2015
Vin yon Sarah pou yon lòt moun
avril 2015


Jèn yo

Vin yon Sarah pou yon lòt moun

Otè a ap viv nan Utah, nan Etazini.

M te konn twouve sa difisil pou m itilize kwayans mwen kòm repons pou kesyon osi senp tankou “Poukisa ou pa bwè kafe?”. Nan lepase, m te konn chèche eskiz tankou “Li twò anmè” oubyen “M pa renmen gou a.”

Poukisa m te anbarase konsa? Poukisa m te konn tèlman pè pou m kanpe pou sa m kwè konsa? Lè m ap gade dèyè, mwen pa konprann egzakteman kisa m te pè a. Men mwen sonje egzakteman kilè m te sispann kache dèyè ekskiz mwen yo.

Yon jou nan yon klas Anglè nan lekòl la, pwofesè a te anonse ke nou ta pral gade yon epizòd sou yon pwogram nan televizyon m te konnen ke m pa t dwe gade. Pandan lòt elèv yo te kontan epi plen eksitasyon, Sarah, yon kanmarad nan klas mwen an, te leve men li epi li te mande si l te ka soti deyò.

Lè pwofesè a te mande l poukisa, Sara te reponn tou nòmalman: “Paske m se yon Mòmon epi m pa gade pwogram ki gen move pawòl.”

Kouraj li pou l te kanpe devan klas la te etonan. Gras avèk Sarah, mwen menm tou m te kanpe epi, avèk konsyans nou byen klè, nou te tann deyò a jiskaske pwogram nan te fini.

Sa te chanje m ajamè. M te kòmanse eksplike kwayans mwen olye m te evite sijè a. Epi kòm rezilta, mwen te vin gen konfyans nan tèt mwen epi m te menm patisipe plis nan Legliz la ak nan aktivite lekòl mwen yo.

Mwen pa t janm di Sarah kijan egzanp li a te enpòtan pou mwen, men, m eseye swiv egzanp konfyans nan tèt li a. Kounyeya, mwen vin rann mwen kont ke m absoliman pa gen pou m wont dèske m fè pati Legliz mèveye ak sakre Bondye a. Mwen espere ke, atravè egzanp mwen, m ap kapab vin yon Sarah pou yon lòt moun.

Enprime