Konferans Jeneral
Jouk Li Fasil, epi Fado Li Lejè
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Jouk Li Fasil, epi Fado Li Lejè

An nou sonje ke chak moun sou tè a se yon pitit Bondye epi Li renmen chak youn nan yo.

Gen yon istwa sou yon mesye ki te rele Jak, li te gen yon bèl chyen lachas li te renmen ki te rele Cassie. Jack te tèlman fyè de Cassie ke l te konn vante de li pou fè konnen chyen an te gen anpil talan. Pou l te pwouve sa, Jack te envite kèk zanmi pou yo te vin gade Cassie ap travay. Apre yo te rive nan klib lachas la, Jack te kite Cassie al fè yon ti kouri pandan l t al andedan pou l te tcheke rezèvasyon li.

Lè tan an te rive pou yo te kòmanse, Jack te enpasyan pou l te montre bèl talan Cassie. Men, Cassie te gen yon konpòtman etranj. Li pa t obeyi okenn nan kòmand Jack yo kontrèman a jan l te konn fè nòmalman. Tout sa Cassie te vle fè sete rete bò kote li.

Jack te vin kontrarye ak anbarase ak fache kont Cassie; tousuit li te deside pou yo te kite kote a. Cassie pa t menm te vle sote monte dèyè kamyon an, konsa, avèk enpasyans, Jack te leve l epi l te vòltije l nan kaj li a. Sou tout chemen pou al lakay li a, Jack te ankòlè pandan lòt moun ki te avèk li yo t ap ri pou konpòtman chyen an. Jack pa t ka konprann poukisa Cassie te konpòte l si mal konsa. Li te byen antrene, epi tout anvi Cassie nan lepase sete pou fè Jack plezi ak sèvi li.

Lè l te rive lakay li, Jack te kòmanse egzamine Cassie pou l te wè si l te blese, si l te gen ti bout bwa, oubyen tik, li te konn jwenn pafwa sou chyen an. Lè l te mete men l sou pwatrin chyen an, li te santi yon bagay mouye epi l te wè men li te kouvri ak san. Wont ak laterè te anvayi l, lè l te wè Cassie te gen yon blesi byen laj rive jis nan mitan zo pwatrin li. Li te jwenn yon lòt sou pye dwat li, ki te rive jik nan zo tou.

Jack te kenbe Cassie nan bra l epi l te kòmanse kriye. Wont li te santi pou jan l te maljije ak maltrete Cassie a te twòp pou li. Cassie te aji nan yon fason inabityèl jou maten sa a paske li te blese. Konpòtman li te enfliyanse pa doulè li, ak soufrans li, ak blese l yo. Sa pa t gen anyen pou wè avèk yon mank dezi pou obeyi Jack oubyen yon mank lanmou pou Jack.1

Sa fè kèk ane depi m te tande istwa sa a men mwen pa janm bliye l. Konbyen moun blese nou genyen nan mitan nou? Konbyen fwa nou jije lòt moun baze sou aparans yo ak aksyon yo, oubyen mank aksyon yo, alòske, si nou te vrèman konprann, nou t ap reyaji avèk konpasyon pito ak yon dezi pou nou ede olye pou nou ajoute sou fado yo atravè jijman nou.

Plizyè fwa nan lavi m mwen te koupab de sa, men Senyè a te anseye m avèk pasyans atravè eksperyans pèsonèl ak nan okazyon kote mwen te tande ekspeyans lavi anpil lòt moun. Mwen te vin pi totalman apresye egzanp Sovè byenenme nou an kote Li te pran tout tan Li pou L te rann moun sèvis avèk lanmou.

Pi jèn pitit fi m nan ap lite anba pwoblèm sante emosyonèl depi l te tou piti. Te gen anpil fwa nan lavi l kote li te santi l pa t ka kontinye ankò. N ap toujou rekonesan pou zanj sou tè a ki te toujou la nan moman sa yo: pou chita avèk li; tande li; kriye avèk li; epi pataje ansanm avèk li don pèsonèl yo, konpreyansyon espirityèl yo, ak yon relasyon lanmou resipwòk. Nan sikonstans plen lanmou sa yo, fado te soulaje nan toulèdebò yo.

Pandan l t ap site 1 Korentyen, Èldè Joseph B. Wirthlin te di “Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m pa gen renmen nan kèm, bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k ap fè anpil bwi, pase yon klòch k ap sonnen.”2

Li te kontinye:

“Mesaj Pòl pou nouvo gwoup Sen yo te senp ak dirèk: Pa gen anyen w fè k ap pote anpil diferans si w pa gen charite. Ou ka pale tout lang, gen don pou konnen mesaj ki sòti nan Bondye, konprann tou sekrè kache, … gen tou kalite konesans; gen lafwa pou fè mòn yo chanje plas, si pa gen renmen nan kè w, ou pa anyen.

“‘Charite se lanmou pi Kris la’ [Mowoni 7:47]. Sovè a te demontre lanmou sa a.”3

Nan Jan nou li, “Si nou youn renmen lòt, se lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”4

Dirijan nou yo nan Legliz la bay anpil diskou sou charite, inite, lanmou, dousè, konpasyon, padon, ak mizèrikòd. Mwen kwè ke Sovè a ap envite nou pou nou viv yon fason ki pi elve, pi sakre fason pa5Li pou renmen, kote tout moun ka santi yo vrèman nan plas yo epi yo itil.

Nou resevwa kòmandman pou nou youn renmen lòt,6 epi pa jije yo.7 Annou mete chay lou sa a atè; se pa noumenm ki gen pou pote li.8 Olyesa, nou ka pran jouk lanmou ak konpasyon Sovè a sou nou pito.

