Konferans Jeneral
Prensip Etènèl Amou an
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Prensip Etènèl Amou an

Amou Pè Selès la pou nou chak pitit Li yo se yon bagay reyèl. Li la pou nou chak.

Prensip etènèl amou an manifeste lè nou viv de gran kòmandman yo: Renmen Bondye avèk tout kè ou, nanm ou, panse ou, ak fòs ou epi renmen pwochen ou tankou tèt pa ou.1

M sonje premye ivè mwen pandan m ap viv isit la nan Utah—ak nèj tout kote. Paske m te sòti nan dezè Sonora a, m te kontan pou premye jou yo, men, apre kèk jou, m te realize ke m te oblije leve pi bonè pou m te retire nèj devan kay la.

Yon maten, nan mitan yon tanpèt nèj, m t ap swe, nan retire nèj, epi m te wè vwazen m nan k ap ouvri remiz li anfas lari a. Li pi granmoun pase m, konsa, m te panse ke si m te fini anvan, mwen ta ka ede li. Konsa, mwen te leve vwa m, m te mande, “Frè, èske w bezwen èd?”

Li te souri epi l te di, “Mèsi Èldè Montoya.” Apresa li te rale yon machin nèj soti nan garaj li, li te demare motè a, epi nan kèlke minit sèlman li te retire tout nèj ki te devan lakay li a. Apresa li te travèse lari a avèk machin nan epi l te mande m, “Èldè, èske w bezwen èd?”

Avèk yon souri, m te di, “Wi, mèsi.”

Nou vle ede yonn lòt paske nou yonn renmen lòt, epi nesesite frè m nan tounen nesesite pa m epi pa m nan tounen pa l. Kèlkeswa lang frè m nan pale oubyen peyi l sòti, nou yonn renmen lòt paske nou se frè, pitit menm Papa a.

Nan moman l t ap anonse sèvis pastoral la, Prezidan Nelson te di, “Nou pral enplante yon nouvo apwòch ki pi sen pou nou pran swen ak veye sou lòt.”2 Pou mwenmenm, pi sen vledi pi pèsonèl, pi apwofondi, plis tankou fason Sovè a: “Pou youn renmen lòt,”3 youn alafwa.

Li pa ase pou nou evite vin tounen yon pyè dachòpman pou lòt moun; li pa ase pou nou remake moun nan nesesite sou chemen an, epi pase bò kote yo. Annou pwofite chak opòtinite pou ede pwochen nou, menmsi se premye fwa ak sèl fwa nou rankontre yo nan lavi sa a.

Poukisa amou pou Bondye se premye gran kòmandman an?

M panse se poutèt sa Li reprezante pou nou. Nou se pitit Li, Li veye sou byennèt nou, nou depann de Li, epi amou L pwoteje nou. Plan L lan bay libète pou chwazi; sa ki enplike ke nou pral pwobableman fè erè.

Li kite nou pase anba eprèv ak tantasyon. Men, menmsi n ap fè kèk fot oubyen tonbe nan tantasyon, plan an bay yon Sovè pou nou ka rachte ak retounen nan prezans Bondye.

Advèsite nan lavi nou yo ka lakoz nou gen dout sou akonplisman pwomès yo fè nou yo. Tanpri, fè Papa nou konfyans. Li toujou kenbe pwomès Li, epi nou ka aprann sa L vle anseye nou.

Menm lè n ap fè sa ki byen, sikonstans nan lavi nou yo ka chanje de byen an mal, de kè kontan a tristès. Bondye reponn priyè nou selon mizèrikòd ak amou enfini Li, epi nan tan pa Li.

  • Kouran dlo kote Eli te bwè dlo a te vin sèch.4

  • Lansflèch anfè Nefi a te kase.5

  • Yon jèn tigason te sibi diskriminasyon epi yo te mete l deyò nan lekòl li.

  • Yon tibebe yo t ap ret tann lontan te mouri nan kèk jou apre l te fin fèt.

Sikonstans yo chanje.

Lè sikonstans yo chanje soti nan byen ak pozitif pou yo vin mal ak negatif, nou ka toujou gen kè kontan paske kè kontan pa depann de sikonstans yo men de atitid nou nan sikonstans yo. Prezidan Nelson te di, “Lajwa nou santi a pa gen anpil pou l wè avèk sikonstans lavi nou, meni li gen tout bagay pou wè avèk sa nou fokis nan lavi nou.”6

Nou ka chita ret tann sikonstans yo chanje pou tèt pa yo, oubyen nou ka chèche jwenn epi pwovoke nouvo sikonstans.

