2023
Pran Swen Moun ki nan Nesesite
Septanm 2023


“Pran Swen Moun ki nan Nesesite,” Lyawona, Sept. 2023.

Mesaj Mansyèl Lyawona, Septanm 2023

Pran Swen Moun ki nan Nesesite

Imaj
Jezi k ap geri moun

Li te Geri Anpil Kalite Maladi, pa J.Kirk Richards, yo pa dwe rekopye l

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou suiv ansèyman Senyè a pou nou pran swen moun ki nan nesesite yo. Nou pran swen lòt yo lè nou sèvi yo, lè nou ede yo vin otonòm ak lè nou pataje sa nou genyen avèk yo.

Egzanp Jezikri

Jezikri te renmen, rekonfòte ak priye pou moun ki te nan antouraj Li yo. Li te “mache fè byen” (Travay 10:38). Nou kapab suiv egzanp Li nan renmen, rekonfòte, sèvi ak priye pou moun ki bò kote nou. Nou gendwa toujou ap chèche mwayen pou nou ede lòt moun.

Imaj
de (2) moun k ap mache

Sèvis Pastoral

Yo itilize mo sèvis pastoral la nan ekriti yo ak nan Legliz Senyè a pou dekri kijan nou pran swen youn lòt. Yo asiyen detantè prètriz kòm frè sèvis pastoral pou chak gren moun oswa chak fanmi nan pawas la oswa nan branch lan. Yo asiyen sè sèvis pastoral pou chak fi adilt. Frè ak sè ki sèvis pastoral yo asire yo ke tout moun raple yo de manm Legliz la e ke yo pran swen yo.

Imaj
moun k ap plante semans

Ede Lòt Moun Vin Otonòm

Nou kapab ede manm fanmi ak zanmi nou vin otonòm lè nou ankouraje yo pou yo jwenn solisyon alontèm pou pwoblèm yo genyen. Lè sa a, nou kapab sipòte yo pandan y ap travay sou objektif yo genyen yo. Jwenn plis enfòmasyon sou otonomi nan Lyawona atik Debaz Levanjil la pou mwa Out 2023 a.

Sèvi Lòt Moun

Gen anpil fason nou ka sèvi moun ki bò kote nou epi ede yo satisfè bezwen tanporèl, espirityèl ak emosyonèl yo. Lè nou aprann konnen lòt y,o sa ka ede nou konnen kijan nou ka pi byen sèvi yo. Nou kapab priye tou pou nou jwenn gidans pou nou konnen kijan nou ka fè pou n ede.

Imaj
moun k ap keyi fwi

Pataje Sa Nou Genyen

Nou ka sèvi lòt yo nan pataje avèk yo bagay Bondye ban nou kòm benediksyon yo. Pa egzanp, nou ka bay gwo ofrann jèn oswa fè don nan fon Èd Imanitè Legliz la. Nou kapab sèvi tou nan kominote nou ak nan apèl nou nan Legliz la.

Responsablite Dirijan Legliz yo

Evèk la asire l ke li pran swen moun ki nan nesesite ki nan pawas li yo. Li ka itilize lajan li ranmase nan ofrann jèn yo pou li ede manm ki nan nesesite yo. Lòt dirijan yo, enkli konseye l yo ak prezidans Sosyete Sekou a ak prezidans kolèj ansyen yo, ede manm yo jwenn resous yo ka itilize pou yo satisfè bezwen yo.

Efò Imanitè Legliz la

Legliz la ede moun toupatou nan mond lan gras ak entèvansyon nan ka ijans, pwojè kominotè ak lòt pwogram tankou dlo potab ak vaksinasyon. Pou aprann plis, gade Dallin H. Oaks, “Ede Pòv yo ak Moun ki an Detrès,” Lyawona, Nov. 2022, 6–8.

Enprime