2011
Kanpe nan kote ki sen
novanm 2011


Kanpe nan kote ki sen

Kominikasyon avèk Papa nou ki nan syèl la — ki enkli priyè nou fè L ak enspirasyon li ba nou yo — nesesè pou nou ka fè fas ak tanpèt ak eprèv lavi yo.

Frè ak sè byeneme m yo, nou sot tande bèl mesaj maten an, e mwen konplimante chak moun ki te patisipe yo. Nou patikilyèman kontan pou n gen Èldè Robert D. Hales avèk nou ankò ki refè kounyeya. Nou renmen ou, Bob.

Pandan m t ap medite sou sa m ta renmen di nou maten an, mwen te santi m pouse pou pataje kèk panse ak santiman mwen konsidere ki aplikab ak apwopriye. Mwen priye pou m ka jwenn gidans nan remak mwen yo.

M ap viv sou tè sa a depi 84 an kounyeya. Pou m ba nou yon ti apèsi, mwen te fèt nan mem ane Charles Lindbergh te pran vòl nan premye vòl dirèk ki te soti Nouyòk pou ale Paris a nan yon ti avyon yon sèl plas ak yon sèl motè. Anpil bagay chanje depi 84 ane sa yo. Moun vwayaje al sou lalin e retounen. Anfèt, bagay ki sete sèlman syans fiksyon ayè yo vin tounen reyalite jodia. Epi, reyalite sa a, gras ak teknoloji epòk nou yo, chanje si vit ke nou pa ka menm suiv li — si n ap janm ka suiv li. Pou moun ki sonje telefòn kadran won pou vire lè w ap fè nimewo yo ak machin atape amen yo, teknoloji jodia plis pase enpresyonan.

Epi, prensip moral yo nan sosyete a ap chanje ak yon vitès rapid tou. Konpòtman ke yon fwa yo te konsidere kòm inapwopriye ak imoral vin kounyeya non sèlman tolere men akseptab pou anpil moun tou.

Mwen fèk sot li nan Wall Street Journal la yon atik ekri pa Jonathan Sacks, rabi anchèf Grande Bretagne nan. Pami tout lòt bagay, li ekri: “Nan prèske tout sosyete Lwès yo nan ane 1960 yo, te gen yon revolisyon moral, yon abandon tout règ tradisyonèl ki te pou frennen konpòtman yo. Gwoup Beatles la te chante: ‘Tout sa nou bezwen se lanmou. Yo te abandone kòd moral Jideo Kretyen an. Nan plas li te vin gen [pwovèb]: [Fè] tout sa ki bon pou ou a. Yo te reekri Dis Kòmandman yo kòm Dis Sigjesyon Kreyatif. ”

Rabi Sacs te kontinye plenyen:

“N ap gaspiye kapital moral nou an avèk menm neglijans nou gaspiye kapital finansye nou an. …

Gen anpil anpil zòn [nan mond lan] kote relijyon se yon bagay lepase e pa gen okenn vwa pou kontrekare kilti ki ankouraje moun yo pou achte l, depanse l, mete l, egzibe li, paske ou merite li a. Mesaj la sèke moralite pasedmòd, konsyans se pou moun ki fèb, epi kòmandman ki pi enpòtan an se ‘Yo pa p kenbe ou.’”1

Frè m ak sè m yo, bagay sa a —malerezman — dekri anpil nan mond ki antoure nou an. Èske se pou nou leve men nou anlè ak dezespwa pou nou mande kijan n ap janm rive siviv nan yon mond konsa?Non. Anfèt, nou gen levanjil Jezikri a nan lavi nou, epi nou konnen ke moralite pa pasedmòd, ke konsyans nou toujou la pou gide nou, epi nou responsab pou aksyon nou yo.

Menmsi mond lan ap chanje, lwa Bondye yo rete konstan. Yo pa chanje; yo pa p janm chanje. Dis Kòmandman yo se egzakteman sa yo ye a — kòmandman. Se pa sigjesyon yo ye. Yo osi nesesè nan tout sans jodia jan yo te ye lè Bondye te voye yo bay pitit Izrayèl yo. Si nou byen koute, n ap tande eko vwa Bondye, k ap pale avèk nou la a e kounyeya:

“Piga nou gen lòt bondye pase mwen sèlman.

“Piga nou fè okenn estati ni imaj taye…. …

“Piga nou sèvi mal ak non Senyè Bondye nou an. …

“Toujou sonje jou Saba a pou nou sanktifye li… …

“Respekte manman nou ak papa nou… …

“Piga nou touye moun.

