Konferans Jeneral
Konstwi yon Lavi ki Kapab Reziste Anba Advèsè a
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Konstwi yon Lavi ki Kapab Reziste Anba Advèsè a

Mwen priye pou nou ka kontinye konstwi lavi nou selon plan ak espesifikasyon teknik plan diven Papa nou ki nan Syèl la ba nou yo.

Atravè pil ane yo, sou bèl chè sa a nan Sant Konferans lan, nou resevwa bèl konsèy, enspirasyon, enstriksyon, ak revelasyon. Pafwa, oratè yo konn itilize konparezon ki asosye avèk domèn konesans yo ak eksperyans yo pou yo ka pi klèman e avèk puisans ilistre yon prensip nan levanjil Jezikri a.

Nan fason sa a, pa egzanp, nou konn tande pale de avyon ak vòl kote yon ti devyasyon inisyal kapab mennen nou yon andwa ki lwen destinasyon orijinal nou an.1 Nan fason sa a tou, nou aprann apati konparezon ant fonksyonman kè fizik nou avèk chanjman kè puisan ki nesesè pou nou ka reponn a envitasyon Senyè a pou nou suiv Li a.2

Fwa sa a, avèk tout imilite m, mwen ta renmen ajoute yon konparezon enspire ki soti nan domèn preparasyon pwofesyonèl mwen. M ap pale de domèn jeni sivil la. Depi nan kòmansman etid inivèsitè mwen, mwen te reve jou kote m t apral ranpli kondisyon yo te mande pou m te kalifye pou m te pran klas ki t apral ansenye m kijan pou m te konsevwa edifis ak lòt estrikti ke nou ta ka konsidere kòm “antisismik” yo.

Jou a te rive finalman pou premye kou m sou sijè sa a. Premye mo pwofesè a te di se te: “Siman nou enpasyan pou nou kòmanse kou sa a epi pou nou aprann kijan pou nou konsevwa estrikti antisismik,” epi anpil nan nou te kouri souke tèt nou pou nou te di wi. Apre sa pwofesè a te di: “Mwen dezole pou m di nou ke sa pa posib, paske mwen pa ka ansenye nou kijan pou nou konsevwa yon edifis ki kont, ki ‘anti,’ oubyen ki opoze a tranbleman tè. Li te di, “Sa pa fè okenn sans,” “paske tranbleman tè ap pase kanmèm, ke nou renmen l ou pa.”

Apre sa li te ajoute: “Sa m ka ansenye nou se kijan pou nou konsevwa estrikti ki ka reziste anba sekous sismik, estrikti ki kapab reziste anba fòs ki soti nan yon tranblemann tè, pou estrikti a ka rete kanpe san l pa sibi okenn domaj grav epi apre sa pou l kapab kontinye bay sèvis yo te konsevwa l pou l bay la.”

Enjenyè a fè kalkil ki detèmine dimansyon, kalite ak karakteristik fondasyon yo, poto yo, pout yo, dal beton yo, avèk lòt eleman nan estrikti ke y ap konsevwa a. Rezilta sa yo vin transfòme sou fòm plan ak espesifikasyon teknik ke konstriktè a dwe suiv avèk anpil atansyon pou travay la ka materyalize epi konsa pou l ka akonpli objektif ki fè yo te konsevvwa l ak konstwi l la.

Byenke sa gen plis pase 40 tan depi premye kou geni sa a sou rezistans sismik lan te fèt, mwen sonje pafètman moman kote m te kòmanse vin gen yon konpreyansyon pi apwofondi, pi konplè sou jan l enpòtan anpil pou konsèp sa a ta kapab prezan nan estrikti ke m t apral konsevwa nan lavi pwofesyonèl mwen nan lavni. Pa sèlman sa, men pi enpòtan ankò—sèke konsèp sa a t ap toujou prezan nan edifikasyon pwòp lavi pa m ak nan lavi moun ke m ta kapab enfliyanse nan yon fason pozitif.

Ala beni nou beni paske nou ka konte sou konesans nou konsènan plan sali Papa nou ki nan Syèl la te kreye a, paske nou gen levanjil retabli Jezikri a, epi tou paske nou konte sou direksyon enspire pwofèt ki vivan! Tout sa m sot mansyone la yo fòme “plan” ki te konsevwa divinman ak “espesifikasyon teknik” ki ansenye nou klèman kijan pou nou konstwi lavi kè kontan—lavi ki reziste anba peche, ki reziste anba tantasyon, ki reziste anba atak Satan, ki ap chèche dezespereman pou l anpeche desten etènèl pou nou ansanm avèk Papa nou ki nan Syèl la epi avèk fanmi nou renmen anpil yo.

Sovè a Limenm te di nan kòmansman ministè L la ke Li “te ekspoze anba tansyon dyab la.”3 Men Jezi te soti avèk siksè nan gwo eprèv sa a. Kijan atitid anti-Satan oubyen anti-tantasyon Li te genyen an te sèvi L? Sa ki te fè Jezi te soti venkè nan moman ki te pi difisil sa yo sete preparasyon espirityèl Li, ki te pèmèt Li an kondisyon pou L te reziste anba tantasyon advèsè a.

Ki faktè ki te ede Sovè a prepare L pou moman desizif sa a?

