Konferans Jeneral
Ede Pòv yo ak Moun ki nan Detrès yo
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Ede Pòv yo ak Moun ki nan Detrès yo

Legliz Jezikri a angaje nan sèvi moun ki nan bezwen, epi li angaje tou pou l koopere avèk lòt moun nan efò sa a.

Frè m ak sè m yo, Prezidan Russell M. Nelson byeneme nou an, pral adrese nou talè nan sesyon sa a. Li te mande m pou m pale anpremye.

Sijè m nan jodia konsène sa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak manm li yo ap bay ak fè pou pòv yo ak moun ki nan detrès yo. Mwen pral pale de don menm kalite a ke lòt bon moun ap bay tou. Bay moun ki nan bezwen se yon prensip ki nan tout relijyon Abraamik yo ak nan lòt relijyon tou.

Sa gen kèk mwa, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te bay rapò pou lapremyè fwa sou anplè travay imanitè nou atravè mond lan.1 An 2021, depans nou pou moun ki nan bezwen nan 188 peyi atravè mond lan sete $906 milyon dola—prèske yon bilyon dola. Anplis de sa, manm nou yo te travay kòm volontè pou plis pase 6 milyon èdtan nan menm koz la tou.

Chif sa yo natirèlman se yon rapò enkonplè sou don ak èd nou bay. Yo pa enkli sèvis pèsonèl manm nou yo bay endividyèlman pandan youn ap sèvi lòt nan apèl yo ak sèvis volontè manm-a-manm yo. Epi rapò 2021 nou an pa mansyone sa manm nou yo ap fè endividyèlman atravè yon kantite òganizasyon charitab ki pa ofisyèlman konekte avèk Legliz la. Map kòmanse avèk sa yo.

An 1831, mwens pase dezan apre Legliz retabli a te òganize, Senyè a te bay revelasyon sa a pou gide manm Li yo e, mwen kwè, tout pitit Li yo nan mond lan:

“Paske gade, li pa nesesè pou m kòmande nan tout bagay; paske yon moun yo fòse fè tout bagay, moun sa a se yon sèvitè parese epi li pa saj. …

“An verite, m di konsa, lèzòm ta dwe gen bon dezi pou angaje nan bon kòz, pou yo fè anpil bagay avèk pwòp volonte pa yo, epi pou yo reyalize anpil lajistis;

“Paske pouvwa a nan yo, epi yo se mèt tèt pa yo. Epi toutotan lèzòm fè byen, yo p ap pèdi rekonpans yo nan okenn fason.”2

Nan plis pase 38 ane kòm yon Apot, ak plis pase 30 ane kòm anplwaye profesyonèl, mwen wè anpil efò plen jenewozite ki soti nan òganizasyon ak moun ki reprezante sa revelasyon sa a dekri kòm “yon bòn koz” ak “reyalize anpil jistis” la. Gen anpil egzanp sou sèvis konsa atravè mond lan, ki ale odela fwontyè nou e ki ale odela konesans komen nou. Pandan m ap reflechi sou sa, mwen panse a Wa Benjamen, pwofèt Liv Mòmon an, ke diskou l la te gen verite etènèl sa a: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvis Bondye nou ye.”3

Gen anpil sèvis antrèd ak imanitè pou pwochen nou ki anseye ak pratike nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo e pa noumenm manm li yo. Paregzanp, nou jene le premye Dimanch chak mwa epi nou kontribye omwen ekivalan sa nou t ap manje a pou nou ede moun ki nan bezwen nan pwòp kongregasyon nou yo. Legliz la fè gwo kontribisyon pou èd imanitè ak lòt sèvis atravè mond lan tou.

