Konferans Jeneral
Jezikri se Fòs Jèn yo
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Jezikri se Fòs Jèn yo

Mete konfyans nou nan Jezikri. L ap kondui nou nan bon chemen an. Li se fòs nou.

Lè m t ap prepare m pou mesaj sa a jodi a, m te santi enspirasyon fò pou m adrese m a jènfi yo ak jènjan yo.

M ap pale tou pou sila yo ki te jèn yon lè yo, menm pou sa ki pa ka vrèman sonje sa ankò yo.

M ap pale a tout moun ki renmen jèn nou yo e ki vle yo reyisi nan lavi a.

Pou jenerasyon k ap grandi a, mwen gen yon mesaj espesyalman pou nou, ke Sovè nou an, Jezikri, voye ba nou.

Mesaj Sovè a pou Ou

Chè zanmi m yo, si Sovè a te isit la kounyeya, kisa L t ap di nou?

Mwen kwè Li t ap kòmanse pa eksprime lanmou pwofon L pou nou. Li petè t ap di sa avèk mo, men sa t ap jayi sitèlman fò—egzakteman akozde prezans Li—ke nou pa t ap gen okenn dout, pandan ke sa t ap antre fon nan kè nou, epi ranpli tout nanm nou!

Sepandan, paske nou tout fèb e enpafè, kèk preyokipasyon ta kapab glise antre nan lespri nou. Ou petèt t ap sonje erè w te fè, moman kote w te sede a tantasyon, bagay ou swete ke w pa t fè—oubyen ke w swete ou te ka fè pi byen.

Sovè a t ap santi sa, e mwen kwè Li t ap rasire w avèk pawòl Li pale nan ekriti yo:

“Pa pè.”1

“Pa doute.”2

“Fè kè nou kontan.”3

“Pa kite kè nou twouble.”4

Mwen pa panse li t ap jwenn eskiz pou fot nou yo. Li pa t ap minimize yo. Non, Li t ap mande nou pou nou repanti—pou nou kite peche nou yo dèyè, pou nou chanje, pou L ka padone nou. Li t ap fè nou sonje ke sa gen 2.000 ane Li te pran peche sa yo sou tèt Li pou nou te ka repanti. Sa fè pati de plan bonè Pè Selès eman nou an ba nou an.

Jezi ta kapab siyale ke alyans nou fè—avèk Li lè nou te batize e renouvle chak fwa nou pran sentsèn nan—ba nou yon koneksyon espesyal avèk Li. Tip koneksyon ekriti yo dekri kòm jouke ansanm yon fason pou, avèk èd Li, nou kapab pote nenpòt chay ansanm.5

Mwen kwè ke Sovè a, Jezikri, t ap renmen nou wè, santi, ak konnen ke Li se fòs nou. Ke avèk èd Li pa gen limit pou sa nou kapab akonpli. Ke potansyèl nou san limit. Li t ap renmen pou w ta wè tèt ou jan Li wè w la. E sa trè diferan de jan mond lan wè ou.

Sovè a t ap deklare, avèk sètitid, ke ou se yon pitit fi oswa yon pitit gason Bondye Toupuisan an. Pè Selès ou a se èt ki pi gloriye nan inivè a, ranpli avèk lanmou, jwa, pite, sentete, limyè, gras, ak verite. Epi Li vle pou yon jou ou vin eritye tout sa L genyen.6

Se rezon sa a ki fè w isit la sou tè a—pou aprann, grandi, epi pwogrese pou vin tounen tout sa Pè Selès ou a te kreye w pou w pou ye a.

Se poutèt sa Li te voye Jezikri pou L vin Sovè w. Se bi ki dèyè gwo plan bonè L la, Legliz Li a, prètriz Li a, ekriti yo—tout sa yo.

Sa se destine diven ou. Sa se fiti ou . Sa se chwa pa w!

Verite ak Chwa

Nan sant plan Bondye pou bonè w la genyen pouvwa w pou w chwazi.7 Naitirèlman, Pè Selès ou a vle pou w chwazi lajwa etènèl avèk Li, ep L ap ede w rive ladan l, men Li pa p janm enpoze w sa.

Konsa, Li pèmèt ou chwazi: Limyè oubyen tenèb? Byen oubyen mal? Lajwa oubyen mizè? Lavi etènèl oubyen lanmò spirityèl?8

Sa sanble yon chwa fasil, pa vre? Men, nan yon fason, isit la sou tè a, sa sanble l pi konplike pase jan l ta dwe.

