Konferans Jeneral
Kite fè Byen vin sa ki Nòmal pou Nou
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Kite fè Byen vin sa ki Nòmal pou Nou

Si nou konstan ak inebranlab nan fè byen, koutim nou yo ap ede nou rete sou chemen alyans lan.

M ap toujou rekonesan pou tach mwen nan Legliz la ki te konn pèmèt mwen al viv nan diferan peyi. Nan chak peyi sa yo, nou te jwenn yon gran divèsite moun ekstraòdinè ki te gen koutim ak tradisyon diferan.

Nou tout gen koutim ak tradisyon ki pèsonèl, nan fanmi nou, oubyen nan kominote kote nou viv, e nou espere kenbe tout sa ki aliyen avèk prensip levanji yo. Mete koutim ak tradisyon anplas se yon bagay ki fondamantal nan efò pou nou rete sou chemen alyans lan, epi, sa ki se obstak yo, nou dwe rejte yo.

Yon koutim se pratik oubyen fason panse abityèl yon moun, yon kilti, oubyen yon tradisyon. Souvan, se bagay nou panse ak fè nan yon fason abityèl ke nou rekonèt kòm nòmal.

Pèmèt mwen ilistre sa: Patricia, madanm byeneme mwen, remenn bwè dlo kokoye epi apresa manje chè kokoye a. Pandan premye vizit nou nan Puebla, Mexique, nou te ale yon kote nou te achte kokoye. Aprè l te fin bwè dlo a, madanm mwen te mande moun yo pou yo te koupe kokoye a epi pou yo te pote vyann nan ba li pou l te manje. Lè yo te pote l vini, li te tou wouj. Yo te mete poud piman sou li! Kokoye dous avèk piman! Sa te parèt etranj pou nou. Men nan apre nou te aprann ke sete madanm mwen avè m ki te etranj, paske nou pa t manje kokoye avèk piman. Nan Meksik, sepandan, se pa yon bagay ki ra; sa trè nòmal.

Nan yon lòt okazyon, nou t ap manje nan Brezil avèk kèk zanmi, epi yo te sèvi nou zaboka. Jis avan nou ta pral mete sèl sou li, zanmi nou yo te di nou, “Kisa n ap fè la a? Nou deja mete sik sou zaboka a!” Zaboka avèk sik! Sa te parèt dwòl pou nou. Men nou te aprann ke se te madanm mwen avè m ki te dwòl, paske nou pa t manje zaboka avèk sik. Men nan Brezil, mete sik sou zaboka se yon bagay ki toutafè nòmal.

Sa ki nòmal pou kèk moun gen dwa parèt etranj pou yon lòt, sa depann de koutim yo ak tradisyon yo.

Ki koutim ak tradisyon ki nòmal nan lavi nou?

Prezidan Nelson te di: “Jodi a nou souvan tande pale de ‘yon nouvo nòmal.’ Si nou reyèlman vle anbrase yon nouvo nòmal, mwen envite nou pou nou vire kè nou, panse nou, ak nanm nou bay Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Kite sa vin nouvo nòmal nou ” (“Yon Nouvo Nòmal,” Liahona, Nov. 2020, 118).

Envitasyon sa a se pou nou tout. Li pa enpòtan si nou pòv oswa rich, edike oswa san edikasyon, granmoun oswa jèn, malad oswa an sante. Li envite nou pou nou kite bagay “nòmal” nan lavi nou yo vin sa ki ede nou rete sou chemen alyans lan.

Pa ge ankenn peyi ki gen tout sa ki bon oswa admirab. Se poutèt sa, jan Pòl ak Pwofèt Joseph Smith te anseye a:

“Si gen nenpòt bagay ki gen vèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò oubyen ki atire louwanj, nou chèche bagay sa yo” (Atik Lafwa 1:13).

“Mete lide nou sou bagay ki merite lwanj” (Philippians 4:8).

