Konferans Jeneral
Kè Kontan nan Plas Lapenn: Chemen Gerizon Padon an
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Kè Kontan nan Plas Lapenn: Chemen Gerizon Padon an

Viv yon fason ki bay kè kontan nan plas lapenn nan lavi nou se yon zak lafwa ki suiv egzanp Sovè a.

Liv Samyèl la genyen yon istwa anpil moun pa konnen sou David, ki ta pral vin wa Izrayèl, ak yon fi ki rele Abigayèl.

Apre lanmò Samyèl, David ak mesye l yo t al kache pou Wa Sayil ki t ap chèche touye David. Kòm travay, yo t ap veye sou twoupo ak sèvitè yon nonm rich ki te rele Nabal, ki te gen movejan anpil. David te voye 10 nan mesye l yo al kote Nabal pou te mande l manje ak pwovizyon yo te vrèman bezwen.

Nabal te reponn avèk movejan epi li te voye mesye yo tounen ak men yo vid.

David te ofanse epi l te prepare mesye l yo pou yo t al kontre ak Nabal ansanm ak tout moun lakay li, li te di “Se konsa l ap peye m pou tout byen mwen fè pou li yo?”1 Yon sèvant t al rakonte Abigayèl, madan Nabal, kijan mari li te trete mesye David yo. Abigayèl te prese ranmase manje ak pwovizyon epi li t al kwaze yo nan wout.

Lè Abigayèl te rankontre avèk li, li te “lage kò l ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè,

“Epi li lage kò l nan pye David, li di l konsa: Tanpri, tout fòt la se pou mwen. …

“Se poutèt sa, … Senyè a menm ki anpeche ou fè san koule pou pran revanj ou. …

“… Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k ap mache avè ou yo. …

“Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. …

“Epi David di Abigayèl konsa: Lwanj pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki voye ou jòdi a vin kontre avè m:

“Kite m di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou dèske jòdi a ou vin kenbe men m pou m pa mete san moun deyò, pou m pa tire revanj mwen mwenmenm. …

“Konsa Abigayèl renmèt David tout sa li te pote, epi David di l: Tounen lakay ou ak kè poze; … Mwen koute tou sa ou di m la a. Ou pa bezwen bat kò ou.”2

Yo tou de te pati ak kè poze.

Nan istwa sa a, nou ka konsidere Abigayèl kòm yon senbòl puisan ki reprezante Jezikri.3 Atravè sakrifis ekspiyatwa L la, Li kapab delivre nou anba peche, anba pwa yon kè ki aflije epi ofri nou yon sous pou tout sibstans nou bezwen.4

Menm jan Abigayèl te anvi pran peche Nabal la sou tèt pa l la, konsa tou Sovè a—nan yon fason ki pa konpreyansib—kapab pran sou tèt pa Li peche nou ak peche lòt moun ki fè nou mal oubyen ki ofanse nou. 5 Nan Jetsemani ak sou kwa a, Jezi te reklame peche sa yo. Li te trase yon chemen pou nou sispann gen vanjans nan kè nou. E “chemen” sa a se atravè padon—ki ka youn nan bagay ki pi difisil nou ka rive akonpli ak youn nan eksperyans ki pi diven nou ka rive fè. Nan chemen padon an, pouvwa ekspyasyon Jezikri a kapab koule nan lavi nou pou kòmanse geri gwo twou nan kè nou ak nanm nou yo.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou kijan Sovè a ofri nou kapasite pou nou padone:

“Atravè Sakrifis Ekspyatwa enfini L la, nou ka padone moun ki fè nou ditò ak moun ki gendwa pa janm aksepte responsablite pou kriyote yo anvè nou.

“Sa abityèlman fasil pou nou padone yon moun ki sensèman ak enbleman chèche padon nou. Men Sovè a ap ba nou kapasite pou nou padone nenpòt moun ki maltrete nou nan nenpòt fason. Lè sa a, bagay blesan yo pa ka wonje nanm nou ankò.”6

Abigayèl ki pote yon abondans manje ak pwovizyon an kapab anseye nou kijan Sovè a ofri tout moun ki blese oubyen maltrete, soutyen ak èd nou bezwen pou nou geri ak pou nou vin konplè a.7 Nou pa oblije afwonte konsekans aksyon lòt moun poukont nou; nou menm tou nou kapab vin konplè epi resevwa yon chans pou nou sove anba pwa yon kè aflije ak tout aksyon ki suiv li yo.