“Piga nou fè adiltè.

“Piga nou vòlè.

“Piga nou rann fo temwayaj. …

“Piga nou gen lanvi.”2

Kòd moral nou an definitif; li pa negosyab. Nou jwenn ni non sèlman nan Dis Kòmandman yo men nan Diskou sou Mòn nan tou, ke Sovè a te ba nou lè L t ap mache sou tè a. Nou jwenn ni nan tout ansèyman L yo. Nou jwenn ni nan pawòl revelasyon dènye jou yo.

Papa nou ki nan syèl se menm nan yè, jodia, ak poutout tan. Pwofèt Mòmon di nou ke Bondye “enchanjab depi nan letènite jouk nan tout letènite”3 Nan mond sa a kote prèske tout bagay sanble ap chanje a, konstans li se yon bagay nou ka repoze sou li, yon ankraj ke nou ka kenbe fèm an sekirite, pou dlo danjere pa pòte nou ale.

Sa gen dwa parèt pafwa ke moun yo nan mond lan ap amize yo plis pase nou menm. Kèk nan nou gen dwa santi nou limite pa kòd konduit ke nou menm nou genyen nan Legliz la. Men, frè m ak sè m yo, m ap deklare nou, pa gen anyen ki ka pote lajwa nan lavi nou oswa plis lapè nan nanm nou pase Lespri a ke nou ka genyen lè n ap suiv Sovè a ak respekte kòmandman l yo. Lespri sa a pa kapab prezan nan kalite aktivite anpil moun nan mond lan ap patisipe yo. Apot Pòl te deklare: “Lòm natirèl pa resevwa bagay Lespri Bondye yo; paske, pou li, se pawòl moun fou yo ye; ni li pa kapab konprann yo, paske se Lespri ki kapab fè l disène yo.”4 Tèm lòm natirèl la ka refere ak nenpòt nan nou si nou pèmèt tèt nou vin sa.

Nou dwe vijilan nan yon mond kote kilti yo grandman rejte bagay espirityèl yo. Li enpòtan pou nou rejte tout bagay ki pa konfòm avèk prensip nou yo, pou n refize abandone nan pwosesis la sa nou dezire pi plis la: lavi etènèl nan wayòm Bondye a. Tanpèt yo ap toujou vin frape pòt nou tanzantan, paske yo se yon pati nou pa ka anpeche nan eksperyans nou nan mòtalite a. Men, nou ap pi byen ekipe pou fè fas avèk yo, pou aprann de yo, epi simonte yo si nou gen levanjil la kòm fondasyon lavi nou ak lanmou Sovè a nan kè nou. Pwofèt Ezayi te deklare: “Zèv lajistis se lapè; fwi lajistis se repo ak sekirite pou tout tan.”5

Kòm mwayen pou nou nan mond lan men pa fè pati mond lan, li nesesè pou nou kominike avèk Papa nou ki nan syèl la atravè lapriyè. Li vle nou fè sa; l ap reponn priyè nou yo. Sovè a mande nou, jan sa ekri nan 3 Nefi 18 la, pou nou “veye, priye tout tan pou nou pa tonbe nan tantasyon; paske Satan vle pran nou.

“Se poutèt sa nou dwe toujou priye Papa a nan non m;

“Epi nenpòt bagay ki jis nou mande Papa a nan non m, si nou kwè n ap resevwa l, gade n ap resevwa l.”6

Mwen te akeri temwayaj mwen sou pouvwa lapriyè lè m te gen prèske douzan. Mwen t ap travay di pou m te fè yon ti lajan e m te debwouye m ekonomize senk dola. Sete pandan Gwo Depresyon an, kote senk dola sete yon bon ti kòb — espesyalman pou yon tigason douzan. Mwen te bay papa m tout monnen m te genyen yo, ki te total senk dola, epi li te ban m yon biyè senk dola. Mwen konnen te gen yon bagay espesifik mwen te planifye pou m te achte avèk senk dola a, malgre ke tout ane k pase yo, mwen pa ka raple m kisa l te ye. Mwen sèlman sonje enpòtans lajan sa a te genyen pou mwen.

Nan moman an nou pa t gen machin alave, konsa, manman m te konn voye m al pote rad nou ki te bezwen lave yo nan yon kote yo te konn lave rad chak semèn. Apre de twa jou, yo te voye yon pil sa nou te rele “rad mouye” retounen ba nou epi manman m te konn mete yo seche sou liy nan lakou dèyè a.

