Konferans Jeneral
Vèti Pawòl la
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Vèti Pawòl la

Gen vèti nan pawòl pwofèt tan lontan ak pwofèt modèn yo presizeman paske pawòl yo se pawòl Senyè a.

Nan Liv Mòmon an, nou li sou yon kokennchen desizyon pwofèt Alma te pran nan yon vèsè ekriti mwen renmen anpil. Anvan m reprann mo familye sa yo, tanpri konsidere avèk mwen sikonstans difisil kote li te pran desizyon sa a.

Yon pati moun, ki te rele tèt yo Zoramit, te separe ak Nefit yo1 epi yo te rasanble nan fwontyè peyi ki te tou pre Lamanit yo.2 Nefit yo te fèk ranpòte laviktwa sou Lamanit yo nan yon batay san presedan kote te gen plizyè dizèn milye moun ki te mouri,3 epi yo te “pè anpil pou Zoramit yo pa t rantre an relasyon avèk Lamanit yo, epi pou sa ta pral lakoz yon gwo pèt.”4 Apa enkyetid sou lagè a, Alma te aprann ke Zoramit yo, ki “te gen pawòl Bondye ki te preche nan mitan yo,”5 te retounen al nan adore idòl epi “yo t ap defòme pawòl Senyè a.”6 Tout bagay sa yo te peze lou sou Alma epi yo te “lakòz yon gwo tristès.”7

Pandan l te retwouve l nan sikonstans konplèks ak difisil sa yo, Alma te reflechi sou kisa ki te dwe fèt. Nan desizyon l lan, nou li pawòl ki te prezève pou enspire ak enstwi nou pandan n ap navige nan mitan sikonstans konplèks ak difisil epòk nou yo.8

“Epi kounyeya, kòm predikasyon pawòl la te gen tandans mennen pèp la fè sa ki jis—wi, li te gen pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase epe, oubyen pase nenpòt lòt bagay ki te pase yo—se poutèt sa, Alma te panse li te nesesè pou yo te eseye aplike vèti ki gen nan pawòl Bondye a.”9

Pami anpil solisyon ki te posib, lafwa Alma te fè l konte sou pouvwa pawòl la. Se pa yon koyensidans lè nou wè ke kèk nan diskou ki pi puisan nou jwenn nan ekriti yo te preche tousuit apre desizyon sa a. Nan chapit 32 ak 33 nan Alma a, nou li yon kokennchen diskou sou lafwa nan Senyè Jezikri, epi nan chapit 34 la nou jwenn ansèyman enpòtan Amilèk yo sou Ekspiyasyon Jezikri a.

Ilistrasyon sou Vèti Pawòl la

Anfèt, atravè ekriti yo, nou li istwa sou benediksyon mirakile ki te devèse sou moun ki te chwazi pou yo eseye vèti pawòl Bondye a nan lavi yo.10 Mwen envite nou pou n medite sou twa egzanp avèk mwen pandan n ap konsantre nou sou Liv Mòmon an—yon liv Prezidan Russell M. Nelson dekri kòm “gid dènye jou pou sivi nou.”11

Premyèman, pou l te raple pèp li a kijan Senyè a te delivre zansèt yo, Alma te anseye: “Gade, li te chanje kè yo; wi, li te reveye yo anba yon gwo somèy, e yo te reveye nan Bondye. Gade, yo te nan mitan fènwa; e nanm yo te klere avèk limyè pawòl etènèl la.”12 Petèt ou santi se kòmsi w te nan mitan yon fènwa. Èske nanm ou gen yon gwo bezwen limyè? Si repons lan se wi, tanpri eseye vèti pawòl Bondye a.

Dezyèman, pandan l t ap reflechi sou konvèsyon Lamanit yo nan Senyè a, ke l te temwen kòm yon misyonè, Amon te di, “Gade, konbyen milye nan frè nou yo li te demare anba doulè lanfè; e sa te pouse yo chante lanmou Redanmtè a ak sa akozde pouvwa pawòl liki nan nou.13 Frè m ak sè m yo, gen anpil nan pami nou ki ta byen renmen pou yon moun nou renmen vin chante lanmou redanmtè a. Nan tout efò nou yo, an nou sonje pou n eseye vèti pawòl Bondye a, ki nan nou.

Twazyèman, nan Liv Elaman an nou li: “Wi, nou wè tout moun ki vle yo kapab pran pawòl Bondye a, pawòl sa a ki rapid e ki gen pouvwa, ki gen pou l sote tout mètdam, ak pyèj, ak vire tounen dyab la fè de bout, pou l mennen moun Kris la nan yon chemen etwat e kwense, pou l kapab janbe sou tèt gouf mizè etènèl … ki pare pou anglouti mechan yo … epi, pou fè nanm yo ateri, oubyen pou fè nanm imòtèl yo ateri abò kote dwat Bondye nan wayòm syèl la.”14 Èske w ap chèche koupe tout riz ak tout pyèj ak tout atrap dyab la ki si prezan nan filozofi epòk nou yo? Èske w vle elimine nyaj konfizyon ki rive akoz twòp kantite enfòmasyon yo pou w ka konsantre w pi espesyalman sou chemen alyans lan? Tanpri eseye vèti pawòl Bondye a.

