Konferans Jeneral
Kouraj pou Pwoklame Verite a
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Kouraj pou Pwoklame Verite a

Lè nou fin aprann verite a, Senyè a ba nou opòtinite pou nou fè sa L t ap fè si L te la a jodia.

Nan lane 1982, mwen t ap fini diplòm etid siperyè mwen nan topografi nan yon lekòl teknik.

Nan fen ane a, yon kanmarad klas mwen te envite m pou m te fè yon konvèsasyon. Mwen sonje nou te kite lòt manm klas yo epi nou te ale bò kote yon teren espò. Lè nou te rive la, li te pale m de konviksyon relijye li, epi li te non sèlman montre m yon liv, epi li te ban m liv la tou. Onètman, mwen pa sonje tout pawòl li te di m, men, mwen sonje moman sa a trè byen ak fason mwen te santi m lè li te di, “Mwen vle pataje temwanyaj mwen avèk ou ke liv sa a vrè, epi levanjil Jezikri a retabli.”

Aprè konvèsasyon nou an, mwen te ale lakay mwen, mwen te feyte paj liv la epi mwen te mete l sou yon etajè. Paske nou te nan fen ane a, epi se te dènye ane pou m te diplome nan topografi, mwen pa t vrèman pote anpil atansyon a liv la ni a konpanyon klas mwen an ki te pataje l avèk mwen an. Nou ka deja devine non liv la. Wi, sete Liv Mòmon an.

Senk mwa aprè, misyonè yo te vini lakay mwen; yo t ap pral soti egzakteman nan moman m t ap antre soti nan travay. Mwen te envite yo pou yo te retounen rantre. Nou te chita sou ti galri devan lakay mwen an, epi yo te ansenye m.

Nan rechèch pou laverite m nan, mwen te mande yo ki legliz ki te vrè avèk kijan m ta kapab jwenn li. Misyonè yo te ansenye m ke m te ka jwenn repons sa a poukont mwen. Avèk gwo lespwa ak dezi, mwen te aksepte defi yo a pou m te li plizyè chapit nan Liv Mòmon an. Mwen te lapriyè avèk yon kè sensè ak yon entansyon reyèl (gade Moroni 10:4–5). Repons pou kesyon m nan te vin klè, epi plizyè jou aprèsa, pou pi byen prezize nan 1 Me 1983, mwen te batize ak konfime kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Jodia, lè m panse a sekans evenman ki te rive yo, mwen wè klèman kòman konpanyon klas mwen an te gen kouraj lè l te pataje temwanyaj li konsènan verite retabli a epi li te prezante m yon prèv tanjib konsènan levanjil retabli Jezikri a, ki se Liv Mòmon an. Jès senp sa a, men ki gen yon pwofon siyifikasyon pou mwen, te kreye yon koneksyon ant mwenmenm ak misyonè yo lè m te rankontre yo.

Yo te prezante m verite a, epi aprè batèm mwen, mwen te vin yon disip Jezikri. Pandan ane ki te vini aprè yo, epi avèk èd kèk moun ki vrèman espesyal tankou dirijan, zanmi epi atravè etid pèsonèl pa m, mwen te aprann ke lè m te deside vin yon disip Jezikri a, mwen te aksepte responsabilite non sèlman pou m defann laverite, men pou m pwoklame l tou.

Lè nou dakò pou nou kwè nan verite a, pou nou suiv li, epi lè nou fè yon efò pou nou vin yon vrè disip Jezikri, nou pa resevwa yon sètifika ki di ke nou pa pral fè erè, ke yo pa pral kritike nou, ke nou pa pral tante ale lwen verite a, ni ke nou pa p menm travèse afliksyon. Men konenans verite a ansenye nou ke lè nou rantre nan chemen ki dwat ak etwat la ki ap mennen nou retounen nan prezans Papa nou ki nan Syèl la, ap toujou gen yon fason pou nou soti anba pwoblèm sa yo (gade 1 Korentyen 10:13); ap toujou gen posibilite pou nou doute dout nou ka genyen yo anvan nou doute lafwa nou (gade Dieter F. Uchtdorf, “Vini, Ini avèk Nou,” Lyawona, Nov. 2013); epi fianlman, nou gen yon garanti ke nou pa p janm poukont nou lè n ap pase nan afliksyon yo, paske Bondye vizite pèp Li a nan mitan afliksyon yo (gade Mozya 24:14).

Lè nou fin aprann verite a, Senyè a ba nou opòtinite pou nou fè sa L t ap fè si L te la a jodia. Vrèman, Li montre nou atravè ansèyman l yo sa nou dwe fè: “Epi nou prale avèk pouvwa Lespri m nan, pou preche levanjil mwen an, de moun ansanm, nan non mwen, pou nou leve vwa nou tankou son yon twonpèt, pou nou deklare pawòl mwen an tankou zanj Bondye yo.(Doktrin ak Alyans 42:6). Opòtinite pou fè sèvis misyonè nan jenès nou an eksepsyonèl!

