Konferans Jeneral
Jodia
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Jodia

Pwofèt vivan nou an ap fè pati pa l la pou l kouvri tè a avèk Liv Mòmon an. Nou dwe suiv egzanp li.

Frè ak sè byenneme m yo, nan Liv Mòmon an, yo itilize fraz “jodia”1 plizyè fwa pou atire atansyon sou konsèy, pwomès, ak ansèyman. Nan diskou final li a, Wa Benjamen te avèti pèp la, “Tande pawòl m pral pale nou jodia; … ouvè zòrèy nou pou nou kapab tande, ak kè nou pou nou kapab konprann, ak panse nou pou mistè Bondye yo kapab ouvri devan je nou.”2 Konferans Jeneral se yon okazyon konsa. Nou vin tande konsèy pou “jodia,” pou nou kapab “fidèl tout tan”3 a Senyè a ak Levanjil Li a. Sa k ap domine panse m “jodia” se enpòtans pou nou renouvle angajman nou a Liv Mòmon an, ke Joseph Smith te rele “liv ki pi kòrèk sou tè a.”4

Imaj
Kopi Liv Mòmon Èldè Rasband nan

M kenbe yon kopi Liv Mòmon nan men m. Se edisyon antik 1970 mwen an, e li presye pou mwen. Dapre aparans li, li ize, li abime, men, okenn lòt liv pa osi enpòtan pou lavi m ak temwayaj mwen tankou l. Pandan m ap li l, mwen vin akeri yon temwayaj atravè Lespri a, ke Jezikri se Pitit Gason Bondye a,5 ke Li se Sovè m,6 ekriti sa yo se pawòl Bondye,7 epi levanjil la retabli.8 Verite sa yo repoze pwofondeman andedan mwen. Jan pwofèt Nefi te di a, “Nanm mwen pran plèzi nan bagay Senyè a yo.”9

Imaj
Èldè Rasband avèk prezidan misyon li ak Èldè Hanks

Soti agoch al adwat: ÈlldèRonald A. Rasband, jèn misyonè; Prezidan Harold Wilkinson, prezidan Misyon Etats de l’Est (Etazini); ak Èldè Marion D. Hanks, Swasanndis Otorite Jeneral.

Men kòmansman istwa liv sa a. Lè m te yon jèn misyonè, m te suiv konsèy Èldè Marion D. Hanks, ki te vizite nou nan Misyon Eta Lès Etazini yo. Li sete ansyen prezidan Misyon Angletè a, epi de nan misyonè l yo sou platfòm sa a jodia: se frè byenneme m yo: Èlldè Jeffrey R. Holland ak Èldè Quentin L. Cook.10 Menmjan l te fè avèk misyonè an Angletè l yo, li te ba nou defi pou nou te li yon kopi Liv Mòmon tounèf ki san mak ladan l omwen de fwa. M te antreprann tach sa a. Nan premye lekti a, m te dwe make oubyen souliye tout bagay ki pwente sou Jezikri oubyen ki temwaye konsènan Jezikri. M te itilize yon kreyon wouj epi m te souliyen anpil pasaj. Pou dezyèm lekti a, Èldè Hanks te mande nou pou nou te souliye prensip ak doktrin levanjil yo, epi fwa sa a, m te itilize koulè ble pou m te make ekriti yo. M te li Liv Mòmon an de fwa, jan l te sijere a, epi de lòt fwa ankò, kote m te itilize koulè jòn ak nwa pou m te make pasaj ki te atire atansyon m yo.11 Kòm nou ka wè, m te fè anpil anotasyon.

Imaj
n Liv Mòmon ki gen anotasyon an

Te gen plis bagay nan lekti m te fè a pase make ekriti yo. Chak fwa m te li Liv Mòmon an, nan kòmansman rive nan fen, m te ranpli avèk yon amou pwofon pou Senyè a. M te santi yon temwayaj pwofondeman anrasine sou verite ki nan ansèyman L yo ak sou fason yo aplike pou “jodia.” Liv sa a tonbe byen pote tit li a, “Yon Lòt temwayaj Konsènan Jezikri.”12 Gras ak etid sa a ak temwayaj espirityèl m te resevwa a, m te vin tounen yon misyonè Liv Mòmon an ak yon disip Jezikri.13

