Konferans Jeneral
Pèfeksyone Nou nan Li
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Pèfeksyone Nou nan Li

Pèfeksyon nou posib sèlman atravè gras Bondye.

Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri, gen pouvwa pou sove nou, epi transfòme nou. Yo kapab ede nou vin menmjan avèk Yo.

Sa gen kèk ane, youn nan pitit pitit gason m yo, Aaron, te kòmanse gen pwoblèm sante. Li te fatige, yon pakèt mak te leve sou li, epi li pa t sanble l an sante. Apre yon egzamen medikal, dyagnostik la sete yon anemi (aplasik) grav, se yon maladi kote mwèl zo li sispann fè glo bil wouj, globil blan ak plakèt. Si l pa jwen tretman ki pou geri l, san nan kò li pa t ap koagile byen ni konbat enfeksyon, konsa, menm yon ti tonbe, yon ti blese, oswa yon ti maladi ta ka byenvit mete lavi l andanje.

Pandan yon sèten tan, Aaron te resevwa transfizyon plakèt ak san regilyèman pou anpeche lavi l an danje. Doktè yo te eksplike ke sèl fason pou maladi a ta geri sete yon transplantasyon mwèl zo, e meyè chans pou sa reyisi se si l t ap jwenn li nan men yon frè oubyen yon sè li. Si te gen youn nan frè ak sè l yo ki te yon kandida pafè, rezilta transplantasyon an te ka sove lavi li. Yo te teste kat frè l yo, epi youn ladan yo, Maxwell, te konsidere yon kandida pafè.

Menm avèk yon donè ki matche pafètman, transplantasyon mwèl zo toujou poze yon risk konplikasyon grav. Pwosesis la te mande pou yo detwi pwòp selil Aaron nan mwèl zo ki malad la atravè yon melanj kimoterapi ak radyasyon anvan pou l te resevwa selil ki te soti nan mwèl zo frè l la, Maxwell. Apresa, akòz sistèm iminitè Aaron an vin konpwomèt, yo te bezwen izole li nan lopital la pou plizyè semèn epi apresa lakay li pou plizyè mwa avèk pwotokòl , ak restriksyon, ak medikaman espesyal.

Rezilta yo te espere nan transplantasyon an sete pou kò Aaron pa ta rejte selil donatè a te bay yo epi pou selil Maxwell yo ta gradyèlman pwodui globil wouj ak globil blan ak plakèt nan kò Aaron. Yon transplantasyon donatè ki reyisi ka pote yon chanjman fizyolojik trè reyèl. Sa ki enteresan, doktè a te eksplike ke si Aaron te komèt yon krim epi san l te rete sou lye krim nan, lapolis ta ka arete frè l la, Maxwell. Se paske san Aaron t ap soti nan selil transplant Maxwell yo epi yo te genyen ADN Maxwell, e sa t ap rete konsa pou rès lavi li.

Lè Aaron te sove gras ak san frè l la, sa te fè m panse anpil a san ekspyatwa Jezikri a ak efè Ekspyasyon L la sou nou. Mwen ta renmen konsantre jodi a sou chanjman pèmanan. ki chanje lavi, k ​​ap fèt si nou pèmèt Senyè a akonpli mirak nan nou.1

Aaron pa t gen pouvwa nan limenm pou l te simonte maladi a. Kò li pa t kapab pwodui selil san ki te nesesè pou te kenbe lavi li. Kèlkeswa sa l te fè pèsonèlman, li pa t ap kapab geri mwèl zo li. Menmjan Aaron pa t kapab geri pwòp tèt li a, nou pa kapab sove pwòp tèt pa nou nonplis. Kèlkeswa nivo kapasite, edikasyon nou, kit nou briyan, oswa fò, nou pa ka netwaye tèt nou anba peche nou yo, chanje kò nou al nan yon eta imòtèl, oswa egzalte pwòp tèt nou. Sa posib sèlman gras ak Sovè a Jezikri ak Ekspyasyon enfini L la. “Pa gen okenn lòt chemen ni okenn lòt non anba syèl la ki kapab sove lèzòm nan wayòm Bondye a.”2 Se san ekspyasyon L la ki netwaye nou ak sanktifye nou.3

Byenke Aaron pa t kapab geri tèt li limenm, pou transplantasyon an te ka mache, li te bezwen dispoze pou l te fè sa doktè yo te mande l yo—menm bagay ki te trè difisil anpil. Byenke nou pa kapab sove pwòp tèt nou, lè nou soumèt anba volonte Senyè a, epi nou kenbe alyans nou yo, chemen an louvri pou redanmsyon nou.4 Menmjan ak pwosesis remakab chanjman pwòp ADN selil san Aaron yo, nou kapab chanje kè nou,5 gen imaj Li nan figi nou,6 epi vin tounen nouvo kreyati nan Kris la.7