Senyè a te di, ”Mwen menm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun.”8 Senyè a egzije pou nou padone lòt moun pou pwòp byennèt nou.9 Men li pa mande pou nou fè sa san èd Li, san lanmou Li, ak konpreyansyon Li. Atravè alyans nou avèk Senyè a, nou ka resevwa pouvwa ki ba nou fòs, gidans, ak tout èd nou bezwen pou nou rive padone ak resevwa padon.

Tanpri konprann ke padone yon moun pa vledi pou w mete tèt ou nan pozisyon pou l kontinye blese w. “Nou kapab fè efò pou nou padone yon moun epi toujou santi n pouse pa Lespri a pou nou rete lwen moun sa a.”10

Menm jan Abigayèl te ede David pou “konsyans li pa boulvèse” ak pou l te resevwa èd li te bezwen an, konsa tou Sovè a ap ede ou. Li renmen ou, epi L ap vin rankontre w sou chemen an epi “pote gerizon pou ou.”12 Li vle pou w gen lapè.

Mwen se yon temwen dirèk sou fason mirak Kris la ka geri yon kè ki boulvèse. Avèk pèmisyon papa m, m ap pataje avèk nou kijan m te grandi nan yon kay kote mwen pa t souvan santi m te an sekirite akoz move tretman emosyonèl ak vyolans vèbal. Nan jenès mwen ak nan ane m kòm yon jèn adilt yo, mwen te gen rankin kont papa m epi m te gen kòlè nan kè m akozde blesi sa yo.

Atravè ane yo, epi nan efò m pou m te jwen lapè ak gerizon sou chemen padon an, mwen te vin reyalize kijan menm Pitit Gason Bondye a ki te ekspye pou peche m yo, se menm Redanmtè sa a tou ki ap sove moun ki te fè m mal anpil la. Mwen pa ka vrèman kwè premye verite a san m pa kwè dezyèn nan.

Amezi lanmou m pou Sovè a t ap grandi, se konsa dezi pou m ranplase doulè ak kolè a pa pomad gerizon L lan te grandi tou. Se yon pwosesis ki pran anpil ane, ki mande kouraj, vilnerabilite, pèseverans, ak aprann mete konfyans nan pouvwa divin Sovè a pou sove ak geri a. Mwen ankò gen travay pou m fè, men kè m pa anvayi pa kòlè ankò. Mwen resevwa yon “kè nouvo”13—youn ki santi lanmou pwofon ak dirab yon Sovè pèsonèl, ki te rete bò kote mwen, ki te mennem m tou dousman ak pasyans nan yon kote ki pi bon, ki te kriye avè m, ki te konnen lapenn mwen.

Senyè a te voye benediksyon konpansatwa ban mwen menm jan Abigayèl te pote sa David te bezwen an. Li te voye bon gid nan lavi mwen. Epi sa ki pi dous e ki pote plis transfòmasyon nan lavi m nan se te relasyon m avèk Papa m ki nan Syèl la. Atravè Limenm, avèk rekonesans, mwen vin rive konnen lanmou dou, pwoteksyon ak gid yon Papa pafè.

Eldè Richard G. Scott te di: “Ou pa kapab efase sa ki te pase, men ou kapab padone.14 Padon kapab geri blesi terib ak trajik paske li pèmèt lanmou Bondye floche pwazon rayiman nan kè ou ak nan panse ou. Li netwaye konsyans ou, li retire anvi vanjans ou an. Li kite plas pou lanmou pirifikatè, gerisè, ak retablisan Senyè a.”15

Papa terès mwen an te sibi yon chanjman kè mirakile tou nan dènye ane sa yo epi li te vire jwen Senyè a—yon bagay ke m pa t janm atann ki t ap rive nan lavi sa a. Sa se yon lòt temwayaj pou mwen sou pouvwa transfòmasyon konplè Jezikri.

