Konferans Jeneral
Wè Jezikri Plis nan Lavi Nou
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Wè Jezikri plis nan Lavi Nou

Sovè a envite nou pou nou konsidere lavi nou atravè je pa Li pou nou ka wè L plis nan lavi nou.

Frè m ak sè m yo, mwen santi m enb pou m kanpe devan nou maten sa a. Mwen makònnen kè m avèk pa nou, ranpli avèk rekonesans dèske nou ka rasanble, nenpòt kote nou ye nan mond la, pou n tande mesaj pwofèt, apot, vwayan, revelatè, ak dirijan yo nan wayòm Bondye a. Nan sans figire, nou vin tankou pèp nan tan wa Benjamen an, nou plante tant nou epi nou ouvri pòt nou nan direksyon pwofèt Bondye a sou tè a,1 Prezidan Russell M. Nelson.

Pou osi lontan m ka sonje, je m te toujou pa bon e m te toujou bezwen preskripsyon linèt pou korije vizyon mwen. Lè m ouvri je m chak maten, mond lan parèt trè dezoryante. Tout bagay flou, yo grennen, ak defòme. Menm mari m sanble plis avèk yon pòtre abstrè olye de pèsonaj byeneme ak rekonfòtan l reyèlman ye a! Premye reflèks mwen, anvan m fè nenpòt lòt bagay nan kòmansman jounen an, se chèche linèt mwen pou ede m fè sans a sa k antoure mwen ak jwi yon eksperyans ki pi vibran lè m ap navige nan jounen an.

Atravè ane yo, mwen vin rekonèt kijan abitid sa a ilistre depandans kotidyen m sou de bagay: premyèman, yon zouti ki ede m klarifye ak konsantre sou mond ki antoure m nan; dezyèmman, bezwen yon gidans fizik pou oryante m kontinyèlman nan bon direksyon an. Senp pratik woutin sa a reflete pou mwen yon obsèvasyon enpòtan sou relasyon nou avèk Sovè nou an, Jezikri.

Nan lavi nou, ki souvan ranpli ak kesyon, preyokipasyon, presyon, ak opòtinite, nou ka depann sou lanmoun Sovè a genyen pou nou chak endividyèlman an ak antanke pitit alyans Li, ansanm ak ansèyman ak lwa L yo, ki se resous kotidyen ki disponib epi nou ka depann sou yo pou yo ka yon “limyè ki briye, … ki klere je nou yo [ak] vivifye entèlijans nou.”2 Pandan n ap chèche benediksyon Lespri yo nan lavi nou, n ap kapab, jan Jakòb te anseye a, wè “bagay yo jan yo reyèlman ye a, ak jan yo pral vin ye.”3

Antanke piti alyans Bondye, nou gen benediksyon san parèy pou n dispoze de yon gwo rezèv zouti ki divinman deziyen pou amelyore vizyon espirityèl nou. Pawòl ak ansèyman Jezikri yo jan yo ekri nan ekriti yo ansanm ak nan mesaj pwofèt Li chwazi yo, ak Lespri Li nou resevwa atravè priyè chak jou, atravè asistans regilye nan tanp, ak atravè òdonans sentsèn chak semèn nan, kapab ede nou retabli lapè ak ofri nou don disènman ki nesesè pou pote limyè Kris la ak konpreyansyon Li nan tout kwen lavi nou ak nan yon mound ki ka plen twoub. Konsa tou, Sovè a kapab bousòl nou ak pilòt nou pandan n ap navige atravè dlo kalm ak dlo ajite yo nan lavi a. Li kapab klèman montre nou chemen korèk ki mennen nan destinasyon etènèl nou an. Alò, kisa Li ta vle nou gade, e ki kòte Li ta vle nou ale?

