Konferans Jeneral
Mete Kouraj Ou Sou Ou, Siyon
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Mete Kouraj Ou Sou Ou, Siyon

Nou chak dwe evalye priyorite tanporèl ak spirityèl nou sensèman nan lapriyè.

Parabòl se karakteristik detèminan nan apwòch remakab nan ansèyman Senyè a, Jezikri. Defini senpleman, parabòl Sovè a te bay yo se istwa ki itilize pou konpare verite espirityèl avèk bagay materyèl ak eksperyans nan lavi nan mòtalite a. Paregzanp, levanjil yo ki nan Nouvo Testaman an ranpli avèk ansèyman ki konpare wayòm Selès la avèk yon grenn moutad,1 avèk yon pèl gran pri,2 avèk yon mèt kay ak travayè ki nan jaden l yo,3 avèk dis vyèj yo,4 ak anpil lòt ankò. Padan yon pati nan ministè Senyè a nan Galile, ekriti yo endike ke “li pa t louvri bouch li san l pa t rakonte yo yon parabòl.”5

An jeneral, siyifikasyon oubyen mesaj yon parabòl pa toujou eksprime klèman. Okontrè, istwa a sèlman transmèt verite divin bay yon moun pwopòsyonèlman avèk lafwa l nan Bondye, ak preparasyon espirityèl li, ak dispozisyon l pou l aprann. Konsa, yon moun dwe egzèse libabit li pou l aktivman “mande, chèche, ak frape”6 pou l ka dekouvri verite ki nan yon parabòl.

Mwen priye sensèman pou Sentespri a eklere nou chak pandan n ap konsidere enpòtans parabòl festen nòs wayal la kounyea.

Festen Nòs Wayal la

“Epi Jezi … t ap pale ak moun yo an parabòl ankò, Li te di,

“Wayòm syèl la se tankou yon wa ki t ap fete nòs pitit gason li,

Epi l voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la: men yo youn pa t vle vini.

“Li voye lòt domestik, li di yo, Ale di envite yo manje a pare kounyea: : mwen gen tan touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo, epi tout bagay pare: vin nan nòs la.

“Men, envite yo pa fè ka sa l voye di yo a, y al okipe zafè yo. Youn ladan yo ale nan jaden l, yon lòt ale nan trafik li.”7

Nan tan lontan, youn nan pi bèl okazyon nan lavi Juif yo sete yon selebrasyon maryaj—yon evènman ki te pran youn ou de semèn. Yon evènman konsa te mande preparasyon apwofondi, epi envite yo te enfòme lontan alavans, avèk yon rapèl nan jou kòmansman fèt yo. Yon envitasyon ke yon wa fè pèp li pou l vin nan yon maryaj te konsidere esansyèlman kòm yon kòmandman. Malgre sa, anpil nan envite yo ki nan parabòl sa a pa t vini.8

“Refize vin nan fèt wa a sete yon zak rebelyon delibere kont otorite wa a ak yon endiyite pèsonèl kont rèy souvren an ak pitit gason l la. Lè moun nan te vire al nan jaden l la epi lòt la t al nan [zafè pèsonèl li a ]”9 sa reflete priyorite ki pa t nan plas yo ak mepri total yo pou volonte wa a.10

Parabòl la kontinye:

“Lè sa a li di domestik li yo, Manje nòs la pare, men, moun ki te envite yo pa t merite sa.

“Ale sou gran chemen yo, epi tout moun nou jwenn pou yo vin nan nòs la.

“Konsa, sèvitè yo t al sou gran chemen yo, epi yo te rasanble tout moun yo te jwenn, ni move ni bon: konsa, kote yo t ap fè nòs la te plen moun.”11

Koutim nan epòk sa yo sete pou moun k ap fè festen nòs la—nan parabòl sa a, wa a—bay rad pou envite ki vin nan nòs yo. Rad nòs sa yo sete wòb senp, san desen, pou tout patisipan yo te mete. Nan fason sa a, ran ak pozisyon sosyal te elimine, epi tout moun nan nòs la te ka fete ansanm kòm egal ego.12

