Konferans Jeneral
Modèl lavi yon disip
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Modèl lavi yon disip

Lè nou aprann konnen Kris la ak fason Li fonksyone, sa ap pèmèt nou konnen L ak renmen Li.

Modèl lafwa

Maten an, nan Amerik DiNò a, de nan pitit mwen yo ak twa pitit pitit, e apeprè mwatye moun nan mond lan, te wè limyè solèy la leve majestyezman a lès. Twa lòt pitit ak sèt pitit pitit an Afrik, ak lòt mwatye mond lan, te wè obskirite desann piti piti sou yo, pandan ke solèy la t ap rantre dèyè orizon an a lwès.

Konstans etènèl renouvèlman jou ak nuit sa a se yon rapèl kotidyen sou reyalite ki gouvène lavi nou ke nou pa kapab chanje. Lè nou respekte reyalite etènèl sa yo epi nou aliyen tout sa n ap fè avèk yo, nou jwenn lapè enteryè ak amoni. Lè nou pa fè sa, nou destabilize, epi bagay yo pa mache jan nou te prevwa yo.

Lajounen ak lannuit se yon egzanp sou modèl Bondye bay tout moun ki janm viv sou tè a, sou fason bagay yo reyèlman ye. Se yon verite absoli nan egzistans imèn nan ke nou pa kapab negosye selon pwòp dezi pa nou san nou pa sibi konsekans yo. Mwen raple m sa chak fwa m pran avyon soti an Afrik pou m vin nan konferans jeneral, sa rekile òlòj biyolojik mwen de 10 èdtan nan yon jounen.

Chak fwa nou vle pote atansyon, nou wè ke Pè Selès la ba nou ase temwen sou laverite pou gouvène lavi nou, pou nou ka konnen L epi jwenn benediksyon lapè ak lajwa.

Atravè Pwofèt Joseph Smith, Lespri Senyè a afime: “Epi ankò, m ap ba nou yon modèl nan tout bagay, pou nou pa egare; paske Satan tout kote sou tè epi l ale pou l twonpe nasyon yo.”1

Koriyò, antekris la, te pran nan pyèj sa a, li pa t kwè nan egzistans Senyè a ak nan vini Kris la. Pwofèt Alma te temwanye l: “Tout bagay demontre egzistans yon Bondye; wi, menm tè a ak tout sa ki sou sifas li; wi, ak mouvman li, wi, epi tou ak tout planèt k ap fè mouvman regilye nan jan pa yo, yo temwaye gen yon Kreyatè ki Siprèm.”2

Lè Koriyò te ensiste pou yo te ba li yon siy anvan li te kwè, Alma te fè l vin bèbè. Paske afliksyon an te fèl vin gen imilite, Koriyò te konfese ouvètman ke sete dyab la ki te twonpe l.

Nou pa bezwen kite yo twonpe nou. Mirak sou egzistans lavi entelijan an ap dewoule san rete devan je nou. Yon senp obsèvasyon ak refleksyon sou mèvèy syèl yo ki anbeli pa yon kantite zetwal ak galaksi moun pa ka konte, pouse nanm yon kwayan pou l chante pawòl bèl kantik sa a “Bondye mwen, … Ala ou gran (Mon Dieu … Que tu es grand!”3

Wi, Bondye, Papa nou ki nan syèl la vivan, epi Li manifeste L a nou tout tan nan plizyè fason.

Modèl imilite

Men, pou nou kapab rekonèt, kwè, epi demere nan Senyè a, kè nou dwe reseptif a Lespri verite a. Alma anseye ke imilite vini anvan lafwa.4 Mòmon te ajoute ke li enposib pou yon moun ki pa gen yon “kè dou ak enb” gen lafwa ak esperans pou resevwa Lespri Bondye a.5 Wa Benjamen te deklare ke yon moun ki bay glwa mond lan priyorite se yon “ènmi Bondye.”6

Lè L te aksepte rantre nan dlo batèm nan pou L te akonpli tout jistis malgre ke L te jis ak sen an, Jezikri te demontre ke imilite devan Bondye se yon kalite ki fondamantal nan disip Li yo.7

Tout nouvo disip oblije demontre imilite devan Bondye atravè òdonans batèm nan. Konsa, “Tout moun ki imilye yo devan Bondye, epi ki vle abatize, epi ki vini avèk yon bkè brize ak yon lespri kontri … yo dwe resevwa yo pa mwayen batèm nan legliz li a.”8

Imilite pouse kè disip la vè repantans ak obeyisans. Lè sa a, Lespri Bondye kapab pote verite a nan kè sa a, epi l ap ka antre ladan l.9

Se mank imilite ki kontribiye plis nan akonplisman pwofesi Apot Pòl la nan dènye jou sa yo:

“Paske, Moun pral grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y ap pale Bondye mal, y ap dezobeyi papa ak manman yo, y ap engra, y ap san okenn respè pou bagay Bondye.