Malgre tout sa Legliz la fè dirèkteman yo, laplipa sèvis imanitè pou pitit Bondye yo atravè mond lan ap fèt pa moun ak òganizasyon ki pa gen okenn koneksyon ofisyèl avèk Legliz nou an. Jan youn nan Apot nou yo te fè remak la: “Bondye ap itilize plis pase yon moun pou akonpli travay gran ak mèveye L la. … Li twòp e twò difisil pou nenpòt moun poukont yo.”4 Antanke manm Legliz retabli a, nou bezwen vin pi konsyan epi pi apresye sèvis lòt moun.

Legliz Jezikri a angaje nan sèvi moun ki nan bezwen, epi li angaje tou nan koopere avèk lòt moun nan efò sa a. Nou fèk sot fè yon gwo donasyon bay Pwogram Manje Mondyal Nasyon Zini an. Atravè plizyè deseni depi nou angaje nan travay imanitè nou an, gen de òganizasyon ki kanpe kòm de kolaboratè kle: pwojè avèk ajans Red Cross (Lakwa Wouj) ak Red Crescent (Kwasan Wouj ) yo nan dè dizèn peyi pote sekou kapital pou pitit Bondye yo pandan katastwòf lanati ak konfli. Menmjan tou, nou gen lontan depi n ap travay nan asistans avèk Sèvis Antrèd Katolik yo. Òganizasyon sa yo anseye nou anpil bagay sou sekou nan nivo mondyal.

Nou gen bonjan kolaborasyon avèk lòt òganizasyon tou, tankou Muslim Aid, Water for People, ak IsraAID, pou m site kèk sèlman. Pandan ke chak òganizasyon imanitè gen pwòp domèn espesyalizasyon pa yo, nou pataje menm objektif pou soulaje soufrans pami pitit Bondye yo. Tout sa fè pati travay Bondye a pou pitit Li yo.

Revelasyon modèn yo ansenye ke Sovè nou an Jezikri, se “vrè limyè ki klere chak moun ki vini nan mond lan.”5 Gras ak sa, tout pitit Bondye yo eklere pou yo sèvi Li epi pou youn sèvi lòt nan nivo konesans ak kapasite yo ka rive.

Liv Mòmon an ansenye ke “Tout bagay ki envite epi pouse moun fè byen, ak renmen Bondye, ak sèvi l, se enspirasyon Bondye.”6

Li kontinye:

“Paske gade tout moun gen Lespri Kris la pou yo kapab konnen sa ki byen ak sa ki mal; se poutèt sa, m montre nou kòman pou nou jije; paske tout bagay ki envite lèzòm pou yo fè byen, e ki pèsyade yo pou yo kwè nan Kris la, se pouvwa ak don Kris la ki voye l. …

“Epi kounyeya, frè m yo, … fè yon jan pou nou konnen avèk ki limyè pou nou jije, limyè sa a se limyè Kris la.”7

Men kèk egzanp sou pitit Bondye k ap ede lòt pitit Bondye nan bezwen vital yo genyen pou manje, swen medikal ak ansèyman:

Sa gen dizan, Kanhdaris yo, yon mari ak madanm Sikh nan Emirat Arab Ini yo, te pèsonèlman lanse yon efò remakab pou nouri moun ki grangou. Atravè tanp Guru Nanak Darbar Sikh la, kounyea y ap sèvi plis pase 30,000 repa vejetaryen chak wikenn bay nenpòt moun ki antre lakay yo, kèlkeswa relijyon oswa ras yo. Doktè Kanhdari eksplike, “Nou kwè ke nou tout se youn; nou se pitit yon sèl Bondye, e nou la pou n sèvi limanite.”8

Sèvis swen medikal ak dantè pou moun ki nan bezwen se yon lòt egzanp ankò. Nan Chicago, mwen te rankontre yon doktè Siryen-Ameriken pou swen reyanimasyon, Dr Zaher Sahloul. Li se youn nan fondatè MedGlobal, ki òganize pwofesyonèl medikal pou yo ofri tan yo, konpetans, konesans ak lidèchip yo kòm volontè pou ede lòt moun ki nan sitiyasyon kriz, tankou nan lagè nan Siri a, kote Doktè Sahloul te riske lavi l nan bay sivil swen medikal. MedGlobal ak òganizasyon menm jan an (ki enkli anpil pwofesyonèl Sen Dènye Jou) demontre ke Bondye ap motive pwofesyonèl lafwa pou pote sekou bay pòv ki bezwen sekou atravè mond lan.9

