Konferans Jeneral
Epi Yo Te Chèche Konprann Kimoun Jezi te Ye
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Epi Yo Te Chèche Konprann Kimoun Jezi te Ye

Mwen temwaye ke Jezi vivan, ke L konnen nou, epi Li gen pouvwa pou geri, transfòme, ak padone.

Frè, sè, ak zanmi m yo, an 2013 madanm mwen, Laurel, avèk mwen te jwenn apèl pou n te sèvi kòm dirijan misyon nan Misyon Tchèque/Slovaque la. Kat pitit nou yo te sèvi avèk nou.1 Fanmi nou te gen benediksyon pou n te sèvi avèk misyonè briyan ansanm ak Sen tchèk ak Slovak remakab. Nou renmen yo.

Lè fanmi nou te antre nan chan misyon an, yon bagay Èldè Joseph B. Wirthlin te anseye te vini nan tèt nou. Nan yon diskou ki te rele “Gran Kòmandman an,” Èldè Wirthlin te mande, “Èske nou renmen Senyè a?” Konsèy li pou sila yo nan nou ki te reponn “wi” yo te senp ak pwofon: “Pase tan avèk Li. Medite sou pawòl Li yo. Pran jouk Li sou nou. Chèche konprann ak obeyi.”2 Apresa, Èldè Wirthlin te pwomèt benediksyon k ap tranfòme moun ki vle dispoze pou yo bay tan ak plas pou Jezikri nan lavi yo.3

Nou te kenbe konsèy ak pwomès Èldè Wirthlin nan nan kè nou. Ansanm ak misyonè nou yo, nou te pase anpil tan avèk Jezi ap etidye Matye, Mak, Lik, ak Jan nan Nouvo Testaman an ansanm ak 3 Nefi nan Liv Mòmon an. Nan fen chak reyinyon misyonè, nou te retounen plonje nou nan sa nou te rele “Senk Levanjil yo”4 ap li, diskite, konsidere, ak aprann konsènan Jezikri.

Pou mwen, pou Laurel, ak pou misyonè nou yo, pase tan avèk Jezi nan ekriti yo te chanje tout bagay. Nou te akeri yon apresyasyon pi pwofon pou moun Li te ye a ak sa k te enpòtan pou Li. Ansanm nou te etidye fason Li te anseye, sa Li te anseye, fason Li te montre lanmou, sa L te fè pou beni ak sèvi, mirak Li yo, fason Li te reyaji devan trayizon, sa L te fè devan emosyon imèn difisil yo, tit ak non L yo, fason Li te koute, fason Li te rezoud konfli, mond Li te viv ladan l lan, parabòl Li yo, fason L te ankouraje inite ak jantiyès, kapasite L pou padone ak geri, diskou L yo, priyè L yo, sakrifis ekspyatwa L la, Rezirèksyon L la, levanjil Li a.

Nou te souvan santi nou tankou Zache “ki te tout [kout]” ki t ap kouri pou monte pye sikomò a lè Jezi t ap pase travèse Jeriko paske, jan Lik dekri l la, nou “t ap chèche konprann kimoun Jezi te ye.”5 Se pa t Jezi jan nou te vle oswa swete L te ye a, men okontrè, Jezi jan Li vrèman te ye epi ye a.6 Jan Èldè Wirthlin pwomèt la, nou te aprann nan yon fason trè reyèl ke “levanjil Jezikri a se yon levanjil transfòmasyon. Li pran nou kòm gason ak fi toutafè òdinè sou tè a epi li rafine nou pou fè nou vin tounen gason ak fi pou letènite.”7

Moman sa yo te espesyal. Nou te vin kwè “avèk Bondye anyen pa p enposib.”8 Souvni aprèmidi sakre sa yo nan Prague, Bratislava, oswa Brno yo, kote nou te fè eksperyans pouvwa ak reyalite Jezi a, kontinye ap rezone nan lavi nou tout.

Nou te souvan etidye Mak 2:1–12. Istwa sa a trè kaptivan. Mwen vle li yon pati ladan dirèteman nan Mak, epi apresa pataje l jan m vin konprann li apre etid ak diskisyon apwofondi avèk misyonè nou yo ak lòt moun.9

“Kèk jou apre sa, [Jezi] tounen Kapènawòm. Yo tande li te lakay la.

“Te sitèlman gen moun ki te sanble, pa t gen plas ankò, pa menm devan pòt kay la. Jezi menm t ap preche yo pawòl la.

“Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t ap pote yon nonm paralize. Yo t ap mennen l bay Jezi.

“Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pa t ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a.

“Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen.”

Apre l te fin di kèk pawòl avèk kèk moun nan foul la,10 Jezi gade nonm ki te malad paralize a epi Li geri l fizikman, ak pawòl sa yo:

“Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou.

“ Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye; yo t ap di: Nou poko janm wè bagay konsa.”11

Kounyea, men istwa a janm m vin konprann ni: Nan kòmansman ministè Li, Jezi te retounen Kapènawòm, yon ti vilaj pechè pwason ki te sitiye sou rivaj nò Lanmè Galile a.12 Li te fèk sot akonpli yon seri mirak nan geri malad ak chase movèzespri.13 Prese pou yo te tande epi fè eksperyans avèk mesye ki rele Jezi a, vilajwa yo te reyini nan kay kote daprè rimè Li ta pral rete a.14 Apre yo te fin rasanble, Jezi te kòmanse anseye.15

Kay yo nan epòk sa a nan Kapènawòm te gen twati plat, sete abitasyon yon sèl etaj, ki te gwoupe ansanm.16 Twati a ak miray yo sete yon melanj wòch, bwa, ajil, ak tach, epi antre a te gen macheskalye senp sou kote kay la.17 Foul la te gwosi rapid nan kay la, ranpli chanm kote Jezi t ap anseye a, epi gaye soti nan lari a.18

Istwa a fokis sou yon mesye “malad paralize” ak kat zanmi li.19 Maladi a se yon fòm paralizi, ki souvan akonpaye ak feblès ak tranbleman.20 Mwen imajine youn nan kat zanmi yo ki di lòt yo, “Jezi nan vilaj nou an. Nou tout jwenn nouvèl sou mirak Li akonpli ak moun Li geri. Si nou ka jis mennen zanmi nou an kote Jezi, petèt li ka retabli tou.”

Konsa, yo chak te pran yon kwen nan nat oubyen kabann zanmi yo a epi yo te kòmanse pote l nan lari etwat ak pil koub Kapènawòm yo.21 Avèk tout mis yo fatige e fè mal, yo kat la te vire nan dènye koub la epi yo te dekouvri ke foul la, oswa, jan ekriti yo rele sa a, moun “kole youn sou lòt” ki te reyini pou tande yo, yo te sitèlman anpil ke sa t ap enposib pou yo te fè zanmi yo a pase nan pòt la rive kote Jezi te ye a.22 Avèk amou ak lafwa, kat zanmi yo pa t lage sa. Okontrè, yo te monte macheskalye yo ki te mennen sou twati plat la, avèk prekosyon, yo te soulve zanmi an ak kabann li monte vin jwenn yo, yo te fè yon twou nan twati oswa plafon sal kote Jezi t ap anseye a, epi yo te glise zanmi yo a desann.23

Imajine ke nan mitan sa ki dwe sete yon moman ansèyman pwofon, Jezi tande yon bri fwòtman, Li gade anlè, epi L wè yon twou k ap laji nan plafon an pandan pousyè ak tach ap tonbe nan sal la. Yon nonm paralize sou yon kabann ap glise desann vin sou planche a. Evidaman, Jezi konprann ke sa se pa yon entèripsyon men okontrè yon bagay ki enpòtan. Li gade mesye a sou kabann nan, Li padone peche l piblikman, epi Li mirakilezman soulaje l anba maladi l la.24

Avèk vèsyon Mark 2 sa a nan lespri m, anpil verite enpòtan konsènan Jezi kòm Kris la te vin klè. Premyèman, lè nou eseye ede yon moun nou renmen vin jwenn Kris la, nou ka fè sa avèk konfyans ke Li gen kapasite pou retire fado peche epi padone. Dezyèman, lè nou pote maladi fizik, emosyonèl, oswa lòt maladi bay Kris la, nou ka fè sa avèk asirans ke Li gen pouvwa pou geri ak rekonfòte. Twazyèman, lè nou fè efò tankou kat moun yo pou nou mennen lòt moun bay Kris la, nou ka fè sa avèk asirans ke Li wè vrè entansyon nou epi L ap onore yo kòrèkteman.

Sonje, aparisyon yon twou nan plafon an te entèwonp ansèyman Jezi a. Olye l te reprimande oswa repouse kat zanmi yo ki te fè twou a poutèt yo te entèwonp li a, ekriti yo di nou ke “Jezi te lafwa yo.”25 Moun yo ki te temwen mirak la lè sa a “te nan letonman, epi yo te glorifye Bondye, ki bay lèzòm yon pouvwa konsa.”26

Frè m ak sè m yo, kite m fini avèk de obsèvasyon adisyonèl. Kit se kòm misyonè, sèvitè, prezidant Sosyete Sekou, evèk, enstriktè, paran, fanmi oswa zanmi, nou tout angaje kòm disip antanke Sen Dènye Jou nan travay pou mennen lòt moun bay Kris la. Konsa, kalite kat zanmi yo te demontre yo diy pou moun konsidere ak imite.27 Yo montre kouraj, imajinasyon, rezilyans, kreyativite, fleksibilite, lespwa, detèminasyon, lafwa, optimis, imilite, ak andirans.

