2015
Prezidan Monson mande pou nou gen kouraj
avril 2015


Mesaj Premye Prezidans lan, Avril 2015

Prezidan Monson mande pou nou gen kouraj

Imaj
Prezidan Thomas S. Monson

Prezidan Thomas S. Monson espesifye ke, prèske kontinyèlman, nou aple pou nou fè chwa, yon fason oswa yon lòt.

Li konseye nou: pou nou fè chwa ki saj, nou bezwen kouraj—“kouraj pou nou di non, kouraj pou nou di wi. Desizyon toujou detèmine destine.”1

Nan deklarasyon sa yo, Prezidan Monson raple Sen Dènye Jou yo ke yo bezwen kouraj pou kanpe pou laverite ak lajistis, pou defann sa yo kwè, ak pou afwonte yon mond k ap rejte valè ak prensip etènèl yo.

Li di: “Apèl pou kouraj la vini konstamman pou nou chak. Sa te toujou konsa, epi sa ap toujou kontinye rete konsa.”2

Kouraj pote apwobasyon Bondye

“Nou tout gen pou nou afwonte laperèz, mokri, ak opozisyon. Annou—nou tout ansanm—gen kouraj pou nou afwonte opinyon jeneral la, pou nou gen kouraj pou defann prensip nou yo. Se kouraj, non pa konpwomi, ki ap pote souri apwobasyon Bondye. Kouraj vin tounen yon vèti aktif ak atiran lè nou konsidere l non sèlman kòm yon dispozisyon pou nou mouri kòm ewo men kòm yon detèminasyon pou nou mennen yon lavi ki diy tou. Si nou avanse devan, pandan n ap eseye pou nou viv jan nou ta dwe viv, nou gen asirans ke n ap resevwa èd Senyè a ak pouvwa pou nou jwenn rekonfò nan pawòl li yo.”3

Kanpe avèk kouraj

“Kisa sa vle di pou nou pèsevere? Mwen renmen definisyon sa a: pèsevere avèk kouraj. Se sèten ke nou bezwen kouraj pou nou ka kwè; pafwa li gen dwa nesesè pou nou gen kouraj pou n obeyi. Epi li absoliman nesesè pou nou gen kouraj pou n pèsevere jiskaske jou a rive pou nou kite egzistans mòtèl sa a.”4

Gen kouraj pou n defann laverite

“[Se pou] nou gen kouraj pou n defann laverite ak lajistis. Etandone tandans sosyete aktyèl nou an se pou elwaye nou de valè ak prensip Senyè a ba nou yo, nou pral san dout aple pou nou defann sa nou kwè. Si temwayaj nou pa anrasine byen fèm, l ap difisil pou nou sipòte mokri moun k ap atake lafwa nou yo. Si nou plante l byen fèm, temwayaj nou sou levanjil la, sou Sovè a, ak sou Papa nou ki nan Syèl la ap enfliyanse tout sa n ap fè pandan tout lavi nou.”5

Nou bezwen kouraj moral ak espirityèl

“Mesaj y ap ba nou nan televizyon, nan sinema, ak nan lòt medya yo [jodia], byen souvan an opozisyon dirèk avèk sa nou vle pitit nou yo anbrase ak kenbe. Nou gen responsablite pou nou non sèlman anseye yo pou yo kenbe doktrin nan byen klè nan lespri yo men tou, nou dwe ede yo rete sou chemen sa a, devan kèlkeswa fòs eksteryè yo ka rankontre. Sa ap mande anpil tan ak efò bò kote pa nou—epitou pou nou ka ede lòt moun, nou menm tou nou bezwen gen kouraj moralman ak espirityèlman pou nou reziste anba mal nou wè toupatou bò kote nou yo.”6

Se pou nou toujou gen kouraj

“Nan lavi nou chak jou, li prèske inevitab pou moun atake lafwa nou. Pafwa, menm lè nou antoure avèk moun bò kote nou, nou gen dwa twouve nou kanpe an minorite oubyen menm kanpe poukont nou nan sa ki akseptab ak sa ki pa akseptab. …

“Se pou nou toujou gen kouraj epi prepare pou nou defann sa nou kwè, epi, si sa ta rive pou nou kanpe poukont nou nan pwosesis la, se pou nou fè sa kourajezman, konesans nou konsènan reyalite sa a, ke nou pa janm poukont nou lè nou kanpe avèk Papa nou ki nan Syèl la, ap fòtifye nou.”7

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “The Three Rs of Choice,” Liahona, Nov. 2010, 67, 68.

  2. Thomas S. Monson, “The Call for Courage,” Liahona, Me 2004, 55.

  3. Thomas S. Monson, “Be Strong and of a Good Courage,” Liahona, Me 2014, 69.

  4. Thomas S. Monson, “Believe, Obey, and Endure,” Liahona, Me 2012, 129.

  5. Thomas S. Monson, “May You Have Courage,” Liahona, Me 2009, 126.

  6. Thomas S. Monson, “Three Goals to Guide You,” Liahona, Nov. 2007, 118–19.

  7. Thomas S. Monson, “Dare to Stand Alone,” Liahona, Nov. 2011, 60, 67.

Ansèyman nan Mesaj Sa a

Ou gen dwa mande moun w ap anseye yo pou yo panse sou yon sitiyasyon nan semèn k ap vini an—lakay yo, nan travay, nan lekòl, oswa nan legliz la—ki ap mande yo pou yo aji avèk kouraj. Yo gen dwa simonte laperèz, sipòte yon bagay difisil, kanpe pou kwayans yo, oswa deside pou obeyi yon prensip pi totalman. Envite yo pou yo pataje panse yo oubyen ekri yo.

Enprime