Konferans Jeneral
Suiv Jezikri nan Mache ak Lafwa.
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Suiv Jezikri nan Mache ak Lafwa.

Kris la kapab pote nou jodia pou n travèse moman difisil yo. Li te fè sa pou premye pyonye yo, e Li fè sa kounyea pou nou chak.

Mèsi, koral la, pou kantik “Nos pas guidés par la foi (Lafwa nan Chak Pa)” a. Pawòl ak mizik chan sa a te ekri nan lane 1996 pa Frè Newell Dayley1 an preparasyon pou selebrasyon 150yèm anivèsè arive premye pyonye yo nan Vale Salt Lake la nan lane 1847.

Byenke chan sa a te ekri an preparasyon pou selebrasyon sa a, mesaj li a aplike a tout mond lan.

Mwen te toujou renmen refren an:

Ak lafwa nan chak pa, n ap suiv Kris la, Senyè a (Avec la foi à chaque pas, nous suivons le Christ, le Seigneur );

Epi ranpli ak lespwa atravè amou pi li, n ap chante ansanm (Et remplis d’espoir grâce à son amour pur, nous chantons d’un commun accord).2

Frè m ak sè m yo, mwen temwanye ke lè n ap suiv Jezikri nan mache ak ak lafwa, gen espwa. Gen espwa nan Senyè a, Jezikri. Gen espwa pou nou tout nan lavi sa a. Gen espwa pou nou simonte erè, chagren ak soufrans nou yo, ak eprèv ak pwoblèm nou yo. Gen espwa nan repantans ak resevwa padon epi nan padone lòt moun. Mwen temwanye ke gen espwa ak lapè nan Kris la. Li kapab pote nou jodia pou n travèse moman difisil yo. Li te fè sa pou premye pyonye yo, e Li fè sa kounye a pou nou chak.

Ane sa a make 175 yèm anivèsè arive premye pyonye yo nan Vale Salt Lake la, sa ki te fè m reflechi sou zansèt mwen yo, kèk nan yo te mache soti Nauvoo rive nan Vale Salt Lake la. Mwen gen gran granparan ki te mache nan plèn yo pandan yo te jèn. Henry Ballard te gen 20 an;3 Margaret McNeil te gen 13 an;4 epi Joseph F. Smith, ki te vin sizyèm Prezidan Legliz la nan apre, te sèlman gen 9 an lè l te rive nan Vale Salt Lake la.5

Yo te rankontre tout kalite difikilte sou wout la, tankou sezon fredi, maladi, ak mank rad ak nouriti apwopriye. Paregzanp, lè Henry Ballard te antre nan Vale Salt Lake la, li te kontan pou l te wè “Tè Pwomiz” la men li te viv nan lakrent pou moun pa t wè li paske rad li te gen sou li yo te sitèlman ize ke yo pa t ka menm kouvri kò l konplètman. Li te kache dèyè pyebwa tout lajounen jiskaske l te fè nwa. Apresa li t al nan yon kay epi l te sipliye moun yo pou yo te ba l rad pou l te ka kontinye vwayaj la epi al chèche kot paran l te ye. Li te rekonesan anvè Bondye paske l te rive nan fiti lakay li an sekirite.6

Gran gran paran m yo te suiv Jezikri ak lafwa nan chak pa atravè tout eprèv yo. Mwen rekonesan anvè yo paske yo pa t janm abandone. Traspye lafwa yo te beni mwen ak jenerasyon apre m yo, menmjan traspye lafwa pa w la jodia pral beni desandan ou.