“Jodia,” yonn nan pigwo misyonè Liv Mòmon an se Prezidan Russell M. Nelson. Lè l te fèk aple kòm Apot, yo te fè yon diskou nan Accra, Ghana.14 Nan asanble a te gen gwo chabrak, enkli wa yon tribi Afriken, k l te itilize yon entèprèt pou l te pale avèk li. Wa a te gen yon konesans apwofondi sou Bib la epi li te renmen Senyè a. Apre diskou prezidan Nelson an, wa a te apwoche, epi li te mande l nan yon Anglè pafè, “Kiyès ou ye?” Prezidan Nelson te eksplike l ke li sete “yon Apot òdone Jezikri.”15 Dezyèm kesyon wa a sete “Kisa w ka anseye m konsènan Jezikri?”16

Presidan Nelson te pran Liv Mòmon an epi l te ouvri l nan 3 Nefi 11. Ansanm, Prezidan Nelson ak wa a te li diskou Sovè a te fè pou Nefit yo: “Gade, m se Jezikri pwofèt yo te temwaye ki gen pou l vin nan mond lan. … M se limyè ak lavi mond lan.17

Prezidan Nelson te ofri wa a kopi Liv Mòmon sa a, epi wa a te reponn, “Ou ta ka ban m dyaman ak ribi, men, anyen pa pi presye pou mwen pase konesans adisyonèl sa a konsènan Senyè Jezikri a.”18

Sa se jis yon egzanp izole sou fason pwofèt byenneme nou an pataje Liv Mòmon an. Li bay dèsantèn moun Liv Mòmon an, pandan l toujou ap ran temwayaj konsènan Jezikri. Lè Prezidan Nelson rankontre avèk envite, prezidan, wa, chèfdeta, dirijan konpayi ak òganizasyon ak divès relijyon, keseswa nan syèj Legliz la oubyen nan lokalite pa yo, avèk reverans, li toujou prezante liv ekriti revele sa a. Li te ka ba yo yon kantite bagay byen vlope avèk riban, ki ta kapab dekore tab yo oubyen biwo oubyen bifèt yo pou yo ta sonje vizit li. Men, olyesa, li toujou ofri yosa ki pi presye pou li a, plis pase ribi ak dyaman, jan wa tribi a te dekri a.

Prezidan Nelson di konsa “Verite nan Liv Mòmon yo gen pouvwa pou geri, rekonfòte, restore, ede, fòtifye, konsole, epi fè nanm nou kontan.”19 Mwen konn gade fason moun ki konn resevwa Liv Mòmon yo nan men pwofèt Bondye konn sere l anba men yo. Pa ta ka gen pigwo kado pase sa.

Imaj
Prezidan Nelson avèk premyè dàm peyi Gambie a

Resamman, li te rankontre avèk premyè dàm peyi Ganbi a nan biwo l epi li te enbleman ofri l yon Liv Mòmon. Li pa t rete la. Li te ouvri paj yo pou l te li avèk premyè dàm nan, pou l te anseye ak temwaye konsènan Jezikri, Sakrifis Ekspyatwa L la, ak amou L pou pitit Li—toupatou.

Pwofèt vivan nou an ap fè pati pa l la pou l kouvri tè a avèk Liv Mòmon an.20 Men, li pa ka ouvri pòt yo pou vide l la poukont li. Nou dwe suiv egzanp li.

Paske egzanp li enspire mwen, m ap eseye enbleman e avèk plis chalè pou m pataje Liv Mòmon an.

Imaj
Èldè Rasband avèk prezidan Mozambique la

Resammman, m te nan yon vizit ofisyèl nan Mozanbik. Sitwayen yo nan bèl peyi sa a ap lite anba povrete, anba pwoblèm sante, anba mank travay, move tan, ak boulvès politik. M te gen onè pou m te rankontre prezidan peyi a, Filipe Nyusi. Sou demand li, mwen te priye pou li ak nasyon l lan; M te di l nou ta pral bati yon tanp Jezikri21 nan peyi l la. Alafen vizit nou an, m te ofri l yon kopi Liv Mòmon an nan lang Pòtigè, lang matènèl li a. Pandan l t ap aksepte liv la avèk rekonesans, mwen te temwaye konsènan espwa ak pwomès pou pèp Ii a, ki nan pawòl Senyè a nan paj liv la.22