Alma te raple pèp Zarahemla a de jenerasyon anvan an ki te konvèti. Pandan l t ap pale de papa li, Alma te eksplike ke ”daprè lafwa li te genyen yon gwo chanjman te fèt nan kè l.”8 Apresa li te mande, ”Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”9 Se pa t moun yo ki te chanje pwòp kè yo. Se Senyè a ki te vrèman fè chanjman an. Alma te trè klè sou sa. Li te di, “Gade, li te chanje kè yo.”10 Yo “te gen imilite, e yo te mete konfyans yo nan vrè Bondye ki vivan an … [epi] gade, yo te fidèl jiska lafen … [e] se poutèt sa yo te sove.”11 Pèp la te dispoze pou yo te louvri kè yo ak egzèse lafwa yo, epi apresa Senyè a te chanje kè yo. E ala yon chanjman puisan sa te ye! Panse a diferans nan lavi de mesye sa yo ki te rele Alma a anvan ak apre kè yo te chanje a.12

Nou se pitit Bondye ki gen yon gwo destine. Nou kapab chanje pou nou vin tankou Li epi resevwa “yon plenitid lajwa.”13 Yon lòt bò, Satan vle fè nou mizerab menm jan li ye a.14 Nou gen kapasite pou nou chwazi ki moun pou nou suiv.15 Lè nou suiv Satan, nou ba li pouvwa.16 Lè nou suiv Bondye, Li ba nou pouvwa.

Sovè a te ansenye ke nou “ta dwe pafè.”17 Sa kapab parèt difisil. Mwen ka klèman wè enkapasite pèsonèl mwen yo epi mwen doulourezman konsyan de distans ant mwenmen ak pèfeksyon an. Nou gendwa gen yon tandans panse ke nou dwe pèfeksyone tèt nou, men sa pa posib. Suiv chak sijesyon nan chak liv devlopman pèsonèl nan mond lan p ap pèmèt sa rive. Gen yon sèl fason ak yon sèl non ki pote pèfeksyon. Nou “vin pafè pa lantremiz Jezi, ki se mediyatè nouvo alyans lan, ki te reyalize ekspyasyon pafè sa a atravè pwòp san pa li ki koule.”18 Pèfeksyon nou posib sèlman atravè gras Bondye.

Èske w ka imajine kijan sa t ap akablan pou jèn pitit pitit gason nou an Aaron ta sipoze ke li te oblije konprann epi fè tout pwosedi medikal ki asosye avèk transplantasyon l yo poukont li? Nou pa ta dwe asime ke nou oblije fè sa ke Sovè a sèlman kapab fè nan pwosesis mirakile pou pèfeksyonman nou an.

Lè Mowoni t ap fini resi l la, li te ansenye, “Wi, vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li, … e debarase kò nou ak tout endiyite, e si nou renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, panse nou, ak fòs nou, lèsa a gras li ap ase pou nou, pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras Li.”19 Ala yon verite puisan ak rekonfòtan! Gras Li sifi pou mwen. Gras Li sifi pou ou. Gras Li sifi pou tout moun k ap “travay e ki anba chay lou.”20

Ak tretman medikal tankou pa Aaron an, toujou gen kèk ensètitid nan rezilta a. Anfèt, Aaron te bezwen yon dezyèm transplantasyon lè premye a te vin gen konplikasyon. Erezman, ak yon chanjman kè espirityèl, nou pa bezwen mande si sa ap rive. Lè nou viv selon volonte Li, “nou depann antyèman sou merit Limenm ki gen pouvwa pou L sove a,”21 epi nou jwenn epi respekte alyans sali ak egzaltasyon L yo, gen 100 pousan garanti pou san Sovè a pirifye nou epi pou n vin pafè nan Li alafen. Li se “yon Bondye verite, e Li pa [ka] bay manti.”22

Pa gen ankenn dout ke prosesis chanjman sa a pran tan epi l ap konplete jis apre lavi sa a, men pwomès la sèten. Lè akonplisman pwomès Bondye yo sanble twò lwen, nou ka kontinye anbrase pwomès sa yo, konesan ke y ap gen pou yo akonpli.23

Chanjman mirakile nan sante Aaron an te pote gwo lajwa nan fanmi nou. Imajine gwo lajwa nan syèl la lè gwo chanjman fèt nan nanm nou.

Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri, renmen nou epi avèk lanmou yo ofri pou Yo chanje nou ak rann nou pafè. Yo vle fè sa. Sa esansyèl pou travay Yo ak laglwa Yo.24 Mwen temwanye ke Yo gen pouvwa pou Yo fè sa lè nou vin jwenn yo ak lafwa. Nan non Jezikri, amèn.