Konferans Jeneral
Repons lan se Jezi
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Repons lan se Jezi

Osi difisil oswa dewoutan pwoblèm yo ka ye, nou kapab toujou sonje ke repons la senp: se toujou Jezi.

Se yon onè pou mwen pou m pale avèk nou nan sesyon konferans sa a. Jodia m ap adrese a avèk nou tankou zanmi. Nan Levanjil Jan an, Sovè a anseye ke nou se zanmi l si nou fè sa li mande nou pou nou fè.1

Se lanmou endividyèl ak kolektif nou genyen pou Sovè a, ak alyans nou fè avèk Li yo , ki lye nou ansanm. Jan Prezidan Eyring anseye l: “Mwen vle di nou konbyen Senyè a renmen nou epi fè nou konfyans. Epi, plis ankò, mwen vle di nou konbyen li konte sou nou.”2

Lè Prezidan Nelson te aple m kòm Otorite Jeneral, mwen te anvayi avèk emosyon. Sa te boulvèsan. Julie avèk mwen te rete tann sesyon Samdi Aprèmidi konferans jeneral la avèk enpasyans. Sa fè yon moun santi l enb lè yo soutni li. Mwen te konte eskalye yo avèk atansyon lè m ta prale sou chèz yo te deziye m nan pou m pa t tonbe nan premye tach mwen an.

Nan fen sesyon an, te gen yon bagay ki te pase ki te fè yon gwo efè sou mwen. Manm kowòm yo te fè yon liy epi yo te swete nou byenveni youn pa youn. Chak grenn nan yo te pataje lanmou yo ak sipò yo. Avèk yon akolad chalere yo te di, “Pa enkyete w—ou nan plas ou.”

Nan relasyon nou avèk Sovè a, Li gade kè nou epi Li pa rejte pèsonn.3 Gade kòman Li te chwazi Apot Li yo. Li pa t pote atansyon ak tit oswa richès. Li envite nou pou nou suiv Li, e mwen kwè Li ba nou asirans ankò ke nou nan plas nou avèk Li.

Mesaj sa a aplike espesyalman pou jèn yo nan Legliz la. Mwen wè nan nou sa Prezidan Nelson wè nan nou an. Li te di “Gen yon bagay espesyal ki enkontestab konsènan jenerasyon jèn sa a. Pè Selès la dwe gen yon gwo konfyans nan nou pou L te voye nou sou tè a nan moman sa a. Nou fèt pou lagrandè!”4

Mwen rekonesan pou sa m aprann nan men jèn yo. Mwen rekonesan pou sa pitit mwen yo anseye m, pou sa misyonè yo anseye m, ak pou sa nyès ak neve m yo anseye m.

Sa pa gen twò lontan, mwen t ap travay nan fèm nou an avèk neve m, Nash. Li gen sizan epi li gen yon kè ki pi. Li se neve prefere m, li rele Nash, epi mwen kwè m se tonton prefere l ki ap pale nan konferans la jodiya.

Pandan l t ap ede m jwenn yon solisyon pou pwojè nou an, mwen te di l, “Nash, se yon bèl ide. Kòman w fè entelijan konsa? Li te gade m yon ti jan etone, avèk yon ekspresyon nan zye l ki di, “Tonton Ryan, kòman w fè poko konnen repons pou kesyon sa a?”

Li te senpleman monte zepòl li, li te ri, epi li te di m avèk konfyans, “Jezi.”

Jou sa a Nash te raple m yon ansèyman ki senp e poutan ki pwofon. Repons pou kesyon ki pi senp yo ak pwoblèm ki pi konplèks yo se toujou menm nan. Repons la se Jezikri. N ap jwenn tout solisyon nan Li.

Nan Levanjil Jan an, Sovè a te di disip yo Li yo ke L pral prepare yon plas pou yo. Toma te etone epi l te di Sovè a:

“Senyè, nou pa konnen kote ou prale a. Kijan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n pran an?

