Konferans Jeneral
Doktrin Apatenans la
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Doktrin Apatenans la

Doktrin apatenans la rezime a verite sa a pou chak nan nou: Mwen fè youn avèk Jezikri nan alyans levanjil la.

Mwen ta renmen pale de sa m rele doktrin apatenans nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Doktrin sa a gen twa pati: (1) wòl apatenans nan rasanbleman pèp alyans Senyè a, (2) enpòtans sèvis ak sakrifis nan apatenans la, ak (3) wòl santral Jezikri nan apateans la.

Nan kòmansman li, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te konpoze pou pifò pa Sen blan ki te soti nan Amerik diNò ak Nò Ewòp avèk yon ti ponyen Endyen Ameriken, Afwo-Ameriken, ak moun nan zile Pasifik yo. Kounyea, uit ane apre 200 tyèm anivèsè depi l te fonde a, Legliz la grandi anpil nan kantite ak nan divèsite nan Amerik diNò a e menm plis toujou nan rès mond lan.

Amezi rasanbleman pèp alyans Senyè a ki te pwofetize depi lontan an ap deplwaye, Legliz la ap vrèman konpoze pa manm tout nasyon, fanmi, lang ak pèp.1 Se pa yon divèsite ki kalkile ni fòse, men se yon fenomèn tou natirèl ke nou espere, paske nou rekonèt ke filè levanjil la ap rasanble moun ki nan tout nasyon ak tout pèp.

Ala yon gwo benediksyon pou nou wè jou sa a kote Siyon ap etabli similtaneman nan chak kontinan ak nan pwòp kominote pa nou yo. Jan Pwofèt Joseph Smith te di a, pèp Bondye a nan tout epòk t ap tann jou sa a avèk yon antisipasyon plen lajwa, epi “nou se pèp favorize Bondye chwazi pou reyalize glwa dènye jou a.”2

Etandone nou gen privilèj sa a, nou pa ka pèmèt okenn fòm rasis, prejije tribi, oswa lòt divizyon egziste nan Legliz Kris dènye jou a. Sovè a kòmande nou, “Se pou nou fè youn; e si nou pa fè youn nou pa moun mwen.”3 Nou dwe dilijan nan derasinen prejije ak diskriminasyon nan Legliz la, nan fwaye nou, e sitou, nan kè nou. Amezi popilasyon Legliz nou an ap grandi vin plis anplis divèsifye, akèy nou dwe vin plis an plis spontane ak plen chalè. Nou youn bezwen lòt.4

Nan premye epit li te voye bay Korentyen yo, Pòl deklare ke tout moun ki batize nan Legliz la fè youn nan kò Kris la:

“Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.

“Se sa k fè, noumenm, kit nou Juif, kit nou pa Juif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. …

“… Konsa, pa gen divizyon nan kò a; men tout manm yo youn pran swen lòt menm jan an.

“E si yon manm soufri, tout manm yo soufri avèk li; si yon manm onore, tout manm yo rejwi avèk li.”5

Yon santiman apatenans enpòtan pou byennèt fizik, mantal, ak espirityèl nou. Poutan, li toutafè posib ke nou chak pafwa gen enpresyon ke nou pa nan plas nou. Nan moman dekourajman yo, nou ka petèt santi ke nou p ap janm alawotè prensip Senyè a oswa sa lòt moun ap atann de nou.6 Nou ka menm enkonsyamman enpoze atant sou lòt moun—oubyen menm sou tèt nou—ki pa sa Senyè a ap atann. Nou gen dwa kominike nan fason sibtil ke valè yon nanm baze sou sèten akonplisman oswa apèl, men se pa bagay sa yo ki mezire pozisyon nou devan Senyè a. “Senyè a gade nan kè moun.”7 Li sousye pou dezi nou, ak aspirasyon nou ak pou sa nou ka devni.8

Sè Jodi King te ekri apwopo pwòp eksperyans li nan ane k pase yo:

“Mwen pa t janm gen enpresyon ke m pa t nan plas mwen nan legliz la jiskaske mari m, Cameron, avèk mwen te kòmanse gen pwoblèm enfètilite. Timoun ak fanmi ki te konn jeneralman pote lajwa pou mwen lè m konn wè yo nan legliz la te kòmanse ap lakòz lapenn ak soufrans pou mwen kounyeya.

