2011
Bon, pi bon, pi bon toujou
septanm 2011


Jèn yo

Bon, pi bon, pi bon toujou

Nan diskou konferans jeneral Oktòb 2007 la, Èldè Dallin H. Oaks nan Kolèj Douz Apot yo te pale sou aktivite ki “bon, pi bon, ak pi bon toujou.” Lè l te rive nan pati ki te pale sou “orè depase timoun yo,” mwen te santi m koupab kote m te chita a.

Mwen te konnen ke m te fè twòp. Mwen te nan jwèt lekòl, pandan m t ap pran klas difisil nan lekòl mwen, e m te enplike nan plizyè lòt aktivite. Mwen pa t konn ale nan aktivite Jènfi yo tout tan, e Dimanch mwen te ranpli ak strès nan eseye fini devwa ala dènyè minit. Repetisyon mizik ak edite jounal lekòl la te pèdi tout karaktè amizan yo e yo te vin tounen travay.

Diskou Èldè Oaks la te fè m pote yon bon koudèy sou orè mwen. Aktivite m yo te bon, men yo te twòp. Mwen te oblije chwazi sa k te pi bon yo. Lè m te eseye deside ki aktivite pou m te bliye, mwen te reyalize ke levanjil Jezikri a sete pi bon priyorite yon moun kapab genyen. Mwen te mete priyè ak etid ekriti nan tèt lis mwen an, epi depi lè sa a, lavi m mache pi byen.

Èldè Oaks te anseye m ke lè nou fè sa Senyè a vle nou fè yo anpremye, tout lòt bagay ap byen tonbe nan plas yo. Si m etidye ekriti yo anvan m jwe jwèt oubyen menm anvan m fè devwa mwen, tout bagay enpòtan yo ap fèt. Lè m baze lavi mwen sou Senyè a, olye mwen ajoute li kòm yon bagay pou m fè apre, lavi m gen yon pi gwo sans lapè ak siksè.

Kounyeya mwen trè sousye pou koute konsèy yo bay nan konferans jeneral yo!

Ilistrasyon pa Paul Mann

Enprime