Konferans Jeneral
Se Pou Nou Fidèl Anvè Bondye ak Travay Li a
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Se Pou Nou Fidèl Anvè Bondye ak Travay Li a

Nou tout bezwen chèche gen pwòp temwayaj pa nou konsènan Jezikri, bride pasyon nou, repanti pou peche nou, epi rete fidèl anvè Bondye ak Travay Li a.

Oktòb dènye, mwen te gen tach, ansanm avèk Prezidan Russell Ballard ak Èldè Jeffrey R. Holland, pou nou te vizite Royaume-Uni, kote nou toulètwa te sèvi lè nou te jèn misyonè. Nou te gen privilèj pou nou te anseye ak temwaye, osibyen reviv kòmansman istwa Legliz la nan Zile Britanik yo kote aryè gran papa m, Heber C. Kimball ak konpayon l yo sete premye misyonè yo.1

Prezidan Russell M. Nelson, ki t ap takinen nou osijè tach sa a, te fè remake ke sa pa t abityèl pou yo te bay twa Apot tach pou y al vizite zòn kote yo te sèvi kòm misyonè nan jenès yo a. Li te rekonèt ke tout moun ta renmen pou yo asiyen yo kote yo te fè premye misyon yo. Avèk yon gwo souri sou figi li, li te eksplike ke l te vledi si gen yon lòt gwoup twa Apot ki te sèvi nan menm misyon an sa gen plis pase 60 tan, enben, yo ta gen dwa ba yo yon tach konsa tou.

Imaj
Heber<nb/>C. Kimball

Nan preparasyon pou tach sa a, mwen te reli Lavi Heber C. Kimball, ki te ekri pa yon piti pitit li, Orson F. Whitney, ki nan apre te aple nan apostola a. Sete chè manman m ki te ban m liv sa a lè m ta pral gen setan. Nou t ap prepare pou n tale nan konsekrasyon Moniman This is the Place la nan 24 Jiyè 1947, pa Prezidan George Albert Smith.2 Li te vle m aprann plis sou zansèt mwen an, Heber C. Kimball.

Liv la gen yon deklarasyon pwofon Prezidan Kimball te fè ki gen gwo siyifikasyon pou epòk nou an. Anvan m pataje deklarasyon an, kite m ba nou yon tikras nan kontèks li.

Pandan Pwofèt Joseph Smith te anprizonnen nan Prizon Libète a, Apot Brigham Young ak Heber C. Kimball te gen responsablite, anba sikonstans terib ak difisil, pou yo te sipèvize mouvman pou Sen yo te soti kite Missouri a. Evakyasyon sa a te enperatif an gran pati akozde lòd ekstèminasyon Gouvènè Lilburn W. Boggs te bay la.3

Prèske 30 tan apre, Heber C. Kimball, ki te nan Premye Prezidans lan lè sa a, pandan l t ap reflechi sou istwa sa a avèk yon nouvèl jenerasyon an, te anseye, “Kite m di nou, ke anpil nan nou pral wè moman kote nou pral gen tout pwoblèm, tout eprèv ak pèsekisyon nou kapab sipòte, ak anpil opòtinite pou nou montre ke nou fidèl anvè Bondye ak travay Li a.”4

Heber te kontinye: “Pou nou fè fas ak difikilte ki pral vini yo, li pral nesesè pou nou gen yon konesans sou verasite travay sa a pou tèt pa nou. Difikilte yo pral sitèlman rèd ke gason oswa fi ki pa posede konesans sa a oubyen temwayaj sa a pral tonbe. Si w pa gen temwayaj la, se pou w viv dwat, epi envoke Senyè a epi pa sispann jiskaske w rive genyen li. Si w pa fè sa, ou p ap ka kanpe. … Tan pral rive kote okenn gason ni fi p ap kapab andire sou limyè yo prete. Yo chak pral bezwen gide pa limyè ki andedan yo a. … Si w pa genyen l, ou p ap ka kenbe; se poutèt sa chèche gen temwayaj konsènan Jezi epi atache avèk li, pou lè tan eprèv la rive ou pa trebiche epi tonbe.”5

Nou chak bezwen yon temwayaj pèsonèl sou travay Bondye a6 ak wòl fondamantal Jezikri. Seksyon 76 Doktrin ak Alyans yo fè referans a twa degre laglwa epi konpare glwa selès la avèk solèy la. Apresa li konpare wayòm terès la avèk lalin nan.7

Sa enteresan ke solèy la gen pwòp limyè pa li, men lalin nan se yon limyè reflete oubyen “limyè prete. ” Apwopo wayòm terès la, vèsè 79 la deklare, “Se moun sa yo ki pa vanyan nan temwayaj Jezi yo.” Nou pa ka jwenn wayòm selès la epi viv avèk Bondye Papa a sou limyè nou prete; nou bezwen gen pwòp temwayaj pa nou konsènan Jezikri ak levanjil Li a.