“Mwen te santi m initil paske m pa t gen yon pitit nan bra m oswa yon sak kouchèt nan men m. …

“Jou k te pi difisil pou nou an sete premye dimanch nou nan yon nouvo pawas. Paske nou pa t gen pitit, yo te mande nou si nou te fèk marye ak kilè nou te planifye pou n kòmanse yon fanmi. Mwen te vin bon anpil nan reponn kesyon sa yo san m pa t kite yo afekte m—paske m te konnen ke yo pa t gen entansyon pou te fè m mal.

“Men, jou Dimanch sa a, li te patikilyèman difisil pou m te reponn kesyon sa yo. Nou te fèk aprann, apre anpil espwa, ke— yon fwa ankò—mwen pa t ansent.

“Mwen te antre nan reyinyon sentsèn nan dekouraje, epi, reponn kesyon tipik yo toujou pose pou ‘aprann konnen w’ yo te difisil pou mwen.

“Men sete Lekòldidimanch ki te vrèman brize kè m. Leson an—ki sete osijè wòl diven manman yo—te vin chanje direksyon epi l te vin yon sesyon moun k ap plenyen. Kè m te sere epi dloje te kouvri vizaj mwen ansilans pandan m t ap tande fi ki t ap plenyen pou yon benediksyon m t ap bay tout sa m te genyen pou li.

“Mwen te kouri soti nan legliz la. Toudabò, m pa t vle retounen. M pa t anvi al fè eksperyans santiman izòlman sa a ankò. Men jou swa sa a, apre m te fin pale avèk mari m, nou te konnen nou t ap kontinye al legliz la non sèlman paske Senyè a mande nou sa men tou, paske nou toude te konnen ke lajwa ki soti nan renouvle alyans nou yo ak santi Lespri a nan legliz la sipase tout tristès mwen te santi jou sa a.

“Nan Legliz la, gen moun ki vèv, ki divòse, ak manm selibatè; moun ki gen manm fanmi ki abandone levanjil la; moun k ap soufri anba maladi kwonik ak pwoblèm finansye; manm ki gen atirans pou moun menm sèks avèk yo; manm k ap travay pou simonte adiksyon oswa dout; nouvo konvèti, nouvo moun ki vini; moun ki pa gen timoun nan fwaye ankò; e lis la ka pi long toujou.

“Sovè a envite nou pou nou vin jwenn Li—kèlkeswa sikonstans nou. Nou vin legliz pou renouvle alyans nou, pou ogmante lafwa nou, pou nou jwenn lapè, ak pou nou fè jan L te fè pafètman nan lavi L la—sèvi lòt moun ki santi yo pa nan plas yo.”9

Pòl te eksplike ke Legliz la ak ofisye l yo, se Bondye ki aple yo pou “pèfeksyonman sen yo, pou travay ministè a, pou edifikasyon kò Kris la:

“Jiskaske nou tout rive nan inite lafwa, ak nan konesans Pitit Bondye a, nan eta yon moun pafè, ki rive nan mezi pafè devlopman Kris la.”10

Konsa, sa tris lè yon moun ki santi ke l pa koresponn ak ideyal la nan tout aspè lavi li deside ke l pa gen plas li nan òganizasyon ke Bondye presizeman prepare pou ede nou pwogrese al nan ideyal la.

Annou kite jijman nan men Senyè a ak nan men moun Li bay otorite pou sa yo epi annou kontante nou renmen ak trete youn lòt pi byen nou kapab. Annou mande L pou L montre nou chemen an, jou apre jou, pou “mennen … tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg yo” .11—ki se, nou tout—nan gwo festen Senyè a.

Yon dezyèm fasèt nan doktrin apatenans lan gen pou wè avèk kontribisyon pèsonèl nou. Byenke nou raman panse sou sa, yon gwo pati nan santiman apatenans nou soti nan sèvis ak sakrifis n ap fè pou lòt moun ak pou Senyè a. Twòp konsantrasyon sou bezwen pèsonèl nou ak sou pwòp konfò nou ka diminye santiman apatenans sa a.

N ap eseye suiv doktrin Sovè a:

“Nenpòt moun ki vle gran pami nou, se pou l sèvi nou. …

“Paske menm Pitit Lòm nan pa t vini pou moun te sèvi Li, men pou L te sèvi, epi Li bay lavi l kòm ranson pou anpil.”12

Santiman apatenans la pa vini lè nou chita ap tann ni vini men li vini lè nou lonje lamen pou youn ede lòt.

