2015
Kalite Jezikri: san peche
fevriye 2015


Mesaj Vizit nan fwaye, Fevriye 2015

Kalite Jezikri: san peche

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou w pataje. Nan ki fason konprann lavi ak misyon Sovè a ogmante lafwa nou nan li epi beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye a? Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Imaj
So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

Sovè nou an, Jezikri, sete sèl moun ki te kapab fè yon sakrifis ekspyatwa pou limanite. Prezidan Dieter F. Uchtdorf, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan te di: “Jezikri, Anyo san tach la, te volontèman bay lavi li sou otèl sakrifis la epi l te peye pou peche nou.1 Konprann ke Jezikri te san peche kapab ede nou ogmante lafwa nou nan li ak fè efò pou nou respekte kòmandman l yo.

Èldè D. Todd Christofferson nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Jezi sete … yon moun lachè ak lespri, men li pa t sikonbe anba tantasyon (gade Mozya 15:5). “Nou kapab vire gade li … paske li konprann. Li konprann lit la, epi li konprann kijan pou nou genyen bagay la tou. …

“… Pouvwa Ekspyasyon l la kapab efase efè peche yo nan nou. Lè nou repanti, gras ekspyatwa l la jistifye nou ak pwòpte nou (gade 3 Nefi 27:16–20). Se kòmsi nou pa t sede, kòmsi nou pa t sikonbe anba tantasyon.

“Si nou fè efò jou apre jou e semèn apre semèn pou nou suiv pa Kris la, lespri nou ap afime grandè li, batay andedan nou an ap fini, epi tantasyon ap sispann vin tounen latwoublay.”2

Ekriti adisyonèl

Matye 5:48; Jan 8:7; Ebre 4:15; 2 Nefi 2:5–6

Nan Ekriti yo

Sovè a te peye pri pou peche nou yo atravè kalite divin ni kòm pitit, lavi san peche li, soufrans li ak vèsman san li nan Jaden Jetsemani an, lanmò li sou kwa a ak Rezirèksyon li soti nan tonbo a. Gras avèk Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka vin pwòp ankò si nou repanti pou peche nou yo.

Wa Benjamin te anseye pèp li a sou Ekspyasyon Jezikri a epi apresa li te mande yo si yo te kwè nan pawòl li yo. “Yo tout te rele ansanm, yo te di: … Lespri a … opere yon gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole. …

“Epi nou vle fè alyans ak Bondye nou an pou nou fè volonte l, e pou nou obeyi kòmandman l yo nan tout bagay” (Mozya 5:1–2, 5).

Nou menm tou nou ka gen “yon gwo chanjman” ki fèt nan nou menmjan ak pèp Wa Benjamen an, ki, “pa t pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou yo te kontinye fè byen nètalkole” (Mozya 5:2).

Nòt

  1. Dieter F. Uchtdorf, “You Can Do It Now!” Liahona, Nov. 2013, 56.

  2. D. Todd Christofferson, “That They May Be One in Us,” Liahona, Nov. 2002, 71.

Konsidere bagay sa a

Nan ki fason yon moun pi diferan avèk yon moun ki pafè?

Enprime