Konferans Jeneral
Entandans Terès Nou
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Entandans Terès Nou

Mwen temwaye ke gen gwo benediksyon espirityèl yo pwomèt pou moun ki renmen ak pran swen tè a ak pwochen yo, gason ak fi.

Pandan m t ap vizite peyi natal nou an, Lafrans, madanm mwen avèk mwen te gen plezi pou nou te mennen kèk nan pitit pitit nou yo eksplore yon jaden mayifik ki nan yon ti vilaj ki rele Giverny. Nou te pran plezi pou nou te monte desan nan santye yo pou nou te admire bèl ranje flè yo, bèl flè lis elegan nan dlo yo, ak reflè limyè a sou dlo yo.

Imaj
Jaden Giverny an

Kote etonan sa a se rezilta pasyon kreyatif yon mesye: gran atis nan penti, Claude Monet, ki, pandan 40 tan te tandreman fòme ak kiltive jaden l lan pou l te fè l tounen atelye penti li. Monet te plonje tèt li nan bèlte lanati a; epi, apresa, avèk penso li, li te tradui ekspresyon li te santi yo an kout penti kolore ak limyè. Atravè ane yo, li te kreye yon koleksyon ekstraòdinè, dèmilye tablo ke jaden l lan te dirèkteman enspire li.

Imaj
Yon tablo Monet ki reprezante yon jaden

Nenuphars et pont japonais, 1899, pa Claude Monet

Frè m ak sè m yo, entèraksyon nou avèk bèlte lanati ki antoure nou yo ka pwodui kèk nan eksperyans ki pi enspiran ak pi jwaye nan lavi a. Emosyon nou santi yo limen nan nou yon santiman gratitid pwofon pou Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason la, Jezikri, ki te kreye tè mayifik sa a—avèk montay ak kouran dlo, plant ak bèt—ak premye paran nou yo, Adan ak Èv.1

Travay kreyasyon an pa yon finisman pou tèt pa l. Se yon pati entegral nan plan Bondye pou pitit Li yo. Objektif la se pou bay yon anviwonnman kote gason ak fi ka teste, egzèse libabit yo, jwenn lajwa, ak aprann, ak pwogrese, pou yo ka retounen yon jou al viv nan prezans Kreyatè yo a pou yo eritye lavi etènèl.

Kreyasyon mèveye sa yo te prepare totalman pou benefis nou epi yo se prèv vivan sou amou Kreyatè a pou pitit Li yo. Senyè a te deklare, “Wi, tout bagay ki soti nan tè a … fèt pou benefis ak itilize lòm, pou fè je moun plezi ak pou fè kè moun kontan.”2

Sepandan, don diven Kreyasyon an pa vini san devwa ak responsablite. Devwa sa yo pi byen dekri nan konsèp entandansla. Nan langaj levanjil la, mo entandans la deziye yon responsablite sakre ki espirityèl oubyen tanporèl pou pran swen yon bagay ki pou Bondye, ki rann nou responsab.3

Jan ekriti sen yo anseye nou an, entandans terès nou enkli prensip suivan yo:

Premye Prensip: Tout latè a, ak tout sa k ladan l se pou Bondye.

Kreyatè a konfye resous latè yo ak tout kalite lavi nan men nou, men, men Li toujou tete pwopriyetè total la. Li te di, “Mwen menm Senyè a, m te etann syèl la, epi m te bati tè a, travay pwòp men pa mwen; epi tout bagay ki ladan l se pa m.”4 Tout bagay ki sou latè a se pou Bondye, enkli fanmi nou, kò fizik nou, ak menm lavi nou.5

Dezyèmman: Kòm entandan kreyasyon Bondye yo, nou gen responsablite pou onore ak pran swen yo.

Kòm pitit Bondye, nou resevwa chay pou nou entandan, moun k ap pran swen, epi ki gadyen kreyasyon divin Li yo. Senyè a te di ke Li te fè “chak òm gen responsablite, kòm yon entandan sou benediksyon m te fè yo, epi m te prepare pou kreyati m yo.”6

Papa nou ki nan syèl la aksepte pou nou itilize resous latè yo daprè volonte pa nou. Men, nou pa ta dwe entèprete libète sa a kòm lisans pou nou itilize oubyen konsome richès mond sa a san sajès ni retni. Senyè a te bay avètisman sa a: “Epi sa fè Bondye plezi poutèt li te bay lòm tout bagay sa yo; paske se pou rezon sa yo, yo te fèt pou yo itilize, avèk bon sans, men pa nan eksè ni avèk avaris.”7

