Konferans Jeneral
Pou Yo Kapab Konnen Ou
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Pou Yo Kapab Konnen Ou

(Jan 17:3)

Dezi sensè mwen se pou nou vin konnen Jezi atravè pil non yo rele L yo epi pou nou ka vin tankou Li.

Sa gen kèk ane, mwen te fè yon eksperyans ki te chanje lavi m pandan yon reyinyon sentsèn nan pawas lakay nou nan Arizona. Jan priyè sentsèn nan mansyone dispozisyon nou pou “pran sou [noumenm] non [Jezikri]”1 a, Sentespri a te raple m ke Jezi gen plizyè non. Kesyon sa a te vin nan kè m: “Kiyès nan non Jezi yo ke m ta dwe pran sou tèt mwen semèn sa a?”

Twa nan non Jezi yo te vini nan lespri m, epi mwen te ekri yo. Chak nan twa non sa yo gen kèk kalite kretyèn ke m te vle devlope pi konplètman. Nan semèn ki te suiv la, mwen te konsantre m sou twa non sa yo epi m te eseye adopte kalite ak karakteristik ki gen rapò avèk yo. Depi lè sa a, mwen kontinye poze kesyon sa a kòm yon pati nan adorasyon pèsonèl mwen: “Kiyès nan non Jezi yo mwen ta dwe pran sou tèt mwen semèn sa a?” Repons pou kesyon sa a ak efò m pou m te devlope kalite kretyèn ki gen rapò avèk yo a te beni lavi mwen.

Nan gwo Priyè Entèsesyon L lan, Jezi te eksprime verite enpòtan sa a: “Epi lavi ki p ap janm fini an, se pou yo konnen ou ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a, Jezikri.”2 Jodia a mwen ta renmen pataje avèk nou benediksyon ak pouvwa ki soti nan konnen Jezikri atravè plizyè non L yo.

Yon fason senp pou nou aprann konnen yon moun se aprann non li. Yo di ke “non yon moun reprezante pou moun sa a son ki pi dous ak pi enpòtan nan nenpòt lang lan.”3 Èske w janm fè eksperyans rele yon moun sou yon lòt non oubyen bliye non l? Madanm mwen, Alexis, ansanm avèk mwen, pafwa, te konn rele youn nan pitit nou yo “Lola.” Malerezman, jan nou petèt devine, Lola se chyen nou an! An byen ou an mal, lè w bliye non yon moun, sa fè moun sa a pwobableman panse ke w petèt pa konnen l trè byen.

Jezi te konnen epi Li te rele moun yo nan non yo. A ansyen Izrayèl la, Senyè a te di, “Nou pa bezwen pè anyen! M ap toujou pwoteje nou, Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a; Se pou mwen nou ye.”4 Nan maten jou Pak la, temwayaj Mari sou Kris resisite a te vin pi solid lè Jezi te rele l pa non li.5 Menmjan tou, Bondye te rele Joseph Smith pa non l an repons a priyè l te fè ak lafwa a.6

Nan kèk ka, Jezi te bay disip Li yo nouvo non ki te demontre nati yo, kapasite yo, ak potansyèl yo. Jewova te bay Jakòb nouvo non Izrayèl, ki vle di “Yon moun ki bay Bondye priyorite” oubyen “Ki kite Bondye dirije.”7 Jezi te bay Jak ak Jan non Boanèj, ki vle “pitit loray yo.”8 An previzyon a lidèchip li alavni, Jezi te bay Simon non Sefas oubyen Pyè, ki vle di yon wòch.9

Menmjan an Jezi konnen nou chak pa non nou an, yon fason nou ka vin konnen Jezi pi byen se lè nou aprann plizyè non L yo. Menmjan avèk non Izrayèl la ak Pyè a, anpil nan non Jezi yo se tit ki ap ede nou konprann misyon Li, objektif Li, karaktè L, ak kalite L yo. Lè nou vin konnen plizyè non Jezi yo, n ap vin pi byen konprann misyon diven L la ak karaktè dezenterese Li. Lè nou konnen plizyè non L yo, sa ap enspire nou pou nou vin plis tankou Limenm—pou n devlope kalite kretyèn ki ap pote lajwa ak objektif nan lavi nou yo.