Remake ke sa se yon egzòtasyon, pa senpleman yon kòmantè.

Mwen ta renmen nou tout pran yon ti tan pou n medite sou koutim nou yo ak fason yo enfliyanse fanmi nou.

Pami abitid mèveye ki ta dwe nòmal pou manm Legliz yo, gen kat sa yo:

  1. Etid ekriti pèsonèl ak familyal. Pou nou vin konvèti nan Senyè a, Jezikri, chak moun gen responsabilite pou l aprann levanjil la. Paran yo responsab pou anseye pitit yo levanjil la (gade Doktrin ak Alyans 68:25; 93:40).

  2. Priyè pèsonèl ak familyal. Sovè a kòmande nou pou nou toujou priye (gade Doktrin ak Alyans 19:38). Priyè pèmèt nou kominike pèsonèlman avèk Papa nou ki nan syèl la nan non Pitit Gason l la, Jezikri.

  3. Ale nan reyinyon Sentsèn chak semèn (gade 3 Nefi 18:1-12; Mowoni 6:5-6). Nou fè sa a pou n sonje Jezikri pandan n ap pran sentsèn nan. Nan òdonans sa a, manm Legliz yo renouvle alyans ki se pran non Sovè a sou tèt yo a, toujou sonje L, epi kenbe kòmandman L yo (gade Doktrin ak Alyans 20:77,79).

  4. Patisipe souvan nan travay tanp ak istwa familyal. Travay sa a se mwayen pou nou ini ak sele fanmi yo pou letènite (gade Doktrin ak Alyans 128:15).

Kijan nou santi nou lè nou tande kat bagay sa yo? Èske yo fè pati lavi nòmal nou?

Gen anpil lòt tradisyon ki ka fè pati de nòmalite nou adopte, konsa kite Bondye gen priyorite nan lavi nou.

Kòman nou ka detèmine kisa ki pral bagay ki nòmal nan lavi nou ak nan fanmi nou? Nan ekriti yo, nou jwenn yon gwo modèl; nan Mozya 5:15 yo di: “Se poutèt sa, m ta renmen pou nou fèm, inebranlab, toujou fè bon zèv an abondans.”

Mwen renmen pawòl sa yo, paske nou konnen ke bagay ki vin nòmal nan lavi nou yo se bagay nou repete ankò epi ankò yo. Si nou fèm ak inebranlab nan fè sa ki bon, koutim nou yo ap annakò avèk prensip levanjil yo, epi yo pral ede nou rete sou chemen alyans lan.

Prezidan Nelson te konseye tou: “Anbrase nouvo nòmal nou an nan repanti chak jou. Chèche pou nou vin plis anplis pur nan panse, nan pawòl ak nan aksyon. Sèvi lòt moun. Kenbe yon pèspektiv etènèl. Mayifye apèl nou yo. Epi, kèlkeswa pwoblèm nou, chè frè m ak sè m yo, viv chak jou yon fason pou nou pi prepare pou nou rankontre Kreyatè nou an.” (“Yon Nouvo Nòmal,” 118).

Kounyea sa pa etranj pou madanm mwen, Patricia, oubyen mwenmenm manje kokoye avèk piman--anfèt, nou remen li. Sepandan, egzaltasyon se yon bagay pi plis transandantal pase gou bouch nou; li se yon sijè ki gen rapò ak letènite.

Mwen priye pou nòmalite nou pèmèt nou fè eksperyanse eta “lajwa san fen ” (Mozya 2:41) sa a ke yo pwomèt tout moun ki respekte kòmandman Bondye yo epi pandan n ap fè sa a, pou nou kapab di, “Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè” (2 Nefi 5:27).

Frè m ak sè m yo, mwen temwanye konsènan 15 mesye sa yo nou soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè yo, enkli pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson. Mwen temwanye ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo vrè. Mwen temwaye espesyalman konsènan Jezikri, Sovè nou ak Redanmtè nou, nan non Jezikri, amèn.