2011
Nou konte pou li
novanm 2011


Nou konte pou li

Senyè a itilize yon pèz trè diferan ak pa mond lan pou peze valè yon moun.

Moyiz, youn nan pi gwo pwofèt mond lan te janm konnen, te elve pa pitit fi Farawon an e li te pase premye karant ane lavi li nan kay wayal Lejip la. Li te pèsonèlman konnen laglwa ak grandè ansyen wayòm sa a.

Dèzane apre, sou tèt yon montay byen lwen, lwen anpil de esplandè ak grandè Lejip puisan an, Moyiz te kanpe nan prezans Bondye e li te pale avèk li fasafas menmjan yon moun pale avèk zanmi li.1 Pandan vizit sa a, Bondye te montre Moyiz travay men li, sa ki te ba li yon apèsi de travay li ak laglwa li. Lè vizyon an te fini, Moyiz te tonbe atè pandan plizyè èdtan. Lè fòs li te finalman retounen, li te reyalize yon bagay ke, nan tout ane l yo nan lakou Farawon an, li pa t janm te reyalize.

Li te di: “M konnen lòm pa anyen.”2

Nou mwens pase nou sipoze

Plis nou aprann sou inivè a, se plis nou konprann—omwen nan yon ti pati—sa Moyiz te konnen an. Inivè a si gran, ak si gloriye ke li enkonpreyansib pou lespri imen an. Bondye te di Moyiz “M te kreye pakèt mond moun pa ka konte.”3 Mèvèy syèl lannuit la se yon bèl temwayaj konsènan verite sa a.

Gen kèk bagay ki ranpli m avèk kalite admirasyon sa a tankou vole nan avyon nan nwasè lannuit ap travèse oseyan ak kontinan epi atravè fenèt avyon an gade glwa enfini dè milyon zetwal.

Astwonòm yo eseye konte kantite zetwal nan inivè a. Yon gwoup syantis estime ke kantite zetwal andedan chan teleskòp nou yo dis fwa pi plis pase tout grenn sab ki nan dezè ak bò lanmè nan tout mond lan.4

Konklizyon sa a gen yon similarite frapan avèk deklarasyon ansyen pwofèt Enòk la: “Epi si sete posib pou lòm ta konte yon ti kantite nan tè yo, wi, milyon tè tankou sa a, se pa t ap menm yon kòmansman nan kantite kreyasyon ou yo.”5

Etandone imansite kreyasyon Bondye yo, se pa etonan ke gran Wa Benjamen te konseye pèp li a pou yo “toujou kenbe nan memwa yo, grandè Bondye ak eta nil nou an.”6

Nou pi gran pase nou sipoze

Men, menmsi lòm pa anyen, sa ranpli m ak admirasyon ak emèveyman ke “nanm yo gen yon gwo valè nan je Bondye.”7

E pandan ke nou petèt ap gade imansite inivè a e di, “Kisa lòm ye an konparezon avèk laglwa kreyasyon an?” Bondye li menm di nou se rezon k fè li kreye inivè a! Travay li ak laglwa li—bi inivè mayifik sa a—se pou sove ak egzalte limanite8 Otremandi, gwo etènite imans la, glwa ak mistè espas ak tan enfini yo tout te bati pou benefis moun mòtèl òdinè tankou ou menm avèk mwen. Papa nou ki nan syèl la te kreye inivè a pou nou kapab atenn potansyèl nou antanke pitit gason ak pitit fi li.

Sa se yon mistè pou lòm: konpare avèk Bondye, lòm pa anyen; men nou se tout bagay pou Bondye. Pandan ke konpare avèk kreyasyon enfini an, nou gen dwa parèt ke nou pa anyen, nou gen yon etensèl dife etènèl k ap brile andedan nou menm. Nou gen pwomès egzaltasyon enkonpreyansib la—mond san fen—alapòte nou. Epi se gwo dezi Bondye pou ede nou atenn ni.