N ap viv nan yon mond kote inikite abonde8 epi kè moun vire lwen Bondye akoz presèp lèzòm.9 Youn nan egzanp ki pi konvenkan nan ekriti yo konsènan preyokipasyon Heber Kimball la osijè rechèch yon temwayaj konsènan travay Bondye ak Jezikri a se nan konsèy Alma te bay twa pitit gason l yo—Elaman, Chiblon, ak Koryanton an.10 De nan pitit gason l yo te fidèl anvè Senyè a ak travay Li. Men youn ladan yo te pran move desizyon. Pou mwen, pi gwo siyifikasyon konsèy Alma a sèke li te bay li kòm yon papa pou benefis pwòp pitit li.

Premye sousi li, tankou Heber C. Kimball, sete pou yo chak te gen yon temwayaj konsènan Jezikri epi rete fidèl anvè Bondye ak travay Lia.

Nan ansèyman remakab Alma te bay pitit gason l Elaman an, li fè yon pwomès pwofon pou moun ki “mete konfyans yo nan Bondye, y ap jwenn sipò nan traka yo, ak pwoblèm yo, ak afliksyon yo, epi yo pral monte anlè nan dènye jou a.”11

Byenke Alma te resevwa yon revelasyon kote l te wè yon zanj, se yon bagay ki ra. Enpresyon Sentespri a kite yo pi abityèl. Enpresyon sa yo ka egalman osi enpòtan ke manifestasyon anjelik. Prezidan Joseph Fielding Smith te anseye: “Enpresyon sou nanm yo ki soti nan Sentespri a pi enpòtan toujou pase yon vizyon. Lè Lespri pale avèk lespri, anprent li sou nanm nan pi difisil pou efase.”12

Sa mennen nou nan konsèy Alma te bay dezyèm pitit gason l lan, Chiblon. Chiblon te fidèl menmjan ak frè li Elaman. Konsèy mwen vle souliyen an se Alma 38:12, ki di an pati, “Bride pasyon w yo pou w kapab chaje avèk lanmou.”

Bride se yon mo enteresan. Lè n ap monte yon cheval, nou itilize brid la pou gide li. Yon bon sinonim se ta petèt dirije, kontwole, oswa metrize. Ansyen Testaman an di nou ke nou te pouse kri lajwa lè nou te aprann nou ta pral genyen kò fizik.13 Kò a pa move—li bèl epi li esansyèl—men gen kèk pasyon, si nou pa bride yo kòrèkteman e konvenableman, yo kapab separe nou de Bondye ak travay Li a epi fè yon enpak negatif sou temwayaj nou.

Ann pale de de pasyon an patikilye—premyèman, kòlè epi dezyèmman, imoralite.14 Sa enteresan ke, si nou kite toulède debride oswa san kontwòl, yo ka lakoz gwo chagren, diminye enfliyans Sentespri a, epi separe nou de Bondye ak travay Li. Advèsè a pwofite tout opòtinite pou l ranpli lavi nou avèk imaj vyolans ak imoralite.

Nan kèk fanmi, sa pa ra ke yon mari oubyen yon madanm ki ankòlè frape yon konjwen oswa yon pitit. An Jiyè, mwen te patisipe nan yon Fowòm Palemantè pou tout pati nan Londres, Royaume Uni.15 Yo te souliyen vyolans kont fi ak jèn yo kòm yon pwoblèm mondyal enpòtan. Anplis vyolans fizik la, gen lòt moun ki ap pfè abi vèbal tou. Pwoklamasyon sou fanmi an di nou ke “moun ki maltrete konjwen yo oubyen pitit yo pral rann kont devan Bondye yon jou.”16

Prezidan Nelson te mete gwo aksan sou sa yè maten.17 Tanpri, pran desizyon pou, menmsi paran w te fè w abi ou non, ou p ap janm fizikman ni vèbalman ni emosyonèlman abize konjwen w oswa pitit ou.

