2017
Jan Mwen Te Renmen Nou an
fevriye 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Fevriye 2017

“Jan Mwen Te Renmen Nou an”

Sa fè kèlke lane yon zanmi ki te rele Louis te rakonte m yon istwa touchan sou manman li ki te janti e ki gen vwa dous. Lè li te mouri, li pa t kite okenn pil lajan pou pitit gason ak pitit fi li yo men pito yon eritaj richès nan egzanp, nan sakrifis, nan obeyisans.

Apre elòj nan antèman an te fin fèt epi mach tris al nan simityè a te fèt, timoun yo ki te vin gran kounye a t ap triye nan ti kantite byen manman yo te kite. Pami yo, Louis te dekouvri yon nòt ak yon kle. Nòt la te di: “Nan chanm nan kwen kay la, nan dènye tiwa kwafez mwen an, gen yon ti bwat. Li genyen trezò kè m. Kle sa a ap ouvri bwat la.”

Yo tout te mande tèt yo kisa manman yo te genyen ki te gen ase valè pou li mete l anba kle ak kadna.

Yo te retire bwat la kote li te ye a epi yo te ouvri l avèk swen avèk kle a. Lè Louis ak lòt yo te egzamine sa ki te nan bwat la, yo te jwenn yon foto endividyèl de chak nan yo menm, avèk non ak dat nesans yo. Apresa Louis te rale yon kat Sen Valanten. Nan yon ekriti timoun, ke l te rekonèt kòm pa l, li te li mo ke l te ekri 60 an pase: “Chè Manman, mwen renmen ou.”

Kè yo te touche, vwa yo te ba, epi zye yo te mouye. Trezò manman an sete fanmi etènèl li. Fòs li te repoze sou fondasyon fèm ki se “mwen renmen ou” lan.

Nan mond jounen jodi a , pa gen okenn lòt kote nou plis bezwen lanmou solid sa a pase nan fwaye a. E pa gen okenn kote mond lan ka jwenn yon pi bon egzanp sou fondasyon sa a pase nan fwaye Sen Dènye Jou ki fè lanmou vin kè lavi familyal yo.

Pou nou menm ki pwofese ke nou se disip Sovè a Jezikri, li te bay enstriksyon sa a ki gen anpil enplikasyon:

“M ap bannou yon kòmandman nouvo, se pou nou youn renmen lòt. Wi, se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

“Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”1

Si nou vle respekte kòmandman pou youn renmen lòt la, nou youn dwe trete lòt avèk jantiyès ak respè, nou dwe montre lanmou nou nan entèraksyon jounalye nou yo. Lanmou ofri yon mo ki janti, yon repons ki pasyan, yon zak ki pa egoyis, yon zòrèy ki konprann, yon kè ki padone. Nan tout asosyasyon nou , zak sa yo ak lòt tankou yo ap ede lanmou ki nan kè nou parèt pi evidan.

Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008) te obsève: “Lanmou …se trezò lò ki nan pwent akansyèl la.” Men li plis pase pwent akansyèl la. Lanmou nan kòmansman an tou, epi se ladan l bote ki nan syèl la lè gen move tan soti. Lanmou se sekirite ke timoun yo ap kriye pou li, se dezi kè jèn yo, se kolan ki kole maryaj, ak librifyan ki anpeche friksyon nan fwaye a; se lapè laj avanse, reyon solèy espwa ki klere atravè lanmò. Ala rich moun ki genyen li nan asosyasyon yo avèk fanmi, zanmi, legliz, ak vwazen yo rich.”2

Lanmou se nannan levanjil la menm, se atribi ki pi nòb yon nanm. Lanmou se remèd pou fanmi ki pa byen, kominote ki aflije, ak nasyon ki malad. Lanmou se yon souri, yon siy, yon mo janti, ak yon konpliman. Lanmou se sakrifis, sèvis, ak jenewozite.

Mari yo, renmen madanm nou. Trete yo ak diyite ak apresyasyon. Sè yo, onore mari nou. Trete yo avèk diyite ak ankourajman.

Paran, renmen timoun nou yo. Priye pou yo, ansenye yo. Timoun yo, renmen paran nou. Montre yo respè, rekonesans, ak obeyisans

San lanmou pi Kris la, Mòmon di ke “nou pa anyen.”3 Priyè m se pou nou ta suiv konsèy Mòmon an “pou nou priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje ak lanmou li, ke li devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason L i a, Jezikri; pou nou kapab vin tounen pitit Bondye; pou lè l parèt nou ap tankou l.”4

Ansèyman Mesaj Sa a

Prezidan Monson ansenye nou enpòtans demonstrasyon lanmou kretyen, patikilyèman nan fwaye a. Panse pou w mande moun ou vizite yo pou yo rasanble antanke fanmi pou diskite sou fason yo kapab montre plis lanmou youn pou lòt. Ou kapab ankouraje yo seleksyone youn nan ide sa yo epi fè plan pou konplete l antanke yon fanmi. Pa egzanp, manm fanmi an kapab eseye fè yon ti zak sèvis sekrè pou yon lòt manm nan fanmi an chak semèn. Ou kapab mande yo pou yo reflechi sou kijan lit pou yo atenn objektif yo ogmante lanmou nan fwaye a.

Enprime