Konferans Jeneral
Kontan e Ajamè
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Kontan e Ajamè

Vrè lajwa ak letènite dirab avèk moun nou renmen yo se santral plan bonè Bondye a.

Chè zanmi, frè m ak sè m yo, èske nou sonje ke nou kwè, oubyen vle kwè, nan yon bonè pou tout tan?

Epi, lavi dewoule. Nou “grandi.” Relasyon yo vin konplike. Mond sa a plen bri, li plen moun, li egzijan, avèk pretèks ak vanite. Poutan, nan “pwofondè kè nou,”1 nou kwè, oswa vle kwè, ke yon fason, bonè pou tout tan an ryèl ak posib.

“Bonè pou tout tan” se pa yon bagay imajinè nan istwa majik. Vrè lajwa ak letènite dirab avèk moun nou renmen yo se santral plan bonè Bondye a. Avèk amou, li te prepare fason nou kapab fè vwayaj etènèl nou an gen kè kontan e dire ajamè.

Nou gen anpil bagay pou nou selebre, pou nou ta rekonesan. Poutan, okenn nan noumenm pa pafè, ni okenn fanmi. Relasyon yo nou gen ladan yo lanmou, sosyabilite, ak pèsonalite men souvan dezakò, blesi, ak doulè pwofon pafwa.

“Paske tout moun mouri nan Adan, se menmjan tou tout moun ap vivan nan Kris la.”2 Vivan nan Kris la enkli imòtalite—kado rezirèksyon fizik Li ba nou. Si nou viv ak lafwa ak obeyisans, vivan nan Kris la ka enkli lavi etènèl jwayezman abondan tou avèk Bondye ak moun nou renmen yo.

Nan yon fason remakab, pwofèt Senyè a ap rapwoche nou pi pre Sovè nou an, enkli atravè òdonans ak alyans sakre tanp yo ki ap vini pi pre nou nan plis kote. Nou gen yon opòtinite ak yon don pwofon pou nou dekouvri yon nouvo konpreyansyon espirityèl, yon lanmou, repantans, ak padon youn pou lòt ak pou fanmi nou, nan letan ak letènite.

Avèk pèmisyon, m ap pataje de eksperyans sakre, ki inabityèl spirityèlman ke kèk zanmi te rakonte m osijè Jezikri ki ini fanmi nan geri menm angwàs ki te travèse jenerasyon.3 “Enfini ak etènèl,”4 “pi fò pase kòd lanmò,”5 Ekspyasyon Jezikri a ka ede nou pote lapè nan lepase nou ak lespwa nan avni nou.

Lè yo te antre nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, zanmi m nan ak mari l te kontan aprann ke relasyon familyal yo pa oblije se “jiskaske lanmò separe nou.” Nan kay Senyè a, fanmi yo ka ini etènèlman (sele).

Men zanmi m nan pa t vle sele avèk papa li. “Li pa t yon bon mari pou manman m. Li pa t yon bon papa pou pitit li,” li te di. “Papa m ap oblije tann. Mwen pa gen okenn dezi pou m fè travay tanp pou li ni sele avèk li pou letènite.”

Pandan ennan, li te jene, priye, pale anpil avèk Senyè a osijè papa l. Finalman, li te pare. Travay tanp pou papa l la te fèt. Nan apre, li te di, “Nan somèy mwen papa m te parèt devan m nan yon rèv , abiye an blan. Li te chanje. Li te di, ‘Gade m. Mwen pwòp totalman. Mèsi paske w fè travay la pou mwen nan tanp lan.‘” Papa l te ajoute, “Leve epi retounen nan tanp lan; frè w la ap tann pou l batize.”

Zanmi m nan di, “Zansèt mwen yo avèk moun ki deja mouri yo ap tann avèk enpasyans pou nou fè travay yo pou yo.”

“Pou mwenmenm,” li di “tanp lan se yon lye gerizon, aprantisaj, ak rekonesans pou Ekspyasyon Jezikri a.”

Dezyèm eksperyans. Yon lòt zanmi t ap fè rechèch istwa familyal li ak dilijans. Li te vle jwenn gran-gran papa li.