Nan epòk nou an, youn nan difikilte ki pi siyifikatif se kontansyon ak abi vèbal ki anrapò avèk pwoblèm sosyete. Nan plizyè ka, kòlè ak jouman ranplase rezonman, diskisyon, ak koutwazi. Anpil moun abandone egzòtasyon Pyè, Apot senyò Sovè a, pou nou chèche kalite kretyèn tankou tanperans, pasyans, pyete, bonte fratènèl, ak charite a.18 Yo abandone kalite kretyèn ki se imilite a tou.

Anplis kontwole kòlè ak bride lòt pasyon, nou bezwen mennen yon lavi moralman pur nan kontwole panse nou, langaj nou, ak aksyon nou. Nou bezwen evite pònografi, evalye si sa n ap gade nan fwaye nou yo apwopriye, epi evite tout fòm konpòtman peche.

Sa mennen nou nan konsèy Alma te bay pitit gason l Koryanton an. Kontrèman a frè l yo, Elaman ak Chiblon, Koryanton te angaje l nan transgresyon moral.

Paske Koryanton te tonbe nan imoralite, li te nesesè pou Alma te anseye l apwopo repantans. Li te oblije anseye l gravite peche a epi apresa kijan pou l repanti.19

Konsa, konsèy prevansyon Alma a sete pou bride pasyon, men konsèy li pou moun ki te transgrese yo, sete pou yo repanti. Prezidan Nelson te bay manm yo konsèy pwofon sou repantans nan konferans jeneral Avril 2019 la. Li te fè l klè ke repantans kotidyen se yon pati entegral lavi nou. “Repantans se pa yon evenman; se yon pwosesis. Li se kle bonè ak lapè nan lespri,” li te anseye. ”Repantans chak jou se chemen ki mennen nan purete, epi purete pote pouvwa.”20 Si Koryanton te fè sa Prezidan Nelson konseye a, li t ap repanti osito l te kòmanse resevwa panse ki pa pwòp yo. Gwo transgresyon yo pa t ap rive.

Dènye konsèy Alma te bay pitit gason l yo se kèk nan doktrin ki pi enpòtan nan tout ekriri yo. Li anrapò avèk Ekspyasyon Jezikri a.

Alma temwaye ke Kris la t ap retire peche.21 San Ekspyasyon Sovè a, prensip etènèl jistis la t ap mande pinisyon.22 Gras ak Ekspyasyon Sovè a, mizèrikòd kapab entèvni pou moun ki repanti epi pèmèt yo retounen nan prezans Bondye. Nou ta dwe medite sou doktrin mèveye sa a.

Okenn moun pa ka retounen al jwenn Bondye pa pwòp bon zèv pa l sèlman, nou tout bezwen benediksyon sakrifis Sovè a. Nou tout peche, epi se sèl atravè Ekspyasyon Jezikri a nou ka jwenn mizèrikòd epi viv avèk Bondye.23

Alma te bay konsèy mèveye l te bay Koryanton an pou nou tout ki nan pwosesis repantans lan tou oubyen ki pral suiv pwosesis sa a kit peche yo piti oubyen grav tankou sa Koryanton te komèt yo. Vèsè 29 nan chapit 42 a di, “Epi konnyea, pitit gason nan, m vle pou w pa kite bagay sa yo annwiye w ankò, epi se pou peche w yo sèlman annwiye w, avèk anvi sa a k ap mennen w desann nan repantans.”

Koryanton te koute konsèy Alma a epi li te repanti epi sèvi onorableman. Gras avèk Ekspyasyon Sovè a, gerizon disponib pou nou tout.

Nan epòk Alma a, nan epòk Heber la, e asireman nan epòk pa nou an, nou tout dwe chèche gen pwòp temwayaj pèsonèl nou konsènan Jezikri, bride pasyon nou, repanti pou peche nou, epi jwenn lapè atravè Ekspyasyon Jezikri a epi rete fidèl anvè Bondye ak travay Li a.

Nan yon diskou resan epi maten an ankò, Prezidan Russell M. Nelson te di l fason sa a: “Mwen priye nou pou nou pran temwayaj nou konsènan Jezikri a anchaj. Priye pou li. Asime li. Pran swen li. Nouri li pou l ka grandi. Apresa, veye pou mirak fèt nan lavi nou.”24

Mwen rekonesan dèske nou pral tande Prezidan Nelson kounyea. Mwen temwaye ke Prezidan Nelson se pwofèt Senyè a pou epòk pa nou an. Mwen renmen ak cheri enspirasyon ak gidans mèveye nou resevwa palentèmedyè l yo.

