2014
Priyè lafwa
oktòb 2014


Mesaj Premye Prezidans, Oktòb 2014

Priyè Lafwa

Imaj
Prezidan Henry B. Eyring

Priyè se plis pase pawòl n ap pale avèk Bondye. Se yon kominikasyon ki ale nan de sans, ant Bondye ak pitit li.

Lè priyè fèt jan l ta dwe fèt la, nou eksprime santiman kè nou nan mo senp. Pè Selès la tipikman reponn kote li mete ide nan panse nou ki akonpaye pa santiman ke nou santi. Li toujou tande priyè sensè nou ofri yo lè nou priye avèk yon detèminasyon pou n obeyi li, kèlkeswa repons li ba nou e kèlkeswa lè repons lan vini.

Senyè a fè pwomès sa a pou tout moun ki li ak priye osijè Liv Mòmon an:

“Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a.

“Epi, pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay” (Moroni 10:4–5).

Pwomès sa a asire. Dè milyon moun teste e demontre bèl pwomès sa a sou lapriyè a kote yo resevwa yon benediksyon ki ranpli lavi yo avèk lajwa ak bonè dirab. Pwomès sa a aplike pou tout priyè nou fè pou n konnen dezi ak volonte Bondye pou nou. Nou ka aplike li kèlkeswa lè nou resevwa yon konsèy nan men yon sèvitè Bondye ki otorize pou ba nou direksyon. Pa egzanp, nou ka konte sou li lè n ap koute yon diskou nan konferans jeneral. Nou ka aplike li lè n ap resevwa ansèyman nan men enb misyonè aple pa Bondye pa lentèmedyè pwofèt vivan an. Li aplike tou pou konsèy n ap resevwa nan men evèk nou ak prezidan branch nou.

Pou lapriyè byen travay nan lavi nou, règ yo senp. Nou dwe priye Papa a nan non Jezikri kote n ap mande l pou fè nou konnen sa ki vrè. Nou dwe mande avèk yon kè sensè, kivledi nou dwe gen entansyon onèt pou nou fè kèlkeswa sa repons Bondye a mande nou pou nou fè. Epi entansyon reyèl nou an dwe soti nan lafwa nou nan Jezikri.

Envestigatè ki li Liv Mòmon an anvan yo batize ak konfime yo kapab resevwa asirans ke liv la vrè ak yon temwayaj ke Joseph Smith te tradui li pa pouvwa Bondye. Apre nou fin konfime kòm manm nan legliz la, nou ka pa gen Sentespri a kòm konpayon nou pou konfime lòt verite yo. Lè sa a, chak fwa nou priye ak lafwa, nou ka atann ke Sentespri a ap temwaye nou ke Jezi se Kris la, ke Bondye vivan, epi Yo renmen nou menm ak tout pitit Pè Selès la yo.

Se youn nan rezon k fè gen yon pwomès nan Liv Mòmon an ki di ke n ap gen charite nan kè nou lè Sentespri a temwaye nou ke Jezi se Kris la: “Si yon moun dou e poze nan kè, e li konfese Jezi se Kris la avèk pouvwa Sentespri a, li dwe gen charite” (Mowoni 7:44).

Gen yon gwo opòtinite pou nou pwogrese espirityèlman chak Dimanch jèn. Dimanch jèn nan kapab ede nou rapwoche de eksperyans Alma ak pitit gason Mozya yo, ki te priye ak jene pou konnen verite etènèl la pou yo te kapab anseye Lamanit yo avèk pouvwa, otorite, ak lanmou (gade Alma 17:3, 9).

Jou Dimanch jèn nan, nou konbine lapriyè ak jèn. Pou ede moun ki pòv yo, nou bay evèk la oswa prezidan branch lan yon ofrann jèn plen jenewozite ki egal ak omwen valè de repa ke nou sote. Panse nou ak priyè nou yo tounen vè Sovè a ak moun li ta renmen nou sèvi yo pou reponn bezwen espirityèl ak tanporèl yo.

Konsa, priyè nou yo ak dezi nou yo vin pi plis tankou priyè ak dezi Sovè a pandan n ap jene pou nou vin pi dou, pi anseyab ak pi eman. Epi, jan Li te fè a, nou priye pou n konnen volonte Papa a pou nou ak pou nou fè volonte li.

Ansèyman nan mesaj sa a

Prezidan Eyring anseye ke lapriyè ak jèn kapab ede nou “konnen verite etènèl yo.” Konsidere nan ki domèn temwayaj moun w ap vizite yo kapab bezwen fòs epi prepare yon leson sou sijè sa a. Pa egzanp, si yon moun w ap vizite te pèdi yon bon zanmi oswa yon manm fanmi li, panse pou w pale sou fanmi etènèl ak lavi apre lanmò. Ou gen dwa ofri pou w jene avèk moun w ap vizite yo pou ka ede yo akeri yon temwayaj sou prensip sa a.

Enprime