2017
Ekspyasyon Kris la se prèv Lanmou Bondye
fevriye 2017


Mesaj vizit nan fwaye, Fevriye 2017

Ekspyasyon Kris la se prèv Lanmou Bondye

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche enspirasyon pou w ka konnen kisa pou w pataje.

Imaj
So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

Konprann ke Papa nou ki nan Syèl la te bay Sèl Pitit Gason Li a pou nou ka gen imòtalite ak potansyèl pou lavi etènèl, ap ede nou santi lanmou enfini ak enkonpreyansib Bondye genyen pou nou. Sovè nou an renmen nou tou.

“Kiyès ki va separe nou de lanmou Bondye?” …

“Paske mwen konvenk ke, ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni prensipote, ni pouvwa, ni bagay ki la, ni bagay ki gen pou vini,

“Ni wotè, ni pwofondè, ni okenn lòt kreyati, pa‘ kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Jezikri Sovè nou an” (Women 8:35, 38–39).

Èldè D. Todd Christofferson nan Kolèj Douz Apòt yo te di konsènan Ekspyasyon Jezikri a: “Soufrans Sovè a nan Jetsemani ak agoni Li sou kwa a rachte nou anba peche paske Li satisfè demann lajistis gen sou nou yo. Li bay pitye epi li padone moun ki repanti. Ekspyasyon Jezikri a satisfè dèt lajistis dwe nou nan geri ak konpanse nou pou nenpòt soufrans nou andire inosaman. ‘Paske gade, li soufri doulè tout moun, wi doulè tout kreyati vivan, ni gason, ni fi, ak timoun ki fè pati nan fanmi Adan an’ (2 Nefi 9:21; wè tou Alma 7:11–12).”1

Kris la “te ekri non [nou] nan pla men [L’]” (Ezayi 49:16). Linda K. Burton, Prezidan Jeneral Sosyete Sekou a, di, “Zak siprèm lanmou sa a dwe mete chak nan nou menm ajenou nan priyè enb pou di Papa nou ki nan Syèl la mèsi paske Li renmen nou ase pou Li te voye Sèl Pitit Gason Literal pafè Li a pou soufri pou peche nou, lapèn nou, ak tout bagay ki parèt enjis nan lavi endividyèl nou.”2

Ekriti ak enfòmasyon adisyonèl

Jan 3:16; 2 Nefi 2:6–7, 9; reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. D.Todd Christofferson, “Redemption,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 110.

  2. Linda K. Burton, “Èske lafwa nan Ekspyasyon Jezikri a ekri nan kè nou?” Liahona, Nov. 2012, 114.

Konsidere sa

Kijan nou ka exprime rekonesans ak lanmou pou Bondye ak pou Jezikri poutèt kado Ekspyasyon Sovè nou an?

Enprime