Konferans Jeneral
Nou Ka Fè Bagay ki Difisil Atravè Li
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Nou Ka Fè Bagay ki Difisil Atravè Li

Nou pwogrese nan lavi disip nou lè nou egzèse lafwa nan Senyè a nan moman difisil yo.

Pandan ministè terès Sovè a, Li te wè yon mesye ki te avèg. Disip Jezi yo te mande, “Mèt, poukisa nonm sa a avèg en? Se peche l osinon peche manman l ak papa l ki lakoz sa?”

Repons fèm, eman, ak sensè Sovè a ba nou asirans ke li konsyan de pwoblèm nou: “Se pa ni peche pa l ni peche manman l ak papa l ki lakoz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye ka fè nan li.”1

Byenke kèk pwoblèm ka rive akoz dezobeyisans volontè, nou konnen ke anpil nan pwoblèm lavi yo vini akoz de lòt rezon tou. Kèlkeswa sous pwoblèm nou yo, yo ka gwo opòtinite pou nou grandi.

Fanmi m pa t epanye anba advèsite lavi yo. Lè m t ap grandi, mwen te admire gwo fanmi ki te gen anpil timoun yo. Fanmi sa yo te atiran pou mwen, espesyalman lè m te rankontre Legliz la pandan adolesans mwen gras ak tonton m bò kot manman, Sarfo, ak madanm li nan Takoradi, Gana.

Lè Hannah avèk mwen te marye, nou te anvi akonplisman sa k te nan benediksyon patriyakal nou yo, ki te mansyone ke nou t ap gen benediksyon pou n gen anpil timounn. Sepandan, avan nesans twazyèm tigason nou an, sa te vin klè medikalman ke Hannah pa t ap kapab fè pitit ankò. Erezman, byenke Kenneth te fèt nan sikonstans ki te menase ni lavi pa li ni pa manman l, li te rive san danje, epi manman l te refè. Li te vin kapab kòmanse patisipe konplètman nan lavi familyal nou—enkli ale Legliz, priyè familyal kotidyen, etid ekriti, sware familyal, ak bon kalite aktivite rekreyatif.

Malgre nou te oblije bese espwa nou te genyen pou yon gwo fanmi an, se te yon jwa pou nou te mete an pratik ansèyman ki nan “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” avèk twa pitit byenneme nou yo. Suiv ansèyman sa yo te ajoute anpil sans sou lafwa m ki t ap grandi a.

Jan pwoklamasyon an di a: “Maryaj ant gason ak fi se yon bagay endispansab pou plan etènèl li a. Se dwa timoun pou yo pran nesans nan relasyon maryaj, epi pou yon papa ak yon manman ki onore alyans maryaj avèk fidelite total elve yo.”2 Pandan nou t ap mete prensip sa yo an pratik la, nou te beni.

Sepandan, yon fen semèn pandan m t ap sèvi kòm prezidan pieu, nou te viv yon eksperyans ki se petèt pi gwo eprèv yon paran ka fè fas. Fanmi an te retounen sot nan yon aktivite Legliz la epi nou te reyini pou manje. Apresa twa tigason nou yo te soti al jwe nan lakou a.

Madanm mwen te santi yon enpresyon repete ke te gen yon bagay ki pa t nòmal. Li te mande m pou m t al cheke sou timoun yo pandan nou t ap lave asyèt yo. Mwen te santi yo te an sekirite puiske nou te ka tande vwa yo kontan k ap jwe.

Lè nou toulède te finalman al tcheke sou timoun yo, anba gwo sezisman, nou te jwen Kenneth, ki te gen 18 mwa, imobil nan yon bokit dlo, e frè l yo pa t wè sa. Nou te kouri al lopital avèk li, men tout tantatif pou yo te reviv li te initil.

Nou te devaste dèske nou pa t ap gen opòtinite pou nou te elve pitit presye nou an pandan lavi mòtèl sa a. Byenke nou te konnen Kenneth t ap fè pati fanmi nou etènèlman, mwen te twouve m ap poze kesyon poukisa Bondye te kite trajedi sa a rive m pandan ke m t ap fè tout sa m te kapab pou m te mayifye apèl mwen an. Mwen te fèk rantre lakay mwen apre m te fin ranpli youn nan devwa m nan sèvi Sen yo. Poukisa Bondye pa t ka konsidere sèvis mwen an epi sove tigason nou an epi epanye fanmi nou trajedi sa a? Plis mwen te panse ak sa, se plis mwen te vin gen amètim.

Madanm mwen pa janm repwoche m dèske m pa t suiv enspirasyon l lan, men mwen te aprann yon lesson ki chanje lavi epi mwen fikse de règ pou tèt mwen, pou pa t janm kraze.

