Konferans Jeneral
Yon Kad pou Revelasyon Pèsonèl
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Yon Kad pou Revelasyon Pèsonèl

Nou bezwen konprann kad kote Sentespri a fonksyone a. Lè nou opere andedan kad la, Sentespri a ka devèse enspirasyon enkwayab sou nou.

Menmjan avèk anpil nan nou, Èldè Uchtdorf te enfliyanse m anpil atravè ane yo. Sa eksplike, omwen an pati, sa m pral di la a.1 Konsa, mwen prezante l eskiz mwen davans …

Pilòt ki byen antrene yo vole andedan limit kapasit avyon yo a epi yo suiv direksyon kontwolè trafik ayeryen yo voye ba yo konsènan itilizasyon pis la ak trajektwa a. Pou m di senpleman, pilòt yo opere andedan yon kad travay. Kèlkeswa jan yo briyan oswa jan yo gen talan, se sèlman lè yo vole andedan kad sa a ke pilòt yo libere potansyèl enòm yon avyon nan bon kondisyon sekirite pou l akonpli objektif mirakile l yo.

Menmjan an tou, nou resevwa revelasyon pèsonèl andedan yon kad fonksyonman. Apre batèm, nou resevwa yon don majestye men pratik, don Sentespri a.2 Lè nou fè efò pou nou rete sou chemen alyans lan,3 se “Sentespri a… ki ap montre [nou] tout bagay [ke nou] ta dwe fè.”4 Lè nou pa sèten oubyen nou pa alèz, nou kapab mande Bondye èd.5 Pwomès Sovè a pa t ka pi klè pase sa: “Mande epi w ap resevwa … paske tout moun ki mande resevwa.”6 Avèk èd Sentespri a nou kapab transfòme nati diven nou pou nou fè l vin tounen destine etènèl nou.7

Pwomès revelasyon pèsonèl atravè Sentespri a enpresyonan, li sanble anpil avèk yon avyon ki an vòl. Epi menmjan avèk pilòt avyon yo, nou bezwen konprann kad kote Sentespri a fonksyone pou l bay revelasyon pèsonèl la. Lè nou opere andedan kad la, Sentespri a ba nou ide , direksyon ak rekonfò enkwayab. Andeyò kad sa a, kèlkeswa jan nou briyan oubyen jan nou gen talan, nou kapab twonpe nou epi echwe nan yon fason ki koze blesi ak domaj.

Ekriti yo se premye eleman kad pou revelasyon pèsonèl sa a8 Fè yon festen avèk pawòl Kris la, jan nou jwenn sa nan ekriti yo, ankouraje revelasyon pèsonèl. Èldè Robert D. Hales te di: “Lè nou vle pale avèk Bondye, nou priye. Epi, lè nou vle L pale avèk nou, nou sonde ekriti yo.”9

Ekriti yo anseye nou kijan pou nou resevwa revelasyon pèsonèl tou.10 Nou poze kesyon pou n ka konn sa ki jis ak sa ki bon11 e non pa pou sa ki kontrè a volonte Bondye.12 Nou pa “mande mal,” avèk motif ki pa nòmal pou fè pwomosyon pwòp ajanda pa nou oubyen pou n fè pwòp tèt nou plezi.13 Plis pase tout lòt bagay, nou dwe mande Pè Selès la nan non Jezikri,14 pandan nou kwè n ap resevwa l.15

Yon dezyèm eleman nan kad revelasyon an sèke nou resevwa revelasyon pèsonèl sèlman nan kad responsablite pa nou e non pa nan kad responsablite lòt moun. Otremandi, nou pran vòl epi nou ateri sou pis ki deziye pou nou an. Nou te aprann byen bonè nan istwa Retablisman an jan pis ki byen defini enpòtan. Hiram Page, youn nan Uit Temwen Liv Mòmon an, te deklare ke li t ap resevwa revelasyon pou tout Legliz la. Plizyè manm nan Legliz la te tonbe nan twonpri l yo epi yo te sibi move enfliyans li.

Kòm repons, Senyè a te revele ke pèsonn “p ap otorize pou resevwa kòmandman ak revelasyon nan legliz sa a eksepte sèvitè m nan, Joseph Smith, Jinyò … jiskaske m chwazi … yon lòt nan plas li.”16 Doktrin, kòmandman, ak revelasyon pou Legliz la se prewogativ pwofèt vivan an, ki ap resevwa yo nan men Senyè Jezikri.17 Sa se pis pwofèt la.