“Jezi te di l, se mwen menm ki chemen an, se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a: pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.”5

Nan fason sa a Sovè a te anseye disip yo ke L se chemen an, verite a ak lavi a. Li se repons pou kesyon sou fason pou nou vin jwenn Pè Selès la. Akeri yon temwanyaj sou wòl diven Li jwe nan lavi nou se yon bagay mwen te aprann lè m te yon jènjan.

Pandan m t ap sèvi kòm misyonè nan Ajantin, Prezidan Howard W. Hunter te envite nou pou n te fè yon bagay ki te fè yon efè pwofon nan lavi m. Li te di: “Nou dwe konnen Kris la pi byen pase jan nou konnen L la; nou dwe sonje L pi plis pase jan nou sonje L la, nou dwe sèvi L ak plis kouraj pase jan n ap sèvi L la.”6

Nan moman sa a, mwen te gen enkyetid sou fason pou m te vin yon pi bon misyonè. Repons lan se te—konnen Kris la, sonje Li, epi sèvi Li. Misyonè atravè mond lan ini nan yon sèl objektif ki se—envite lòt moun pou vin jwenn Kris la nan ede yo resevwa levanjil retabli a atravè lafwa nan Jezikri ak nan Sakrifis Ekspyatwa l la, ak atravè repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, epi andire jiskalafen.”7 Pou zanmi m yo ki ap fè leson avèk misyonè yo, mwen ajoute envitasyon m pou yo vin jwenn Kris la. Nou ap fè efò ansanm pou konnen Li, sonje Li, epi sèvi Li.

Sèvi yon misyon sete yon moman sakre nan lavi m. Nan dènye entèvyou m te fè avèk li kòm yon misyonè aplentan, Prezidan Pincock te pale avèk mwen sou chanjman ki ta pral genyen nan prezidans misyon an, limenm ak madanm li te prèske rive nan fen sèvis yo tou. Nou toulède te tris paske nou t ap kite yon bagay nou te renmen anpil. Li te kapab wè ke m te twouble pa panse pou m pa t yon misyonè aplentan ankò a. Li sete yon moun ki te gen yon gwo lafwa epi li te anseye m avèk anpil lanmou jan li te fè pandan de ane anvan yo. Li te lonje dwèt li sou foto Jezikri a anlè biwo l la epi li te di, “Elder Olsen, tout bagay ap OK paske se travay Li.” Mwen te santi m reprann asirans lè m te aprann ke Sovè a ap ede nou, pa sèlman pandan n ap sèvi l la men L ap toujou fè sa, si nou kite l fè l.

Sè Pincock te anseye nou nan pwofondè kè l nan fraz Espanyòl ki pi senp yo. Lè li te di, “Jesucristo vive,” mwen te konnen se te vre epi Li vivan. Lè li te di, “Elderes y hermanas, les amo,” mwen te konnen li renmen nou epi li te vle pou nou toujou suiv Sovè a.

Sa pa gen twò lontan madanm mwen avèk mwen te resevwa benediksyon pou nou te sèvi kòm dirijan misyon avèk misyonè eksepsyonèl nan Uruguay yo. Mwen kapab di ke yo sete pi bon misyonè nan mond lan, e mwen kwè chak prezidan misyon santi yo fason sa a. Disip sa yo te anseye nou chak jou sou fason pou nou suiv Sovè a.

Pandan yon entèvyou regilye, youn nan bon sè misyonè yo te mache antre nan biwo a. Li sete yon misyon plen siksè, yon ekselan enstriktè, ak yon dirijan devwe. Konpay li yo te admire l epi moun yo te renmen l. Li te obeyisan, enb, ak konfyan. Nan vizit anvan yo, nou te konsantre sou zòn ni an, ak moun li t ap anseye yo. Vizit sa a te diferan. Lè m te mande l kijan l ye, mwen te kapab wè li te twouble. Li te di, “Prezidan Olsen, mwen pa konnen si m kapab fè sa a. Mwen pa konnen si m bon ase. Mwen pa konnen si m kapab misyonè Senyè a vle m ye a.”