Adisyonèlman, kat zanmi yo mete aksan sou enpòtans espirityèl lespri kominote ak fratènite.28 Nan objektif pou mennen zanmi yo a al jwenn Kris la, yo chak te oblije pote yon kwen nan kabann nan. Si youn te lage sa, bagay yo t ap vin pi difisil. Si de te abandone efò a, travay la t ap vin efektivman enposib. Chak nan nou gen yon wòl pou l jwe nan rasanbleman Izrayèl la.29 Lè nou jwe wòl sa a epi nou fè pati pa nou an, nou pote kwen pa nou an. Kit se an Ajantin oswa Vyetnam, Akra oswa Brisbàn, nan yon branch oswa yon pawas, nan yon fanmi oswa yon ekip misyonè, nou chak gen yon kwen pou nou pote. Lè nou fè sa, e si n ap fè sa, Senyè a ap beni nou tout. Jan Li te wè lafwa yo a, se konsa L ap wè pa nou epi beni nou kòm yon pèp.

Nan kèk moman diferan, mwen te pòte yon kwen kabann, epi nan lòt moman, se mwenmen yo te pote. Yon pati nan pouvwa istwa remakab sa a sou Jezi a sèke li raple nou vrèman kijan nou youn bezwen lòt anpil, kòm frè ak sè, pou vin jwenn Kris la epi vin transfòme.

Sa yo se kèk nan bagay mwen te aprann nan pase tan avèk Jezi nan Mak 2.

“Se pou Bondye akòde nou posiblite pou nou [pote kwen pa nou an], pou nou pa bwonche, pou nou pa pè, men pou nou ka rete fèm nan lafwa nou, epi detèmine nan travay nou, pou reyalize objektif Senyè a.”30

Mwen temwaye ke Jezi vivan, ke L konnen nou, epi Li gen pouvwa pou geri, transfòme, ak padone. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Evie, Wilson, Hyrum, ak George.

  2. Joseph B. Wirthlin, “Gran Kòmandman an,” Liahona, Nov. 2007, 30.

  3. Benediksyon Èldè Wirthlin te idantifyue yo enkli kapasite ogmante pou renmen, yon dezi ineran pou pou ffè byen, yon volonte pou rete obeyisan ak sansib pou kòmandman Bondye yo, yon dezi pou sèvi lòt moun, ak yon dispozisyon pou fè byen kontinyuèlman.

  4. “Levanjil yo … se kat prezantasyon anba non kat diferan evanjelis oswa ekriven Levanjil yo sou lavi ak ansèyman Jezi yo, epi soufrans li, lanmò ak rezirèksyon Li” (Anders Bergquist, “The Bible: The New Testament,” nan Encyclopedia of Christianity [2005], 141). Diksyonè Bib la ajoute ke “mo levanjil la vledi ‘bòn nouvèl.’ Bòn nouvèl la sèke Jezikri te akonpli yon ekspyasyon pafè ki ap rachte tout limanite. … Rejis yo sou lavi mòtèl Li ak evenman ki an rapò ak ministè L yo se sa yo rele Levanjil yo” (Diksyonè Bib la, “Levanjil”). 3 Nefi, ki ekri pa Nefi, pitit pitti gason Elaman an, gen yon resi sou aparisyon ak ansèyman Jezikri nan Amerik yo jis apre Krisifiksyon L la epi, se poutèt sa, nou gen dwa fè referans avèk yo kòm yon “Levanjil.” Levanjil yo patikilyèman fasinan paske yo rapòte evenman ak sikonstans kote Jezi Limenm te aktivman anseye ak patisipe. Yo se pwen de depa esansyèl pou nou konprann Jezi kòm Kris la, relasyon nou avèk Li, ak Levanjil Li a.

  5. Gade Lik 19:1–4; gade tou Jakòb 4:13 (ki eksplike ke Lespri a “pale de bagay yo jan yo ye reyèlman, epi de bagay yo jan yo pral ye reyèlman”) epi Doktrin ak Alyans 93:24 (ki defini verite kòm “konesans de bagay yo jan yo ye, ak jan yo te ye, epi jan yo pral vini”).

  6. Prezidan J. Reuben Clark te egalman ankouraje etid sou “lavi Sovè a kòm yon pèsonalite reyèl.” Li te envite lòt moun pou yo te plonje nan resi nan ekriti yo sou lavi Jezikri a, pou yo eseye, “suiv modèl Sovè a, viv avèk li, kite l vin yon gason reyèlman, mwatye diven, evidaman, men sepandan deplase jan yon gason te deplase nan epòk sa yo.” Pi lwen Li te pwomèt ke kalite efò sa “ap ba nou yon lòt vizyon de li, tankou yon entimite avèk li ke pa panse nou ka jwenn nan okenn lòt fason. … Aprann sa L te di, sa L te panse, sa L te anseye. Fè jan L te fè a Viv jan L te viv la, otan nou kapab. Li sete òm pafè a” (J. Reuben Clark, Jr.,Behold the Lamb of God [962], 8–11). Pou nou gen yon ide sou valè ak rezon pou n etidye Jezi nan yon kontèks istorik, gade N. T. Wright ak Michael F. Bird., The New Testament in Its World (2019), 172–87.