Mo pyonye a se alafwa yon non ak yon vèb. Kòm yon non li ka vledi yon moun ki pami premye moun ki eksplore oswa etabli yon nouvo teritwa. Kòm yon vèb, li ka vledi ouvri oswa prepare chemen pou lòt moun suiv.7

Lè m panse a pyonye ki te prepare chemen pou lòt moun yo, mwen panse toudabò a Pwofèt Joseph Smith. Joseph sete yon pyonye paske traspye lafwa l la te mennen l nan yon ti forè kote li te mete ajenou nan lapriyè epi sa te louvri chemen pou nou gen plenitid levanjil Jezikri a. Lafwa Joseph pou l te “mande Bondye”8 a nan maten prentan 1820 sa a te louvri chemen pou Retablisman plenitid levanjil Jezikri a ki enkli pwofèt ak apot ki aple pou sèvi sou latè yon fwa ankò.9 Joseph Smith se yon pwofèt Bondye. Mwen konnen ke makpye ranpli lafwa l yo te fè l mete l ajenou nan prezans Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri.

Makpye lafwa Pwofèt Joseph yo te pèmèt li vin enstriman Senyè a pou te fè parèt Liv Mòmon an, ki se yon lòt temwanyaj konsènan Jezikri ak gras ekspyatwa L la.

Gras ak lafwa ak pèseverans Joseph Smith nan fas ak difikilte ak opozisyon enkwayab, li te kapab vin yon enstriman nan men Senyè a pou etabli Legliz Jezikri a yon fwa ankò sou tè a.

Pandan dènye konferans jeneral la, mwen te pale sou fason sèvis misyonè aplentan m nan te beni m. Mwen te beni pandan m t ap anseye sou plan sali gloriye Papa nou ki nan Syèl la, sou Premye Vizyon Joseph Smith la, ak tradiksyon Liv Mòmon an. Ansèyman ak doktrin retabli sa yo te gide traspye lafwa mwen nan anseye moun ki te dispoze pou yo te koute mesaj Retablisman levanjil la.

Misyonè nou yo jodi a se pyonye epòk modèn nou an paske yo pataje mesaj gloriye sa a avèk moun atravè mond lan, epi konsa yo louvri chemen pou pitit Papa nou ki nan Syèl la ka konnen Li ak Pitit Gason L la, Jezikri. Aksepte levanjil Jezikri a louvri chemen an pou tout moun prepare epi resevwa òdonans ak benediksyon Legliz yo ak tanp yo.

Nan dènye konferans jeneral la, Prezidan Russell M. Nelson te reyafime ke “Senyè a mande chak jèn gason ki diy, kapab pou prepare epi sèvi yon misyon” e ke “yon misyon se yon gwo opòtinite, men li se yon chwa tou ,” pou “jenn sè ki kapab yo.”10

Chè jèn gason ak jènfi m yo, mache ak lafwa ap ede nou suiv envitasyon Senyè a pou nou sèvi misyon—pou n vin pyonye epòk modèn nan—nan ouvri wout pou pitit Bondye yo jwenn epi rete sou chemen alyans k ap mennen tounen nan prezans gloriye Li a.

Prezidan Nelson se yon pyonye nan Legliz la. Lè l te yon Apot, li te vwayaje epi louvri anpil peyi pou predikasyon levanjil la. Yon ti tan apre li te vin pwofèt ak Prezidan Legliz la, li te sipliye nou pou n ogmante kapasite espirityèl nou pou nou resevwa revelasyon.10 Li kontinye anseye nou kijan pou nou fòtifye temwayaj nou. Nan yon devosyon pou jèn adilt yo, li te di:

“Mwen sipliye nou pou nou pran temwayaj nou anchaj. Travay pou li. Posede li. Pran swen li. Nouri li pou li ka grandi,-…

“[Apresa] siveye mirak k ap rive nan lavi nou.”12

L ap anseye nou kijan pou nou vin pi endepandan espirityèlman. Prezidan Nelson te ajoute ke “nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”13

Mwen temwanye ke Russell M Nelson se pwofèt Senyè a sou tè a jodia.