  • Elize te mache al nan Sarepta, kote yon vèv te ba li manje ak bwè.7

  • Nefi te fè yon lansflèch anbwa epi l t al lachas bèt pou manje.8

  • Jèn tigason an te chita ap koute ak pran nòt bò fenèt la, epi jodia li se yon pwofesè lekòl nan klas elemantè.

  • Koup la devlope gran lafwa nan Sovè a, Jezikri epi yo konfye yo nan plan sali a. Amou yo pou tibebe yo t ap ret tann ki te mouri a soudènman vin pi gran pase tristès yo.

Lè m tande kesyon “Papa ki nan syèl, èske w vrèman la? Epi èske w tande ak reponn priyè [chak] pitit ou?,”9 a mwen ta renmen reponn “Li la, Li reponn, epi L ap toujou la pou oumenm avèk mwen. M se pitit gason Li, Li se Papa m, epi m ap aprann vin yon bon papa tankou L.

Madanm mwen avèk mwen toujou eseye la pou pitit nou yo nenpòt lè, nan nenpòt kondisyon, epi a nenpòt ki pri. Chak timoun espesyal, valè yo gran pou Bondye, epi kèlkeswa difikilte, peche, ak feblès yo genyen, Bondye renmen yo, epi nou renmen yo tou.

Lè m te resevwa apèl sa a kòm Otorite Jeneral la, nan dènye jou anvan nou te vwayaje vin Salt Lake la, tout pitit mwen yo ak fanmi yo te ansanm lakay nou pou sware familyal, kote nou te eksprime amou ak gratitid nou. Apre leson an, m te bay chak pitit mwen yo yon benediksyon prètriz. Tout moun te gen dlo nan je. Apre benediksyon yo, premye pitit gason m nan te eksprime pawòl gratitid nan non tout moun, pou gran amou nou konn ba yo depi lè yo te fèt jiska lè sa a.

Beni pitit nou yo menmsi yo gen 5 an oubyen 50 tan. Rete avèk yo, ak pou yo. Byenke pran swen yo se yon responsablite plan diven an etabli, nou pa dwe bliye pataje moman lajwa avèk pitit nou yo.

Amou Pè Selès la pou nou chak pitit Li yo se yon bagay reyèl. Li la pou nou chak. M pa konnen kijan Li fè sa, men, Li fè l. Limenm ak Premyene L la fè yonn nan travay ak glwa Papa a, “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm. ”10 Yo voye Sentespri a ban nou pou gide nou, pou avèti nou, epi pou rekonfòte nou si sa nesesè.

Li te enstwi Pitit Gason Byenneme L la pou L te kreye bèl tè sa a. Li te enstwi Adan ak Èv epi L te ba yo libabit yo. Li te kontinye voye mesaje pandan dèzane pou nou ka resevwa amou L ak kòmandman Li yo.

Li te nan Boskè Sakre a pou reponn kesyon sensè jèn Joseph la epi rele l pa non li. Li te di: “Sa, se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!”11

M kwè ke demonstrasyon siprèm amou Bondye a pou nou te rive nan Jetsemane, kote Pitit Gason Bondye vivan an te priye “O Papa, si sa posib, retire koup sa devan m; men, se pa volonte pa m, men se pou volonte w fèt. ”12

M remake ke ti pòsyon m ka konprann nan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ogmante amou m pou Papa a ak Pitit Gason L la, li diminye anvi m pou peche ak dezobeyi, epi l ogmante volonte m pou m vin pi bon ak aji pi byen.

Jezi te mache san krent ak san dout al nan Jetsemane, avèk konfyans nan Papa Li, konesan ke Li te dwe travèse moulen rezen an poukont li. Li te andire tout doulè ak tout imilyasyon. Yo te akize L, jije L, epi krisifye L. Nan mitan pwòp agoni ak soufrans pa Li sou kwa a, Jezi te konsantre sou bezwen manman L ak disip byenneme L la. Li te ofri lavi L.

Nan twazyèm jou a, Li te resisite. Tonbo a vid; Li kanpe adwat Papa Li. Yo espere ke n ap chwazi kenbe alyans nou yo pou nou ka retounen nan prezans Yo. Dezyèm eta sa a se pa eta final nou; nou pa apatni a fwaye terès sa a, men, nou se èt etènèl k ap viv eksperyans tanporè.

Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye Vivan an, epi Li vivan. Li vivan, epi paske L vivan, tout pitit Bondye yo ap viv pou tout tan. Gras ak sakrifis ekspyatwa L la, nou tout kapab viv ansanm avèk Yo. Nan non Jezikri, Amèn.