Mwen konnen Li kapab geri pechè a ansanm ak moun li te peche kont yo a. Li se Sovè ak Redanmtè mond lan, ki te bay lavi Li pou nou ka rive viv ankò. Li te di: “Lespri Bondye a sou mwen, paske Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo; pou m geri tout kè ki brize, Li voye m pou fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y ap maltrete yo.”16

A tout moun ki gen kè brize, ki kaptif, ki mètri, oubyen petèt ki avegle pa blesi oubyen peche, Li ofri gerizon, retablisman, ak delivrans. Mwen temwaye ke gerizon ak retablisman Li ofri a reyèl. Tan gerizon sa a pran pou l rive a endividyèl, epi nou pa kapab jije tan yon lòt moun. Li enpòtan pou nou bay tèt nou tan pou nou geri epi pou nou trete tèt nou ak jantiyès nan pwosesis la. Sovè a plen mizèrikòd ak atansyon, epi Li kanpe pare pou ofri nou sekou lè nou bezwen.17

Sou chemen padon ak gerizon an gen chwa pou nou pa kontinye modèl ak relasyon malsen sa yo nan fanmi nou oubyen nant lòt kote. Pou tout moun ki anba enfliyans nou, nou kapab ofri yo jantiyès pou mechanste, lanmou pou rayiman, tandrès pou ostilite, sekirite pou detrès, ak lapè pou kontansyon.

Bay sa yo te refize w se yon pati puisan nan gerizon divin ki posib atravè lafwa nan Jezikri a. Pou w viv yon fason kote w ka bay, jan Ezayi di a, kè kontan nan plas lapenn nan lavi ou18 se yon zak lafwa ki suiv egzanp siprèm Sovè a ki te soufri anba tout bagay pou L te ka pote sekou pou nou tout la.

Jozèf nan Ejip te viv yon lavi nan lapenn. Frè l yo te rayi l, trayi l, vann li nan esklavaj, yo te fèmen l nan prizon san rezon, epi yon moun ki te promèt li t ap ede l te bliye l. Malgre sa li te fè Senyè a konfyans. “Senyè a te kanpe la avèk Jozèf”19 epi li te konsakre tribilasyon l yo pou pwòp benediksyon li ak pwogrè li—ak sali fanmi l ak tout Lejip.

Lè Jozèf te yon gran dirijan nan Ejip, epi l te rankontre ak frè l yo, padon li ak pèspektif rafine li te manifeste nan bèl pawòl byenveyan li te pwononse yo, lè li te di:

“Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen regrèt nou te vann mwen pou yo mennen m isit la. Se Bondye ki te voye m devan pou m te ka sove lavi nou. …

“Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m isit la, men se Bondye.”20

Atravè Sovè a, lavi Jozèf te vinn “kè kontan nan plas lapenn.”21

Kevin J. Worthen, ki te prezidan BYU, te di Bondye “ka fè byen rive … pa sèlman ak siksè nou men ak echèk nou ansanm ak echèk lòt moun ki lakòz doulè nou. Se konsa Bondye bon ak puisan.”22

Mwen temwaye ke pi gwo egzanp lanmou ak padon an se egzanp Sovè nou an, Jezikri, ki nan yon agoni anmè, te di, “Papa, padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè.”23

Mwen konnen Papa nou ki nan Syèl la vle bonte ak espwa pou chak nan pitit Li yo. Nan Jeremi nou li, “Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se byen nou mwen ta vle wè.”24

Jezikri se Mesi pèsonèl nou, Redanmtè ak Sovè nou ki plen lanmou, ki konnen tout siplikasyon ki nan kè ou. Li vle gerizon nou ak bonè nou. Li renmen w. Li kriye avèk ou nan soufrans ou epi li rejwi pou L fè w konplè ankò. Ke nou pran kouraj, ke nou kenbe men plen lanmou Sovè a lonje ba nou an25 pandan n ap mache nan chemen gerizon padon an, se priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.