Li sete yon misyonè remakab. Ekselan nan tout bagay. Rèv yon prezidan misyon. Mwen pa t gen enkyetid sou kapasite l kòm misyonè.

Pandan m t ap koute l la, mwen t ap lite pou m te konn sa pou m te di li. Mwen te priye an silans nan kè m: “Pè Selès, se yon misyonè ekstraòdinè. Li pou ou. Li ap fè tout bagay byen. Mwen pa vle fè erè. Tanpri ede m pou m konnen kisa pou m di.”

Pawòl yo te vin jwenn mwen. Mwen te di, “Hermana, mwen dezole dèske w santi w konsa. Kite m poze w yon kesyon. Si w te gen yon zanmi ou t ap anseye ki te santi l fason sa a, kisa w t ap di l?”

Li te gade m epi l te souri. Avèk espri misyonè sa a ak konvisyon enkonparab sa a, li te di, “Prezidan, li fasil. Mwen t ap di l Sovè a konnen l pafètman. Mwen t ap di l ke Li vivan. Li renmen ou. Ou bon ase epi w kapab fè l!”

Avèk yon ti rin li te di, “Mwen sipoze si sa aplike pou zanmi nou yo, alò li aplike pou mwen tou.”

Lè nou gen kesyon oswa dout, nou ka santi solisyon an twò konplèks oubyen jwenn repons yo twò dewoutan. Nou dwe sonje ke advèsè a, ki se papa mansonj, se achitèk konfizyon.8

Sovè a se Mèt senplisite

Prezidan Nelson te ansenye:

“Advèsè a entèlijan. Pandan dè milenè l ap fè byen parèt mal epi mal parèt byen. Mesaj li yo gen tandans pou yo fò, odasye, ak awogan.

“Sepandan, mesaj ki soti nan Papa nou ki nan Syèl la konplètman diferan. Li kominike senpleman, trankilman, e sitèlman klè ke nou pa ka mal konprann Li.”9

Nou rekonesan anpil paske Senyè a sitèlman renmen nou ke L voye Pitit Gason L lan. Li se repons lan.

Prezidan Nelson te di dènyèman:

“Frè m ak sè m yo, mond lan pa t janm otan bezwen levanjil Jezikri a plis pase jodia. …

“… Sa souliye ijans ki genyen pou nou suiv enstriksyon Senyè a bay disip Li yo pou yo “ale … nan tout mond lan, epi preche levanjil la bay tout kreyati.”10

Pou moun ki pral chwazi pou yo sèvi yo, mwen kapab temwaye de benediksyon ki vini lè nou koute apèl pwofèt la. Sèvi a se pa osijè noumenm; se osijè Sovè a. Yo pral aple pou w ale nan yon zòn, men sa ki pi enpòtan, sèke y ap aple w al bò kote moun. W ap gen gwo responsabilite ak benediksyon pou w ede nouvo zanmi konprann ke repons la se Jezi.

Sa a se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, e se la plas nou ye. Tout sa Prezidan Nelson ankouraje nou pou nou fè yo ap pèmèt nou vin pi pwòch Sovè a.

Jèn mayifik nou yo—enkli neve m nan, Nash—pandan tout lavi nou, osi difisil ak dewoutan pwoblèm yo ka ye, nou kapab toujou sonje ke repons la senp, se toujou Jezi.

Jan m konn tande moun nou soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè yo di nan plizyè okazyon an, m ap di nou tou ke nou renmen nou, nou remèsye nou, epi nou bezwen nou. Sa a se plas nou.

Mwen renmen Sovè a. Mwen temwanye de non Li, Jezikri. Mwen temwanye ke Li se “otè ak finisè lafwa nou,”11 epi li se Mèt senplisite a. Repons lan se Jezi. Nan non Jezikri, amèn.