2011
Fòtifye fanmi yo nan ogmante espirityalite
septanm 2011


Mesaj vizit nan fwaye Septanm 2011

Fòtifye fanmi yo nan ogmante espirityalite

Etidye materyèl sa a epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.

Lafwa • Fanmi • Sekou

Julie B. Beck, prezidant jeneral Sosyete Sekou a, te di: “Mwen devlope yon gwo temwayaj konsènan valè pitit fi Bondye yo. … Mwen santi ke pa p janm gen yon si gran bezwen pou fè lafwa ak jistis pèsonèl grandi pase kounyeya. Pa janm gen yon si gran bezwen konsa pou fanmi yo ak fwaye yo vin solid.”

Sè yo kapab kreye fwaye ak fanmi ki solid lè yo aji sou revelasyon pèsonèl. Sè Beck te kontinye: “Kapasite pou kalifye pou revelasyon pèsonèl, pou resevwa revelasyon pèsonèl ak aji an konsekans lan se kalite ki pi enpòtan yon moun kapab akeri nan lavi sa a.” “Pou yon moun kalifye pou resevwa Lespri Senyè a, li dwe dabò gen dezi pou Lespri a e sa mande yon sèten degre diyite. Respekte kòmandman yo, repanti, ak renouvle alyans ki te fèt nan batèm yo mennen nan benediksyon pou nou toujou gen Lespri Senyè a avèk nou an. Fè ak respekte alyans tanp yo ajoute sou fòs ak puisans espirityèl nan lavi yon fi. Nou jwenn repons pou kesyon difisil yo nan li ekriti yo paske ekriti yo se yon èd pou revelasyon. … Priyè chak jou esansyèl pou gen Lespri Senyè a avèk nou tou.”1

Nou fòtifye manm fanmi nou espirityèlman tou lè nou ede yo konprann plan etènèl Papa nou ki nan syèl la. “Kisa nou kapab fè pou nou pi byen prepare pitit nou yo espirityèlman pou wòl etènèl yo?” Èldè M. Russell Ballard nan Kolèj Douz Apot yo te mande. “Petèt repons ki pi konplè a se: Anseye yo kijan pou yo viv prensip levanjil yo.” Ansèyman sa a vini atravè priyè chak jou, etid ekriti chak jou, ak moman repa familyal yo osibyen sware familyal chak semèn yo ak ale Legliz. Èldè Ballard eksplike: “Nou prepare chak jou, kounyeya menm, pou lavi etènèl. Si nou p ap prepare pou lavi etènèl, n ap prepare pou yon bagay mwens, petèt yon bagay mwens anpil.”2

Apati ekriti yo

Pwovèb 22:6; 1 Jan 3:22; Doktrin ak Alyans 11:13–14; 19:38; 68:25

Apati istwa nou

Pwofèt Joseph Smith te anseye sè yo nan yon reyinyon Sosyete Sekou an Avril 1842, ke yo te gen yon obligasyon solanèl pou chèche pwòp sali yo. Li te di: “Apre ansèyman [mwen] yo, nou pral responsab pou pwòp peche pa nou; se yon onè pou nou pou n mache devan Papa nou ki nan syèl la nan yon fason ki kapab sove nou; nou tout responsab devan Bondye pou fason nou amelyore limyè ak sajès ke Senyè a ba nou pou pèmèt nou sove tèt nou an.”3 Li te anseye yo pou yo rete moun ki jis, pou yo vin yon pèp sen, ak pou prepare pou òdonans ak alyans tanp yo.

Nòt

  1. Julie B. Beck, “And upon the Handmaids in Those Days Will I Pour Out My Spirit,” Liahona, Me 2010, 10, 11.

  2. M. Russell Ballard, “Spiritual Development,” Ensign, Nov. 1978, 65, 66.

  3. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 355.

Kisa m ka fè?

  1. Kijan m ka ede sè m yo grandi nan otonomi espirityèl?

  2. Kijan m ka amelyore pwòp kapasite mwen pou rekonèt ak reponn Sentespri a?

Ilistrasyon foto pa Welden C. Andersen

Enprime