Moun yo te envite sou gran chemen yo pou yo t al nan nòs la pa t ap gen tan ni mwayen pou yo te jwenn rad ki te apwopriye pou preparasyon yo pou evènman an. An konsekans, wa a te pwobableman bay envite yo rad ki te nan pwòp amwà pa li. Chak moun te gen opòtinite pou yo te abiye yo avèk rad wayal.13

Lè wa a te antre nan sal nòs la, li te gade asanble a epi l te remake imedyatman ke gen yon envite ki pa t abiye avèk rad nòs la. Yo te mennen moun nan, epi wa a te mande: “Zanmi, kouman ou fè antre isit la sa ou pa mete rad nòs la sou ou? Epi nonm nan pa di yon mo.”14 Esansyèlman, sa wa a te mande l sete, “Poukisa w pa mete yon rad nòs, malgre ke yo ba w yonn?”15

Aparaman, mesye sa a pa t abiye apwopriye pou okazyon espesyal sa a, epi, fraz “Epi li pa di yon mo,” a vledi ke li te san eskiz.16

Èldè James E. Talmage bay kòmantè enstriktif sa a sousiyifikasyon aksyon mesye sa a, “Kontèks la montre nou byen klè ke envite san rad nòs la te koupab neglijans, mank respè entansyonèl, oubyen kèk ofans ki te menm pi grav.” Okòmansman, wa a te plen byenveyans, li te sèlman mande poukisa mesye a te antre san rad nòs la. Si mesye a te ka eksplike aparans eksepsyonèl li a, oubyen li te gen nenpòt eskiz rezonab pou l te bay, se sèten ke l t ap ka pale; men, yo di nou, li pa t di yon mo. Envitasyon wa a te lanse libreman a tout moun sèvitè l yo te jwenn; men, yo chak te dwe antre nan palè wa a nan pòt la; epi avan yo te antre nan sal fèt la, kote wa a t apral parèt an pèsòn nan, chak moun t ap abiye konvenableman; men, sa ki te pa t abiye a, sanble l te antre pa yon lòt chemen; epi l pa t pase devan santinèl yo ki te nan pòt la, li sete yon ‘dasomann’.”17

Yon otè Kretyen, John O. Reid, te note ke mesye sa a ki te refize mete rad nòs la sete yon egzanp klè sou mank respè total pou wa a ak pitit gason l lan. Se pa paske l pa t gen yon rad nòs; okontrè, li te chwazi pou l pa t mete l. Li te fè rebèl e l te refize mete rad ki te apwopriye pou okazyon an. Reyaksyon wa a te rapid ak desizif: “Mare de pye l ak men l, voye l jete deyò nan fènwa a; se la l ap gen pou l kriye ak manje dan li.”18

Jijman wa a konsènan mesye a pa t baze prensipalman sou pa mete rad nòs la—men, sou lefèt ke li te detèmine pou l pa t mete l. Mesye a te renmen onè pou l te patisipe nan festen nòs la, men, li pa t vle suiv koutim wa a. Li te vle fè bagay yo nan fason pa l. Paske l pa t abiye nan fason apwopriye a, sa te demontre rebelyon nan kè li kont wa a ak enstriksyon l yo.”19

Anpil Moun Aple, men, se Sèlman Kèk Moun ki Chwazi

Parabòl la fini avèk vèsè penetran sa a, “Paske gen anpil moun ki aple, men, se sèlman kèk moun ki chwazi.”20

Sa k enteresan sèke Joseph Smith te fè ajisteman sa a nan vèsè ki nan Matye a nan tradiksyon enspire Bib la: “Paske anpil moun aple, men se sèlman kèk ki chwazi; se poutèt sa, se pa tout moun ki mete rad nòs la sou yo.”21

Envitasyon nan festen nòs la ak chwa pou patisipe nan festen an gen relasyon antreyo, men yo diferan. Envitasyon an adrese a tout gason ak tou fi. Yon moun ka menm aksepte envitasyon an epi l ka chita nan festen an—men yo pa chwazi l pou l patisipe paske li pa gen rad nòs apwopriye pou konvèti lafwa l nan Senyè a, Jezikri, ak nan gras divin Li. Konsa, nou gen apèl Bondye epi nou gen repons pa nou pou apèl sa a, epi gen anpil moun ki gen dwa aple, men, pa gen anpil yo chwazi.22

Chwazi oubyen vin chwazi se pa yon kondisyon eksepsyonèl ke yo konfere nou. Okontrè, oumenm avèk mwen ka chwazi pou Bondye chwazi nou atravè egzèse libète moral nou byen.