Sa gen kèk ane, m te resevwa yon kout fil nan men yon moun yo te arete paske li te monte sou yon pwopriyete prive. Li te di m ke l te resevwa revelasyon ke te gen lòt ekriti ki te antere anba sousòl bilding kote li te eseye antre a. Li te deklare ke osito ke l ta jwenn lòt ekriti sa yo, li te konnen li t ap resevwa don tradiksyon, pibliye nouvo ekriti, epi enfliyanse doktrin ak direksyon Legliz la. Mwen te di l ke li te twonpe l, e li te mande avèk ensistans pou m te priye sou sa. Mwen te di l m pa t ap fè sa. Li te vin vèbalman vyolan epi li te rakwoche telefòn nan.18

Mwen pa t bezwen priye sou demann sa a pou yon rezon senp men pwofon: se sèl pwofèt la ki resevwa revelasyon pou Legliz la. Sa t ap “kontrè a fonksyònman Bondye”19 pou lòt moun ta resevwa jan de revelasyon sa yo ki fè pati pis pwofèt la.

Revelasyon pèsonèl jan non an endike a, se yon bagay ki pèsonèl. Ou kapab resevwa revelasyon, pa egzanp, sou ki kote pou w rete, ki karyè pou w anbrase, oubyen avèk kimoun pou w marye.20 Dirijan Legliz yo kapab anseye doktrin ak pataje konsèy enspire, men se chak moun ki gen responsablite pa yo pou desizyon sa yo. Sa se revelasyon pa w pou w resevwa; sa se pis pa w.

Yon twazyèm eleman nan kad la sèke revelasyon pèsonèl ap an amoni avèk kòmandman Bondye yo ak alyans nou fè avèk Li yo. Imajine yon priyè ki pati konsa: “Pè Selès, sèvis nan Legliz la raz. Èske m mèt adore W jou Saba a sou mòn nan oswa sou plaj la? Èske m ka jwenn eskiz pou m pa ale Legliz ak pran sentsèn men pou m toujou resevwa benediksyon ou pwomèt moun ki sanktifye jou saba a?21 Kòm repons pou yon priyè konsa, nou kapab prevwa repons Bondye: “Pitit mwen, m deja revele volonte m konsènan jou Saba a.”

Lè nou mande revelasyon konsènan yon bagay Bondye te deja ba nou direksyon klè sou li, nou ouvri pòt pou mezentèpretasyon santiman nou ak pou nou tande sa nou vle tande. Gen yon moun ki te te pale m yon lè de kijan l ap lite pou l te estabilize sitiyasyon fanmi li. Li te gen lide fè yon detounman fon kòm solisyon, li te priye sou sa, epi li te santi li te resevwa yon revelasyon pou l te fè sa. Mwen te konnen ke l te twonpe l paske li t ap chèche revelasyon kontrè a yon kòmandman Bondye. Pwofèt Joseph Smith te avèti: “Pa gen okenn blesi ki pi gran pou pitit lèzòm ke lè yo tonbe anba enfliyans yon fo espri, lè yo panse yon gen lespri Bondye.”22

Gen kèk moun ki ta kapab siyale ke Nefi te vyole yon kòmandman lè l te touye Laban an. Sepandan, eksepsyon sa a pa anile règ la—règ ki di ke revelasyon pèsonèl ap an amoni avèk kòmandman Bondye bay yo. Pa gen okenn eksplikasyon konsènan bagay sa a ki konplètman satisfezan, men kite m souliyen kèk aspè ladan l. Epizòd la pa t kòmanse avèk Nefi ki t ap mande si l te kapab touye Laban. Se pa yon bagay li te vle fè. Touye Laban an se pa t pou benefis pèsonèl Nefi, men sete pou founi ekriti pou yon nasyon ki te gen pou l vini ak pou yon pèp alyans. Epi Nefi te gen sètitid ke sete yon revelasyon—anfèt, nan ka sa a, sete yon kòmandman Bondye.23

Katriyèm eleman kad la se rekonèt sa Bondye deja revele ba ou pèsonèlman, pandan ke w rete ouvè pou lòt revelasyon ankò nan men L. Si Bondye deja reponn yon kesyon epi sikonstans yo pa chanje, poukisa pou nou ta atann pou repons lan diferan? Joseph Smith te konfwonte a senaryo pwoblematik sa a an 1828. Premye pòsyon Liv Mòmon an te gen tan tradui lè Martin Harris, yon byenfetè ak premye sekretè, te mande Joseph pèmisyon pou l te pran paj ki te tradui yo pou l pote yo bay madanm li wè. Kòm li pa t fin sèten kisa pou l te fè, Joseph te priye pou l te ka jwenn gidans. Senyè a te di l pou l pa t kite Martin pran paj yo.

