Konferans Jeneral
Yon Eritaj Ankourajman
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Yon Eritaj Ankourajman

Mwen ankouraje nou pou nou kontinye fè efò pou kalifye nou pou n retounen al jwenn Pè Selès la ak Jezikri.

Frè ak sè byenneme m yo, mwen rekonesan dèske m ansanm avèk nou nan konferans jeneral sa a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou Yo. Nou santi lafwa ou ak amou ou kèlkeswa kote w ye a. Nou te edifye pa ansèyman enspire, temwayaj puisan, ak mizik mayifik yo.

Mwen ankouraje nou pou nou kontinye fè efò pou kalifye nou pou n retounen al jwenn Pè Selès la ak Jezikri. Kèlkeswa kote w ye sou chemen alyans la, w ap gen pou w mennen yon lit kont tès fizik mòtalite yo oubyen opozisyon Satan.

Jan manman m te konn di m lè m te konn ap plenyen pou fason yon bagay te rèd, “O, Hal, byensi ke sa rèd. Li sipoze rèd. Lavi a se yon tès.”

Li te konn di sa trankilman, menm avèk yon souri, paske l te konnen de bagay. Kèlkeswa difikilte a, sa k ta pi enpòtan an ta dwe pou l rive lakay li pou l al avèk Pè Selès li a. Epi li te konnen li te ka fè sa atravè lafwa l nan Sovè l la.

Li te santi L tou pre li. Nan jou kote l te konnen l ta pral mouri yo, li te pale avèk mwen konsènan Sovè a pandan l te kouche nan chanm li. Te gen yon pòt ki t al nan yon lòt chanm tou pre kabanm li an. Li te souri epi l te gade pòt la pandan l te di kalmeman ke li ta pral wè L byento. Mwen ankò sonje ke m t ap gade pòt la epi imajine chanm ki te dèyè pòt la.

Kounyea, li nan mond dèzespri a. Li te jwenn fòs pou l te kenbe je l fikse sou pri li te vle a malgre anpil ane eprèv fizik ak pèsonèl.

Eritaj ankourajman li kite pou nou an pi byen dekri nan Mowoni 7, kote Mòmon ap ankouraje pitit gason l la, Mowoni ak pèp li a. Se yon eritaj ankourajman pou yon posterite, menmjan pa manman m nan te ye pou fanmi l la. Mòmon te pase eritaj sa a bay tout moun ki gen detèminasyon pou yo kalifye, atravè tout tès mòtalite yo, pou lavi etènèl.

Mòmon kòmanse nan premye vèsè Mowoni 7 yo avèk yon temwayaj konsènan Jezikri, zanj, ak Lespri Kris la, ki pèmèt nou konnen byen ak mal pou nou ka chwazi sa ki byen.

Li mete Jezikri an premye, menmjan ak tout moun ki reyisi nan bay ankourajman a moun k ap lite pou yo avanse sou chemen ki mennen nan fwaye selès yo a:

“Paske pèsonn moun pa kapab sove, daprè pawòl Kris la, si yo pa gen lafwa nan non l; se poutèt sa, si bagay sa yo sispann, lafwa sispann tou; e sitiyasyon lèzòm grav, paske se kòmsi okenn redanmsyon pa t fèt.

“Men gade, frè byenneme m yo, m panse pi bon bagay konsènan nou, paske m panse nou gen lafwa nan Kris la poutèt nou dou; paske si nou pa gen lafwa nan li, nou pa kalifye pou nou fè pati nan pami pèp legliz li a.”1

Mòmon te wè ladousè kòm yon prèv sou fòs lafwa moun sa yo. Li te wè yo te santi yo te depann de Sovè a. Li te note lafwa sa a pou l te ka ankouraje yo. Mòmon te kontinye ba yo ankourajman kote l te ede yo wè ke lafwa yo ak dosilite yo a t ap ranfòse asirans ak konfyans yo pou siksè nan difikilte yo:

“Epi ankò, frè byenneme m yo, m ta vle pale avèk nou konsènan esperans. Kòman nou kapab gen lafwa si nou pa gen esperans?

“Epi, ki sa nou dwe espere? Gade, m di nou, nou dwe gen esperans nan ekspyasyon Kris la ak pouvwa rezirèksyon li a, pou nou resisite nan lavi etènèl, e se poutèt lafwa nou nan li, dapre pwomès la.

“Se poutèt sa, si yon moun gen lafwa, li dwe gen esperans; paske san lafwa pa kapab gen okenn esperans.