Anpil pitit Bondye ki pa egoyis patisipe nan efò ansèyman, atravè mond lan tou. Yon bon egzanp, ke nou konnen atravè efò imanitè pa nou yo, se aktivite yon mesye ki rele Mesye Gabriel, ki se yon refijye soti nan plizyè konfli nan plizyè okazyon. Li te obsève resamman ke dè santèn de milye timoun refijye nan Afrik de Lès te bezwen èd pou yo te ka kenbe espwa yo vivan ak lespri yo aktif. Li te òganize lòt pwofesè nan pami popilasyon refijye yo nan sa ke yo te rele “lekòl pyebwa,” kote timoun yo te reyini pou leson anba lonbraj yon pyebwa. Li pa t tann pou lòt moun te òganize ni dirije men li te pèsonèlman dirije efò ki te bay opòtinite aprantisaj pou plizyè milye timoun lekòl primè pandan pil ane enstabilite plen angwàs yo.

Natirèlman, twa egzanp sa yo pa vle di ke tout sa òganizasyon oswa moun k ap pretann ke yo bon oubyen yo pou Bondye yo di oswa fè, yo se verite. Egzanp sa yo montre ke Bondye enspire anpil òganizasyon ak moun pou yo fè anpil byen. Sa montre tou ke plis nan nou ta dwe rekonèt byen lòt moun ap akonpli epi sipòte byen sa a si nou gen tan ak mwayen pou nou fè sa.

Men kèk egzanp sèvis Legliz la sipòte epi manm nou yo ak lòt bon moun ak òganizasyon sipòte tou avèk don endividyèl tan ak lajan:

M ap kòmanse avèk libète relijye. Lè nou sipòte sa, nou sèvi pwòp enterè pa nou, men enterè pa lòt relijyon yo tou. Jan Premye Prezidan nou an, Joseph Smith, te ansenye, “Nou reklame privilèj pou nou adore Bondye Toupisan an dapre lide pwòp konsyans pa nou, epi nou akòde tout moun menm privilèj sa a, se pou yo adore nan fason, nan kote, oubyen sa yo kapab.”10

Lòt egzanp sou èd imanitè ak lòt asistans ke manm yo nan Legliz retabli nou an sipòte kòm volontè tou se lekòl , kolèj, ak inivèsite byen koni nou yo ak sa ki mwen koni men ki kounyea pibliye gwo don pou ede moun k ap soufri anba destriksyon ak katastwòf natirèl tankou siklòn ak tranblemantè.

Lòt aktivite charitab manm nou yo sipòte pa don ak efò volontè yo twòp pou nou mete sou yon lis, men jis mansyone kèk landan yo ap sijere diferant kalite yo ak enpòtans yo: konbat rasis ak lòt prejije, rechèch sou kòman pou prevni ak geri maladi, ede andikape, sipòte òganizasyon mizikal, ak amelyore anviwònman moral ak fizik pou tout moun.

Tout efò imanitè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap chèche suiv egzanp yon pèp jis yo dekri nan Liv Mòmon an: “Epi se konsa avèk richès yo te genyen, yo pa t ranvwaye pèsonn ki te toutouni, ni moun ki te grangou, mi moun ki te swaf, ni moun ki te malad, … e yo te … sèvi tout moun menm jan an, ni granmoun ak jèn moun,ni esklav ak lib, ni gason ak fi, ni moun ki nan legliz ak moun ki pa t nan legliz.”11

Mwen temwaye de Jezikri, limyè L ak Lespri Li ap gide tout pitit Bondye nan ede moun ki pòv ak moun ki nan detrès yo nan mond lan. Nan non Jezikri, amèn.