Pwoblèm nan sèke nou pa toujou wè bagay yo yon fason klè jan nou ta renmen an. Apot Paul te konpare l avèk gade atravè yon “glas, ki twoub”9 Gen anpil konfizyon nan mond lan konsènan sa ki bon ak sa ki move. Yo defòme laverite pou fè mal sanble byen epi pou fè byen sanble mal.10

Men lè w ap chèche laverite toutbon vre—verite etènèl, ki pa janm chanje—chwa w yo vin pi klè. Wi, w ap toujou gen tantasyon ak eprèv. Move bagay ap kontinye rive. Bagay ki twoublan. Bagay trajik. Men ou kapab jere yo lè w konnen kimoun ou ye, poukisa ou isit la, ak lè w fè Bondye konfyans.

Konsa, kibò ou jwenn laverite?

Li nan levanjil Jezikri a. E yo anseye plenitid levanjil sa a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Jezikri te di, “Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.”11

Lè w gen chwa enpòtan pou w fè, Jezikri ak levanjil retabli L la se meyè chwa a. Lè w gen kesyon, Jezikri ak levanjil retabli L la gen meyè repons lan. Lè w santi w fèb, Jezikri se fòs ou.

Li bay moun ki fatige yo fòs; epi li ogmante fòs moun ki santi yo enpuisan yo.

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò.12

Pou Fòs Jèn yo

Pou ede w jwenn Wout la epi pou ede w fè doktrin Kris la vin enfliyans k ap gide w nan lavi w, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo prepare yon nouvo resous, yon vèsyon revize sou livrè Pou Fòs Jèn yo.

Imaj
Vèsyon 2011 Pou fòs Jèn yo

Pandan plis pase 50 an, Pou Fòs Jèn yo te yon gid pou plizyè jenerasyon jèn Sen Dènye Jou. Mwen toujou kenbe yon kopi nan pòch mwen, epi mwen pataje l avèk jèn ki kirye pou yo konnen prensip nou yo. Yo fè mizajou ladan e yo rafrechi l pou l ka pi byen reponn ak pwoblèm ak tantasyon epòk nou yo. Nouvo vèsyon Pou Fòs Jèn yo disponib anliy kounyea nan 50 lang diferan epi li pral disponib byento an vèsyon enprime tou. Li pral yon èd enpòtan pou chwa nou pral gen pou n fè nan lavi nou yo. Tanpri anbrase l epi pale zanmi nou yo de li.

Imaj
Vèsyon 2022 Pou Fòs Jèn yo

Nouvo vèsyon livrè Pou Fòs Jèn yo sa a genyen kòm soutit Yon Gid pou Fè Chwa.

Nou trè klè sou sa, meyè gid nou kapab genyen lè pou nou fè chwa se Jezikri. Jezikri se fòs jèn yo.

Konsa, bi Pou Fòs Jèn yo se pou fè nou fikse atansyon nou sou Li. Li anseye w anpil verite etènèl levanjil retabli a—verite sou kimoun ou ye, sou kimoun Li ye, ak sa ou kapab akonpli avèk fòs Li. Li anseye nou kijan pou nou fè chwa jis ki baze sou verite etènèl sa yo.13

Li enpòtan tou pou nou konnen kisa Pou Fòs Jèn yo pa fè. Li pa p pran desizyon pou nou. Li pa ba w yon “wi” ou “non” konsènan chak chwa ou ta kapab genyen pou w fè. Pou Fòs Jèn yo konsantre sou fondasyon pou chwa w yo. Li konsantre sou valè, prensip, ak doktrin olye de chak konpòtman espesifik.

Senyè a toujou gide nou nan direksyon sa a atravè pwofèt Li yo. Li sipliye nou pou nou “ogmante kapasite [espirityèl] nou pou nou resevwa revelasyon.”14 Li envite nou pou nou “koute Li.”15 Li rele nou pou nou ka suiv Li nan fason ki pi wo e pi sen.16 Epi nou ap aprann nan menm fason an chak semèn nan Vini, Suiv Mwen an.

Mwen sipoze ke gid la ta kapab ba nou anpil lis long sou rad nou pa dwe mete sou nou, sou pawòl nou pa dwe di, ak sou fim nou pa dwe gade. Men èske sa t ap vrèman itil nan yon legliz mondyal? Èske yon apwòch konsa t ap vrèman prepare w pou yon lavi ki sanble avèk lavi Kris la?