Règ 1: Koute epi pote atansyon a enspirasyon madanm nou.

Règ 2: Si w pa sèten pou nenpòt ki rezon, al nan règ nimewo 1 an.

Byenke eksperyans lan te boulvèsan, epi nou toujou kontinye gen lapenn, fado akablan nou an te finalman vin pi lejè.3 Madanm mwen avè m te aprann kèk leson espesifik nan pèt nou an. Nou te vin santi nou ini ak lye pa alyans tanp nou yo; nou konnen ke nou ka reklame Kenneth kòm pa nou nan mond k ap vini an paske li te fèt nan alyans lan. Nou te akeri eksperyans ki nesesè pou nou sèvi lòt moun ak senpatize ak lapenn yo tou. Mwen temwanye ke amètim nou an te disparèt lè nou te egzèse lafwa nan Senyè a. Eksperyans nou an kontinye difisil, men nou vin aprann avèk apot Pòl ke nou “ka fè tout bagay atravè Kris la ki [fòtifye nou]” si nou konsantre nou sou Li.4

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou.” Li te di anplis, “Lajwa soti nan Li epi akoz de Li.”5

Nou ka gen kè kontan epi ranpli ak lapè nan moman difisil nou yo. Lanmou nou santi gras ak Sovè a ak Ekspyasyon l lan vin yon resous puisan pou nou nan moman eprèv nou yo. “Tout sa ki enjis [ak difisil] nan lavi a kapab vin korèk atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a”6 Li kòmande, “Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.”7 Li ka ede nou andire kèlkeswa doulè, maladi, ak eprèv nou rankontre nan mòtalite a.

Nou jwenn anpil istwa nan ekriti yo konsènan gran dirijan nòb, tankou Jeremi, Jòb, Joseph Smith, ak Nefi, ki pa t epanye anba lit ak difikilte mòtalite yo. Yo sete moun mòtèl ki te aprann obeyi Senyè a menm nan kondisyon difisil.8

Pandan jou terib yo nan prizon Liberty a, Joseph Smith te rele: “O Bondye, ki kote ou ye? Kote paviyon ki kouvri kote w kache a?”9 Senyè a te anseye Joseph pou l te “andire byen”10 epi Li te pwomèt li ke si l te fè sa, tout bagay sa yo ta pral ba l eksperyans epi se pral pou byen li.11

Lè m ap reflechi sou pwòp eksperyans pa m yo, mwen reyalize ke m aprann kèk nan pi bon leson m yo nan moman ki te pi difisil yo, moman ki te fè m sòti nan zòn konfò mwen. Difikilte m te rankontre pandan m te jèn yo, pandan m t ap apran apwopo Legliz la nan seminè, kòm yon nouvo konvèti, epi kòm misyonè aplentan, ak difikilte m te rankontre nan etid mwen, nan efò m pou m te mayifye apèl mwen, ak elve yon fanmi yo, yo te prepare m pou demen. Plis mwen reyaji ak kè kontan nan sikonstans difisil yo avèk lafwa nan Senyè a, se plis mwen pwogrese nan angajman m kòm yon disip.

Bagay difisil nan lavi nou yo pa ta dwe vini kòm yon sipriz lè nou fin rantre nan chemen dwat ak kwense a.12 Jezikri te aprann “obeyisans gras a bagay li te soufri yo.”13 Si nou suiv Li, espesyalman nan tan difisil nou yo, nou ka grandi pou n vin plis sanble avèk Li.

Youn nan alyans nou fè avèk Senyè a nan tanp se viv lwa sakrifis la. Sakrifis te toujou fè pati levanjil Jezikri a. Se yon rapèl sou gran sakrifis ekspyatwa Jezikri a pou tout moun ki te viv oubyen ki pral viv sou tè a.

Imaj
Misyonè Èldè Morrison yo

Mwen konnen ke Senyè a toujou rekonpanse dezi ki jis nou yo. Nou sonje pil pitit benediksyon patriyakal mwen te pwomèt mwen yo? Benediksyon sa a ap akonpli. Madanm mwen avè m te sèvi avèk plizyè santèn misyonè, ki te soti nan plis pase 25 peyi, nan misyon Cape Coast Gana a. Yo trè chè pou nou kòmsi yo sete pwòp pitit nou.

Mwen temwanye ke nou pwogrese antanke disip lè nou egzèse lafwa nan Senyè a nan moman difisil yo. Pandan n ap fè sa, L ap fòtifye nou avèk mizèrikòd epi L ap ede nou pote chay nou yo. Nan non Jezikri, amèn.