Martin te mande Joseph pou l t al mande Bondye ankò. Joseph te fè sa, e, san sipriz, repons lan pa t chanje. Men Martin te sipliye Joseph pou l te mande yon twazyèm fwa epi Joseph te fè sa. Fwa sa a Bondye pa t di non. Olyedesa, se kòm si Bondye te di l pito: “Joseph, ou konnen kijan m santi m konsènan sa a, men ou gen libabit ou pou w chwazi.” Kòm li te santi l pa t gen kontrent ankò, Joseph te deside pou l te pèmèt Martin pran 116 paj yo pou l t al montre kèk manm nan fanmi l yo. Paj ki tradui yo te pèdi e yo pa t janm retwouve yo. Senyè a te reprimande Joseph sevèman.24

Joseph te aprann, jan pwofèt Jakòb nan Liv Mòmoan an te anseye a: “Pa chèche bay Senyè a konsèy, men chèche pran konsèy nan men l. Paske … li konseye avèk sajès.”25 Jakòb te avèti ke move bagay rive lè nou mande bagay nou pa ta dwe mande. Li te predi ke pèp Jerizalèm nan t apral chèche “bagay ke yo [pa t ka] konprann,” gade “pi lwen liy nan,” epi yo t ap totalman rejte Sovè mond lan.26 Yo te trebiche paske yo t ap mande bagay yo pa t ap kapab konprann.

Si w te resevwa yon revelasyon pèsonèl konsènan yon sitiyasyon ou ye epi sikonstans yo pa chanje, Bondye deja reponn kesyon w lan.27 Paregzanp, nan fason repete, nou pafwa ap chèche asirans ke nou jwenn padon. Si nou repanti, nou ranpli ak lajwa ak lapè nan konsyans nou, epi nou resevwa yon remisyon pou peche nou, nou pa bezwen mande ankò men nou ka mete konfyans nan repons Bondye deja ba nou an.28

Menjan nou fè repons Bondye te banou anvan yo konfyans la, nou bezwen prepare n pou nou resevwa pi plis revelasyon pèsonèl. Apretou, pa gen anpil destinasyon nan lavi a nou ka atenn san nou pa fè eskal. Nou ta dwe rekonèt ke moun ka resevwa revelasyon pèsonèl “liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon,”28 ke moun kapab resevwa direksyon e souvan nou resevwa yo tikras pa tikras.29

Eleman kad pou revelasyon pèsonèl yo antrelase e youn ranfòse lòt. Men andedan kad sa a, Sentespri a kapab epi L ap revele nou tout sa nou bezwen pou nou ka pran vòl e kenbe elan nou sou chemen alyans lan. Konsa, nou ka beni pa pouvwa Jezikri pou nou vin sa Pè Selès la vle nou ye a. Mwen envite nou pou nou gen ase konfyans pou reklame revelasyon pèsonèl pou tèt pa nou, konprann sa Bondye revele a, konsistan avèk ekriti yo ak kòmandman Li ba nou pa lantremiz pwofèt Li chwazi yo ak andedan kad pwòp dwa ak libabit pa nou. Mwen konnen ke Sentespri a kapab e l ap montre nou tout bagay nou dwe fè.31 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Èldè Dieter F. Uchtdorf toujou efikasman itilize analoji ki gen rapò avèk avyon pou anseye prensip levanjil enpòtan. Pa egzanp, resamman, li te fè yon lyen ant lis kontwòl pilòt yo avan vòl avèk anseye tankou Sovè a nan “liste de contrôle des instructeurs” ([diffusion pour les instructeurs, 12 Jen 2022], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

  2. Sentespri a se twazyèm manm Divinite a, souvan yo rele l Lespri oubyen Lespri Bondye, epi Li jwe wòl vital nan plan sali a. Li rann temwayaj konsènan Papa a ak Piit Gason an, revele laverite nan tout bagay, sanktifye moun ki repanti e ki batize yo e li se Sentespri Promès la (Gade nan Gid Ekriti yo “Sentespri,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

  3. Gade 2 Neti 31:19–21; Mozya 4:8. Pa gen lòt fason nou “Ka sove nan wayòm Bondye a.” Swete otreman p ap kreye yon chemen altènativ.

  4. 2 Nefi 32:5; gade tou Doktrin ak Alyans 84:43–44.

  5. Gade 2 Nefi 32:4; Russell M. Nelson, “Revelasyon Pou Legliz la, Revelasyon pou lavi no,” Liahona, Me 2018, 93–96.

  6. Matye 7:7–8.

  7. Gade “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”; “Tèm Jènfi yo”; Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 27.0; 27.2, ChurchofJesusChrist.org.