Sa gen kèk ane, Prezidan Russell M. Nelson te etidye tout ekriti ki konsène Jezikri yo nan Gid Ekriti yo.10 Apresa li te envite jèn adilt yo pou yo te etidye menm ekriti sa yo. Konsènan plizyè non Jezi yo, Prezidan Nelson te di, “Etidye tout bagay konsènan Jezikri se chèche atravè lapriyè ak anpil enèji pou nou konprann kisa chak nan plizyè tit ak non L yo vledi pèsonèlman pou ou.”11

Apre envitasyon Prezidan Nelson nan, mwen te kòmanse devlope pwòp lis pa m sou plizyè non Jezi yo. Lis pèsonèl mwen an genyen kounyeya plis pase 300 non, epi mwen sèten ke gen plis pase sa ke m poko dekouvri toujou.

Pandan ke gen kèk nan non Jezi yo ki rezève pou Limenm sèlman,12 mwen ta renmen pataje senk non ak tit ki gen rapò avèk chak nan nou. Mwen envite w pou w fè pwòp lis pa w pandan w ap vin konnen Jezi pa pil non L yo. Pandan w ap fè sa, ou pral wè ke gen lòt non—ansanm avèk kalite kretyèn ki gen rapò avèk yo—ke w pral vle pran sou tèt ou antanke disip ki fè alyans avèk Jezi.13

Premyèman, Jezi se Bon Bèje.14 Poutèt sa, Jezi konnen mouton L yo,15 “li rele pwòp mouton l yo pa non yo,”16 epi, antanke ti mouton Bondye a, Li te bay lavi L pou mouton L yo.17 Menm jan an tou, Jezi vle pou nou vin bon bèje, patikilyèman nan fanmi nou epi antanke frè ak sè sèvis pastoral. Youn nan fason nou montre lanmou nou pou Jezi se lè nou bay mouton L yo manje.18 Pou mouton ki petèt pèdi wout yo a, bon bèje yo ale nan dezè a pou al chèche mouton ki pèdi yo, epi apresa yo rete avèk yo jiskaske yo retounen vin an sekirite.19 Antanke bon bèje, epi selon jan kondisyon lokal yo pèmèt sa, nou ta dwe pase plis tan nan fè sèvis pastoral avèk moun yo lakay yo. Nan sèvis pastoral nou, nou ta dwe itilize tèks ak teknoloji pou ranfòse kontak pèsonèl yo, men pa pou ranplase yo.20

Dezyèmman, Jezi se Gran Prèt pou Bon Bagay k ap Vini yo.21 Pandan li te konnen ke krisifiksyon L lan te jis a kèk èdtan aprè, Jezi te di: “Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.”22 Jodia, jan mond nou an souvan polarize ak divize a, gen yon gwo bezwen pou nou preche ak pratike sa ki pozitif, sa ki optimis ak sa k pote lespwa. Malgre tout eprèv lepase nou yo, lafwa toujou pwente nou sou lavni,23 ranpli ak lespwa, sa ki pèmèt nou reponn a envitasyon Jezi a pou nou pran kouraj la.24 Viv levanjil la ak lajwa ap ede nou vin disip pou bon bagay ki gen pou vini yo.

