2014
Misyon Divin Jezikri a: Pen Lavi a
oktòb 2014


Mesaj Vizit nan fwaye, Oktòb 2014

Misyon Divin Jezikri a: Pen Lavi a

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konn kisa pou nou pataje. Nan ki fason konprann lavi ak misyon Sovè a ogmante lafwa nou nan li epi beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye a? Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org

Lafwa, Fanmi, Sekou

Jezi te di: “Mwen se pen lavi a ki desann soti nan syèl la: si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan” (Jan 6:51). Èldè D. Todd Christofferson nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Jezi anseye nou menm, disip li yo, pou nou priye Bondye chak jou pou pen—èd ak soutyen—n ap bezwen nan jou sa a.” “Envitasyon Senyè a … evoke yon Bondye eman, ki konsyan de bezwen kotidyen pitit li, menm bezwen ki pi piti yo, e ki gen dezi pou ede yo, youn pa youn. Li di ke, ak lafwa, nou ka mande Èt sa a ‘ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch, epi l ap ba li l’ la (Jak 1:5).”1 Lè nou konprann ke Jezikri ap reponn bezwen nou yo, n ap tounen nou vè Li memn pou soutyen espirityèl nou.

Èldè Jeffrey R. Holland nan Kolèj Douz Apot yo envite nou pou nou “ini nan avanti premye disip Kris yo ki yo menm tou te anvi jwenn pen lavi a—sa ki pa te ale yo men ki te vin jwenn ni yo, ki te rete avèk li, epi ki te rekonèt ke pou sekirite yo ak sali yo, pa t gen okenn lòt moun yo te ka al jwenn.”2

Ekriti adisyonèl

Jan 6:32–35; Alma 5:34; 3 Nefi 20:3–8

Nan ekriti yo

Jezi t ap anseye yon gwo foul ki te gen plis pase 4.000 moun. Apre twa jou, li te di disip li yo: “Kè m fè m mal pou moun sa yo, paske yo pa gen … anyen pou yo manje:

“E si m voye yo al lakay yo konsa san manje, ya tonbe feblès nan chemen. …

“Disip li yo te reponn ni, Nan dezè sa a, ki bò pou n jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?

“Epi [Jezi] te mande yo: Konbyen pen nou gen la a? Epi yo te di, Sèt.”

Epi Kris la te “pran sèt pen yo, li di Bondye mèsi, epi li kase yo an moso, epi li remèt yo bay disip li yo pou yo mache ba tout moun; …

“Epi yo te gen kèk ti pwason la tou: epi li te beni yo, epi li te mande disip yo pou yo mache bay tout foul moun yo.

“Konsa tout moun te manje vant plen; epi yo te plen sèt panye pote ale avèk moso ki te rete.” (Gade Mak 8:1–9.)

Nòt

  1. D. Todd Christofferson, “Recognizing God’s Hand in Our Daily Blessings,” Liahona, Jan. 2012, 25.

  2. Jeffrey R. Holland, “He Hath Filled the Hungry with Good Things,” Liahona, Jan. 1998, 76.

Konsidere bagay sa a

Lè nou vin jwenn Kris la, kijan Li nouri nou?

Enprime