri yo, y ap sèvi kòm yon Lyawona, pou gide nou atravè vale ak montay enkoni ak difisil k ap tann pi devan yo (gade 1 Nefi 16).

Depi nan kòmansman mond lan, Bondye te toujou gen pwofèt ki pale de volonte syèl la pou moun nan epòk pa yo a. Se responsablite nou pou nou koute epi apresa aplike mesaj Senyè a voye pou nou yo.

Papa mizèrikòdye ak eman nou an ki nan syèl la pa bliye ni li pa p janm bliye pitit li. Jodia, osibyen ke nan tan pase yo, li aple apot ak pwofèt. Li kontinye revele yo pawòl li.

Ala yon bèl privilèj sa ye pou tande mesaj Bondye pou nou chak nan konferans jeneral yo! An nou prepare nou byen pou gwo benediksyon gidans divin sa a ke sèvitè chwazi l yo delivre yo.

Paske sa se pa yon benediksyon òdinè.

Ansèyman apati mesaj sa a

  • Li atik la ansanm. Ankouraje fanmi an idantifye sa pou koute pandan konferans jeneral.

  • Pou ede jèn timoun yo aplike konsèy Prezidan Uchtdorf bay la, montre yo foto ki gen tout Otorite Jeneral yo (n ap jwenn ni nan revi konferans Lyawona a). Fè yo konnen ke Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo pral pale nan konferans jeneral la. Ankouraje timoun yo pou yo koute konferans lan epi fè yon desen pou ede yo sonje sa yo te aprann. Paran yo kapab ale nan conferencegames.lds.org pou jwenn plis aktivite konferans pou timoun yo.

Adwat: foto pa Les Nilsson

Enprime