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou, pran leson nan men mwen; …

“Paske, jouk mwenap ban nou an fasil pou pote, chay mwenap ban nou an pa lou.”9

Sovè pa tolere peche men li ofri nou lanmou Li epi li ofri nou padon lè nou repanti. Pou fi yo te kenbe nan adiltè a, Kris la te di, “Mwen menm tou, Mwen pa kondane w: ale, pa peche ankò.”10 Moun Li te touche yo te santi lanmou Li, epi lanmou sa a te geri yo ak transfòme yo. Lanmou Li te enspire yo pou yo te anvi chanje lavi yo. Viv nan fason pa Li pote lajwa ak lapè, epi Li envite lòt moun pou yo viv konsa avèk dousè, jantiyès, ak lanmou.

Èldè Gary E. Stevenson te di, “Lè nou ap afwonte van ak tanpèt, maladi ak blesi lavi yo, Senyè a—Bèje nou, Doktè nou an—ap nouri nou avèk lanmou ak bonte. L ap geri kè nou epi L ap retabli nanm nou.”11 Kòm disip Jezikri, èske nou pa ta dwe fè konsa tou?

Sovè a mande nou pou nou aprann de Li12 epi fè sa nou te wè L te fè.13 Li se charite pèsonalize, Li se lanmou pur. Pandan n ap aprann fè sa Li mande nou yo ti kras pa ti kras—pa paske se yon devwa e menm pa paske nou bezwen benediskyon nou ta ka resevwa, men paske nou renmen Limenm ansanm ak Pè Seles la14—lanmou Li ap koule atravè nou epi l ap fè tout sa Li mande nou yo vin non sèlman posib men alafen y ap vin pi fasil ak pi lejè15 epi y ap pote plis lajwa pase nou ta ka ka janm imajine. Sa ap mande pratik; sa ka menm pran anpil ane, tankou nan ka pa m, men, si nou gen menm yon dezi pou lanmou sa a vin fòs k ap motive nou, Li ka pran dezi sa a,16 , ti semans sa a, epi finalman fè l tounen yon bèl pyebwa, plen ak bon fwi.17

Nan youn nan kantik byeneme nou yo, nou chante: “Puis je juger mes semblables, moi qui ne suis pas parfait (Èske m ka jije sanblab mwen, mwenmenm ki pa menm pafè)? Je ne peux lire en leur âme leurs chagrins ni leurs secrets (Mwen pa ka li ni chagren yo ni sekrè yo).”18 Kiyès nan nou ki gen chagren ki kache? Yon adolesan ki sanble l rebèl, yon pitit divòs, yon manman oubyen papa selibatè, moun ki gen difikitle fizik oubyen mantal yo, moun ki ap kesyone lafwa yo, moun ki sibi prejije rasyal oswa kiltirèl yo, moun ki santi yo poukont yo, sa ki ta anvi marye yo, sa ki gen pwoblèm adiksyon yo, ak si anpil lòt ki ap fè fas a yon gwo varyete eksperyans difisil nan lavi a—souvan menm moun ke lavi yo parèt pafè an sifas.

Okenn nan nou pa gen yon lavi ki pafè ni fanmi ki pafè; pa mwenmenm antouka. Lè nou chèche gen konpasyon pou lòt moun ki yomenm tou ap fè eksperyans pwoblèm ak enpèfeksyon, sa ka ede yo santi yo pa poukont yo nan lit yo genyen yo. Tout moun bezwen santi ke yo vrèman nan plas yo epi yo bezwen yo nan kò Kris la.19 Gran dezi Satan se pou l mete divizyon ant pitit Bondye yo, e li trè bon nan sa, men gen gwo pouvwa nan inite.20 Ala nou bezwen mache men nan lamen youn ak lòt nan vwayaj difisil sa a sou chemen mòtalite a!

Pwofèt nou, Prezidan Russell M. Nelson, te di, “Nenpòt abi oubyen prejije kont yon lòt akoz nasyonalite, ras, oryantasyon seksyèl, sèks, nivo edikasyon, kilti, oubyen tout lòt faktè ki idantifye yon moun se yon ofans nan je Mèt nou an! Move tretman sa yo fè nou viv anba nivo nou kòm pitit gason ak pitit fi alyans Li!”21

Pandan Prezidan Nelson t ap envite nou pou nou antre epi rete nan chemen alyans ki ap mennen nou tounen al jwenn Sovè nou ak Pè Selès nou an, li te ofri nou konsèy sa a tou: “Si zanmi ak fanmi nou … elwanye yo de legliz la, kontinye renmen yo. Se pa plas ou pou w jije chwa yon lòt moun menmjan ou pa merite pou lòt moun kritike w paske w rete fidèl.”22

Zanmi m yo, an nou sonje ke chak moun sou tè a se yon pitit Bondye23 epi Li renmen chak youn nan nou.24 Èske gen moun sou chemen w ke w santi w gen tandans pou w jije? Si wi, sonje ke se yon bon opòtinite pou chak nan nou fè pratik avèk renmen jan Sovè a renmen an.25 Si nou suiv egzanp Li, nou kapab atache avèk Li epi ede ankouraje yon santiman lanmou ak apatenans nan kè tout pitit Papa a.

“Nou renmen li, paske li te renmen nou an premye.”26 Lè nou ranpli ak lanmou Sovè a, jouk Li vrèman kapab vin fasil, epi nou kapab santi fado L vin pi lejè.27 Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.