Yon fwa, Prezidan Russel M. Nelson te anseye: “Kòm moun ki benefisye Kreyasyon divin an, kisa nou pral fè? Nou dwe pran swen tè a, se pou nou entandan avize pou tè a, epi prezève l pou jenerasyon fiti yo.”8

Pi lwen pase yon senp nesesite syantifik oubyen politik, swen latè a ak anviwonnman natirèl nou yo se yon responsablite sakre Bondye konfye nou, ke nou ta dwe ranpli avèk yon sans devwa pwofon ak imilite. Se yon eleman entegral nan pozisyon nou kòm disip tou. Kouman nou ka onore ak renmen Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri san nou pa onore ak renmen kreyasyon Yo fè yo?

Gen anpil bagay nou ka fè—kolektifman ak endividyèlman—pou nou bon entandan. Konsidere sikonstans endividyèl nou, nou chak ka itilize abondans resous tè a avèk plis reverans ak pridans. Nou ka sipòte efò kominote yo pou pran swen tè a. Nou ka adopte yon stil lavi ak yon konpòtman pèsonèl ki respekte kreyasyon Bondye yo, epi fè espas kote n ap viv yo vin pi pwòp, pi bèl, ak pi enspiran.9

Entandans nou sou kreyasyon Bondye yo, nan pi wo degre l, enkli yon devwa sakre pou nou renmen, respekte, ak pran swen tout èt imen ki pataje tè a avèk nou. Yo se pitit gason ak pitit fi Bondye, sè ak frè nou, epi bonè etènèl yo se objektif travay kreayasyon an.

Otè ki rele Antoine de Saint-Exupéry a te rakonte bagay suivan an: Yon jou, pandan l t ap vwayaje nan yon tren, li te twouve l chita nan mitan yon gwoup refijye. Li te touche pwofondeman pa dezespwa li te wè sou figi yon jèn timoun, li te aklame, “Lè yon nouvo flè woz fèt atravè grèf, tout jadinye yo rejwi. Yo izole flè woz la, yo pran swenl, yo prezève l. Men, pa gen jadinye pou lèzòm.”10

Frè mak sè m yo, èske nou pa ta dwe jadinye pou pwochen nou, gason ak fi? Èske nou pa gadyen frè nou? Jezi te kòmande nou pou nou renmen pwochen nou tankou tèt nou.11 Nan bouch Li, mo pwochen an pa vle sèlman di pwoksimite jewografik; li enplike pwoksimite kè nou. Li anglobe tout abitan ki sou planèt sa a—keseswa y ap pre nou oubyen nan yon peyi lwen, kèlkeswa orijin, kondisyon pèsonèl yo oubyen sikonstans yo.

Kòm disip Kris la, nou gen yon devwa solanèl pou nou travay san fatige pou lapè ak amoni nan pami tout nasyon sou latè a. Nou dwe fè dilijans pou n pwoteje ak pote konsolasyon ak sekou pou moun fèb yo, sa k nan nesesite yo, ak tout sa k ap soufri oubyen oprime yo. Anlè tout bagay, pi gran kado lanmou nou ka ofri pwochen nou yo, lèzòm, se pataje avèk yo lajwa levanjil la epi envite yo vin jwenn Sovè yo a atravè alyans ak òdonans sakre.

Twazyèm prensip: Yo envite nou patisipe nan travay kreyasyon an.

Pwosesis diven kreyasyon an pako konplete. Chak jou, Kreyasyon Bondye yo kontinye grandi, etann, ak miltipliye. Sa ki pi mèveye sèke Papa nou ki nan syèl la lanse yon envitasyon ba nou pou nou patisipe nan travay kreyatif Li a.

Nou patisipe nan travay kreyasyon an chak fwa nou kiltive tè a oubyen nou ajoute pwòp konstriksyon pa nou nan mond la—toutotan nou montre respè pou kreyasyon Bondye yo. Kontribisyon nou ka eksprime atravè kreyasyon travay atistik. achitekti, mizik, ak kilti, ki anbeli planèt nou an, aktive sans nou ak klarifye lavi nou. Nou kontribye tou atravè dekouvèt syantifik ak medikal ki prezève latè a ak lavi ki sou li. Prezidan Thomas S. Monson te senplifye konsèp sa a nan bèl pawòl sa yo: “Bondye te kite mond la san meble pou lòm ka travay talan yo sou li … pou lòm ka konn lajwa ak laglwa kreyasyon an.”12

Nan parabòl Jezi a sou talan an, lè mèt la te retounen sòt nan vwayaj li a, li te louwe ak rekonpanse de sèvitè ki te agrandi ak mayifye talan yo. An kontras, li te rele sèvitè ki te kache talan espesyal li a “enpwofitab,” epi L te retire sa l te ba li a.14

Menm jan tou, wòl nou kòm entandan kreyasyon terès yo se pa sèlman pou nou konsève yo oubyen prezève yo. Senyè a atann ke nou travay avèk dilijans, daprè fason Sentespri a anime nou, pou nou kiltive, agrandi, amelyore, epi miltipliye resous Li konfye nou yo—pa sèlman pou benefis nou, men, pou beni lòt moun tou.