Yon lòt tit Jezi genyen sèke Li se Menm, Ayè, Jodia, epi pou Tout tan.25 Konsistans se yon kalite kretyèn. Jezi te toujou fè volonte Papa L,26 epi bra Li toujou etann pou sove nou, pou ede nou, ak pou geri nou.27 Pandan n ap vin pi konsistan nan viv levanjil la, n ap vin plis sanble avèk Jezi.28 Byenke mond lan pral fè eksperyans gwo chanjman nan sa yo konsidere kòm popilè pandan ke moun yo ap chanje lide fasil epi kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale,29 viv konsistan avèk ansèyman levanjil yo ap ede nou vin fèm ak inebranlab pandan tanpèt lavi yo.30 Nou kapab demontre konsistans tou nan aksepte envitasyon Prezidan Nelson an pou nou “mete tan apa pou Senyè a.”31 Gwo fòs espirityèl vini atravè bagay ki piti epi ki senp yo32 tankou devlope “abitid ki sen ak woutin ki jis”33 nan lapriyè chak jou, repantans, etid ekriti ak sèvi lòt moun.

Katriyèmman, Jezi se Sen Izrayèl la.34 Lavi Jezi sete yon modèl sentete. Si nou suiv Jezi, nou kapab vin yon moun ki sen nan Izrayèl.35 Nou ogmante sentete nou lè nou vizite tanp lan regilyèman, kote “Sentete pou Senyè a” grave sou chak antre. Chak fwa nou adore nan tanp lan, nou soti dote avèk pi gwo pouvwa pou fè fwaye nou vin tounen kote ki sen.36 Pou nou tout ki pa gen yon rekòmandasyon valid pou rantre nan tanp sakre a, mwen envite nou pou n rankontre avèk evèk nou epi prepare tèt nou pou nou rantre oubyen tounen nan kote sakre sa a. Tan nou pase nan tanp la ap ogmante sentete nan lavi nou.

Yon denyè non Jezi sèke Li Fidèl epi Sensè.37 Menm jan Jezi te toujou fidèl ak toujou sensè a, pi gwo dezi Li se pou nou montre kalite sa yo nan lavi nou tou. Lè lafwa nou febli, nou kapab rele Jezi, “Mèt, sove m non,” menm jan avèk Pyè lè l te kòmanse koule nan tanpèt sou lanmè Galile a.38 Nan jou sa a, Jezi te lonje men l pou l te sekouri disip ki t ap nwaye a. Li te fè menm bagay la pou mwen, epi L ap fè menm bagay la pou ou tou. Pa janm abandone Jezi—Li pa p janm abandone w!

Lè nou fidèl ak sensè, nou suiv apèl Jezi a pou “demere nan mwen” an, ki kapab vledi tou “rete avèk mwen.”39 Lè n ap fè fas a kesyon, lè y ap moke nou poutèt lafwa nou, lè moun yo ki nan gwo kay byen laj la ap lonje dwèt mepri yo sou nou, n ap rete fidèl epi n ap rete sensè. Nan moman sa yo, nou dwe sonje siplikasyon Sovè a, “Leve je gade m nan chak panse; pa doute, pa pè.”40 Pandan n ap fè sa, L ap ba nou lafwa, lespwa ak fòs nou bezwen pou nou rete avèk Li a.41

Chè frè m ak sè m yo, Jezi vle pou nou konnen Li paske non Li se sèl non anba syèl la ki kapab sove nou.42 Jezi se chemen an, verite a, ak lavi a—Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa Li.43 Jezi se sèl chemen an! Pou rezon sa a, Jezi fè nou siy, “Vini jwenn mwen,”44 “Suiv mwen,”45 “Mache ansanm avèk mwen,”46 epi “Pran leson nan men mwen.”47

Avèk tout kè m, mwen rann temwayaj mwen konsènan Jezikri—ke Li vivan, Li renmen w, Li konnen w pa non ou. Li se Pitit Gason Bondye a,48 Sèl Pitit Literal Papa a.49 Li se Woche nou, Ranpa nou, Boukliye nou, Refij nou, ak Liberatè nou.50 Li se Limyè k ap Briye nan Tenèb la.51 Li se Sovè nou52 ak Redanmtè nou.53 Li se Rezirèksyon an ak Lavi a.54 Dezi sensè mwen se pou nou vin konnen Jezi atravè plizyè non L yo epi pou nou kapab vini menmjan avèk Li pandan n ap pratike kalite diven L yo nan lavi nou, nan non Jezikri, amèn. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 20:77.