Mwen te mete biyè senk dola m nan nan pòch pantalon mwen. Epi jan nou ka siman devine, yo te voye pantalon an al lave avèk kòb la nan pòch li. Lè m te reyalize sa k te rive a, mwen te santi m malad. Mwen te konnen ke yo te konn tcheke pòch yo anvan yo lave yo. Si yo pa t dekouvri kòb mwen an epi pran ni nan pwosesis sa a, mwen te konnen ke sa te prèske sèten ke lajan an t ap tonbe soti nan pòch la nan lave epi youn nan moun k ap travay yo t ap pran li san l pa gen okenn ide sou moun pou l voye lajan an retounen bay, si jamè li te anvi remèt li. Chans pou m te wè senk dola m nan retounen an te piti anpil — yon bagay manman m te konfime pou mwen lè m te di l mwen te kite lajan an nan pòch mwen.

Mwen te vle lajan sa a; mwen te bezwen lajan sa a; mwen te travay di pou m te fè lajan sa a. Mwen te reyalize ke te gen sèlman yon bagay mwen te ka fè. Nan dezespwa, mwen te vire vè Papa m ki nan syèl la e mwen te priye li pou l kenbe kòb la ansekirite nan pòch pantalon an jiskaske rad mouye yo te retounen.

De long jou apre, lè m te konnen l te prèske lè pou machin ki t ap livre rad yo te pote lesiv nou an, mwen te chita bò fenèt la, ap tann. Pandan machin nan t ap vire vini nan koub la, kè m t ap bat fò. Osito ke rad mouye yo te antre nan kay la, mwen te gripe pantalon m nan e m te kouri al nan chanm mwen. Mwen te foure men m ki te tou ap tranble nan pòch la. Lè m pa t jwenn anyen imedyatman, mwen te panse tout bagay te pèdi. Epi, dwèt mwen te touche biyè senk dola mouye a. Pandan m t ap rale l soti nan pòch la, mwen te santi yon pwofon soulajman. Mwen te ofri yon priyè rekonesans sensè bay Papa m ki nan syèl la, paske m te konnen ke li te reponn priyè m nan.

Depi lè sa a mwen te gen priyè ke m pa ka konte ki te reponn. Pa gen yon jou k pase san m pa kominike avèk Papa m ki nan syèl la atravè lapriyè. Se yon relasyon mwen renmen anpil — e mwen t ap literalman pèdi san relasyon sa a. Si kounyea menm nou pa gen yon relasyon konsa avèk Papa nou ki nan syèl la, mwen sipliye nou pou nou travay nan bi sa a. Si nou fè sa, n ap resevwa enspirasyon ak direksyon Li nan lavi nou — ki nesesè pou nou chak la a si nou bezwen siviv espirityèlman pandan sejou nou sou tè a. Kalite enspirasyon ak gidans sa a se don Li bay gratis si nou sèlman chèche yo. Ala trezò yo ye!

Mwen toujou santi m enb ak rekonesan lè Papa m ki nan syèl la kominike avèk mwen atravè enspirasyon Li. Mwen aprann rekonèt li, kwè nan li, epi suiv li. Anpil fwa, mwen konn resevwa kalite enspirasyon sa yo. Yon eksperyans ekstraòdinè te pase an Out 1987 pandan konsekrasyon Tanp Francfort la nan Almay. Prezidan Ezra Taft Benson te avèk nou pou preyme oubyen dezyèm jou konsekrasyon an men li te retounen lakay li, epi konsa mwen te gen opòtinite pou dirije sesyon ki te rete yo.

Nan Samdi nou te gen yon sesyon pou manm Deutch yo ki te nan distri Tanp Francfort la. Mwen te abitye anpil avèk youn nan dirijan remakab nou te genyen nan Pays-Bas yo, Frè Peter Mourik. Jis anvan sesyon an, mwen te santi enspresyon klè ke m ta dwe rele Frè Mourik pou pale avèk manm Deutch li yo pandan sesyon an e ke, anfèt, li ta dwe premye oratè a. Mwen pa t wè li nan tanp la jou maten sa a, e m te pase yon nòt bay Èldè Carlos E. Asay, Prezidan zòn nou an, pou m te mande l si Peter Mourik te nan asanble a nan sesyon sa a. Jis anvan pou nou te kòmanse kanpe pou kòmanse sesyon an, mwen te resevwa yon nòt an retou nan men Èldè Asay ki te di m ke Frè Mourik pa t la nan asanble a, ke li te okipe yon lòt kote, e li te planifye pou vini nan sesyon konsekrasyon tanp lan nan jou apre a avèk militè yo ki te nan pye a.