Joseph Smith te te di: “Mwen anseye yo prensip korèk, epi yo gouvène tèt yo poukont yo.”17

Epi Wa Benjamin te di pèp li a nan Liv Mòmon an: “M pa kapab di nou tout fason nou kapab fè peche; paske gen anpil fason ak mwayen, tèlman gen anpil m pa kapab konte yo.”18

Wa Benjamin te kontinye pou l di: “Men sèlman sa m kapab di nou, … veye tèt nou, ak panse nou, ak pawòl nou, ak aksyon nou, pou nou respekte kòmandman Bondye yo … Senyè nou an, menm jouk nan finisman vi nou, nou dwe peri.”19

Imaj
Senyè a, Jezikri

Èske se yon move bagay pou nou gen règ? Natirèlman non. Nou tout bezwen yo chak jou. Men se yon move bagay pou nou konsantre sou règ yo olye nou konsantre sou Sovè a. Nou bezwen konn rezon yo ak fason yo, epi konsidere konsekans chwa nou yo. Nou bezwen mete konfyans nou nan Jezikri. L ap kondui nou nan bon chemen an. Li se fòs nou.20

Pouvwa Vrè Doktrin nan

Pou Fòs Jèn yo kare nan deklare doktrin Jezikri a. Li envite w kareman pou w fè chwa ki baze sou doktrin Kris la. Epi li kare nan dekri benediksyon Jezikri pwomèt moun ki suiv fason L yo.21

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Lè pi gwo dezi w se pou w kite Bondye dirije [lavi w], … anpil desizyon vin pi fasil. … Anpil pwoblèm ap vin pa pwoblèm ankò! Ou konn kijan pou w okipe tèt ou pi byen. Ou konn kisa pou w gade ak kisa pou w li, ki kote pou w pase tan w, epi avèk kimoun pou w asosye w. Ou konn kisa w vle akonpli. Ou konn ki kalite moun ou vle vin tounen.”22

Yon Prensip Ki Pi Wo

Jezikri gen prensip ki trè wo pou moun ki ap sui Li yo. Epi, envitasyon pou w sensèman chèche volonte la ak viv dapre verite L yo se prensip ki pi wo posib la.

Chwa tanporèl ak espirityèl yo pa ta dwe baze sèlman sou preferans pèsonèl, oubyen sou sa ki konvnab oubyen popilè.23 Senyè a pa di: “Fè tout sa w vle.”

Li di: “Kite Bondye dirije w.”

Li di: “Vini, Suiv Mwen.”24

Li di: “Viv yon fason ki pi sen, ki pi wo, e ki montre plis matirite.”

Li di: “Respekte kòmandman m yo.”

Jezikri se egzanp pafè nou, e nou ap fè efò avèk tout enèji nanm nou pou nou suiv Li.

Chè zanmi m yo, kite m repete, si Sovè a te kanpe la a jodi a, Li t ap eksprime lanmou san fen l pou nou, konfyans konplè L nan nou. Li t ap di nou ke nou kapab fè sa. Nou kapab bati yon lavi ki ranpli ak lajwa ak bonè paske Jezikri se fòs nou. Nou kapab jwenn konfyans, lapè, sekirite, bonè, ak plas nou kounyeya e etènèlman, paske n ap jwenn tout bagay sa yo nan Jezikri, nan levanjil Li a, ak nan Legliz Li a.

Mwen rann temwayaj solanèl konsènan sa antanke yon Apot Senyè Jeziki epi m kite nou avèk benediksyon sensè m nan gratitid ak lanmou pwofon pou nou, nan non Jezikri. Amèn.

Nòt

  1. Lik 5:10; 8:50; 12:7; Doktrin ak Alyans 38:15; 50:41; 98:1.

  2. Doktrin ak Alyans 6:36.

  3. Matye 14:27; Jahn 16:33; Doktrin ak Alyans 61:36; 68:6; 78:18.

  4. Jan 14:1, 27.

  5. Gade Matye 11:28–30.

  6. Gade Doktrin ak Alyans 84:38.

  7. Ou gendwa di plan Papa a te prepare pou pèmèt ou eksprime dezi ou yo atravè chwa yo, yon fason pou w ka resevwa rezilta konplè sa ou vle yo “Objektif Papa nou ki nan Syèl la antanke paran se pa pou fè pitit Li yo sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis epi finalman pou yo vin tankou L”(“Chwazi Jodi A Menm,” Liahona, Nov. 2018, 104).

  8. Gade Nefi 2:26-27.

  9. 1 Korentyen 13:12.

  10. Gade Ezayi 5:20.

  11. Jan 14:6.

  12. Gade Ezayi 40:29–31.

  13. Kòm Sen dènye jou, moun souvan konnen nou pou sa nou fè ak pa fè—konpòtman nou. Sa ka yon bon bagay, men li pi bon toujoupou yo konnen nou pa sa nou konnen (verite yo ki responsab konpòtman nou yo) ak pou kiyès nou konnen (Sovè a—ak kijan lanmou n pou Li enspire konpòtman nou yo).

  14. Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96.