Foli lògèy

Gwo mètdàm nan konnen ke youn nan zouti ki pi efikas li pou detounen pitit Bondye yo se fè apèl ak bagay ekstrèm yo nan mistè lòm nan. Pou kèk moun, li pouse tandans ògeye yo, kote li fè yo gonfle e ankouraje yo pou yo kwè nan fantezi pwòp enpòtans yo ak karaktè envensib yo. Li di yo ke yo pa nenpòt ki moun òdinè epi poutèt abilte yo, dwa nesans yo, oswa ran sosyal yo, yo plis pase tout moun ki bò kote yo. Li fè yo panse ke poutèt sa, yo pa oblije suiv lwa okenn lòt moun e yo pa gen pou sousye de pwoblèm okenn lòt moun.

Yo di ke Abraham Lincoln te renmen yon powèm ki di:

O poukisa lespri lòm mòtèl la dwe ògeye?

Tankou yon komèt ki pase rapid, yon nyaj ki pase vit,

Limyè yon zeklè, yon vag lanmè,

Lòm pase soti nan lavi pou al nan repo li nan tonm nan9

Disip Jezikri yo konprann ke konpare ak letènite, egzistans nou nan mòtalite a se sèlman “pou yon ti tan” nan tèm tan e lespas.10 Yo konnen ke vrè valè yon moun pa gen pou wè ak sa mond lan panse ki gen pi gwo valè yo. Yo konnen menmsi yon moun ta anpile tout lajan ki gen nan tout mond la li pa t ap kapab achte yon ti moso pen nan ekonomi syèl la.

Moun ki pral “eritye wayòm Bondye” yo11 se moun ki vin “tankou yon timoun, obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk amou.”12 “Paske yon moun ki vle leve tèt li, ya desann li; yon moun ki desann tèt li, ya leve li.”13 Disip sa yo konprann tou ke “lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvis Bondye nou ye.”14

Yo pa bliye nou

Yon lòt fason Satan twonpe nou se atravè dekourajman. Li eseye fè nou konsantre sou lefèt ke nou ensiyifyan jiskaske nou kòmanse doute ke nou vo yon bagay. Li di nou ke nou twò piti pou moun remake nou, ke yo bliye nou—espesyalman Bondye.

Kite m pataje avèk nou yon eksperyans pèsonèl ki petèt ka ede moun ki santi yo ensiyifyan, pase mòd, oswa poukont yo.

Sa gen kèk ane, mwen te ale nan fòmasyon yo t ap fè pou pilòt nan Lame Etazini an. Mwen te lwen lakay mwen, yon jèn sòlda nan Lame Alman Lès la, ki fèt nan Tchekoslovaki, ki te grandi nan Lès Almay epi ki te pale Anglè avèk anpil difikilte. Mwen sonje klèmam vwayaj mwen pou ale nan baz fòmasyon an nan Texas. Mwen te nan yon avyon, chita bò kote yon pasaje ki te pale avèk yon gwo aksan moun ki sot nan Sid. Mwen te ka konprann raman yon mo nan sa l t ap di. Mwen te menm ap mande tèt mwen èske sete bon lang nan yo te anseye m pandan tout tan sa yo. Mwen te terifye ak panse ke, pou m te pami premye pilòt yo nan fòmasyon pilòt la, m t ap gen pou fè konpetisyon avèk etidyan ki te pale Anglè natif natal.

Lè m te rive nan baz ayeryen an nan ti vil Big Spring, nan Texas la, mwen te gade e m te wè yon branch Sen Dènye Jou, ki te konpoze pa kèk mèveye grenn manm ki te konn reyini nan sal yo te lwe nan baz ayeryen an. Manm yo te nan pwosesis pou bati yon ti chapèl ki tapral sèvi kòm yon plas pèmanan pou Legliz la. Nan epòk sa yo, sete manm yo ki te konn plis travay nan bati nouvo batiman yo.