Pandan m te kanpe sou chè a pou swete moun yo byenveni ak pou prezante pwogram nan, mwen te resevwa enspirasyon klè ankò ke mwen te dwe anonse ke Peter Mourik se t ap premye oratè nou. Sa te alankont tout ensten mwen paske mwen te fèk sot tande Èldè Asay di ke Frè Mourik te definitivman pa t nan tanp lan. Sepandan, konfyan nan espirasyon an, mwen te anonse prezantasyon koral la, priyè a, epi mwen te anonse ke premye oratè nou se t ap Frè Peter Mourik.

Pandan m t ap tounen al chita, mwen te voye je sou Èldè Asay e mwen te wè sou figi li ke l te panike. Nan apre li te di m ke lè m te anonse Frè Mourik t ap premye oratè a, li pa t ka kwè sa l te tande a. Li te di li te konnen m te resevwa nòt li a epi m te li li, e li pa t ka konprann poukisa mwen te kanmèm anonse Frè Mourik ta pral pale, konesan ke li pa t okenn kote nan tanp lan.

Pandan tan tout bagay sa yo t ap pase, Peter Mourik te nan yon reyinyon nan biwo zòn nan, nan Porthstrasse. Pandan reyinyon an t ap avanse, li te toudenkou vire gade Èldè Hawkes, ki te Reprezantan Rejyonal lè sa a, epi l te mande l: “Konbyen tan ou ka pran pou mennenm vit nan tanp lan?”

Èldè Hawkes, ki te koni kòm yon moun ki kondi vit nan ti machin espò li a, te reponn: “Mwen ka mennen ou nan 10 minit! Men poukisa ou bezwen ale nan tanp lan?”

Frè Mourik te admèt ke li pa t konn poukisa li te bezwen ale nan tanp lan men li te santi ke l ta dwe ale. Yo toude te derape imedyatman pou ale nan tanp lan.

Pandan koral mayifik la t ap chante a, mwen t ap gade tout kote, nan panse ke nan nenpòt ki moman mwen t ap wè Peter Mourik. Mwen pa t wè li. Men, sa k te remakab, mwen pa t panike. Mwen te gen yon bon asirans ke tout bagay t ap byen.

Frè Mourik te antre nan pòt devan tanp lan egzakteman nan moman priyè ouvèti a t ap fini, li pot ko janm konnen poukisa li te la. Pandan l t ap kouri antre nan koulwa a, li te wè mwen nan aparèy retransmisyon an e li te tande m anonse: “Kounyeya nou pral tande Frè Peter Mourik. ”

Èldè Asay te grandman etone lè l te wè Peter Mourik imedyatman antre nan sal la epi vin chita sou chè a.

Apre sesyon an, Frè Mourik avèk mwen t ap pale sou sa k te pase anvan opòtinite sa a pou l te pale a. Mwen te medite sou enspirasyon ki te vini jou sa a non sèlman a mwen menm men a Frè Peter Mourik tou. Eksperyans remakab sa a te vin tounen yon temwayaj inebranlab pou mwen sou enpòtans pou yon moun rete diy pou resevwa enspirasyon epi apresa kwè nan espirasyon an — epi suiv li — lè l vini. Mwen konnen san okenn dout ke Senyè a te bezwen pou moun ki te prezan yo nan sesyon sa a nan konsekrasyon Tanp Franckfort la te tande temwayaj vibran ak touchan sèvitè li, Frè Peter Mourik.

Frè ak sè byeneme m yo, kominikasyon avèk Papa nou ki nan Syèl la — enkli priyè n ap fè li ak enspirasyon l ap ba nou — nesesè pou nou ka kanpe devan tanpèt ak eprèv lavi yo. Senyè a envite nou: “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen.”7 Si nou fè sa, n ap santi Lespri Li nan lavi nou, k ap ba nou dezi ak kouraj pou nou kanpe fèm ak solid nan lajistis — pou nou “rete nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou.”8

Pandan ke van chanjman mond lan yo ap soufle tout bò kote nou, epi prensip moral sosyete nou yo ap diminye devan je nou yo, se pou nou sonje pwomès presye Senyè a fè moun ki mete konfyans nan Li yo: “Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ba nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M ap ba nou fòs; m ap ede nou. M ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.”9

Ala yon pwomès! Se pou benediksyon sa yo vin pa nou, mwen priye nan non sakre Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, amèn.