“Kè yo ap di, y ap san pitye, y ap pale moun mal, y ap fè gwo kòlè, y ap brital. Yo p ap vle wè sa ki byen menm.”10

Envitasyon Sovè a pou nou aprann de Li a se yon envitasyon pou detounen nou de tantasyon mond lan epi pou nou vini menm jan avèk Li—dou ak enb nan kè, epi gen imilite. Lè sa a, n ap kapab pran jouk Li sou nou epi dekouvri ke li fasil, ke lavi disip la se pa yon fado men yon lajwa, jan Prezidan Nelson anseye nou plizyè fwa avèk elokans lan.

Modèl lanmou

Lè nou aprann konnen Kris la ak fason Li fonksyone, sa ap pèmèt nou konnen L ak renmen Li.

Li montre atravè egzanp Li ke, avèk yon atitid imilite, li efektivman posib pou nou konnen ak renmen Bondye, Papa a ak tout kè nou, epi renmen lòt menmjan nou renmen tèt nou, san okenn rezèv. Ministè Li sou tè a, kote li te mete alafwa volonte L ak kò L sou otèl la, sete yon modèl pou aplikasyon prensip sa yo, ki se fondman levanjil Li a. Toulède prensip sa yo gade sou sa ki eksteryè ak sou fason relasyon nou avèk lòt moun, e non pa sou chèche gratifikasyon oswa laglwa pèsonèl.

Sa ki se yon paradòks nan mirak sa a, sèke, lè nou konsantre tout efò nou pou nou renmen Bondye ak lòt moun, n ap kapab dekouvri vrè valè diven pa nou, kòm pitit gason ak pitit fi Bondye, avèk lapè ak lajwa total eksperyans sa a pote.

Nou vin fè youn avèk Bondye epi youn avèk lòt atravè lanmou ak sèvis. Lè sa a, nou kapab resevwa temwanyaj Sentespri a sou lanmou pi sa a, fwi Leyi te di ki “pi dous pase tout sa li te janm goute anvan.”11

Kouwòn Kris la te resevwa nan bay ak fè tout sa L te kapab pou etabli modèl lanmou Papa a ak renmen nou an sete resevwa tout pouvwa, menm tout sa Papa a genyen, ki se ekzaltasyon.12

Opòtinite nou genyen pou nouri nan nanm nou yon lanmou dirab pou Bondye ak pou pwochen nou an kòmanse nan fwaye a avèk abitid sen tankou konekte nou chak jou avèk Papa a nan priyè pèsònèl ak familyal nou fè nan non Sèl Pitit Gason Literal Li a, aprann sou Yo ansanm atravè etid ekriti endividyèl ak familyal, respekte jou Saba a ansanm, epi nou chak genyen yon rekòmandasyon tanp ki valid, epi nou itilize l ansanm osi souvan ke nou kapab.

Pandan ke nou chak ap pwogrese endividyèlman nan konesans ak lanmou Papa a ak Pitit Gason an, apresyasyon ak lanmou nou youn pou lòt ap grandi. Kapasite pou nou renmen ak sèvi lòt moun ki pa nan fwaye nou ap ogmante anpil.

Sa nou fè nan fwaye a se sa ki vrè tès pou yon lavi disip ki dirab epi ki gen lajwa. Pi bèl benediksyon nan levanjil retabli a ke madanm mwen, Gladys, avèk mwen resevwa nan fwaye nou yo soti nan aprann konnen ak onore Bondye nan fwaye a epi pataje lanmou Li avèk posterite nou.

Modèl Sèvis

Lanmou pou Bondye ak sèvis youn pou lòt ki nouri nan fwaye a, ak sèvi lòt moun andeyò fwaye a grandi avèk letan pou vin tounen charite.

Sa mache byen avèk modèl sèvis konsakre nan wayòm Bondye a ke pwofèt ak apot vivan yo prezante devan nou yo. Nou vin fè youn avèk yo.

Lè sa a, nou vin gen kapasite pou ke, atravè yo, nou vire gade Senyè a nan “tout panse nou,” konsa nou “p ap gen dout” ni “gen laperèz.”13

Tankou pwofèt ak apot vivan Senyè a yo, nou kapab avanse devan avèk “zantray nou … tou chaje avèk charite pou tout moun, ak … pou frè ki gen lafwa, [avèk] vèti [ki gani] panse nou san rete; … [epi] konfyans [nou ap grandi] anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap [koule] nan [nanm nou] tankou lawouze ki soti nan syèl la.”

Avèk pwofèt ak apot vivan Senyè a yo, nou menm tou nou kapab rantre nan yon sèk vètye lafwa ki ranfòse pa yon sèvis konsakre kote “Sentespri a ap konpayon [nou] tout tan, pwoteksyon [nou] san chanje, pwoteksyon lajistis [nou] ak verite [nou]; epi dominasyon [nou] ap yon dominasyon etènèl, epi san presyon l ap [koule] vin jwenn [nou] pou toujou e ajamè.”14 Paske sa se pwomès plan Papa a. Nan non Jezikri, amèn.