Pwofèt byeneme nou an te anseye ke “fokis nou dwe fikse sou Sovè a ak Levanjil Li” epi nou dwe “fè efò pou nou mete je nou sou li nan chak panse nou.”4 Prezidan Nelson promèt tou ke “anyen pa envite Lespri a plis pase fikse fokis nou sou Jezikri. … L ap dirije ak gide nou nan lavi pèsonèl nou si nou rezève tan pou Li nan lavi nou—chak jou, jou apre jou.”5 Zanmi mwen, Jezikri se alafwa objektif atansyon nou ak objektif destinasyon nou. Pou ede nou rete fikse epi avanse nan bon direksyon an, Sovè a envite nou gade lavi nou atravè Li pou nou kapab wè Li plis nan lavi nou. Mwen vin aprann plis sou envitasyon espesifik sa a atravè etid mwen nan Ansyen Testaman an.

Yo te bay premye Izrayelit yo lwa Moyiz la kòm yon levanjil preparatwa, ki te destine pou ede prepare moun yo pou yon relasyon alyans ki pi wo avèk Bondye atravè Jezikri.6 Lwa sa, ki te chaje ak senbòl ki te pwente kwayan yo pou “yo te tann Kris la ki te gen pou l vini an” ak ekspyasyon Jezikri a,7 sete pou te ede pèp Izrayèl la konsantre sou Sovè a nan pratike lafwa nan Li, sakrifis L la, ak lwa ak kòmandman L yo nan lavi yo8—avèk entansyon pou yo te rive gen plis konpreyansyon sou Redanmtè yo a.

Menmjan pou nou jodi a, yo te envite ansyen pèp Bondye a pou yo te gade lavi yo atravè Li pou yo te kapab wè Li plis nan lavi yo. Men, nan epòk ministè Sovè a, Izrayelit yo te pèdi vizyon Kris la nan òbsèvans yo, yo te mete L sou kote epi yo te ajoute sou lwa a dè pratik ki pa t otorize, ki pa t genyen okenn senbòl enstriktif ki te pwente yo sou sèl veritab sous sali ak redanmsyon yo a—Jezikri.9

Mond kotidyen Izrayelit yo te vin plen konfizyon ak fènnwa. Pitit Izrayèl yo, nan eta sa a, te kwè ke tout pratik ak rit yo nan lwa a sete chemen pou sali pèsonèl yo epi, an pati, yo te redui lwa Moyiz la a yon seri de pwotokòl administre pou te gouvène lavi sivil yon moun.10 Sa te mande pou Sovè a te retabli atansyon ak klète sou levanjil Li a.

Finalman, yon gwo pòsyon nan Izrayelit yo te rejte mesaj Li a, yo te menm rive jiska akize Sovè a—Li menm ki te ba yo lwa a epi ki te deklare ke se Li ki te “lalwa a, ak limyè a”11—kòmsi se Li ki te kraze l. Men, nan Diskou sou Mòn Li a kote L t ap pale sou lwa Moyiz la, Jezi te deklare, “Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, men vin moutre sa yo vle di tout bon.”12 Apre sa Sovè a, atravè Ekspyasyon etènèl Li a, te mete fen a kòd, règ, ak pratik seremoni pèp Izrayèl la t ap obsève yo nan epòk sa a. Sakrifis final Li a te menmen chanjman sòti nan sakrifis ak olokos pou rive nan yon “kè brize ak yon lespri kontri,”13 soti nan òdonans sakrifis la pou vin òdonans sentsèn nan.

Prezidan M. Russell Ballard te anseye sou sijè a, li te di “Nan yon sans, sakrifis la te chanje soti nan ofrann nan pou vin nan moun ki fè ofrann nan.”14 Lè nou pote ofrann nou bay Sovè a, nou resevwa envitasyon pou nou wè Jezikri plis nan Lavi nou, pandan n ap enbleman soumèt volonte nou devan L paske nou rekonèt ak konprann soumisyon pafè Li anvè volonte Papa a. Lè nou fikse rega nou sou Jezikri, nou rekonèt epi nou konprann ke Li se sèl sous ak chemen pou nou resevwa padon ak redanmsyon, menm jiska lavi etènèl ak egzaltasyon.