Chak jou mwen t ale nan fòmasyon pilòt la epi m te etidye otan m te kapab epi apresa m te pase pifò nan tan lib mwen te genyen ap travay nan nouvo chapèl la. La mwen te aprann ke yon ‘de pa kat’ se pa t yon pa dans men sete yon moso bwa. Mwen te aprann talan enpòtan tou sou fason pou m kontwole pous mwen lè m ap kloure yon klou.

Mwen te sitèlman pase tan ap travay nan bati chapèl la ke prezidan branch lan—ki te youn nan pwofesè nou yo—te di ke l te panse m ta dwe pase petèt plis tan ap etidye.

Zanmi m yo ak kanmarad klas pilot mwen yo te angaje tèt yo nan aktivite nan tan lib yo tou, malgre ke m panse m ka di ke kèk nan aktivite sa yo pa t ap konfòm avèk bwochi Pou fòs jèn yo nou genyen jodia. Bò kote pa m, mwen te kontan patisipe aktivman nan ti branch Lwès Texas sa a, ap pratike nouvo talan chapant m te fèk aprann yo, epi amelyore Anglè mwen pandan m t ap mayifye apèl mwen pou anseye nan kowòm ansyen an ak nan Lekòldidimanch.

Nan epòk sa a, Big Spring, malgre non li, sete yon kote tou piti, ensiyifyan epi ki pat koni. E mwen te konn souvan santi menm bagay la pou tèt mwen—ke m te ensiyifyan, enkoni, e pratikman poukont mwen. Malgre sa, mwen pa t janm yon fwa mande tèt mwen si Senyè a te bliye m ni si l t ap janm kapab jwenn mwen kote sa a. M te konnen ke pou Papa m ki nan Syèl la, se pa t kote m te ye a ki te enpòtan, ni nan ki plas mwen te ye parapò ak lòt yo nan klas pilot mwen an, ni ki apèl mwen te genyen nan Legliz la. Sa ki te plis konte pou li sete ke m t ap fè pi byen m te kapab, ke kè mwen te panche vè li menm, epi mwen te dispoze pou ede moun ki bò kote mwen. Mwen te konnen ke si m te fè pi byen m te kapab, tout bagay t ap anfòm.

E tout bagay te anfòm.15

Dènye a va vin premye

Senyè a pa sousye de si nou pase jounen nou ap travay nan palè an mab oswa nan etab kote yo gade bèt. Li konnen kiyès nou ye, kèlkeswa enb sikonstans nou ye. L ap itilize—nan fason pa li ak pou objektif sakre li—moun ki tounen kè yo vè li.

Bondye konnen ke kèk nan pi gwo moun ki janm viv sou tè a se moun ki pap janm parèt nan paj listwa yo. Yo se moun enb, beni, ki imite egzanp Sovè a epi pase chak jou nan lavi yo ap fè byen.16

Yon koup konsa, paran yon zanmi mwen, montre egzanp prensip sa a pou mwen. Mari a t ap travay nan yon asyeri nan Uta. Nan lè manje li, li te toujou rale liv ekriti li oubyen yon revi Legliz la pou l li. Lè lòt travayè yo te wè sa, yo te konn ap pase l nan betiz ak defye kwayans li. Chak fwa yo te fè sa, li te pale avèk yo avèk jantiyès ak asirans. Li pa t janm kite mank respè yo fè l fache ni enève.

Dèzane apre, youn nan travayè ki te plis ap moke l yo te vin tonbe malad. Anvan l te mouri li te mande pou mesye enb sa a te pale nan antèman li—e li te fè sa.

Manm fidèl Legliz sa a pa t janm te gen anpil nan domèn ran sosyal ak richès, men li te pwofondeman enfliyanse tout moun ki te konnen li. Li te mouri nan yon aksidan pandan l te rete pou ede yon lòt travayè ki te bloke nan nèj.

Nan lespas ennan madanm ni te pase anba yon gwo operasyon nan sèvo, sa ki te fè l pa ka mache ankò. Men moun te renmen ale pase tan avèk li paske li koute. Li sonje. Li sousye. Li pa ka ekri, men li memorize nimewo telefòn pitit li ak pitit pitit li yo. Li toujou sonje fèt nesans ak anivèsè.