Imaj
Èldè Rasband avèk wa ak rèn Lesotho a

Nan yon lòt okazyon, madanm mwen Melanie, avèk mwen te rankontre avèk Wa ak Rèn Letsie III nan peyi Lesotho, lakay yo.23 Pou nou, pi bèl moman nan vizit la sete lè nou te ofri yo yon kopi Liv Mòmon an, epi apresa m te pataje temwayaj mwen an. Lè m gade repanse sou eksperyans sa a ak lòt eksperyans, gen yon vèsè nan ekriti dènye-jou yo ki vin nan panse m: “Pou moun ki fèb yo ak moun ki senp yo kapab pwoklame plenitid levanjil mwen an jis nan bout latè a, epi devan wa yo ak gouvènè yo.”24

Imaj
Èldè Rasband avèk Anbasadè Pandey
Imaj
Dirijan Legliz yo avèk Sa Sentete Patriyach Bartholomée

M te ofri Liv Mòmon an bay Anbasadè Pandey ki reprezante End25nan Nasyon Zini a Jenèv ak Sa Sentete Patriach Bartholomée26 ki reprezante Legliz Òtodoks de Lès la; ak anpil lòt moun ankò. M te santi ke Lespri Senyè a te avèk nou nan moman m t ap lonje ba yo pèsonèIman “fondman relijyon nou an”27 ak rann temwayaj konsènan Jezikri, ki se wòch santral lafwa nou an.28

Ou pa bezwen al Mozanbik oubyen Ozend oubyen rankontre avèk wa ak gouvènè pou w bay yon moun liv ansèyman ak pwomès sakre sa a. M envite w, jodia, pou w ofri Liv Mòmon an bay zanmi w ak fanmi w, ak kòlèg travay ou, antrenè foutbòl ou, oubyen machann legim nan mache a. Yo bezwen pawòl Senyè a ki nan liv sa a. Yo bezwen repons pou kesyon sou lavi chak jou yo ak sou lavi etènèl ki pral vini an. Yo bezwen konnen konsènan chemen alyans ki plase devan yo a ak amou inebranlab Senyè a pou yo. Tout sa la a, nan Lov Mòmon an.

Lè w lonje yon Liv Mòmon ba yo, ou louvri panse yo ak kè yo pou pawòl Bondye a. Ou pa bezwen ap mache avèk kopi enprime liv la. Ou ka pataje l fasilman apati telefòn mobil ou, nan yon nouvo sit nan app ki nan Medyatèk Levanjil la.29

Panse a tout moun ki ta ka beni pa levangil la nan lavi yo, epi apresa voye yon kopi Liv Mòmon ba yo apati telefòn ou. Sonje ajoute temwayaj ou ak fason liv sa a beni lavi ou.

Chè zanmi m yo, kòm yon Apot Senyè a, m lonje envitasyon m ankò pou nou suiv pwofèt byenneme nou an, Prezidan Nelson, nan kouvri tè a avèk Liv Mòmon an. Nesesite a sitèlman gran, nou dwe aji kounyea. Mwen pwomèt ke n ap patisipe nan “pi gwo travay sou tè a,” rasanbleman Izrayèl la,30 lè nou enspire pou nou lonje lamen bay moun ki “pa t gen verite a paske yo pa konnen kikote pou yo jwenn li.” yo31 Yo bezwen temwayaj nou sou fason liv sa a change lavi nou ak rapwoche nou pipre Bondye, rapwoche nou de lapè Li,32 ak “bòn nouvèl gwo lajwa” L la.33

M temwaye ke pa dekrè diven, Liv Mòmon an te prepare nan ansyen Amerik la pou l te ka parèt vin deklare pawòl Bondye a, pou pote nanm bay Jezikri ak levanjil retabli L la “jodia.” Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Jakò 2:2–3; Mozua 2:14, 30; 5:7; Alma 7:15; ak anpil lòt vèsè nan Liv Mòmon an.

  2. Mozya 2:9.

  3. Alma 53:20.

  4. Enseignements des présidents de l Eglise: Joseph Smith (2007), 64. Men deklarasyon konplè Joseph Smith nan 28 Novanm 1841 an, pandan l te nan konsèy avèk Douz Apot yo: “M te di frè legliz yo Liv Mòmon an se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun swiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv.” Referans a tèm “kòrèk” la kapab atribye a revelasyon l te resevwa pandan l t ap tradui liv la ak doktrin ki anseye nan Liv Mòmon an ki, plis pase tout lòt liv, pi byen etabli verite “klè ak presye” levanjil yo (gade 1 Nefi 13:40).