  2. Jan 17:3; italik ajoute. Konsènan lapriyè sa a, Prezidan David O. McKay te ansenye: “Tèks sa a soti nan youn nan priyè ki pi gloriye —Mwen sipoze ke se pi gwo priyè—ki pa janm pwononse nan mond sa a, li pa egzante lapriyè Senyè a. Sa a se lapriyè Kris la te pwononse anvan l te rantre Jetsemane nan nuit yo te trayi l la. … Mwen pa konnen lòt chapit ki pi enpòtan nan Bib la pase sa a” (nan Rapò Konferans, Okt. 1967, 5).

  3. Dale Carnegie, How to Win Friends and Influence People (Kòman pou ou Fè Zanmi ak Enfliyanse Moun), rev. ed. (1981), 83.

  4. Ezayi 43:1; italik ajoute.

  5. Gade Jan 20:16.

  6. Gade Josseph Smith—Istwa 1:17.

  7. Diksyonè Bib la, “Izrayèl.”

  8. Mak 3:17.

  9. Gade Lik 6:14; Jan 1:42.

  10. Gade Russell M. Nelson, “Mwen etidye plis pase 2.200 pasaj ekriti sou Sovè a nan sis semèn: Men enpe nan sa m aprann,” Inspiration (blog), 28 Fev. 2017, ChurchofJesusChrist.org. Apre eksperyans sa a, Prezidan Nelson te di, “Mwen se yon moun diferan!” (“Rale Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” Lyawona, Me 2017, 39).

  11. Russell M. Nelson, “Pwofèt, Lidèchip, ak Lwa Divin” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Jan. 8, 2017), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

  12. Pa egzanp, Jezi se Mesi a, Kris la, Gran Jewova a, Premye ne nan pami Mò yo, ak sèl Pitit Byenneme Bondye a.

  13. Anplis envitasyon Prezidan Nelson an pou etidye ekriti konsènan Jezi nan Gid Ekriti yo, ou ka etidye plizyè non Jezi yo tou si w ale nan Diksyonè Bib la anba tit “Kris, non.” Ou kapab egalman etidye liv Èldè Jeffrey R. Holland lan Witness for His Names (Temwen pou Non Li) (2019) ak yon diskou devosyonèl pa Èldè Ronald A. Rasband ki rele “Name above All Names” (Devosyon nan Inivèsite Brigham Young–Hawaii, Okt. 20, 2020), speeches.byuh.edu.

  14. Gade Jan 10:11.

  15. Gade Jan 10:14.

  16. Jan 10:3.

  17. Gade Jan 10:11–15; 1 Nefi 11:31–33.

  18. Gade Jan 21:15–17.

  19. Mwen patikilyèman renmen tradiksyon Joseph Smith lan sou Lik 15:4la, ki di, “Kiyès nan nou, k ap gen san mouton, si li pèdi youn nan yo, ki pa p kite katrevendis nèf yo epi ale nan dezè a pou ale dèyè sa ki te pèdi a, jiskaske l jwenn li?” (nan Lik 15:4, referans a, italik ajoute).

  20. Jan David A. Bednar te obsève a: “Tout moun panse ke yon tèks sèlman sifi [pou sèvis pastoral]. Gen nan kèk okazyon kote ou bezwen nan fwaye a,epi ou bezwen gade moun yo nan je paske ou pral resevwa enpresyon ak enspirasyon nan kay la ke ou pa t ap kapab janm resevwa okenn lòt fason” (“Yon Sware avèk Elder David A. Bednar” [difizyon pou edikatè relijye yo], 7 Fev. 2020], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

  21. Gade Ebre 9:11.

  22. Jan 16:33.

  23. Gade Jeffrey R. Holland, “‘Remember Lot’s Wife’: Faith Is for the Future” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 13 Jan 2009), 2, speeches.byu.edu. “Lafwa toujou gade nan direksyon lavni. Lafwa toujou gen pou wè avèk benediksyon yo ak verite yo ak evenman ki pral gen pou vin pwodui efè nan lavi nou.”

