2015
Temwayaj ak konvèsyon
fevriye 2015


Mesaj Premye Prezidans lan, Fevriye 2015

Temwayaj ak Konvèsyon

Imaj
Prezidan Henry B. Eyring

Gen yon diferans ant resevwa yon temwayaj konsènan laverite ak vrèman konvèti. Paegzanp, Apot Pyè te rann Sovè a temwayaj li pou te di l ke li te konnen Jezi sete Pitit Gason Bondye.

“[Jezi] te di yo, bon, noumenm, kimoun nou di mwen ye?

“Simon Pyè te reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.

“Lè sa a, Jezi di li: Ou se yon moun beni, Simon, pitit Jan an, paske, se pa moun ki fè w konnen verite sa a, men, se Papa m ki nan syèl la ki fè sa pou ou” (Matye 16:15–17).

Men nan apre, nan konsèy Li te bay Pyè a, Senyè a te bay li menm avèk nou yon gid pou nou vin vrèman konvèti e pou nou kenbe konvèsyon sa a pou tout vi nou. Jezi te di l nan fason sa a: “Lè ou konvèti, fòtifye frè w yo” (Lik 22:32).

Jezi te anseye Pyè ke te toujou gen yon gwo chanjman ki te dwe fèt anplis akeri yon temwayaj pou yon moun kapab panse, santi, ak aji antanke disip Jezikri ki vrèman konvèti. Sa se gwo chanjman nou tout ap chèche a. Lè nou jwenn ni, nou bezwen pou chanjman sa a kontinye rive jis nan fen tan preparasyon nou an sou tè a (gade Alma 5:13–14).

Apati eksperyans pa nou ak nan obsève lòt moun, nou konnen ke travèse kèk gwo moman espirityèlman puisan pa ase. Pyè te nye ke l te konn Sovè a menm apre l te fin resevwa yon temwayaj nan men Lespri a pou te fè l konnen Jezi sete Kris la. Twa Temwen Liv Mòmon yo te gen temwayaj dirèk yo te bayo pou te fè yo konnen Liv Mòmon an sete pawòl Bondye, men, nan apre, yo te febli nan kapasite yo pou soutni Joseph Smith kòm Pwofèt Senyè a nan Legliz la.

Nou bezwen yon chanjman nan kè nou, jan yo dekri nan liv Alma a: “Epi yo tout te rakonte pèp la menm bagay—yo te di kè yo te chanje, yo pa t vle fè anyen ki mal ankò” (Alma 19:33; gade tou Mozya 5:2).

Senyè a te anseye nou ke lè nou vrèman konvèti nan levanjil li a, kè nou ap detounen sou sousi egoyis nou yo e l ap panse avèk sèvis pou edifye lòt moun pandan y ap avanse al nan lavi etènèl la. Pou nou jwenn kalite konvèsyon sa a, nou kapab priye ak travay avèk lafwa pou nou ka vin tounen nouvo kreyati sa a Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann posib la.

Nou ka kòmanse pa priye pou lafwa pou nou repanti pou egoyis nou an ak pou nou jwenn don pou nou sousye pou moun plis pase pou tèt nou. Nou ka priye pou nou jwenn pouvwa pou nou renonse avèk lògèy ak lanvi.

Lapriyè se kle nan zafè resevwa yon don lanmou pou pawòl Bondye a ak pou lanmou Kris la tou (gade Mowoni 7:47–48). Yo toulède mache ansanm. Pandan n ap li, medite, ak priye sou pawòl Bondye a, n ap vin renmen li. Senyè a mete li nan kè nou. Lè nou santi amou sa a, n ap kòmanse renmen Senyè a plis anplis. Epi konsa n ap vin gen amou pou lòt moun nou bezwen an pou nou kapab fòtifye moun Bondye mete sou chemen nou.

Paregzanp, nou ka priye pou nou rekonèt moun Senyè a ta renmen misyonè L yo anseye. Misyonè aplentan yo kapab priye ak lafwa pou yo ka konnen pa Lespri kisa pou yo anseye ak temwaye. Yo ka priye ak lafwa pou Senyè a fè yo santi amou li pou chak moun yo rankontre. Se pa tout moun misyonè yo ap ka mennen nan dlo batèm ak don Sentespri a. Men, yo ka gen Sentespri a kòm konpayon yo. Atravè sèvis yo epi avèk èd Sentespri a, misyonè yo ap vin chanje kè moun sa yo nan apre, lè moman an rive.

Chanjman sa a ap renouvle ankò epi ankò padan ke yo menm avèk nou ap kontinye ak tout kè nou e pandan tout lavi nou pou nou aji ak lafwa pou fòtifye lòt moun avèk levanjil Jezikri a. Konvèsyon se pap yon grenn evenman oubyen yon bagay k apral dire jis pou yon sezon lavi a men se yon pwosesis kontini. Lavi kapab kòmanse briye piplis jiska jou pafè a, kote nou pral wè Sovè a epi rann nou kont ke nou vin menmjan avèk li. Senyè a te dekri pwosesis la nan fason sa a: “Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jiskaske jou pafè a rive” (D&A 50:24).

Mwen pwomèt nou ke sa posib pou nou chak.

Ansèyman nan Mesaj Sa a

Èldè David A. Bednar nan Kolèj Douz Apot yo te itilize yon parabòl pou anseye ke konvèsyon se yon pwosesis kontini olye de yon evenman yon sèl kou: “Liy sou liy, presèp sou presèp, gradyèlman e san nou pa rann nou kont, motivasyon nou, panse nou, pawòl nou, ak aksyon nou vin fè youn avèk volonte Bondye” (“Ye Must Be Born Again,” Liahona, Me 2007, 19). Panse pou nou repase parabòl la avèk moun n ap anseye yo. Kisa nou chak kapab fè pou nou avanse tennfas nan pwosesis gradyèl konvèsyon an Prezidan Eyring ak Èldè Bednar pale a?

Enprime