Konferans Jeneral
Fokis sou Tanp lan
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Fokis sou Tanp lan

Mwen pwomèt ke si nou ogmante tan n ap pase nan tanp lan, sa ap beni lavi nou nan fason okenn lòt bagay pa ka fè.

Chè frè m ak sè m yo, pandan senk sesyon mayifik konferans jeneral sa yo, yon lòt fwa ankò nou fè eksperyans ke syèl yo louvri! Mwen priye pou nou anrejistre enpresyon nou yo epi pou nou fè suivi pou aplike yo. Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, deja pare pou ede nou. Mwen egzòte nou pou nou fè plis efò pou nou chèche èd Yo.

Resaman, Sè Nelson avèk mwen te gen opòtinite pou nou te wè yon apèsi sou nouvo 4èm sezon nan seri Videyo Liv Mòmon yo.1 Yo te enspire nou! Pèmèt mwen montre yon ti ekstrè nan sèn ki dekri aparisyon Sovè a devan Nefit yo.

Sa gen gwo enpòtans dèske Sovè a te chwazi parèt devan moun yo nan tanp lan. Se kay Li. Li ranpli avèk pouvwa Li. An nou pa janm fèmen je nou sou sa Senyè a ap fè pou nou. L ap fè tanp Li yo pi aksesib. L ap akselere vitès nou nan konstwi tanp yo. L ap ogmante kapasite nou pou ede rasanble Izrayèl la. L ap fè l vin pi fasil tou pou nou chak vin pi rafine espirityèlman. Mwen pwomèt ke si nou ogmante tan n ap pase nan tanp lan, sa ap beni lavi nou nan fason okenn lòt bagay pa ka fè.

Aktyèlman nou genyen 168 tanp k ap opere epi 53 nouvo tanp an konstriksyon, ak yon lòt 54 nan faz konsepsyon prekonstriksyon!2 Mwen kontan pou m anonse plan pou nou bati yon nouvo tanp nan chak nan kote sa yo: Busan, Kore; Naga, Philippines; Santiago, Philippines; Eket, Nigeria; Chiclayo, Pérou; Buenos Aires City Center, Argentine; Londrina, Brésil; Ribeirão Prêto, Brésil; Huehuetenango, Guatemala; Jacksonville, Florida; Grand Rapids, Michigan; Prosper, Texas; Lone Mountain, Nevada; ak Tacoma, Washington.

N ap planifye tou pou nou konstwi plizyè tanp nan gwo zòn metwopolitèn nou pral seleksyone, kote trajè pou ale nan tanp ki egziste yo se yon gwo pwoblèm nan. Konsa, mwen kontan pou m anonse kat andwa adisyonèl toupre Mexico City kote nouvo tanp pral bati nan Cuernavaca, Pachuca, Toluca, ak Tula.

Chè frè m ak sè m yo, se pou nou fokis sou tanp nan fason nou pa t janm te fè anvan. Mwen beni nou pou nou grandi vin pi pre Bondye ak Jezikri chak jou. Mwen renmen nou. Ke Bondye rete avèk nou jiskaske nou rankontre ankò, mwen priye nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Nouvo videyo sa yo pral disponib nan plizyè lang nan Medyatèk Levanjil la ak lòt chanèl. Epizòd yo pral pibliye chak semèn kòmanse jodia apre konferans lan.

  2. Rive 1e Oktòb 2022, gen kat tanp anplis ki ap renove (St. George Utah, Manti Utah, Salt Lake, ak Columbus Ohio), ak twa tanp k ap tann konsekrasyon (Hamilton Nouvelle Zélande, Quito Equateur, ak Belém Brezil).