Jodia, malerezman, konsakre tèt nou pou yon kòz oubyen sakrifye yon bagay pou yon lòt moun vin sanble l opoze a kilti modèn nan. Nan yon atik pou Deseret Magazine ane pase, ekriven Rod Dreher te rakonte yon konvèsasyon l te genyen avèk yon jèn manman nan Budapest:

“Mwen nan yon tren nan Budapest avèk yon… zanmi ki nan trantèn ni—annou rele l Kristina—pandan n sou wout pou n al entèvyouve yon fi [Kretyèn] ki, avèk defen mari li, te reziste anba pèsekisyon Eta kominis la. Pandan n ap travèse lari yo nan vil la, Kristina eksplike m kijan l difisil pou l onèt avèk zanmi nan laj li yo osijè difikilte l ap rankontre kòm yon madanm ak manman timoun piti.

“Difikilte Kristina yo toutafè òdinè pou yon jèn fi k ap aprann kijan pou l yon manman ak yon madanm—men, atitid ki domine nan pami jenerasyon l lan sèke difikilte lavi yo se yon menas pou byennèt yon moun e l dwe refize yo. Èskè limenm ak mari l konn dispite pafwa? Enben, yo di l, li dwe kite li. Èske pitit li yo anmède l? Enben, li dwe voye yo nan gadri.

“Kristina pè pou zanmi l yo pa konprann ke eprèv yo, e menm soufrans, se yon pati nòmal lavi a—e petèt menm yon pati nan yon lavi agreyab, si soufrans sa a anseye nou kijan pou nou gen pasyans, jantiyès, ak lanmou. …

“… Christian Smith, sosyolojis pou relijyon nan Inivèsite Notre Dame nan, twouve nan etid li fè sou adilt [laj] 18–23 zan yo, ke pifò nan yo kwè ke sosyete a se pa lòt bagay pase yon ‘koleksyon moun otonòm k ap chèche pwofite de lavi a.‘”13

Selon filozofi sa a, tout sa ke yon moun twouve difisil ‘se yon fòm opresyon‘”14l ye.

Pa kontras, zansèt pyonye nou yo te demontre yon pwofon santiman apatenans, inite, ak esperans nan Kris la atravè sakrifis yo te fè pou yo te sèvi misyon, bati tanp, abandone mezon konfòtab yo anba kontrent epi rekòmanse azewo, epi, nan yon pakèt lòt fason, yo te konsakre tèt yo ak mwayen yo pou kòz Siyon an. Yo te dispoze pou sakrifye menm lavi yo si sa te nesesè. Nou tout benefisye de pèseverans yo. Se menmjan sa ye pou anpil moun jodia ki riske pèdi asosyasyon avèk fanmi ak zanmi, pèdi posiblite anplwa, oubyen viktim anba diskriminasyon oswa abi kòm konsekans dèske yo batize. Men, rekonpans yo se yon santiman apatenans puisan nan pami pèp alyans lan. Tout sakrifis nou fè pou kòz Senyè a ede pou konfime plas nou bò kote Limenm ki te bay lavi L kòm ranson pou anpil la.

Eleman final ak pi enpòtan nan doktrin apatenans la se wòl santral Jezikri a. Nou pa antre nan Legliz la pou zanmitay sèlman, osi enpòtan ke sa ye. Nou antre pou nou jwenn redanmsyon atravè lanmou ak gras Jezikri. Nou antre pou nou resevwa òdonans sali ak egzaltasyon pou tèt pa nou ak pou moun nou renmen nan toulède bò vwal la. Nou antre pou nou patisipe nan yon gwo pwojè pou etabli Siyon an preparasyon pou retou Senyè a.

Legliz la se gadyen alyans sali ak egzaltasyon Bondye ofri nou atravè òdonans prètriz ki sen an.15 Se lè nou respekte alyans sa yo n ap jwenn santiman apatenans ki pi elve ak pi pwofon an. Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Depi oumenm avèk mwen fin fè yon alyans avèk Bondye, relasyon nou avèk Li vin pi rapwoche pase avan alyans nou an. Kounyeya nou mare ansanm. Akozde alyans nou avèk Bondye a, Li p ap janm fatige nan efò L pou ede nou, epi nou p ap janm epuize pasyans plen mizerikòd Li genyen pou nou an. Nou chak gen yon plas espesyal nan kè Bondye. …

“… Jezikri se garanti alyans sa yo (gade Ebre 7:22; 8:6).”16

Si nou sonje sa, gwo espwa Senyè a pou nou an ap enspire nou, e non pa dekouraje nou.