Sovè nou an, Jezikri, se pyonye siprèm nan prepare chemen an. Anfèt , Li se “chemen”14 pou plan sali a akonpli pou nou ka repanti epi, gras ak lafwa nan Li, pou nou retounen jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Jezi te di,“Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.”15 Li pwomèt li pap kite nou poukont nou; L ap avèk nou nan eprèv nou yo.16 Li envite nou pou nou “vin jwenn [Li] sensèman, epi [L ap] geri [nou].”17

Mwen temwanye ke Jezikri se Sovè nou ak Redanmtè nou, Avoka nou bo kote Papa a. Papa nou ki nan Syèl la louvri chemen an pou nou retounen vin jwenn li si nou suiv Pitit Gason Byenneme Li a, Jezikri, avèk lafwa nan chak pa.

Gran granparan mwen yo ak lòt premye pyonye yo te rankontre anpil obstak lè yo t ap vini nan charyo ak bourèt yo, epi nan mache antre nan Vale Salt Lake la. Noumenm tou, nou pral rankontre obstak nan vwayaj endividyèl nou nan lavi nou. Nou pa p pouse charyo amen oswa kondwi charyo ki kouvri poumonte mòn apik ak travèse gwo pil nèj; n ap eseye menmjan avèk yo pou nou simonte tantasyon ak eprèv epòk nou yo espirityèlman. Nou gen santye pou nou mache; nou gen kolin—e pafwa mòn—pou nou monte. Byenke eprèv yo jodi a diferan de eprèv premye pyonye yo, yo pa mwens difisil pou nou.

Li enpòtan pou nou suiv pwofèt la epi kenbe pye nou plante byen fèm sou chemen alyans fidelite a jan li te ye pou premye pyonye yo.

An nou suiv Jezikri ak lafwa nan chak pa. Nou bezwen sèvi Senyè a epi sèvi youn ak lòt. Nou bezwen fòtifye tèt nou espirityèlman nan kenbe epi onore alyans nou yo. Nou pa ta dwe pèdi sans ijans pou nou respekte kòmandman yo. Satan ap eseye diminye angajman nou ak lanmou nou pou Bondye ak Senyè a Jezikri. Tanpri sonje ke si nenpòt moun ta pèdi wout yo, nou p ap janm pèdi pou Sovè nou an. Avèk benediksyon repantans, nou kapab vire jwenn Li. L ap ede nou aprann, pwogrese, epi chanje pandan n ap fè efò pou nou rete sou chemen alyans lan.

Se pou nou toujou suiv tras Jezikri epi, avèk lafwa nan chak pa nou fè, konsantre sou li, nan kenbe pye nou plante byen fèm sou chemen alyans lan.

Nòt

  1. Gade K. Newell Dayley, “Faith in Every Footstep,” Ensign, Jan. 1997, 15; Liahona, Fev. 1997, 22–23.

  2. Dayley, “Faith in Every Footstep,” Ensign, Jan. 1997, 15; Liahona, Fev. 1997, 23.

  3. Gade Henry Ballard diary; 19th Century Western and Mormon Manuscripts; L. Tom Perry Special Collections, Harold B. Lee Library, Brigham Young University, archives.lib.byu.edu/repositories/ltpsc/resources/upb_msssc998.

  4. Gade “A ‘Small Glimpse’ into Pioneer Experiences,” Church News, 15 Jen, 1996, thechurchnews.com.

  5. Gade Enseignements des présidents de l Eglise: Joseph F. Smith (1998), xiv.

  6. Gade Douglas O. Crookston, ed., Henry Ballard: The Story of a Courageous Pioneer, 1832–1908 (1994), 14–15.

  7. Gade Merriam-Webster.com Dictionary, “pioneer.”

  8. Jak 1:5.

  9. Gade Istwa— Joseph Smith 1:5–20.

  10. Russell M. Nelson, “Preche Levanjil Lapè a,” Liahona, Me 2022, 6; retire aksan orijinal.

  11. Russell M. Nelson, , “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96.

  12. Russell M. Nelson, “Choices for Eternity” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022), broadcasts.churchofJesusChrist.org.

  13. Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” 96.

  14. Jan 14:6.

  15. Jan 14:6

  16. Gade Jan 14:16–18

  17. 3 Nefi 18:32