Antanke yon Apot Senyè Jezikri, mwen rann temwayaj sèten mwen sou divinite Sovè a ak reyalite Ekspyasyon L lan, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Ronald K. Esplin, “A Great Work Done in That Land,” Ensign, Jiyè 1987, 20: “Nan 13 Jen,, Elder Kimball, Orson Hyde, Joseph Fielding, ak zanmi Heber la, Willard Richards te kite Kirtland pou yo t al an Angletè. Nan New York, le 22 Jen, Kanadyen Isaac Russell, John Goodson, ak John Snyder te al jwenn yo. Sèt misyonè sa yo te rezève plas pou yo t ale Liverpool nan bato Garrickla.” (Gade Heber C. Kimball papers, 1837–1866; Willard Richards journals and papers, 1821–1854, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City.)

  2. Moniman This is the Place la ki sitiye nan lès Salt Lake City , Utah, nan antre Emigration Canyon an, komemore 100tyèm anivèsè arive Sen yo nan Vale Salt Lake la nan 24 Jiyè 1847. Moniman an montre estati Brigham Young, Heber C. Kimball, ak Wilford Woodruff.

  3. Ant 8 000 ak 10 000 Sen Dènye Jou te kouri kite Misouri nan kòmansman ane 1839 la pou yo te chape anba zak voylans milisyen yo ak gwoup bandi. Sou direksyon Brigham Young and Heber C. Kimball, yon komite te fòme pou kolekte mèb, evalye bezwen yo, ak etabli wout pou egzòd fatigan 200 kilomèt pou ale Illinois a. Abitan plen konpasyon nan vil Quincy yo te bay refij tanporè pou Sen aflije yo kote yo te founi yo abri ak manje. (Gade Les Saints: Histoire de l Eglise de Jésus-Christ dans les derniers jours, vol. 1, L Etandard de la vérité, 1815–1846 [2018], 375–77; William G. Hartley, “The Saints’ Forced Exodus from Missouri,” nan Richard Neitzel Holzapfel ak Kent P. Jackson, eds., Joseph Smith: The Prophet and Seer [2010), 347–89.

  4. Nan Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball: An Apostle, the Father and Founder of the British Mission (1945), 449.

  5. Nan Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball, 450.

  6. Gade Moyiz 1:39; gade tou “Travay Sali ak Egzaltasyon an,” seksyon 1.2 nan Manyèl Enstriksyon: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ChurchofJesusChrist.org. Nou vin jwenn Kris la epi ede nan travay Bondye a nan viv levanjil Jezikri a, nan pran swen moun ki nan bezwen, nan envite tout moun pou yo resevwa levanjil la, ak nan ini fanmi yo pou letènite. Gade tou Doktrin ak Alyans 110, ki eksplike kle ki te bay pou travay sali a.

  7. Gade tou 1 Korentyen 15:40–41.

  8. Gade Doktrin ak Alyans 45:27.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 45:29.

  10. Alma sete pitit gason pwofèt Alma. Li sete gran jij peyi a, epi gran prèt ak pwofèt. Li te fè eksperyans yon konvèsyon mirakile pandan l te jèn gason.

  11. Alma 36:3.

  12. Joseph Fielding Smith, “The First Presidency and the Council of the Twelve,” Improvement Era, Nov. 1966, 979.

  13. Gade Jòb 38:7.

  14. Gade Alma 39:9. Alma enstwi Koryanton, “Sispann pousuiv anvi [w] yo.”

  15. Gwoup Palemantè Tout Pati yo, Sesyon Paleman, Madi 5 Jiyè 2022, “Prevni Vyolans ak Pwomouvwa Libète Kwayans.”

  16. Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org; gade tou Patrick Kearon, “Li Resisite avèk Gerizon nan Zèl Li: Nou Ka Vin Plis Pase Konkerè,” Liahona, Me 2022, 37–39.

  17. Gade Russell M. Nelson, “Kisa Ki Vrè,” Liahona, Nov. 2022, 29.

  18. Gade 2 Pyè 1:5–10.

  19. Gade Alma 39:9.

  20. Russell M. Nelson, “Nou Ka Fè Pi Byen e Vin Pi Bon,” Liahona, Me 2019, 67, 68.

  21. Gade Alma 39:15.

  22. Gade Alma 42:16.

  23. Gade 2 Nefi 25:23.

  24. Russell M. Nelson, Facebook, 1e Out 2022, facebook.com/russell.m.nelson; Twitter, 1er Out 2022, twitter.com/nelsonrussellm; Instagram, 1e Out 2022, instagram.com/russellmnelson; gade tou “Chwa pou Letènite” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me 2022), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.