Premyèman, Li te jene pandam 40 jou ak 40 nuit, yon jèn ki te siman akonpanye pa lapriyè san rete. Konsa, malgre Li te fèb fizikman, lespri Li te trè fò. Menmsi, erezman, yo pa mande nou pou jene pandan tout tan sa a—de preferans pandan sèlman 24 èdtan epi yon fwa pa mwa—jene pote pou nou fòs espirityèl epi li prepare nou pou nou ka reziste anba eprèv yo nan lavi sa a.

Dezyèmman, nan resi yo bay sou tantasyon Sovè a te sibi yo, nou wè ke Li te toujou reponn Satan avèk ekriti yo nan lespri Li, Li te site yo, epi Li te aplike yo nan bon moman an.

Lè Satan te tante L pou L te fè wòch la tounen pen an pou Li te satisfè grangou l la akoz Li t ap jene lontan, Senyè a te di l, “Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.”4 Apre sa, lè Senyè a te kanpe sou fetay tanp lan, dyab la te eseye tante Li pou L te demontre pouvwa L, Senyè a te reponn avèk otorite: “Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe sonde Mèt la, Bondye ou.”5 Epi nan twazyèm tantativ Satan an, Senyè a te reponn: “Men sa ki ekri, Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.”6

Evenman yon tranbleman tè ap kite mak li menm sou edifis ki te konsevwa e konstwi nan fason kòrèk yo—avèk konsekans tankou kèk fay, mèb oubyen plafon ki tonbe, fenèt kraze. Men edifis sa a ki te byen konsevwa ak byen konstwi a ap toujou ka ranpli wòl li ki se pwoteje okipan l yo epi, avèk kèk reparasyon, l ap retounen vin jan l te ye anvan an.

Menm jan an tou, sekous repete advèsè a kapab lakoz “fisi” oubyen kèk dega pasyèl nan lavi nou, malgre efò nou pou nou konstwi lavi nou annakò avèk konsepsyopn diven pafè a. “Fisi” sa yo kapab manifeste atravè santiman tristès oubyen remò paske nou te komèt kèk erè epi nou pa t fè tout bagay pafètman, oubyen paske nou santi ke nou pa bon nan nivo nou ta vle a.

Men sa ki vrèman enpòtan sèke paske nou suiv plan ak espesifikasyon ki te konsevwa divinman yo, ki se, levanjil Jezikri a, n ap toujou rete kanpe. Estrikti lavi nou pa t demoli akozde efò advèsè a oubyen sitiyasyon difisil ke nou te oblije fè fas yo; okontrè, nou pare pou nou avanse pi devan.

Nou pa ta dwe konprann ke lajwa yo pwomèt nan ekriti yo kòm bi egzistans nou an7 vledi ke nou p ap gen difikilte oubyen chagren, ke nou p ap gen “fisi” kòm konsekans tantasyon, kòm konsekans advèsite, oubyen ki soti nan vrè eprèv lavi nou sou tè a.

Lajwa sa a sanble avèk pèspektiv Nefi sou lavi a lè l te di: “E m te wè anpil afliksyon nan lavi m, men Senyè a te favorize m anpil nan tout lavi m.”8 Tout lavi li! Menm nan jou kote Nefi te soufri pandan enkonpreyansyon ak rejè pwòp frè l yo, menm lè yo te mare l sou bato a, menm nan epòk papa l, Leyi, te mouri a, menm lè Laman ak Lemyèl te vin tounen enmi mòtèl pèp li a. Menm nan jou difisil sa yo, Nefi te santi Senyè a te favorize l anpil.

Nou ka gen trankilite paske nou konnen ke Senyè a p ap janm pèmèt nou sibi tantasyon ki depase sa nou kapab sipòte. Alma envite nou pou nou “veye e pou nou priye tout tan, pou [nou] kapab pa tante plis pase nou kapab sipòte, e konsa, pou Lespri Sen an dirije nou pou nou kapab vin enb, pou nou kapab vin dou, pou nou kapab soumi, pasyan, pou nou kapab chaje avèk lanmou ak andirans.”9

Menm bagay sa a ka aplike nan eprèv lavi yo tou. Amon fè nou sonje pawòl Senyè a: “Ale … epi sipòte afliksyon nou yo avèk pasyans, e m ap fè nou gen siksè.”10

Senyè a toujou ofri nou èd lè n ap fè fas avèk advèsite, tantasyon, enkonpreyansyon, enfimite, e menm lanmò. Li te di: “Epi kounyeya, an verite m di nou, epi sa m di youn, m di tout moun, fè kè nou kontan, timoun piti m yo; paske m nan mitan nou, epi m pa abandone nou.”11 Li pap janm abandone nou!

Mwen priye pou nou ka kontinye konstwi lavi nou selon plan ak enstriksyon teknik plan diven Papa nou an prepare pou nou yo e ki akonpli atravè Sovè nou an, Jezikri. Konsa, atravè lagras n ap rive jwenn atravè sakrifis Ekspyatwa Sovè nou an, n ap gen siksè pandan n ap konstwi yon lavi ki reziste anba peche, ki reziste anba tantasyon, epi ki fòtifye pou andire moman tris ak difisil yo nan lavi nou. Epi ankò, nou ap ranpli kondisyon pou nou gen aksè a tout benediksyon yo pwomèt nou atravè lanmou Papa nou an ak Sovè nou an. Nan non Jezikri, amèn.