Bonè yon jou maten, zanmi m nan te di l te santi prezans spirityèl yon mesye nan chanm ni an. Mesye a te vle l jwenn ni epi pou fanmi an konnen li. Mesye a te santi remò poutèt yon erè l repanti pou li kounyea. Mesye a te ede zanmi nan reyalize ke zanmi an pa t gen okenn koneksyon ADN avèk moun zanmi m nan te panse ki te gran-gran papa l la. “Otreman di,” zanmi m nan te di, “mwen te dekouvri gran-gran papa m epi m te aprann ke se pa t moun sa a rejis familyal nou yo di ki te gran-gran papa nou an.”

Relasyon familyal mwen yo te vin klarifye, zanmi m nan di, “Mwen santi m lib, anpè. Sa fè tout diferans lan pou m konnen kiyès ki fanmi mwen.” Zanmi m nan plezante, “Yon branch pliye pa vledi ke l se yon move branch. Fason nou vin nan mond sa a mwens enpòtan pase moun nou ye lè nou kite l la.”

Ekriti sent yo ak eksperyans sakre sou gerizon ak lapè pèsonèl yo, enkli avèk moun ki vivan nan mond dèzespri a, souliyen senk prensip doktrinal.

Premyèman: Nan santral plan redanmsyon ak bonè Bondye a, Jezikri, atravè Ekspyasyon L lan, pwomèt pou L ini lespri nou ak kò nou, “pou yo pa janm divize ankò, pou yo kapab resevwa yon lajwa toutantye.”6

Dezyèmman: Ekspyasyon an—fè-youn-nan Kris la—vini lè nou egzèse lafwa epi nou pote fwi ki bon pou repantans.7 Jan sa ye nan mòtalite a, se konsa l ye nan imòtalite a tou. Òdonans tanp yo poukont pa p chanje ni noumenm ni moun ki nan mond dèzespri yo. Men òdonans diven sa yo pèmèt nou fè alyans sanktifikatè avèk Senyè a, ki ka pote amoni avèk Li epi avèk youn lòt.

Lajwa nou vin total lè nou santi gras Jezikri ak padon L pou nou. Epi, pandan n ap ofri mirak lagras ak padon L lan youn bay lòt, mizèrikòd nou resevwa a ak mizèrikòd nou ofri a kapab ede nou fè enjistis lavi yo vin jis.8

Twazyèmman: Bondye konnen nou pafètman. “Moun pa ka pase Bondye nan betiz,”9 ni moun pa ka twonpe Li. Avèk mizèrikòd ak jistis pafè, Li ansèkle moun ki enb ak penitan an nan bra sekirite Li.

Nan Tanp Kirtland nan, Pwofèt Joseph Smith te wè nan vizyon ke frè l la, Alvin, te sove nan wayòm selès la. Pwofèt Joseph te etone, paske Alvin te mouri san l pa t resevwa òdonans sali batèm nan.10 Avèk konsolasyon, Senyè a te eksplike poukisa: Senyè a “pral jije [nou] daprè zèv [nou], daprè dezi ki nan kè [nou].”11 Nanm nou rann temwayaj de zèv nou ak dezi nou.

Erezman, nou konnen ke vivan ak “mò ki repanti yo pral rachte atravè obeyisans nan òdonans yo ki nan kay Bondye a.”12 ak Ekspyasyon Kris la. Nan mond dèzespri a, menm moun ki nan peche ak transgresyon yo ap gen opòtinite pou yo repanti.13

Pa kontras, moun ki volontèman chwazi mechanste yo, ki a tout konsyans ranvwaye repantans yo, oubyen ki, nan yon fason premedite oubyen volontèman kraze kòmandman yo pandan ke yo planifye pou yon repantans fasil, Bondye pral jije yo epi yo pral “raple [yo] tout fòt [yo] byen klè.”14 Nou pa ka volontèman chwazi pou n peche nan Samdi epi atann pou n resevwa yon padon otomatik nan pran sentsèn nan Dimanch. Pou misyonè ak lòt moun ki di ke suiv Lespri a pa vledi obeyi prensip misyon yo oswa kòmandman yo, tanpri sonje ke obeyi prensip misyon yo ak kòmandman yo envite Lespri a. Okenn nan nou pa ta dwe ranvwaye repantans nou. Benediksyon repantans yo kòmanse lè nou kòmanse repanti.

