2015
Karakteristik Jezikri: San riz oswa ipokrizi
avril 2015


Mesaj Vizit nan fwaye, Avril 2015

Karakteristik Jezikri: San riz e san Ipokrizi

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konn kisa pou nou pataje.Nan ki fason konprann lavi ak misyon Sovè a ogmante lafwa nou nan li epi beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye a?Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Lè nou konprann ke Jezikri pa gen ni riz ni ipokrizi lakay li, sa ap ede nou fè efò pou nou suiv egzanp li fidèlman. Èldè Joseph B. Wirthlin (1917–2008) nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Twonpe yon moun se desevwa li oubyen fè l egare. … Yon moun san riz se yon moun ki inosan, ki gen entansyon onèt, ak motif ki onèt, lavi li reflete pratik senp ki se konfòme aksyon chak jou yo avèk prensip entegrite li. … Mwen kwè ke nesesite pou manm Legliz yo rete san riz la gen dwa pi ijan kounyeya pase nan lòt epòk paske anpil moun nan mond lan aparaman pa konprann enpòtans vèti genyen.”1

Konsènan ipokrizi, Prezidan Dieter F. Uchtdorf, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan, te di: “Okenn nan nou pa toutafè osi sanblab ak Kris la jan nou konnen nou ta dwe ye. Men, nou sensèman anvi simonte fot nou yo ak tandans pou peche ki andedan nou an. Avèk tout kè nou ak tout nanm nou, nou vle vin pi bon atravè èd Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.”2

Nou konnen “nou pral jije selon aksyon nou, dezi kè nou, ak kalite moun nou vin tounen an.”3 Men amezi n ap efòse nou pou nou repanti, n ap vin pi pure—epi “benediksyon pou moun ki pi nan kè yo: paske yo va wè Bondye” (Matye 5:8).

Ekriti adisyonèl

Som 32:2; Jak 3:17; 1 Pyè 2:1–2, 22

Nan Ekriti yo

Timoun piti yo san riz. Jezikri di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske wayòm Bondye a se pou tout moun ki tankou yo. … Apresa li pran [timoun yo] nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo” (Mark 10:14, 16).

Kris la te sèvi timoun yo nan Amerik la tou apre Krisifiksyon l lan. Li te mande moun yo pou yo te mennen timoun piti yo ba li epi “depoze yo atè a alantou l, epi Jezi te kanpe nan mitan; …

“… [Epi] li te kriye, epi foul la te rann temwayaj konsènan sa, e li te pran timoun piti yo youn apre lòt, li te beni yo, epi li te priye Papa a pou yo. …

“Epi lè yo te gade, yo te voye je yo nan direksyon syèl la, epi yo te wè syèl la louvri, epi yo te wè zanj k ap desann sòti nan syèl la kòmsi sete nan mitan dife; yo te desann epi yo te antoure timoun piti yo, … epi zanj yo t ap sèvi yo” (3 Nefi 17:12, 21, 24).

Nòt

  1. Joseph B. Wirthlin, “Without Guile,” Ensign, Me 1988, 80, 81.

  2. Dieter F. Uchtdorf, “Come, Join with Us,” Liahona, Nov. 2013, 23.

  3. Manyèl Enstriksyon 2: Administre Legliz la (2010), 1.2.1.

Konsidere bagay sa a

Kisa nou ka aprann konsènan rete san riz nan men timoun piti yo? (Gade Guide to the Scriptures, “Guile.”)

Enprime