2015
Chanjman nan kè mwen
fevriye 2015


Jèn yo

Chanjman nan kè mwen

Otè a ap viv nan Fortaleza, nan Brezil.

Lè m te fèk aprann sou levanjil retabli Jezikri a, m te santi Lespri a temwaye m ke sete verite. Atravè lapriyè, temwayaj mwen te vin pi asire toujou, epi m te deside pou m te batize.

Tousuit apre batèm mwen, moun nan pawas mwen yo te kòmanse mande m kijan m te santi m sou sèvi yon misyon. Pou m onèt, m pa t konn egzakteman kisa pou m te di. Ide pou m te pati kite fanmi m ak lekòl mwen pou sèvi yon misyon an te parèt etranj pou mwen.

Epi yon jou, m te kòmanse panse sou konvèsyon mwen. M te sonje misyonè yo ki te anseye m nan, ki te trè pasyan nan reponn kesyon m yo ak ede m konprann levanjil la. Mwen te reyalize ke san èd yo, m pa t ap janm dekouvri vrè legliz la. Osito m te vin reyalize sa, dezi pou m t al sèvi a te boujonnen nan kè mwen. M te ka santi Lespri a k ap di m ke m ta dwe sèvi yon misyon aplentan.

M konnen travay misyonè se travay Pè Selès la epi nou ka ede nan fè moun vin gen konesans mèveye sou levanjil retabli a.

Enprime