Nan pami tout akonplisman lòm, okenn pa ka egal a eksperyans pou vin tounen kreyatè-asosye avèk Bondye nan bay lavi oubyen nan ede yon timoun aprann, grandi, ak pwogrese a—keseswa kòm paran, pwofesè, dirijan, oubyen nan nenpòt lòt wòl. Pa gen entandans ki pi sakre, pi akonplisan, men tou ki pi egzijan pase vin asosye nan kreyasyon an avèk Kreyatè nou an ki bay kò fizik pou piti espri Li yo epi pou ede yo chak atenn potansyalite divin yo.

Responsablite asosye-kreyasyon an sèvi kòm yon rapèl konstan ke lavi ak kò chak moun sakre, ke yo pa pwopriyete okenn lòt moun pase Bondye, epi Li fè nou gadyen pou nou ka respekte yo, pwoteje yo, ak pran swen yo. Kòmandman Bondye yo, ki gouvène pouvwa pwokeyasyon yo ak etablisman fanmi etènèl yo, gide nou nan entandans sakre sa a, ki si enpòtan pou plan L la.

Frè m ak sè m yo, nou ta dwe rekonèt ke tout bagay espirityèl pou Senyè a—enkli aspè ki pi tanporèl nan lavi nou yo. Mwen temwaye ke gen gwo benediksyon espirityèl yo pwomèt pou moun ki renmen ak pran swen tè a ak pwochen yo, gason ak fi. Si w rete fidèlman nan entandans sakre sa a, epi ou onore alyans etènèl ou yo, w ap grandi nan konesans ou sou Bondye ak Pitit Gason L la, Jezikri, epi w ap santi amou ak enfliyans Yo plis an abondans nan lavi ou. Tout bagay sa yo va prepare w pou w rete avèk Yo pou w resevwa pouvwa kreyatif adisyonèl14 nan lavi k ap vini an.

Nan finisman egzistans mòtèl sa a, Mèt la pral mande nou pou nou bay rapò sou entandans sakre nou an, ansanm avèk fason nou te pran swen kreyasyon Li yo. Mwen priye pou ke lè sa a nou va tande pawòI amou Li k ap chichote nan kè nou: “Bon travay, bon sèvitè fidèl: ou te fidèl nan kèk bagay, m pral fè w dirijan sou anpil bagay: antre nan lajwa Senyè a.”15 Nan non Jezikri, amèn.

Nòtt

  1. Latè a ak tout bagay ki sou li, (eksepte Adan ak Èv) se te Jezikri ki te kreye yo sou direksyon Papa a; Adan ak Èv, premye paran nou yo, se Bondye, Papa a ki te krey (gade Jan 1:1–3; Moyiz 2:1, 26–27).

  2. Doktrin ak Alyans 59:18.

  3. Gade Spencer W. Kimball, “Welfare Services: The Gospel in Action,” Ensign, Nov. 1977, 76–79.

  4. Doktrin ak Alyans 104:14.

  5. Spencer W. Kimball, “Sèvis Antrèd,” 76–79.

  6. Doktrin ak Alyans 104:13.

  7. Doktrin ak Alyans 59:20.

  8. Russell M. Nelson, “Kreyasyon an,” Ensign, Jiyè 2000, 86.

  9. Gade Gospel Topics, “Environmental Stewardship and Conservation,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

  10. Antoine de Saint-Exupéry, Terre des Hommes (1939), 214; gade tou Wind, Sand and Stars (1939) nan Airman’s Odyssey (1984), 206.

  11. Gade Mak 12:31.

  12. Thomas S. Monson, “Nan Rechèch Lavi Abondan,” Ensign, Out 1988, 2.

  13. Gade nan Matye 25:14–30.

  14. Gade David A. Bednar ak Susan K. Bednar, “Pite Moral” (devosyon Inivèsite Brigham Young–Idaho , Jan. 7, 2003), byui.edu.

  15. Matye 25:21.