Nou ka santi lajwa pandan ke, endividyèlman e kolektivman, n ap eseye atenn “mezi wotè plenitid Kris la.”17 Malgre desepsyon ak echèk n ap rankontre sou wout la, sa se yon gran rechèch. Nou chak soutni ak ankouraje lòt pou n avanse sou chemen k mennen nan syèl la, avèk konesans ke, kèlkeswa tribilasyon an e kèlkeswa reta nan benediksyon yo pwomèt yo, nou kapab “gen kè poze; lemonn deja pèdi [devan Kris la],”18 epi nou avèk Li. Fè youn avèk Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a se, san okenn dout, santiman final nan apatenans la.19

Konsa, doktrin apatenans la rezime konsa—nou chak kapab afime: Jezikri te mouri pou mwen; Li twouve ke m diy de san Li. Li renmen mwen epi L ka fè tout diferans la nan lavi mwen. Si m repanti, gras Li ap transfòme mwen. Mwen fè youn avèk Li nan alyans levanjil la; Mwen nan plas mwen nan Legliz Li a ak wayòm Li a; epi m apatni a kòz Li a pou pote redanmsyon pou tout pitit Bondye yo.

Mwen temwaye ke nou nan plas nou la a, nan non Jezikri, amèn.

Nòtt

  1. Gade Revelation 5:9; gade tou 1 Nefi 19:17; Mozya 15:28; Doktrin ak Alyans 10:51; 77:8, 11.

  2. Enseignements des presidents de l’eglise: Joseph Smith (2007), 186.

  3. Doktrin ak Alyans 38:27.

  4. Yon obsèvatè plen atansyon te note:

    “Relijyon ki se sèlman yon zafè prive a, jiska epòk pa nou an, te enkoni nan anal limanite—e pou yon bon rezon. Kalite relijyon sa a byen vit diminye vin tounen yon plezi enteryè, yon pastan pou youn ou plizyè moun, tankou li yon liv oswa gade televizyon. Konsa, sa pa etonan ke rechèch spirityalite a vin si alamòd konsa. Sèke moun yo, libere anba relijyon, ap dezespereman chèche yon ranplasan.

    “Spirityalite se anfèt yon pati entegral tout relijyon—men yon pati enferyè, epi li pa ka yon ranplasan pou tout ansanb lan. Relijyon se pa yon eksperyans psikolojik ki okazyonèlman ofri yon eksperyans transandantal. Li oubyen fòje lavi yon moun—tout lavi yon moun—oubyen li disparèt, epi l kite dèyè nanm ki enkyè ak vid ke okenn psikoterapi pa ka atenn. Epi, pou relijyon fòje lavi yon moun, li bezwen piblik ak kominotè; li bezwen konekte avèk ni sa k mouri ni sa k pral fèt la” (Irving Kristol, “The Welfare State’s Spiritual Crisis,” The Wall Street Journal, Fev. 3, 1997, A14).

  5. 1 Korentyen 12:12–13, 25–26.

  6. Gade Russell M. Nelson “La perfection à la clé,” L’Etoile, Janv. 1996, 100–100; Jeffrey R. Holland, “Se pou nou pafè—Alafen,” Liahona, Nov. 2017, 40–42.

  7. 1 Samyèl 16:7.

  8. Jan Elder Jeffrey R. Holland te di a, “‘Vini jan ou ye a,’ yon Papa plen lanmou di nou chak, men Li ajoute, ‘Pa planifye pou w rete jan w ye a.’ Nou souri epi nou sonje ke Bondye detèmine pou l fè nou vin plis pase sa nou te panse nou ta ka ye” (“Les cantiques chantés et non chantés,” Liahona, Me 2017, 51).

  9. Jodi King, “Se sentir accepté dans l Eglise à travers le prisme de la stérilité,” Liahona, Mas. 2020, 46, 48–49.

  10. Efezyen 4:12–13.

  11. Lik 14:21.

  12. Mak 10:43, 45; italik ajoute.

  13. Rod Dreher, “A Christian Survival Guide for a Secular Age,” Deseret Magazine, Avr. 2011, 68.

  14. Dreher, “A Christian Survival Guide for a Secular Age,” 68.

  15. Gade Doktrin ak Alyans 84:19–22.

  16. Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” Liahona, Okt. 2022, 6, 10.

  17. Efezyen 4:13.

  18. Jan 16:33.

  19. Gade Jan 17:20–23. “Kounyeya, m kòmande w pou w chèche Jezi sa a ke pwofèt ak apot yo te pale a, pou lagras Papa Bondye, ak Senyè a Jezikri, ak Sentespri a ki bay temwayaj konsènan yo a kapab avèk ou, epi pou l rete avèk ou pou tout tan” (Etè 12:41).