  5. Gad “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,” yon deklarasyon Premye Prezidans lan ak KoLèj Douz Apot yo, 1e Janvye 2000: “Nou rann temwayaj, antanke vrè Apot òdone l yo — ke Jezi se Kris Vivan an, Pitit Gason imòtèl Bondye a. . Li se gran Wa Emanyèl la, ki kanpe jodi a adwat Papa li. Li Li se limyè, lavi ak lespwa mond lan. Chemen l lan se wout ki mennen nan bonè nan lavi sa a ak nan lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an. Nou di Bondye mèsi pou kado Pitit Gason diven li an” (ChurchofJesusChrist.org).

  6. Gade Ezayi 49:26; 1 Nefi 21:26; 22:12; Doktrin ak Alyans 66:1.

  7. Nou jwenn pawòl Bondye a nan ekriti yo. Paregzanp, nan Liv Mòmon an, , Laman ak Lemyèl poze kesyon sa a, “Kisa bafè papa nou te wè ki mennen nan pyebwa a vle di?” pandan yo t ap fè referans a rèv Leyi a. Nefi te reponn, “Sete pawòl Bondye a; e nenpòt moun ki koute pawòl Bondye, e ki kenbe l fèm, li p ap janm peri; ni tou tantasyon ak flèch dife advèsè a pa kapab vegle je yo pou mennen yo nan destriksyon” (1 Nefi 15:23–24).

  8. Gade “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Deklarasyon Bisantenè pou Mond lan,” ki enklibagay sa a: “Nou deklare ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ki te òganize le 4 Avril 1830 la, se Legliz Kris Nouvo Testaman an ki retabli. Legliz sa a ankre nan lavi pafè wòch fondasyon l lan, ki se Jezikri, ak nan Ekspyasyon enfini L la ak Rezirèksyon literal Li a. Jezikri aple Apot yon fwa ankò epi Li ba yo otorite prètriz la. Li envite nou tout pou nou vin jwenn Limenm ak Legliz Li a, pou n resevwa Sentespri a, òdonans sali yo, epi pou nou vin gen lajwa dirab. … Nou deklare ak lajwa ke Retablisman yo te pwomèt la ap avanse devan atravè revelasyon kontinyèl. Tè sa a pa p janm menm jan an ankò, paske Bondye pral “rasanble tout bagay fè youn nan Kris la” (Efezyen 1:10)”

  9. 2 Nefi 4:16.

  10. Gade Quentin L. Cook, “Be Not Weary in Well-Doing” (devosyon Inivèsite Brigham Young, 24 Out, 2020), speeches.byu.edu; “This Week on Social: How to Develop a Love for the Lord, Yourself and Others,” Church News, 17 Jiyè 2020, thechurchnews.com.

  11. Twazyèm lekti, an jòn: géologie oswa géographie; katriyèm lekti, an nwa: fil kondiktè istwa Liv Mòmon an.

  12. Yo te ajoute“Yon Lòt Temwayaj konsènan Jezikri” kòm soutit pou tout edisyon Liv Mòmon yo Dirijan Lelgiz yo te fè chanjman sa a pou yo te ka mete plis aksan sou bi liv la jan l deklare nan paj titla: “Epi tou pou Juif ak Janti kapab gen konviksyon ke, Jezi se Kris la, Bondye Etènèl la, ki manifeste tèt li devan tout nasyon yo.”

  13. Vin yon disip se yon ekspresyon lanmou nou pou Li. Disip yo batize; yon pran non Jezikri sou tèt yo; yo fè efò pou yo suiv Li nan anbase kalite L yo jan Apot Pyè dekri yo a: “Nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans; apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.” (2 Pyè 1:5–7; gade tou Preche Levanjil Mwen an: Yon gid pou Sèvis Misyonè [2019], 121–32).

  14. Prezidan Russell M. Nelson, yon kadyològ ki te gen renome entènasyonal anvan l te aple nan Kolèj Douz Apot yo, an 1984, te bay yon diskou nan yon konferans nan fakilte medsin nan Accra, Ghana, an 1986, sou istwa chiriji kè. Lè jounalis te entèvyouve l nan apre, li te eksplike ke l te la a kòmyon ”sèvitè Senyè a pou ede [moun yo] vin pi bon sitwayen, pou bati fanmi solid, pou akeri vrè bonè a ak pwospere nan peyi a.” Li te retounen nan Accra, Ghana, 15 Novanm 2001, ou seremoni ouvèti chantye Tanp Accra Ghana a (gade “Ground Broken for First Temple in West Africa,” Church News24 Nov. 2001).