  7. Joseph B. Wirthlin, , “Gran Kòmandman an,” 30.

  8. Lik 1:37.

  9. Anplkis diskisyon regilye ak apwofondi sou Mak 2:1–12 la avèk misyonè yo nan Misyon Tchèque/Slovaque la, mwen rekonesans tou pou leson nou te aprann pandan n t ap etidye tèks sa a avèk jèn gason ak jèn fi nan klas preparasyon pou misyonè a epi avèk dirijan ak manm nan Pieu YSA nan Salt Lake Pioneer yo.

  10. Gade Mak 26:–10.

  11. Mak 2:11–12.

  12. Gade Bruce M. Metzger ak Michael D. Coogan, The Oxford Companion to the Bible (1998), 104; James Martin, Jesus: A Pilgrimage (2014), 183–84.

  13. Gade Mak 1:–21 45.

  14. Gade Mak 2:1–12.

  15. Gade Mak 2:2.

  16. Gade Metzger ak Coogan, The Oxford Companion to the Bible, 104; William Barclay, The Gospel of Mark (2001), 53.

  17. Gade William Barclay, The Gospel of Mark, 53; gade tou Martin, Jesus: A Pilgrimage, 184.

  18. Gade Mark 2:2, 4; gade tou Barclay, The Gospel of Mark, 52–53. Barclay eksplike ke “lavi nan Palestine te trè piblik. Nan maten pòt kay la te louvri epi nenpòt moun ki te vle te gendwa antre soti. Pòt la pa t janm fèmen sof si yon moun te delibereman bezwen entimite; yon pòt louvri te vledi yon envitasyon pou tout mon antre. Nan [kay] ki te pi enb yo, tankou [sa yo mansyone nan Mak 2] a, timan pa t gen okenn koulwa pou antre; pòt te louvri dirèkteman … sou lari a. Konsa, nan kèlke segond, yon foul te anvayi kay la epi bloke lari bò kote pòt la te ye a, pou yo te ka koute avèk atansyon sa Jezi te gen pou L te di yo a.”

  19. Mak 2:3.

  20. Gade Medical Dictionary of Health Terms, “palsy,” health.harvard.edu.

  21. Gade James Martin, Jesus: A Pilgrimage, 184.

  22. Mak 2:4.

  23. Gade Mak 2:4; gade tou Julie M. Smith, The Gospel according to Mark (2018), 155–71.

  24. Gade Mak 2:5–12.

  25. Mak 2:5; italik ajoute.

  26. Matye 9:8; gade tou Mak 2:12; Lik 5:26.

  27. Doktrin ak Alyans 62:3 eksplike ke moun k ap sèvi Senyè a, yo “beni, paske temwayaj nou pataje yo anrejiste nan syèl la … epi peche nou yo padone.”

  28. Gade M. Russell Ballard, “Lespwa nan Kris la,” Liahona, Me 2021, 55–56. Prezidan Ballard fè remake ke yon “santiman apatenans” enpòtan pou sante fizik ak spirityèl nou, epi li obsève ke “chak manm nan kowòm nou yo, nan òganizasyon nou yo, nan pawas ak pieu nou yo gen don ak talan Bondye ba yo pou yo bati wayòm Li a kounyea.” Gade tou David F Holland, Moroni: A Brief Theological Introduction (2020), 61– 61. Holland diskite sou Moroni 6 ak sou fason patisipasyon ak entegration ede fasilite kalite eksperyans espirityèl pèsonèl ki liye nou pi sere avèk Senyè a.

  29. Gade Dieter F. Uchtdorf, “Edifye Kote w Ye a,” Liahona, Nov. 2008, 56. Èldè Uchtdorf eksplike ke “okenn nan nou pa kapab ni pa dweavanse travay Senyè a poukont li. Men si nou tout kanpe kole ansanm nan pozisyon Senyè a te chwazi a epi monte ansanm, anyen pa ka kenbe travay diven sa a nothing pat bezwen. Gade tou Chi Hong (Sam) Wong, “Sekouri nan Inite,” Liahona, Nov. 2014, 15. Èldè Wong fè referans Mak 2:1–5 epi li anseye ke “nan objektif pou ede Sovè a, nou dwe travay ansanm nan inite ak nan amoni. Chak moun, chak pozisyon, e chak apèl enpòtan.”

  30. Oscar W. McConkie, nan Conference Report, Okt. 1952, 57.