2014
Prepare anvan ou priye
oktòb 2014


Jèn yo

Prepare anvan ou priye

Prezidan Eyring raple nou ke lapriyè “se yon kominikasyon adesans ant Bondye ak pitit li.” Pran tan pou w prepare w pou priyè ou yo kapab rann kominikasyon adesans sa a posib. Ou gen dwa itilize jounal ou pou pase kèk minit ap prepare pou w priye chak jou. Ou gen dwa fè lis benediksyon ou vle remèsye Pè Selès la pou yo, moun ki bezwen priyè ou, ak kesyon ou bezwen repons pou yo. Apresa envite Lespri a kote w ap chante yon kantik oubyen li kèk vèse nan ekriti yo. Lè w ap priye, pote atansyon sou fason Sentespri a gide sa ou dwe di yo, epi pote atansyon sou sa w santi ak sa w panse (gade D&A 8:2–3). Panse pou w ekri eksperyans ou nan jounal ou epi repase repons ou resevwa yo. Epitou, ou gen dwa itlize aktivite yo ki nan paj 95–97 nan Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè a pou ede ou fè evalyasyon priyè w yo ak aprann rekonèt Sentespri a.

Enprime