Katriyèmman: Senyè a ba nou opòtinite diven pou nou vin plis sanble avèk Li lè nou ofri òdonans sali tanp yo pa pwokirasyon ke lòt moun bezwen epi yo pa ka resevwa pou tèt pa yo a. Nou vin pi konplè ak pi pafè15 lè nou vin “sovè … sou Mòn Siyon.”16 Pandan n ap sèvi lòt la, Sentespri Pwomès la ka ratifye òdonans yo e sanktifye ni moun k ap bay la ni moun k ap resevwa a. Ni moun k ap bay la ni moun k ap resevwa a ka kontrakte ak apwofondi alyans transfòmatè, pou ke, avèk letan, yo ka resevwa benediksyon yo te pwomèt Abraham, Izaak, ak Jakòb yo.

Alafen, senkyèmman: Jan Règ Lò a17 anseye a, yon simetri sanktifyan nan repantans ak padon envite nou chak pou nou ofri lòt moun sa noumenm nou renmen ak dezire.

Pafwa, dispozisyon nou pou n padone yon moun pèmèt ni moun nan ni noumenm kwè ke nou ka repanti epi resevwa padon. Pafwa volonte pou nou repanti ak yon kapasite pou nou padone a vini nan moman diferan. Sovè nou an se Medyatè nou bò kot Bondye, men tou Li ede nou prantèt nou ak youn lòt anmen lè nou vin jwenn Li. Espesyalman lè nou blese epi doulè a pwofon, repare relasyon nou ak geri kè nou se yon bagay difisil, petèt enposib poukont nou. Men syèl la ka ba nou fòs ak sajès odela kapasite nou pou n ka konn kilè pou nou kenbe ak kijan pou nou lache.

Nou mwens solitè lè nou pran konsyans ke nou pa poukont nou. Sovè nou an toujou konprann.18 Avèk èd Sovè a, nou ka abandone ògèy nou, blesi nou, peche nou bay Bondye. Kèlkeswa sa nou ka santi lè n ap kòmanse a, n ap vin pi konplè si nou fè L konfyans pou L fè relasyon nou yo vin konplè.

Senyè a, ki wè ak konprann pafètman, padone moun Li vle; noumenm (paske nou pa pafè) nou dwe padone tout moun. Lè no al jwenn Sovè nou an, nou konsantre mwens sou tèt nou. Nou jije mwens epi nou padone plis. Mete konfyans nan merit, mizèrikòd, ak gras Li19 ka libere nou anba kontansyon, kòlè, abi, abandon, enjistis, ak pwoblèm fizik ak mantal ki pafwa akonpaye yon kò fizik nan mond mòtèl la. Bonè pou tout tan pa vledi ke chak relasyon ap gen kontantman pou tout tan. Men yon mil ane milenyòm kote Satan mare20 ka ba nou tan nou bezwen an ak mwayen etonan pou nou renmen, konprann, ak ranje bagay yo, pandan n ap prepare nou pou letènite.

Nou jwenn sosyabilite syèl la youn lakay lòt.21 Travay ak glwa Bondye enkli reyalize bonè nou ak etènite lèzòm.22 Lavi etènèl ak egzaltasyon se konnen Bondye ak Jezikri pou ke, atravè pouvwa diven an, kote Yo ye nou ka la tou.23

Chè frè m ak sè m yo, Bondye, Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme L la vivan. Yo ofri lapè, lajwa, ak gerizon pou tout ras ak tout lang, pou chak fanmi, pou nou chak. Pwofèt Senyè a ap dirije chemen an. Revelasyon dènye jou yo ap kontinye. Se pou nou rapwoche nou pi pre Sovè nou an nan kay sakre L la, epi pou Li atire nou vè Bondye ak youn vè lòt, pandan n ap makònen kè nou ansanm avèk konpasyon, verite, ak mizèrikòd kretyen nan tout jenerasyon nou—nan letan ak letènite, pou nou ka gen lajwa pou tout tan. Nan Jezikri, sa posib; nan Jezikri, sa se verite. Mwen temwaye sa nan non sakre Li, non Jezikri, amèn.