  24. Gade Matye 9:2; Mak 6:50; Jan 16:33; 3 Nefi 1:13; Doktrin ak Alyans 61:36.

  25. Gade Ebre 13:8; gade tou Diksyonè Bib la, “Kris la, non yo.”

  26. Gade Jan 8:29.

  27. Gade Alma 5:33; Alma 19:36; 3 Nefi 9:14.

  28. Gade, paregzanp, David A. Bednar, “Pi Dilijan ak Pi Sosye Lakay,” Liahona, Nov. 2009, 20: “Konsistans se yon prensip kle lè n ap poze fondasyon yon gwo travay nan lavi pèsonèl nou. … Nou bezwen konsistan epi vin pi konsistan.”

  29. Gade Efezyen 4:14..

  30. Gade Mozya 5:15.

  31. Russell M. Nelson, “Rezève Tan pou Senyè a,” Liahona, Nov. 2021, 120.

  32. Gade Alma 37:6.

  33. Sa a se yon fraz Prezidan Dallin H. Oaks te repete plizyè fwa nan ministè li. Gade, , “Fasafas avèk Elder Oaks ak Elder Ballard” (difizyon mondyal pou jèn adilt yo, 19 Nov. 2017), ChurchofJesusChrist.org.

  34. Gade 2 Nefi 9:18–19, 41.

  35. Nan yon devosyon mondyal tou dènyeman an pou jèn adilt yo, Sè Wendy Nelson te poze yon kesyon ke li te di ki kapab chanje lavi, ogmante konfyans epi diminye enkyetid, motive, ogmante rekonesans epi diminye strès, ede pou reziste tantasyon, epi pote lajwa, rekonfò, lanmou, ak lapè. Kesyon sa a sete “Kisa yon jèn adilt sen ta dwe fè?” Apresa li te ankouraje pou yo pou yo aplike kesyon sa a nan yon sitiyasyon presi pandan 3 jou. Gade “La question qu peut changer votre vie” (réunion spirituelle mondiale pour les jeunes adultes, 15 Me 2022), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

  36. Gade Doktrin ak Alyans 109:12–13, 22.

  37. Gade Revelasyon 19:11.

  38. Matye 14:30.

  39. Jan 15:4. Mo Grèk pou demere a se μείνατε (meinate ou menó), ki vledi rete oubyen rete tout tan.

  40. Doktrin ak Alyans 6:36.

  41. Èldè Jeffrey R. Holland yon fwa te mansyone ke, an Espanyòl, fraz Anglè “demere avèk mwen” an te tradui kòm “permaneced en mi.” Li te kontinye: “Donk, sans ekspresyon sa a se ‘rete—men rete pou tout tan.’ … Vini pou tout tan, pou enterè pa w ak enterè tout jenerasyon ki pral vini aprè w yo, epi nou youn pral lòt vin fò jiskaske nou rive nan fen an” (“Demeurez en moi,” Liahona, Me 2004, 32).

  42. Gade 2 Nefi 31:21.

  43. Gade Jan 14:6.

  44. Matye 11:28; 3 Nefi 9:14, 22.

  45. Matye 16:24; Lik 18:22; Jan 21:19; gade tou 2 Nefi 31:10.

  46. Revelasyon 3:4; Moyiz 6:34.

  47. Matye 11:29; Doktrin ak Alyans 19:23.

  48. Gade 3 Nefi 9:15.

  49. Gade Jan 1:14; Alma 5:48.

  50. Gade 2 Samyèl 22:2–3.

  51. Gade Doktrin ak Alyans 6:21.

  52. Gade Lik 2:11.

  53. Gade Doktrin ak Alyans 18:11–13.

  54. Gade Jan 11:25.