“Epi ankò, gade, m ap di nou, li pa kapab gen lafwa, si l pa dou epi si kè l pa bon.”2

Apresa, pou l te ka ankouraje yo, Mòmon te temwaye ke yo sou wout pou yo resevwa don ki ap ranpli kè yo avèk amou pur Kris la. Li trese pou yo, entèraksyon ant lafwa nan Jezikri, dousè, imilite, Sentespri a ak esperans fèm pou resevwa lavi etènèl la. Li ankouraje yo nan fason sa a:

“Si se sa, lafwa l ak esperans li pa gen valè, paske pèsonn pa akseptab devan Bondye, eksepte si li dou e gen bon kè poze; e si yon moun dou e poze nan kè, e li konfese Jezi se Kris la avèk pouvwa Sentespri a, li dwe gen charite; paske si l pa gen charite, li pa anyen; se poutèt sa li dwe gen charite.”3

Lè m gade dèyè, kounyea m wè kouman don charite sa a—amou pur Kris la—te ranfòse, gide, soutni, ak chanje manman m nan efò l yo sou chemen pou l te tounen lakay li a.

“Epi charite gen pasyans, li janti, li pa gen anvi, li pa chaje avèk lògèy, li pa chèche enterè pa l, li pa fache fasil, li pa panse mal, li pa pran plèzi nan inikite, men, li pran plèzi nan verite, li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire nan tout bagay.

“Se poutèt sa, frè byenneme m yo, si nou pa gen charite, nou pa anyen, paske charite pa janm peri. Se poutèt sa, apiye sou charite, ki se pi gwo don pase tout lòt, paske tout bagay gen pou peri—

“Men, charite se lanmou pi Kris la, e li dire pou tout tan; e nenpòt moun ki genyen l nan dènye jou a, l ap bon pou li.

“Se poutèt sa, frè byenneme m yo, priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri; pou nou kapab vin tounen pitit Bondye; pou lè l parèt, pou nou kapab tankou l, paske n ap wè l jan li ye a; pou nou kapab gen esperans sa a; pou nou pirifye menm jan li pi a.”4

Mwen rekonesan pou ankourajman ki nan egzanp ak ansèyman Mòmon an. Mwen beni gras ak eritaj manman m nan tou. Pwofèt depi nan Adan jiska jodia, atravè ansèyman ak egzanp yo, toujou ban m fòs.

Pa respè m geyen pou moun m konnen pèsonèlman ak fanmi yo, m chwazi pou m pa chèche verifye difikilte yo an detay ni pou m pa pale sou gwo don yo an piblik. Men, sa m konn wè yo ankouraje m ak chanje m vin pi bon.

Nan risk pou m anvayi vi prive li, m ap ajoute yon ti rapò brèf sou ankourajman madanm mwen. M ap fè sa avèk anpil prekosyon. Li se yon moun ki trè prive, ki pa chèche ni apresye elòj.

Nou marye depi 60 tan. Se gras ak eksperyans sa a ke m konprann kounyea siyifikasyon pawòl sa yo nan ekriti yo: lafwa, esperans, dousè, andirans, pa chèche avantaj pa nou, rejwi nan laverite, pa panse mal, epi anlè tout bagay, lacharite.5 Selon eksperyans sa a, mwen ka rann temwayaj ke èt imen yo ka entegre tout ideyal mèveye sa yo nan lavi kotidyen yo pandan y ap navige atravè sekous lavi yo.

Dèmilyon moun k ap koute nan pami nou la a konnen dè moun konsa. Anpil nan nou se moun konsa. Nou tout bezwen egzanp ankourajan ak zanmi plen lanmou konsa.

Lè w chita avèk yon moun kòm sè oubyen frè sèvis pastoral, ou reprezante Senyè a. Panse a sa L t ap fè oubyen sa L t ap di. Li t ap envite yo vin jwenn Li. Li t ap ankouraje yo. Li t ap remake ak louwe kòmansman chanjman yo bezwen fè yo. Epi L t ap yon egzanp pafè pou yo imite.

Okenn moun poko ka fè sa konplètman, men, nan koute konferans sa a, nou ka konnen nou sou chemen an. Senyè a konnen pwoblèm nou yo an detay. Li konnen gwo potansyèl nou pou nou grandi nan lafwa, esperans, ak charite.

Kòmandman ak alyans Li ofri yo se pa tès pou kontwole nou. Yo se don pou fè nou grandi jiskaske nou al resevwa tout don Bondye yo epi retounen lakay Pè Selès la ak Senyè a, ki renmen nou.

Jezikri te peye pri peche nou yo. Nou ka reklame benediksyon lavi etènèl yo si nou gen lafwa nan Li ase pou nou repanti epi vin tounen yon timoun piti, san tach ki prepare pou resevwa pi gran don pase tout don Bonye yo.

Mwen priye pou nou aksepte envitasyon L la epi pou nou ofri l bay lòt pitit Pè Selès yo.

Mwen priye pou misyonè nou yo atravè mond la. Se pou yo enspire pou ankouraje chak moun pou yo vle epi pou yo kwè ke envitasyon an soti nan men Jezikri atravè sèvitè L yo ki pran non L sou tèt yo.

Mwen temwanye ke Li vivan epi L ap dirije Legliz Li a. Mwen se temwen Li. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt vivan Bondye a pou tout tè a. Mwen konnen se verite. Nan non sakre Jezikri, amèn.