  15. Gade Russell M. Nelson, “Koute Li,” Liahona, Me 2020, 88–92.

  16. Apwòch baze sou prensip sa a nan nouvo gid Pou Fòs Jèn yo konsistan avèk lòt inisyativ Legliz Sovè te entwodui resaman, ki enkli Preche Levanjil Mwen an, sèvis pastoral, pwogram Vini, Suiv Mwen an ki santre sou fwaye a, pwogram pou Jèn ak Timoun yo, Anseye nan Fason Sovè a, ak nouvo Manyèl Jeneral la. Klèman, Senyè a ap konstwi kapasite espirityèl nou. L ap demontre ke l gen plis konfyans nan pèp alyans Li a nan dènye jou yo.

  17. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 304.

  18. Mozya 4:29. Nan yon sans, se sa Farizyen yo nan epòk Jezi a te eseye fè. Nan efò zele yo pou yo te anpeche moun yo kraze lwa a, yo te konpile dèsantèn règ ki te baze sou konpreyansyon yo de ekriti sakre yo. Sa Farizyen yo pa t byen konprann sete ke yo te panse pwòp règ yo te fè yo t ap sove yo. Epi, lè Sovè a te parèt, yo pa t rekonèt Li.

  19. Mozya 18:21; italik ajoute.

  20. Yon lòt rezon k fè yon apwòch baze sou prensip se yon nesesite jodia se ogmantasyon divèsite kiltirèl nan Legliz Senyè a. Prensip yo etènèl ak inivèsèl. Règ sesifik yo oswa aplikasyon prensip sa yo travay byen nan kèk kote men pa kèk lòt kote. Sa ki ini nou se Jezikri ak verite etènèl Li te anseye yo, menmsi aplikasyon spesifik yo varye avèk letan epi atravè kilti yo. Konsa pwoblèm nan drese lis chak sa pou fè ak pa fè posib se pa jis ke li enpratikab ak ensoutnab. Pwoblèm nan sèke li deplase fokis nou soti nan Sous fòs nou an, SOvè nou an, Jezikri.

  21. Anpil ane pase, Prezidan Boyd K. Packer te pale pawòl puisan sa yo: “Vrè doktrin, ke n konprann, chanje atitid ak konpòtman yo. Etidye doktrin levanjil la ap amelyore konpòtman pi vit pase yon etid sou konpòtman ap amelyore konpòtman”(“Pa Pè,” Liahona, Me 2004, 79).

    Prezidan Ezra Taft Benson te anseye yon veriote similè: “Senyè a travay soti anndan rive deyò. Mond la travay soti deyò vire andedan. Mond lan eseye fòje konpòtman lòm, men Kris ka chanje nati lòm” (“Né de Dieu,” Ensign, Nov. 1985, 6).

    Lè pwofèt Alma nan Liv Mòmon an te wè mechanste nan mond ki antoure l la, li te plonje nan pawòl Bondye a paske li te konnen sa “t ap gen efè pi puisan sou espri moun yo pase yon epe, oswa nenpòt lòt bagay, ki te ka rive yo—sepousa Alma te panse ke l te ekspedyan [pou] eseye kapasite pawòl Bondye a” (Alma 31:5).

  22. Russell M. Nelson, “Kite Bondye Gen Priyorite,” Liahona, Nov. 2020, 94. Prezidan Russell M. Nelson te eksplike: “Lè m te pi jèn, mwen te etidye travay lòt moun ki te konpile lis sa pou yo fè ak sa pou yo pa fè nan jou Saba a. Sete jis nan apre m te vin aprann nan ekriti yo ke konpòtman mwen ak atitid mwen nan jou Saba a se yon siy ant mwen menm ak Pè Selès la. Avèk konpreyansyon sa a, mwen pa t bezwen lis bagay pou m te fè ak bagay pou m pa t fè ankò. Lè m te gen pou m pran yon desizyon pou m konnen si wi ou non yon aktivite te apwopriye pou jou Saba a, mwen te senpleman mande tèt mwen: Ki siy m vle bay Bondye?” Kesyon sa a te fè chwa m yo sou jou Saba a klè tankou kristal” (“Saba a se yon Delis,” Liahona, Me 2015, 130).

  23. Èldè David A. Bednar te ansEYE ke “prensip jistis yo ede nou gade pi lwen preferans pèsonèl ak santiman ki santre sou tèt nou, pou ban nou pèspektif presye sou verite etènèl pandan n ap navige sikonstans, difikilte, desizyon, ak eksperyans diferan yo nan mòtalite a.“Prensip Levanjil Mwen yo,” Liahona, Me 2021, 123–24).

  24. Lik 18:22.