Kòm yon disip, bonè nan levanjil la, mwen te rankontre anpil moun ki te obsève ak wè chanjman nan atitid mwen, nan pratik mwen, ak chwa mwen apre m te rantre nan Legliz la. Yo te gen kiryozite e yo te bezwen konn “rezon” sa yo t ap obsève a—poukisa m te chwazi batize ak rantre nan kongregasyon kwayan sa a ki se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, poukisa m abandone kèk pratik nan jou Saba a, poukisa m fidèl nan respekte Pawòl Sajès la, poukisa mwen li Liv Mòmon an, poukisa mwen kwè ak enkòpore ansèyman pwofèt ak apot modèn yo nan lavi mwen, poukisa mwen ale nan reyinyon Legliz yo chak semèn, poukisa mwen envite lòt moun pou yo “vini pou wè, vini pou yo ede,vini pou yo rete,”15 epi “vini pou yo nan plas yo.”16

Nan epòk sa a, kesyon sa yo te sanble yo te akablan epi, aparaman, dè fwa menn akizatè. Men, pandan m t ap kontinye sibi egzamen apwofondi moun yo, mwen te vin reyalize ke poze kesyon yo a sete, anfèt, premye envitasyon m pou m te mete yon pè linèt espirityèl pou klarifye vizyon m ak solidifye sa ki te motive m pou m te antre nan pratik ak prensip levanjil yo. Ki sa ki te sous temwayaj mwen an? Èske m te sèlman respekte “manifestasyon eksteryè” yo san m pa t pèmèt pratik ki konekte avèk lwa Bondye sa yo “ranfòse lafwa [mwen] nan Kris la,”17 oubyen demontre yon konpreyansyon ke Jezikri se sèl sous pouvwa nan obsèvans mwen yo?

Atravè efò sevè sa a pou m te gade vè ak pou Jezikri nan chak panse m ak chak aksyon m nan, je m te resevwa klète, epi konpreyansyon m te grandi pou m te vin rekonèt ke Jezikri t ap rele m pou m te “vini jwenn Li.”18 Nan premye sezon disip sa a nan jenès mwen an, mwen ka sonje yon envitasyon misyonè yo te prezante devan mwen pou m te ale avèk yo nan yon leson yo t a pral anseye yon gwoup jènfi menm laj avèk mwen. Yon jou swa, pandan nou te chita nan fwaye fanmi youn nan jènfi sa yo, kesyon sensè a yo te poze sou rezon k fè m te konvèti a te boulvèse kè m epi sa te pèmèt mwen rann yo temwayaj mwen avèk yon konpreyansyon pi pwofon sou vizyon Senyè a konsènan motivasyon espirityèl mwen antanke disip Li, epi sa te rafine temwayaj mwen depi moman sa a jiska jodia.

Mwen te aprann nan moman sa a, jan m konnen kounyea, ke Sovè nou an, Jezikri, dirije pye nou al nan chapèl yo chak semèn pou nou pran sentsèn ni an, dirije nou al nan kay Senyè a pou nou ka fè alyans avèk Li, dirije nou al nan ekriti yo ak ansèyman pwofèt yo pou nou ka aprann pawòl Li yo. Li dirije bouch nou pou nou ka temwaye de Li, men nou pou nou ka edifye ak sèvi menmjan Limenm Li t ap edifye ak sèvi, je nou pou nou gade mond la ak pou youn gade lòt menmjan Limenm Li wè yo a—“jan yo reyèlman ye a, ak … jan yo pral vin ye.”19 Epi si nou pèmèt Li dirije nou nan chak sa n ap fè, nou resevwa temwayaj ke “tout bagay demontre ke gen yon Bondye,”20 paske kote nou chèche Li a se la n ap jwen Li21—jou apre jou. Konsènan sa mwen temwanye, nan non sakre Jezikri, amèn.