Moun ki vizite li toujou retounen lakay yo santi yo pi byen avèk tèt yo ak lavi a. Yo santi lanmou li. Yo konnen li sousye. Li pa janm plenyen men li pase jounen li ap beni lavi lòt moun. Youn nan zanmi l yo di ke fi sa a sete youn nan kèk grenn moun li janm konnen ki te vrèman montre egzanp lanmou ak lavi Jezikri.

Koup sa a se t ap premye moun ki t ap di ke yo pa t gen gwo enpòtans pou mond lan. Men Senyè a itilize yon balans trè diferan ak pa mond lan pou peze valè yon moun. Li konnen koup fidèl sa a; li renmen yo. Aksyon yo se yon temwayaj vivan sou lafwa solid yo nan li.

Ou konte pou li

Frè m ak sè m yo, se kapab vre ke lòm pa anyen an konparezon avèk grandè inivè a. Pafwa nou ka menm santi nou ensiyifyan, envizib, oubliye. Men toujou sonje—nou konte pou li! Si nou janm doute sa panse ak kat prensip divin sa yo:

Premyèman, Bondye renmen moun ki enb ak dou, paske yo “pi gran nan wayòm syèl la.”17

Dezyèmman, Senyè a delege “moun ki fèb yo ak moun ki senp yo pou pwoklame plenitid levanjil [Li] a jis nan bout tè a.”18 Li chwazi “bagay fèb yo nan mond lan [pou] avanse epi kraze sa ki fò yo”19 epi pou fè “bagay ki gran yo” wont.20

Twazyèmman, kèlkeswa kote w ap viv, kèlkeswa enb sikonstans ou ye, kèlkeswa jan salè ou piti, kèlkeswa jan kapasite ou limite, kèlkeswa jan aparans ou senp, kèlkeswa jan apèl ou ka parèt piti nan Legliz la, ou pa envizib pou Papa nou ki nan syèl la. Li renmen ou. Li konnen kè enb ou ak aksyon lanmou ak jantiyès ou yo. Ansanm, yo fòme yon temwayaj dirab sou fidelite ou ak lafwa ou.

Katriyèmman epi finalman, tanpri, konprann ke sa w ap wè epi ap fè eksperyans kounyeya pa la pou dire pou tout tan. Ou pa pral santi solitid, lapenn, oswa dekourajman pou tout tan. Nou gen pwomès fidèl Bondye ke li pa p janm bliye ni vire do bay moun ki renmen li.21 Se pou nou gen espwa ak lafwa nan pwomès sa a. Aprann renmen Papa nou ki nan syèl la epi tounen disip li an pawòl ak aksyon.

Nou mèt asire ke si nou senpleman pèsevere, kwè nan li, e rete fidèl nan respekte kòmandman yo, yon jou, nou pral fè eksperyans pou tèt pa nou ak pwomès Apot Pòl te revele yo: “Bagay pèsonn pa t janm wè, ni pa t janm tande, bagay okenn moun pa t janm mete nan tèt yo, se sa Bondye pare pou moun ki renmen li.”22

Frè m ak sè m yo, Èt ki pi puisan nan inivè a se Papa lespri nou. Li konnen nou. Li renmen nou avèk yon lanmou pafè.

Bondye pa wè nou senpleman kòm kretyen vivan sou yon ti planèt k ap viv pou yon brèf sezon—Li wè nou antanke pitit li. Li wè nou kòm moun nou te prepare epi kapab devni an. Li vle nou konnen nou konte pou li.

Se pou nou toujou kwè, gen konfyans, mete lavi nou annòd pou nou kapab konprann vrè valè ak potansyèl etènèl nou. Se pou nou diy pou benediksyon presye Papa nou ki nan syèl la sere pou nou yo. Se priyè mwen nan non Pitit Gason l la, Jezikri, amèn.

Enprime