  8. Gade 2 Nefi 32:3.

  9. Robert D. Hales, “Ekriti Sent yo: Pouvwa Bondye pou Sali nou,” Liahona, Nov. 2006, 26–27.

  10. Ekriti yo anseye ke vwa Sentespri a se ti yon ti vwa dous tankou yon chichotman—li pa fò, li senp, li trankil, e li òdinè; li ka pèse, li ka boule; li afekte ni lespri ni kè; li pote lapè, lajwa, ak lespwa—se pa laperèz, anksyete ak enkyetid; li envite nou pou nou fè byen—se pa mal; e li pote limyè ak kè kontan—li pa mistifye moun. Gade 1 Wa 19:11–12; Omni 1:25; Alma 32:28; Elaman 5:30–33; 3 Nefi 11:3; Mowroni 7:16–17; Doktrin ak Alyans 6:22–24; 8:2–3; 9:8–9; 11:12–14; 85:6; Boyd K. Packer, “The Candle of the Lord,” Ensign, Jan. 1983, 51–56; Russell M. Nelson, “Koute Li,” Liahona, Me 2020, 88–92; Russell M. Nelson, “Anbrase Lavni ak Lafwa,” Liahona, Nov. 2020, 73–76; Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” 93–96.

  11. Gade 3 Nefi 18:20; Mowoni 7:26; Doktrin ak Alyans 88:64–65.

  12. Gade Elaman 10:5; Doktrin ak Alyans 46:30.

  13. Jak 4:3; gade Jak 4:3, Nouvo Vèsyon Entènasyonal; 2 Nefi 4:35; Doktrin ak Alyans 8:10; 46:7; 88:64–65.

  14. Gade Doktrin ak Alyans 88:64–65; Gid Ekriti yo, “Priyè,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org

  15. Gade 3 Nefi 18:20; Mowoni 7:26.

  16. Doktrin ak Alyans 28:2, 7.

  17. Gade Doktrin ak Alyans 21:4–5.

  18. Erezman, yo te fè aranjman pou l te resevwa èd ak tretman ke l te vrèman bezwen an.

  19. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 197.

  20. Gade Thomas S. Monson, “Whom Shall I Marry?,” New Era, Okt. 2004, 4.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 59:9–16.

  22. Joseph Smith, nan Times and Seasons, Avr. 1, 1842, 744, josephsmithpapers.org.

  23. Senyè souvan chanje, amande, oswa fè eksepsyon nan kòmandman li revele yo, men sa fèt atravè revelasyon pwofetik e non pa atravè revelasyon pèsonèl. Revelasyon pwofesik vini atravè pwofèt Bondye aple kòrèkteman dapre sajès ak konpreyansyon Bondye. Eksepsyon sa yo enkli revelasyon Senyè a te bay Moyiz ak Jozye pou yo te touye abitan peyi Kanaan yo malgre kòmandman L ki di “Ou pa dwe touye” a (Egzòd 20:13). Atravè pwofèt Li, Senyè a kapab e L ap revize kòmandman Li yo pou objektif pa Li . Toutfwa, nou pa gen libète, atravè revelasyon pèsonèl pou nou altere oswa inyore kòmandman etabli ke Bondye revele bay legliz Li a atravè pwofèt la.

    Gade 1 Nefi 4:12–18; pou yon diskisyon pi konplè, gade Joseph Spencer, 1st Nephi: A Brief Theological Introduction (2020) 66–80.

  24. Pou resi konplè sou 116 paj maniskri yo, gade Les Saints: Histoire de l Eglise de Jésus-Christ dans les derniers jours, vol. 1, L Etandard de la vérité, 1815–1846 (2018), 53–56; gade tou Doktrin ak Alyans 3:5–15; 10:1–5.

  25. Jakòb 4:10.

  26. Gade Jakòb 4:14–16.

  27. Joseph Smith te anseye, “Nou pa janm konsilte Bondye pou revelasyon pèsonèl sof nan ka kote yo se pa t yon revelasyon anvan ki te konsène ka a” (nan History, 1838–1856 [Manuscript History of the Church], volume A-1, 286–87, josephsmithpapers.org).

  28. Gade Mozya 4:3. Lè nou kontinye santi n koupab epi anba regrè apre nou fin repanti sensèman ak tout entansyon nou, se abityèlman akoz yon mank lafwa nan Jezikri ak nan kapasite L pou L konplètman padone ak geri nou. Pafwa nou kwè ke padon se pou lòt moun men li pa konplètman aplike pou nou. Se senpleman yon mank lafwa nan sa Sovè a kapab akonpli gras ak Ekspyasyon Enfini L la.

  29. Gade Ezayi 28:10; 2 Nefi 28:30; David A. Bednar, “Line upon Line, Precept upon Precept,” New Era, Sept. 2010, 3–7.

  30. Men si Bondye pa ba w revelasyon, kontinye mande. Jan Èldè Richard G. Scott te anseye, “Avanse avèk konfyans. … Lè w ap mennen yon vi ki jis epi w ap aji avèk konfyans, Bondye p ap kite w ale twò lwen san yon enpresyon ki ba w avètisman si w pran yon move dezisyon” ( (“Itilize Don Etènèl Priyè a,” Liahona, Me 2007, 10).

  31. Gade 2 Nefi 32:5.