Tanpri, jènjan yo, pa ranvwaye preparasyon nou pou sèvi Senyè a kòm misyonè. Lè w rankontre sitiyasyon ki ta ka rann desizyon pou w sèvi yon misyon an difisil—tankou kanpe etid ou pou yon ti tan, di mennaj ou babay san okenn garanti ke w ap janm ka soti avèk li ankò, oubyen menm kite yon bon travay—sonje egzanp Sovè a. Pandan ministè L la, Limenm tou li te rankontre difikilte, enkli kritik, pèsekisyon, e finalman kèp anmè sakrifis ekspyatwa L la. Men nan tout sikonstans Li te chèche fè volonte Papa l epi Li te ba L tout glwa a. (Gade Jan 5:30; 6:38–39; 3 Nefi 11:11; Doktrin ak Alyans 19:18–19.)

Jènfi yo, nou byenveni pou n travay nan jaden Senyè a, epi lè nou deside pou nou sèvi L, nou pa p epanye anba menm difikilte yo nonplis.

Mwen pwomèt nou ke 24 oubyen 18 mwa sèvis nou yo pral pase nan chan misyon an menm jan yo t ap pase si nou te rete lakay nou, men opòtinite k ap tann jènjan ak jènfi yo nan Legliz sa a nan chan misyon an, yo eksepsyonèl. Privilèj pou nou reprezante Sovè a, Jezikri, fanmni nou, avèk Legliz Sovè a, nou pa kapab inyore l. Patisipe nan anpil lapriyè, devlope ak pataje temwanyaj ou plizyè fwa pandan jounen an, plizyè èdtan nan etid ekriti, rankontre moun ke w pa ta ka janm rankontre si w te rete lakay ou, sa yo se eksperyans ke nou pa ka dekri. Menm nivo ekperyans la rezève pou jèn yo ke Senyè a aple pou sèvi nan sèvis misyonè yo. Nou byenveni epi nou nesesè. Tanpri pa minimize enpòtans sèvi yon misyon, paske sèvi misyon ap ba nou eksperyans endeskriptib. Valè nanm yo gran nan je Bondye” (Doktrin ak Alyans 18:10), enkli valè nanm pa ou.

Lè w retounen soti nan misyon w lan, petèt mennaj ou pa t rete tann nou ankò, men ou sot aprann trè byen kijan pou w fè kontak ki efikas. Etid inivèsitè w yo pral gen plis sans gras ak apèsi w te genyen sou prepare w kòrèkteman pou chan travay la, epi finalman, ou pral gen asirans total ke w te kourajezman pwoklame levanjil lapè a, pandan w t ap temwanye konsènan verite retabli a.

Pou sa nan pami nou ki marye epi ki nan diferan etap nan lavi yo, nou vrèman enpòtan nan travay Senyè a. Prepare tèt nou. Viv yon lavi ki an sante, chèche pou nou gen otonomi tanporèl ak espirityèl, paske opòtinite pou fè sa Senyè a ta kapab fè pou pitit Li yo pa limite a yon gwoup laj. Eksperyans ki pi agreyab madanm mwen avèk mwen te fè nan ane ki sot pase yo, yo te rive pandan nou t ap sèvi bò kote kèk koup marye espesyal, nan kote espesyal, pandan nou t ap sèvi moun ki te vrèman espesyal.

Eksperyans mwen te fè nan fen diplòm topografi a te ansenye m ke nou toujou defann laverite lè nou pwoklame li epi defann laverite se yon bagay ki proaktif. Pran defans laverite pa ta dwe janm fèt nan yon fason ki agresif men okontrè avèk yon enterè sensè pou renmen, pataje, ak envite moun ke n ap temwanye yo konsènan verite a, pandan n ap panse sèlman avèk byennèt tanporèl ak espirityèl pitit yon Papa plen lanmou ki nan Syèl la (gade Mozya 2:41).

Nan konferans jeneral Oktòb 2021 an, Prezidan Russell M. Nelson, pwofèt byenneme nou an, te ansenye ke, kontrèman a sa kèk moun panse, sa nou rele byen ak mal la vrèman egziste. Gen yon verite absoli ki vrèman egziste—yon verite etènèl. Russell M. Nelson, “Verite Pur, Doktrin Pur, ak Revelasyon Pur,” Liahona, Nov. 2021, 6.

Ekriti sent yo ansenye nou ke “verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye;” (Doktrin ak Alyans 93:24).

Konesans sou laverite a pa fè nou vin pi bon pase lòt moun, men li ansenye nou sa nou dwe fè pou nou retounen nan prezans Bondye.

Pandan n ap avanse avèk fèmte nan Kris la epi avèk kouraj pou nou non sèlman pwoklame verite a men pou nou viv verite a tou, n ap jwenn rekonfò ak lapè pandan moman boulvèsman n ap gen pou n rankontre yo nan epòk sa a.

Difikilte lavi yo kapab frape nou atè, men konnen ke lè nou egzèse lafwa nan Jezikri, afliksyon nou yo pa p dire plis pase jis yon ti moman” (Doktrin ak Alyans 121:7) nan gran chema letènite a. Tanpri, pa kreye yon dat limit pou mete fen a difikilte ak pwoblèm yo. Paske si nou abandone, nou pa p janm konnen kòman fen vwayaj nou an ta kapab ye nan wayòm Bondye a.

Akwoche nou nan verite a, aprann nan sous verite yo:

Mwen rann nou temwanyaj mwen konsènan Jezikri epi sa a se Legliz Li. Nou gen yon pwofèf vivan, epi n ap toujou santi nou lib lè nou pwoklame verite a avèk kouraj. Nan non Jezikri, Amèn.