Kòm yon moun ki chanje pa pouvwa pawòl la, mwen kapab temwanye pèsonèlman sou verite sa a ke pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson anseye nan si bèl fason sa a: “Pou mwenmenm, puisans Liv Mòmon an pi evidan nan chanjman puisan ki vini nan lavi moun ki li l ‘avèk yon kè sensè, avèk entansyon reyèl, epi avèk lafwa nan Kris la.’ Anpil moun ki konvèti abandone anpil bagay ki te enpòtan pou yo pou yo kapab respekte presèp liv sa a. … L ap vin tounen enstriman ki pi efikas ou pou mennen nanm bay Jezikri.”15

Sous Vèti a

Nan egzanp sa yo ak lòt ankò, nou temwen vèti pawòl Bondye a nan lavi pitit Li yo. Nou ta kapab mande: ki sous vèti oswa pouvwa sa a?

Pandan n ap reflechi sou kesyon sa a, li enpòtan anpil pou nou sonje ke ekspresyon “pawòl la,” jan yo itilize l nan ekriti a, gen omwen de sans. Sa pa gen lontan Èldè David A. Bednar te anseye ke “youn nan non Jezikri se ‘Pawòl la,’” epi li te ajoute ke “ansèyman Sovè a, jan yo ekri nan ekriti sent yo, se ‘pawòl la.’” tou16

Pwofèt Nefi te ilistre relasyon ki genyen ant de siyifikasyon sa yo lè l te ekri: “Koute pawòl sa yo e kwè nan Kris la; e si nou pa kwè nan pawòl sa yo, kwè nan Kris la. Epi si nou kwè nan Kris la, n ap kwè nan pawòl sa yo, paske yo se pawòl Kris la e li te ban mwen yo.”17 Konsa, nou aprann ke gen vèti nan pawòl pwofèt tan lontan ak pwofèt modèn yo presizeman paske pawòl yo se pawòl Senyè a.18 Chè zanmi m yo, aksepte verite etènèl sa a enpòtan anpil pou sivi espirityèl nou nan dènye jou yo19 kote, jan sa te pwofetize a, gen “yon sèl grangou sou peyi a. Se p ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y a kouri. Men, se mesaj ki soti nan bouch Seyè a ya anvi tande.”20

Finalman, vèti pawòl Bondye a se Senyè a, Jezikri.21 Lè nou konprann sa pi totalman, nou kapab etabli yon koneksyon etènèlman siyifikatif ant wòl pwofèt Li yo ak Redanmtè a Limenm. Lanmou nou pou li, dezi nou genyen pou nou vin pi pre L epi pou nou demere nan lanmou Li,22 ap motive nou pou eseye vèti pawòl la nan lavi nou—alafwa vèti ki soti nan Limenm kòm Sovè ak Redanmtè pèsonèl nou an23 ak vèti ki soti nan Li atravè “veso Senyè a chwazi yo.”24 N ap fini pa konprann ke, osi itil ke lòt sous ka ye nan etid nou sou Sovè a ak pawòl pwofèt Li yo, sous sa yo pa dwe janm ranplase moun sa yo. Nou dwe bwè pwofondeman epi souvan25 dirèkteman nan sous la.26

Frè m ak sè m yo, mwen eksprime lanmou m pou chak nan nou. Nan lanmou sa a, mwen sipliye nou pou nou fè eksperyans vèti pawòl Bondye a, atravè Liv Mòmon an, chak jou nan lavi nou. Pandan n ap fè sa, nou pral fè eksperyans avèk pwomès pwofesik sa a Prezidan Russell M. Nelson te bay la: “Mwen pwomèt ke si nou etidye Liv Mòmon an nan lapriyè chak jou, nou va pran pi bon desizyon—chak jou. Mwen pwomèt ke si nou medite sou sa nou etidye yo, fenèt syèl yo ap ouvri, epi n ap resevwa repons pou pwòp kesyon nou yo ak direksyon pou lavi nou. Mwen pwomèt ke si nou plonje nou chak jou nan Liv Mòmon an, n ap kapab jwenn pwoteksyon kont tout mal ki nan epòk an.”27

Mwen temwanye ke Pè Selès la ba nou pawòl la paske Li renmen nou yon fason ki pafè, epi Li vle pou chak grenn nan nou retounen lakay pou al viv avèk Li pou toujou. Mwen temwaye ke “Pawòl la … tounen chè,”28 Jezikri menm, epi mwen temwaye de pouvwa Li pou sove nou ak rachte nou. Mwen konnen ke vèti Li la ap devèse atravè pawòl pwofèt Li yo, ni pwofèt lepase yo ni pwofèt aktyèl yo.

Priyè ki nan kè m se pou nou ka gen sajès ak imilite pou nou kenbe fèm29 nan pawòl Bondye a epi rete nan chemen alyans ki ap mennen nan ekzaltasyon ak lavi etènèl la.30 Mwen swete pou nou kontinye fè eksperyans chanjman puisan ki disponib pou nou chak atravè vèti Pawòl la.31 Nan non Jezikri, amèn.