  15. Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 5.1.1.1: “Nan epòk pa nou an, Senyè a aple dèzòm palentèmedyè Prezidan Legliz la pou yo òdone kòm Apot epi sèvi nan Kolèj Douz Apot la (gade Doktrin ak Alyans 18:26–28)” (ChurchofJesusChrist.org).

  16. Gade RussellM. Nelson, “Liv Mòmon an: kisa lavi w t ap ye san li?,” Liahona, Nov. 2017, 60.

  17. 3 Nefi 11:10–11.

  18. Gade Russell M. Nelson, “Liv Mòmon an: kisa lavi w t ap ye san li?,” 61.

  19. Russell M. Nelson, “Liv Mòmon an: Kisa lavi nou t ap ye san li?,” 62.

  20. Gade Moyiz 7:62.

  21. Tanp Beira nan Mozambique la te anonse le 4 Avril 2021, pa Prezidan Russell M. Nelson. Gen plis pase yon milyon moun k ap viv nan Beira, ki sitiye sou kot Oseyan Endyen an.

  22. Egzanp sou esperans ak pwomès nou jwenn nan Liv Mòmon an 2 Nefi 31:20; Jakòb 4:4–6; Alma 13:28–29; 22:16; 34:41; Etè 12:32; Mowoni 7:41; 8:26.

  23. Èldè ak Sè Rasband te rankontre fanmi wayal la le 10 Fevriye 2020, nan yon tach yo te genyen an Afrik pou yo te konsakre Tanp Durban nan Afrik diSid la.

  24. Doktrin ak Alyans 1:23.

  25. Èldè Rasband te rankontre Anbasadè Indra Mani Pandey, Reprezantan Pèmanan peyi Lend nan NasyonZini ak Lòt òganizasyon nan Genève, pandanl te nan yon tach nan Fowòm Entèrelijye Bologne nan, nan Itali, le 17 Septanm 2021.

  26. Èldè Rasband te rankontre Sa Sentete Patriyach Ekimenik Bartholomée Legliz Orthodoxe Lès la nan yon tach nan Fowòm Entèrelijye Bologne, an Italie a, le 13 Septanm 2021.

  27. Enseignements: Joseph Smith, 64. Yon clé de voute se yon eleman masonri an fòm kwen ke yo mete nan tèt yon ak, ki kenbe tout lòt pyès yo ansanm. Pwofèt Joseph te dekri Liv Mòmon an kòm “fondman (clé de voute) relijyon nou an ” poutèt enpòtans li nan ini Legliz la atravè prensip ak òdonans. Liv Mòmon an sèvi kòm yon “clé de voute” nan lavi manm yo, pou ede yo rete fèm sou chemen alyans lan.

  28. Gade Efezyen 2:19–20. Jezikri se pyè angilè Legliz nou an, ki pote non Li. Menmjan poze pyè angilè tanp lan se senbòl pyè prensipal la ki fòme ang fondasyon kay Bondye a, se konsa tou Jezikri se pyè angilè lafwa nou ak sali nou. Li te bay lavi L pou nou kapab viv; pa gen okenn moun ki egale L nan fòs, nan objektif, oswa nan lanmou.

  29. Nou ka pataje l apati telefòn pòtab nou. Youne nan fason yo se ouvri app Medyatèk (Libreri) Levanjil la, ale nan koleksyon Ekriti yo, epi apresa klike sou “Pataje Kounyea” ki anlè a. Oubyen nan app Liv Mòmon an, ou ka klike sou senbòl “Pataje” a, ki afiche yon kòd QR ke yon zanmi ka fasilman skane avèk telefòn ni.

  30. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen , 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org. “Nan 3 Jen 2018, Prezidan Russell M. Nelson ak madanm ni, Wendy W. Nelson, te envite jèn yo pou yo te ‘anwole nan batayon Senyè a epi pran pa nan ‘pi gwot defi, pi gwo kòz, ak pi gwo travay sou tè a.’ Kisa gwo defi sa a ye? Rasanbleman Izrayèl” (“A Call to Enlist and Gather Israel,” New Era, Mas. 2019, 24).

  31. Doktrin ak Alyans 123:12.

  32. Gade 2 Nefi 4:27; Mozya 4:3; 15:18; Alma 46:12.

  33. 1 Nefi 13:37.