Silvouplè, note itilizasyon mo chwazi a nan vèsè familye sa yo ki nan Doktrin ak Alyans la:

“Gade, gen anpil moun ki aple, men, se kèk ki chwazi. Epi, poukisa yo pa chwazi?

“Paske kè yo tèlman chita sou bagay ki nan mond sa a, epi yo espere onè nan men lèzòm.”23

Mwen kwè ke enplikasyon vèsè sa yo toutafè senp. Bondye pa gen yon lis moun favori ke nou dwe espere non nou ap ajoute sou li yon jou. Li pa limite “moun chwazi ” yo a yon ti kantite. Okontrè, kè nou, dezi nou, lè nou onore alyans ak òdonans sakre levanjil yo, lè nou respekte kòmandman yo, epi, sa k pi enpòtan, gras redanmtè Sovè a, se sa k ap detèmine si wi ou non nou konte kòm moun Bondye chwazi.24

“Paske nou travay avèk dilijans pou nou ekri, pou nou pèsyade pitit nou yo ak frè nou yo, pou yo kwè nan Kris la, epi pou yo rekonsilye avèk Bondye; paske nou konnen se pa mwayen lagras nou sove apre tout sa nou kapab fè.”25

Nan pil okipasyon lavi kotidyèn nou yo ak nan ajitasyon mond modèn kote n ap viv la, nou ka distrè de bagay etènèl ki pi enpòtan yo, nan fè ke plezi nou, pwosperite nou, popilarite nou, ak pozisyon sosyal nou vin premye priyorite nou. Preokipasyon imedyat nou pou “bagay ki nan mond la” ak “onè lèzòm” ka fè nou renonse a dwadenès nou pou mwens pase yon ti kras soup.26

Pwomès ak Temwayaj

M ap repete konsèy Senyè a te bay pèp Li a palentèmedyè Pwofèt Aje nan Ansyen Testaman an: “Kounyea, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di; Byen kalkile fason n ap aji.”27

Nou chak ta dwe evalye priyorite tanporèl ak espirityèl nou yo sensèman epi, nan lapriyè, idantifye bagay nan lavi nou ki ka anpeche nou jwenn abondans benediksyon Papa nou ki nan syèl la ak Sovè a vle lage sou nou yo. Sentespri a ap ede nou pou nou wè tèt nou jan nou reyèlman ye a.28

Si nan fason apwopriye, nou chèche don espirityèl pou nou ka gen je pou nou wè ak zòrèy pou nou tande a,29 mwen pwomèt nou ke n ap beni avèk kapasite ak jijman pou ranfòse koneksyon alyans nou avèk Senyè ki vivan an. N ap resevwa pouvwa Bondye nan lavi nou tou30—epi alafen, n ap aple ak chwazi pou festen Senyè a.

“Reveye, reveye, mete fòs sou ou, O Siyon.”31

“Paske Siyon dwe grandi nan bèlte ak nan sentete; fwontyè l yo dwe laji; pye l yo dwe ranfòse; wi, an verite m di nou, Siyon dwe leve pou l mete bèl rad li yo sou li.”32

Mwen deklare temwayaj mwen ak lajwa sou divinite ak reyalite vivan Bondye, Papa Etènèl nou an ak Pitit Gason Byenneme l la, Jezikri. Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè nou ak Redanmtè nou, epi Li vivan. Epi tou, mwen temwaye ke Papa a ak Pitit Gason an te parèt devan Joseph Smith, sa ki te derape retablisman levanjil Sovè a nan dènye jou yo. Se pou nou chak chèche epi resevwa benediksyon je pou nou wè ak zòrèy pou tande, mwen priye, nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.